Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 48

KANTIK 97 Nou bezwen Pawòl la

Sa nou aprann nan mirak Jezi te fè lè l te bay pen an

Sa nou aprann nan mirak Jezi te fè lè l te bay pen an

“Mwen se pen ki bay lavi a. Yon moun ki vin jwenn mwen pap janm grangou.”JAN 6:35.

PWEN KLE

Sa nou ka aprann nan Jan chapit 6 ki fè konnen fason Jezi te fè yon mirak pou l te bay plizyè milye moun manje ak sèlman kèk pen ak kèk ti pwason.

1. Ki enpòtans pen te genyen pou moun nan epòk yo t ap ekri Bib la?

 PEN se manje ki te pi enpòtan pou moun nan epòk yo t ap ekri Bib la (Jen. 18:6; Lik 9:3). Pen te tèlman enpòtan, pafwa Bib la sèvi ak mo “pen” an pou l pale de manje an jeneral (Eze. 5:16; Mat. 6:11). Jezi te sèvi ak pen nan de mirak anpil moun konnen li te fè (Mat. 16:​9, 10). Nou jwenn youn nan istwa sa yo nan Jan chapit 6. Pandan n ap egzamine istwa sa a, nou pral wè leson nou ka aprann e ki jan n ka aplike yo jodi a.

2. Nan ki sitiyasyon plizyè milye moun te vin bezwen manje?

2 Apre apot Jezi yo te fin preche, Jezi te travèse Lanmè Galile avè yo nan bato pou yo te ka pran yon ti repo. Yo te rive yon kote ki izole nan zòn Betsayida (Mak 6:​7, 30-32; Lik 9:10). Men, te gen anpil moun ki te wè lè yo t ale a, e te gen lòt ki te vin aprann sa. Yo tout te kouri arebò lanmè a, e lè bato a te rive, te gen plizyè milye moun ki te gentan la. Jezi pa t fè kòmsi l pa wè yo. Avèk jantiyès, li te pran tan pou l anseye yo konsènan Wayòm nan e pou l geri moun ki malad yo. Kòm li te kòmanse ta, disip yo t ap mande tèt yo ki jan tout moun sa yo ap fè jwenn yon bagay pou yo manje. Petèt, kèk nan yo te gen yon ti manje ki pa t anpil, men pifò nan yo t ap bezwen al nan bouk yo pou yo t al achte manje (Mat. 14:15; Jan 6:​4, 5). Ki sa Jezi t apral fè?

JEZI TE FÈ YON MIRAK POU L BAY PEN

3. Ki sa Jezi te di apot li yo fè pou moun yo (Gade foto ki sou paj a tou.)?

3 Men sa Jezi te di apot li yo: “Yo pa bezwen deplase. Nou mèt ba yo manje.” (Mat. 14:16). Sa te parèt enposib paske te gen anviwon 5000 gason. E si n ap konte fi ak timoun ki te la tou, te ka gen 15000 moun pou bay manje (Mat. 14:21). Men sa Andre te di: “Gen yon tigason la a ki gen senk pen lòj ak de ti pwason. Men, ki sa sa ka fè pou tout moun sa yo?” (Jan 6:9). An jeneral, se pen lòj moun ki pòv yo ak lòt moun te konn manje, e petèt ti pwason yo te genyen yo se te pwason sèch. Men, kantite pen ak pwason tigason an te genyen an pa t ap janm sifi pou bay pakèt moun sa yo manje!

Jezi te bay moun yo sa yo te bezwen pou yo gen bon relasyon ak Jewova ak sa yo te bezwen pou yo viv. (Gade paragraf 3.)


4. Ki sa nou ka aprann nan Jan 6:​11-13? (Gade foto yo tou.)

4 Jezi te vle byen akeyi foul moun yo, se sa k fè l te mande yo pou yo chita pa gwoup sou zèb la. (Mak 6:​39, 40; li Jan 6:​11-13.) Apre sa, Jezi te di Papa l mèsi pou pen yo ak pwason yo. Lè Jezi te fè sa, li te montre se Bondye ki bay manje e l te gen rekonesans pou sa. Li bon pou n suiv egzanp Jezi lè n priye anvan n manje, kit nou poukont nou, kit gen lòt moun la. Epi, Jezi te fè disip li yo bay moun yo manje a e yo te manje vant plen. Te menm gen rès ki te rete e Jezi pa t vle yo jete yo. Donk, li te mande disip li yo ranmase manje ki te rete yo, petèt yo t ap ka manje yo annapre. Jezi kite yon bèl egzanp pou nou, pou nou pa gaspiye sa nou genyen. Si w se yon paran, l ap bon pou w egzamine istwa sa a ak pitit ou, e montre yo leson yo kapab aprann anrapò ak lapriyè, ak fason pou yo renmen akeyi moun e pou yo donan.

