Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li chak Toudegad ki te parèt ane sa a? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:

Ki egzanp Jewova bay sou fason pou n aji ak medam yo?

Li aji ak yo san patipri. Li pa bay gason plis valè pase fi. Bondye koute medam yo, li bay santiman yo ak sa k ap trakase yo anpil enpòtans. E li fè yo konfyans lefètke li pèmèt yo fè travay li a. — w24.01, paj 15-16.

Ki jan n ka aplike Efezyen 5:7 ki di: “Pinga nou annafè ak yo”?

Apot Pòl te fè konnen nou pa dwe fè zanmi ak moun ki ka fè l difisil pou n respekte prensip Bondye yo. Moun sa yo se kapab moun nou pase tan ak yo an pèsòn oswa sou rezo sosyal. — w24.03, paj 22-23.

Ak ki kalite lejann nou bezwen veye kò nou?

Nou bezwen pran prekosyon ak mesaj zanmi nou ki gen bon entansyon ka voye ban nou san yo pa verifye kote yo soti, imel moun nou pa konnen voye ban nou, ak aposta ki pran pòz yo enterese nan laverite. — w24.04, paj 12.

Ki sa n konnen e ki sa n pa konnen konsènan fason Jewova pral jije wa Salomon, moun ki te mouri nan vil Sodòm ak Gomò yo ak moun ki te mouri nan delij la?

Nou pa fin konnen si Jewova konsidere yo detwi nèt. Men, nou konnen li gen tout enfòmasyon sou yo e li gen anpil mizèrikòd. — w24.05, paj 3-4.

Lefètke Bondye se “Mas Wòch la”, ki asirans sa ban nou (Det. 32:4)?

Nou ka chèche refij nan Jewova. Li fidèl, li toujou kenbe pwomès li. Li pa chanje, e pèsonalite l ak objektif li pa chanje. — w24.06, paj 26-28.

Ki sa k ka ede w adapte w lè w chanje kongregasyon?

Met konfyans ou nan Jewova, l ap ede w menm jan l te ede sèvitè l yo nan tan lontan. Pa fè konparezon ak kongregasyon w te ye anvan an. Chèche adapte w nan kongregasyon w ye kounye a, epi fè efò pou w chèche gen nouvo zanmi. — w24.07, paj 26-28.

Ki leson nou aprann nan twa parabòl nou jwenn nan Matye chapit 25 lan?

Parabòl mouton ak kabrit yo montre jan l enpòtan pou n fidèl. Parabòl fi vyèj ki prevwayan yo ak fi vyèj ki sòt yo montre jan l bon pou n pare e pou n veyatif. Epi, parabòl talan yo montre enpòtans pou nou travay di. — w24.09, paj 20-24.

Ki wotè pati ki te devan tanp Salomon an te ye?

Nan 2 Kwonik 3:​4, gen kèk ansyen maniskri ki di ‘120 koude’, sa ki t ap vle di pati ki te devan tanp lan te mezire 53 mèt wotè. Men, gen lòt tèks moun fè konfyans ki di “20 koude”, sa ki t ap vle di li te mezire nèf mèt wotè. Dènye chif sa a sanble tonbe daplon parapò ak epesè mi tanp lan. — w24.10, paj 31.

Ki sa sa vle di pou yon sèvitè ministeryèl “gen yon sèl madanm”? (1 Tim. 3:12.)

Sa vle di li marye ak yon sèl fi e l pa dwe fè imoralite seksyèl. Anplis de sa, li pa dwe bay lòt fi yon atansyon ki pa apwopriye. — w24.11, paj 19.

Sa k fè n ka di Jan 6:53 se pa t yon modèl pou n suiv pou Soupe Seyè a?

Jan 6:53 pale sou nesesite pou moun manje chè Jezi e pou yo bwè san l. Jezi te di Juif ki potko gen lafwa nan li yo pawòl sa yo nan ane 32 epòk nou an, nan Galile. Sepandan, li te tabli Soupe Seyè a yon ane annapre, nan Jerizalèm. Nan okazyon sa a, Jezi t ap pale ak moun ki t ap gen pou y al dirije ansanm avè l nan syèl la. — w24.12, paj 10-11.