Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kiyès “zanj Bondye chwazi” 1 Timote 5:21 pale de yo a ye?

Apot Pòl te ekri Timote, yon ansyen menm jan avè l. Men sa l te di l: “Mwen ba w lòd fòmèl devan Bondye, devan Kris Jezi e devan zanj Bondye chwazi yo pou w byen egzamine bagay yo anvan w pran yon desizyon, pou w pa fè anyen nan patipri.” — 1 Tim. 5:21.

Pou ede n konnen kiyès zanj sa yo ye, nou pral pale konsènan ki zanj ki pa ka nan gwoup zanj sa a. Li klè, 144000 moun yo pa fè pati zanj sa yo. Lè Pòl te ekri Timote, potko gen okenn kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te resisite nan syèl la. Apot yo ak lòt moun Bondye chwazi pou al nan syèl potko vin kreyati espirityèl. Donk, yo pa ka “zanj Bondye chwazi yo”. — 1 Kor. 15:​50-54; 1 Tes. 4:​13-17; 1 Jan 3:2.

Epitou, “zanj Bondye chwazi yo” se pa ka zanj ki te dezobeyi nan epòk delij la. Zanj sa yo te suiv Satan e yo te vin demon, epi yo vin ènmi Jezi (Jen. 6:2; Lik 8:​30, 31; 2 Pyè 2:4). Alavni, Jezi pral lage yo nan yon twou san fon pou 1000 an. Apre sa, yo pral detwi ansanm ak Dyab la. — Jid 6; Rev. 20:​1-3, 10.

“Zanj Bondye chwazi yo”, Pòl pale de yo a, dwe se zanj nan syèl la ki fidèl “devan Bondye [e] devan Kris Jezi”.

Gen plizyè milye zanj fidèl (Ebre 12:​22, 23). Sanble Jewova pa bay tout zanj fidèl yo fè menm travay (Rev. 14:​17, 18). N ap sonje yon lè, se yon sèl zanj Jewova te bay misyon pou touye 185000 sòlda peyi Asiri (2 Wa 19:35). Gen yon pakèt zanj ki ka gen misyon pou yo “ranmase tout moun ki lakòz lòt moun peche ak tout moun k ap pratike sa ki mal, [pou] mete yo deyò nan Wayòm [Jezi a]”. (Mat. 13:​39-41.) Gen lòt ki ka gen misyon pou yo “rasanble moun ki pou li yo” nan syèl la (Mat. 24:31). E gen lòt ankò ki resevwa lòd ‘pou yo pwoteje n kèlkeswa kote n ale’. — Sòm 91:11; Mat. 18:10; konpare ak Matye 4:11; Lik 22:43.

“Zanj Bondye chwazi yo” 1 Timote 5:21 pale de yo a sanble se zanj ki te gen yon seri travay espesyal pou yo fè anrapò ak pèp Bondye a. Nan vèsè anvan yo, Pòl te bay bonjan konsèy sou fason ansyen yo dwe pran responsablite yo, e moun nan kongregasyon an bezwen montre yo respekte yo. Ansyen yo bò kote pa yo bezwen fè travay yo san yo “pa fè anyen nan patipri” e yo pa dwe pran desizyon san yo pa byen reflechi. Yon rezon enpòtan ki fè ansyen yo bezwen suiv konsèy Bondye te pouse Pòl ekri a, se paske y ap sèvi frè ak sè yo “devan Bondye, devan Kris Jezi e devan zanj Bondye chwazi yo”. Kidonk, sa klè, gen zanj travay yo se ede kongregasyon an. Pami travay yo gen pou yo fè, yo pwoteje sèvitè Bondye yo, yo ede yo nan travay predikasyon an e yo bay Jewova yon rapò sou sa yo wè. — Mat. 18:​10, Rev. 14:6.