Mande tèt ou: ‘Èske m suiv egzanp Jezi lè m priye anvan m manje?’ (Gade paragraf 4.)


5. Ki sa moun yo te vle fè yon jou apre Jezi te fin fè yon mirak, e ki jan Jezi te reyaji?

5 Moun yo te sezi lè yo te wè fason Jezi t ap anseye ak mirak li te fè yo. Yo te konnen Moyiz te di Bondye t ap ba yo yon gran pwofèt, e yo t ap mande tèt yo: ‘Èske se pa Jezi ki pwofèt sa a?’ (Det. 18:​15-18). Petèt, yo te panse Jezi t ap yon dirijan estrawòdinè ki t ap kapab menm bay tout nasyon an manje. Se sa k fè foul moun yo te vle “met men sou [Jezi] pou yo fè l wa”. (Jan 6:​14, 15.) Si Jezi te kite yo fè sa, li t ap mele nan politik, li t ap pran pou Juif yo ki te anba dominasyon Women yo. Men, li pa t fè sa. Bib la di: ‘Jezi t al sou mòn nan poukont li.’ Donk, malgre yo t ap bay Jezi presyon, li pa t mele nan politik. Se yon gwo leson pou nou!

6. Ki jan n ka montre nou vle suiv egzanp Jezi? (Gade foto a tou.)

6 Natirèlman, moun pap mande nou fè mirak pou n fè gen anpil pen oswa pou n geri malad, ni yo pap chèche fè n vin wa oswa chèf yo. Men, yo ka fè presyon sou nou pou n mele nan politik, pa egzanp pou n vote pou yon moun yo panse k ap fè bagay yo vin pi bon oswa pou n soutni moun sa a. Sepandan, egzanp Jezi a klè. Li te refize mele nan politik, e annapre li te menm di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” (Jan 17:14; 18:36). Jodi a, antanke kretyen, nou bezwen panse menm jan ak Jezi e nou bezwen suiv egzanp li. Nou soutni Wayòm Bondye a, nou fè lòt moun konnen Wayòm sa a e nou priye pou l vini (Mat. 6:10). Ann retounen nan istwa kote Jezi te fè mirak pou l bay pen an, e ann wè lòt bagay nou ka aprann.

Jezi pa t mele nan zafè politik Juif yo oswa Women yo, konsa li kite yon egzanp pou disip li yo suiv. (Gade paragraf 6.)


“SANS MIRAK LI TE FÈ LÈ LI TE DISTRIBYE PEN YO”

7. Ki sa Jezi te fè, ki jan apot yo te reyaji, e ki sa yo pa t rive konprann? (Jan 6:​16-20).

7 Apre Jezi te fin bay foul moun yo manje, li menm ak apot li yo te kite zòn nan pou yo retounen Kapènawòm nan bato e li t al nan mòn nan pou foul moun ki t ap chèche fè l vin wa a pa t jwenn li. (Li Jan 6:​16-20.) Pandan apot yo te sou lanmè, te vin gen yon tanpèt e te vin gen gwo van ak gwo vag. Epi, Jezi t ap vin jwenn yo, li t ap mache sou dlo a. Li te mande apot Pyè pou l mache sou dlo a tou (Mat. 14:​22-31). Kou Jezi ak Pyè te monte nan bato a, van an te kalme. Disip yo te sezi e yo te di: “Vrèmanvre, ou se Pitit Bondye.” a (Mat. 14:33). Sepandan, se pa apre Jezi te fin fè mirak pou l bay foul moun yo pen disip yo te di sa, men se apre l te fin mache sou dlo a. Men sa Mak ajoute: “[Apot] yo te sezi anpil, paske yo pa t rive konprann sans mirak li te fè lè li te distribye pen yo. Yo pa t ka konprann.” (Mak 6:​50-52). Vrèmanvre, yo pa t rive konprann tout pouvwa Jewova te bay Jezi pou l fè mirak. Yon ti tan annapre, Jezi te pale ankò konsènan mirak li te fè pou l bay pen an, e li aprann nou yon leson.

