Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lajwa: Yon kalite Bondye ban nou

Lajwa: Yon kalite Bondye ban nou

NÒMALMAN, tout moun vle viv ak kè kontan. Men, nan dènye jou sa yo, se tout moun k ap fè fas ak yon seri eprèv ki “difisil pou moun sipòte”. (2 Tim. 3:1.) Enjistis, pwoblèm sante, chomaj, tristès oswa lòt bagay ki bay tètchaje ak lapenn ka lakòz kèk moun pèdi jwa yo tikras pa tikras. Menm sèvitè Bondye yo ka vin dekouraje e yo ka pèdi jwa yo. Si sa ta rive w, ki jan w ka vin gen lajwa ankò?

Pou n reponn kesyon sa a, toudabò nou bezwen konprann ki sa vrè lajwa a ye e ki jan lòt moun te kenbe jwa yo malgre yo te jwenn eprèv. Apre sa, nou pral aprann ki sa n ka fè pou n kontinye gen lajwa e menm vin gen plis jwa.

KI SA LAJWA YE?

Nou pa dwe konfonn lajwa ak lè yon moun amikal oswa l renmen ri. Ann pran yon egzanp: Apre yon tafyatè fin bwè anpil, li ka sanble gen lajwa. Men, lè l pa sou ankò, li sispann ri, e l ka retounen mennen yon vi ki chaje ak lapenn ak pwoblèm. Ti moman l te fè ap ri a se pa t yon vrè jwa. — Pwo. 14:13.

Okontrè, lajwa se yon kalite yon moun gen nan fon kè l. Yo defini l kòm “santiman yon moun genyen lè l vin gen yon bon bagay oswa lè l ap tann yon bon bagay”. Yon moun gen lajwa lè l byennere oswa lè l toujou kontan, kit bagay yo ap byen mache kit y ap mal mache (1 Tes. 1:6). Anfèt, yon moun ka santi l kontrarye akoz yon bagay, men, malgre sa li toujou gen lajwa nan kè l. Pa egzanp, yo te bat apot yo paske yo t ap pale konsènan Kris. Sepandan, lè yo te soti devan Sanedren an, “yo te kontan dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi”. (Tra. 5:41.) Sa klè, yo pa t kontan poutèt yo te bat yo. Men, antanke sèvitè Bondye, yo te gen vrè lajwa a paske yo te kenbe entegrite yo.

Nou pa fèt ak kalite lajwa sa a, e nou pa ka vin genyen l otomatikman. Sa k fè sa? Se paske lajwa fè pati fwi lespri sen Bondye a. Grasa èd lespri sen Bondye, nou ka vin gen “nouvo pèsonalite a” nèt ki gen lajwa ladan l (Efe. 4:24; Gal. 5:22). Epitou, lè n gen lajwa, nou plis ka fè fas ak strès ki gen nan lavi a.

EGZANP NOU VLE IMITE

Se pa move bagay nou wè k ap fèt souvan sou tè a jodi a Jewova te vle ki pou fèt, men se bon bagay li te vle ki pou fèt. Epoutan, move aksyon yon seri moun ap fè pa fè Jewova pèdi jwa l. Pawòl Bondye a di: “Kote l rete a gen fòs ak lajwa.” (1 Kwo. 16:27). Mete sou sa, bon bagay sèvitè Jewova yo ap akonpli yo fè “kè [Jewova] kontan”. — Pwo. 27:11.

Nou ka imite Jewova lè n pa bay tèt nou twòp pwoblèm lè bagay yo pa rive jan n te atann nan. Olye nou pèdi jwa nou, nou ka fikse lespri nou sou bon bagay nou gen kounye a epi n ret tann pi bon bagay ki gen pou vini yo avèk pasyans *.

Mete sou sa, nou ka jwenn anpil egzanp nan Bib la konsènan yon seri moun ki te kenbe jwa yo lè yo te jwenn eprèv. Abraram se youn nan moun ki te andire yon seri sitiyasyon ak difikilte lòt moun te lakòz e ki te met lavi l an danje (Jen. 12:10-20; 14:8-16; 16:4, 5; 20:1-18; 21:8, 9). Malgre presyon sa yo, Abraram te toujou kenbe jwa l. Ki jan l te rive fè sa? Li te kenbe esperans li te gen pou l viv nan monn nouvo a anba gouvènman Mesi a byen klè nan lespri l (Jen. 22:15-18; Ebre 11:10). Jezi te di: “Abraram, papa nou, te rejwi anpil poutèt li te gen espwa l ap wè jou m nan.” (Jan 8:56). Nou ka imite Abraram lè n reflechi ak lajwa k ap tann nou. — Wom. 8:21.

Menm jan ak Abraram, apot Pòl ansanm ak konpayon l lan, Silas, te fikse lespri yo sou pwomès Bondye yo. Yo te gen yon lafwa solid e yo te kontinye kenbe jwa yo aktout yo te fè eksperyans ki negatif. Pa egzanp, apre yo te fin bat yo byen bat e yo te mete yo nan prizon, “nan mitan lannuit, [yo] t ap priye, yo t ap chante pou yo louwe Bondye”. (Tra. 16:23-25.) Anplis Pòl ak Silas te jwenn fòs nan esperans yo te genyen an, yo te gen lajwa tou paske yo t ap soufri pou non Kris. Nou ka imite Pòl ak Silas lè n fikse lespri nou sou bon bagay nou jwenn paske n ap sèvi Bondye fidèlman. — Flp. 1:12-14.