8-9. Poukisa foul moun yo t ap chèche Jezi? (Jan 6:​26, 27).

8 Foul moun Jezi te bay manje yo te plis konsantre sou manje ak anvi yo te genyen. Ki jan yo te montre sa? Nan demen, yo te wè Jezi ak apot li yo kite zòn nan. Donk, foul moun yo te monte nan kèk bato ki te sot Tiberyad, e yo t al nan direksyon Kapènawòm pou y al chèche Jezi (Jan 6:​22-24). Èske yo t ap chèche l paske yo te vle tande plis bagay sou Wayòm nan? Non. Sa k te plis enterese yo se jwenn manje. Ki jan nou fè konn sa?

9 Ann wè sa k te rive lè foul moun yo te jwenn Jezi toupre Kapènawòm. Jezi te di byen klè rezon ki fè yo te vini se paske yo te vle jwenn manje. Li te fè konnen yo “te manje pen e vant [yo] te plen” ak “manje k ap gate”. Li te ankouraje yo pou yo travay pou “manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an” pito. (Li Jan 6:​26, 27.) Jezi te di se Papa l ki t ap ba yo kalite manje sa a. Lè moun yo te tande gen yon manje k ap ba yo lavi ki pap janm fini an, yo dwe te sezi! Ki manje ki te ka fè moun ki t ap koute Jezi yo pa janm mouri e ki jan yo t ap ka jwenn manje sa a?

10. Ki sa moun yo te bezwen fè pou yo gen lavi ki pap janm fini an?

10 Sanble Juif sa yo te bezwen konnen sa yo t ap bezwen fè pou yo ka jwenn kalite manje sa a. Petèt, yo t ap panse yo dwe fè sa Lalwa Moyiz la mande. Sepandan, men sa Jezi te di yo: “Pou n fè travay Bondye a, se pou nou demontre nou gen lafwa nan moun Li voye a.” (Jan 6:​28, 29). Yo te bezwen demontre yo gen lafwa nan sila a Bondye te voye a pou yo te ka “gen lavi ki pap janm fini an”. Anfèt, Jezi te deja pale sou sa (Jan 3:​16-18, 36.) E annapre, li t ap gen pou l pale plis toujou sou fason nou ka gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 17:3.

11. Ki jan Juif yo te montre se manje sèlman ki te enterese yo? (Sòm 78:​24, 25).

11 Juif sa yo pa t panse yo te dwe met lafwa yo nan Jezi. Men sa yo te mande l: “Ki mirak w ap fè nou wè pou nou ka kwè nan ou?” (Jan 6:30). Yo te fè konnen zansèt yo nan epòk Moyiz la te resevwa lamàn pou yo manje, e se sa yo te manje chak jou. (Ney. 9:15; Jan 6:31; li Sòm 78:​24, 25.) Sa klè, lide yo te toujou sou pen. Lè Jezi te vin ap pale konsènan “bonjan pen ki sot nan syèl la”, ki t ap pèmèt yo gen lavi ki pap janm fini an, alòske lamàn pa t ka fè sa, yo pa t menm mande l sa l te vle di (Jan 6:32). Lide yo te tèlman sou manje, yo pa t menm koute sa Jezi t ap eseye di yo anrapò ak sa pou yo fè pou yo gen lavi ki pap janm fini an. Ki sa n ka aprann nan istwa sa a?

SA KI DWE PI ENPÒTAN POU NOU

12. Ki jan Jezi te montre sa k pi enpòtan?

12 Nan Jan chapit 6, nou jwenn yon leson enpòtan: Se relasyon n ak Jewova ki dwe pi enpòtan pou nou. Sonje lè Satan te tante Jezi, Jezi te montre relasyon l ak Jewova pi enpòtan pase manje (Mat. 4:​3, 4). E nan Diskou li te bay sou mòn nan, li te montre jan l enpòtan pou yon moun pran konsyans li bezwen Bondye (Mat. 5:3). Donk, nou kapab mande tèt nou: ‘Èske fason m ap viv montre mwen bay relasyon m ak Jewova plis enpòtans pase bagay materyèl?’

13. a) Poukisa li nòmal pou n renmen manje? b) Ki avètisman ki vrèman enpòtan pou n koute? (1 Korentyen 10:​6, 7, 11).

13 Li nòmal pou n priye pou sa n bezwen e pou n pran plezi ladan yo (Lik 11:3). Lè nou travay di, sa pèmèt nou “manje, [nou] bwè”, sa fè n gen kè kontan, e “se yon bagay ki soti nan men vrè Dye a”. (Ekl. 2:24; 8:15; Jak 1:17.) Sepandan, nou bezwen kite bagay materyèl yo nan plas yo. Se sa apot Pòl te montre lè l te ekri kretyen ki t ap viv nan fen sistèm juif la. Li te pale konsènan move egzanp Izrayelit yo te bay lè yo te nan dezè a, san wete lè yo te toupre Mòn Sinayi a. Li te avèti kretyen yo pou yo “pa anvi move bagay, menm jan ak [Izrayelit] yo”. (Li 1 Korentyen 10:​6, 7, 11.) Jewova te fè mirak pou l bay pèp Izrayèl la manje. Men, lefètke yo te ava pou manje, sa te vin tounen yon “move bagay” pou yo (Nonb 11:​4-6, 31-34). Lè Izrayelit yo te adore ti bèf annò a, yo te montre sa k te plis enterese yo se manje, bwè epi pran plezi yo olye yo te obeyi Jewova (Egz. 32:​4-6). Pòl te site egzanp sa yo kòm avètisman pou kretyen ki t ap viv nan fen sistèm juif la nan ane 70 epòk nou an. Jodi a, n ap viv nan fen yon sistèm, se sa k fè li vrèman enpòtan pou n koute konsèy Pòl te bay la.

14. Anrapò ak manje, ki sa nou ka atann k ap gen nan monn nouvo a?

14 Lè Jezi te mande n pou n priye pou “pen nou bezwen pou jounen an”, li te mande n tou pou n priye pou volonte Bondye fèt “sou tè a kou nan syèl la”. (Mat. 6:​9-11.) Ki jan w imajine monn nan pral ye lè sa a? Bib la montre lè volonte Bondye pral fèt sou tè a ap gen bon manje tou. Selon Ezayi 25:​6-8, ap gen anpil bon manje pou n manje anba dominasyon Wayòm Jewova a. Men sa Sòm 72:16 di: “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” Èske w vrèman ap tann ki lè pou w wè w ap sèvi ak manje angren sa yo pou w fè pen ou pi renmen an oubyen pou w eseye lòt resèt? Epitou, ou ka kontan manje rezen nan pye rezen ou menm ou plante (Eza. 65:​21, 22). E tout moun sou tè a pral pran plezi nan bon bagay sa yo.

15. Ki sa moun k ap resisite yo pral aprann? (Jan 6:35).

15 Li Jan 6:35. Ki avni ki rezève pou moun ki te manje pen ak pwason Jezi te bay lè l te fè mirak la? Pandan rezirèksyon an, ou ka rankontre kèk nan yo. Menmsi gen nan yo ki pa t montre yo gen lafwa nan Jezi, yo ka resisite (Jan 5:​28, 29). Moun sa yo pral gen pou yo aprann sans pawòl Jezi te di yo. Men sa l te di: “Mwen se pen ki bay lavi a. Yon moun ki vin jwenn mwen pap janm grangou.” Yo pral bezwen gen lafwa nan ranson an, sa vle di yo pral bezwen kwè Jezi te bay lavi l kòm sakrifis pou yo. Nan epòk sa a, moun ki resisite yo ak timoun k ap fèt nan monn nouvo a pral aprann laverite sou Jewova ak sou objektif li. N ap gen anpil kè kontan lè n ap patisipe nan pwogram ansèyman sa a! Lè n ede lòt moun vin gen bon relasyon ak Jewova, sa pral bay plis kè kontan pase tout sa nou pral manje nan monn nouvo a.

16. Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

16 Nou sot egzamine yon pati nan istwa nou jwenn nan Jan chapit 6 la, men, Jezi te gen plis bagay ankò pou l anseye anrapò ak “lavi ki pap janm fini an”. Juif ki t ap tande Jezi k ap pale yo te bezwen byen koute sa l t ap di yo, e nou bezwen fè menm bagay la tou. Nou pral kontinye egzamine Jan chapit 6 nan atik ki vin apre a.

KANTIK 20 Ou bay Pitit Gason ou renmen anpil la pou nou

a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou istwa enteresan sa a, gade liv Jezi se chemen an, verite a, lavi a, paj 131, ak liv Annou imite lafwa yo, paj 185.