Jodi a, kominote frè nou fòme a gen ladan l anpil moun ki bay bon egzanp antanke moun ki kontinye gen lajwa malgre y ap fè fas ak eprèv. Pa egzanp, nan mwa novanm 2013, te gen yon gwo gwo siklòn ki rele Haiyan ki te pase nan mitan peyi Filipin e l te detwi kay plis pase 1 000 fanmi ki Temwen. Men sa George, ki t ap viv nan vil Takloban e ki te gen kay li ki kraze, fè konnen: “Malgre sa k te pase a, frè yo gen kè kontan. Li difisil pou m esplike lajwa mwen santi a.” Kèlkeswa gwo difikilte n ap rankontre, n ap kontinye kenbe jwa nou si n medite avèk rekonesans sou sa Jewova fè pou nou. Ki lòt bagay ankò Jewova bay ki ban nou rezon pou n gen kè kontan?

REZON POU N GEN KÈ KONTAN

Ki pi gwo rezon pou n gen kè kontan nou ka genyen pase relasyon nou gen ak Bondye a? Fè yon ti reflechi: Nou konnen Souvren linivè a. Li se Papa nou, Bondye nou ak Zanmi nou! — Sòm 71:17, 18.

Anplis de sa, nou bay lavi li ban nou kòm kado a ak kapasite nou genyen pou n jwi lavi a anpil valè (Ekl. 3:12, 13). Antanke kreyati entèlijan Jewova atire vin jwenn li, nou konprann ki sa Bondye vle pou nou (Kol. 1:9, 10). Epitou, lavi nou gen yon vrè sans e n jwenn bon direksyon nan lavi a. Yon lòt bò, pifò moun k ap viv sou tè a pa byen konprann objektif lavi a. Pou Pòl te montre diferans sa a, men sa l te ekri: “‘Bagay Bondye prepare pou moun ki renmen l yo, je pa wè yo, zòrèy pa tande yo, e moun pa ka imajine yo.’ Paske, se nou menm Bondye fè konnen yo grasa lespri li.” (1 Kor. 2:9, 10). Èske kè n pa kontan lefètke n konprann volonte Jewova ak objektif li?

Ann konsidere lòt bagay Jewova fè pou pèp li a. Èske kè n pa kontan paske n ka jwenn padon pou peche n (1 Jan 2:12)? Grasa mizèrikòd Bondye, nou gen yon esperans solid pral gen yon monn nouvo talè konsa (Wom. 12:12). Menm depi kounye a, Jewova fè n jwenn bonjan zanmi k ap adore l menm jan avè n (Sòm 133:1). Epitou, Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova pwoteje pèp li a kont Satan ak demon l yo (Sòm 91:11). Si n medite sou tout byenfè sa yo Bondye ban nou, n ap wè n ap vin gen plis jwa. — Flp. 4:4.

FASON POU N GEN PLIS JWA

Èske yon kretyen ki deja gen kè kontan ka vin gen plis kè kontan? Jezi te di: “Mwen di nou bagay sa yo dekwa pou nou ka gen kè kontan mwen genyen an, e dekwa pou nou ka kontan nèt.” (Jan 15:11). Èske sa pa montre nou ka vin gen plis jwa? Ou ka konpare efò w fè pou w gen plis jwa ak lè w ap sanble dife. Ou dwe met bwa oswa chabon nan dife a pou l byen limen. Menm jan an tou, ou dwe nouri tèt ou nan domèn espirityèl pou w vin gen plis jwa. Sonje sa: Se lespri Bondye ki fè moun gen lajwa. Donk, w ap vin gen plis jwa lè w toujou mande Jewova ede w grasa lespri sen l ak lè w priye epi w medite sou Pawòl Bondye te fè ekri grasa lespri sen l lan. — Sòm 1:1, 2; Lik 11:13.

W ap vin gen plis jwa tou lè w toujou patisipe nan travay ki fè kè Jewova kontan (Sòm 35:27; 112:1). Poukisa? Se paske “vrè Dye a” te kreye n pou n ‘gen lakrentif pou li e pou n obeyi kòmandman l yo, paske se tout sa yon moun dwe fè’. (Ekl. 12:13.) Sa vle di Bondye te kreye n pou n fè volonte l. Kidonk, lè n sèvi Jewova, nòmalman nou vin gen pi gwo jwa ki gen nan lavi a *.

BYENFÈ N JWENN LÈ N GEN LAJWA

Toutpandan n ap vin gen lajwa Bondye bay la, n ap jwenn pi plis byenfè lontan pase yon senp santiman nou gen anndan nou. Pa egzanp, Papa nou ki nan syèl la ap pran plis plezi nan nou toutpandan n ap sèvi l ak kè kontan kèlkeswa pwoblèm nou ta jwenn (Det. 16:15; 1 Tes. 5:16-18). Mete sou sa, piske nou vin gen vrè lajwa a, nou pap chèche viv yon fason ki materyalis, okontrè, n ap chèche fè pi gwo sakrifis toujou pou Wayòm Bondye a (Mat. 13:44). Lè n wè bon rezilta sa bay, n ap vin gen plis lajwa, n ap santi n pi byen nan lavi nou e n ap fè lòt moun pi kontan. — Tra. 20:35; Flp. 1:3-5.

“Si w gen kè kontan e w satisfè ak lavi w depi kounye a, se sèten w ap pi an sante alavni.” Se sa yon moun ki konn fè rechèch nan Inivèsite Nebraska, nan peyi Etazini, te ekri apre l te fin egzamine plizyè etid ki te fèt sou sante. Sa l di a ann amoni ak Bib la ki di: “Kè kontan se bon remèd.” (Pwo. 17:22). Wi, tank ou gen plis jwa se tank sante w ap pi anfòm.

Kidonk, malgre n ap viv nan yon epòk ki gen anpil strès, nou ka vin gen vrè jwa k ap dire a lè n chèche gen lespri sen grasa lapriyè, lè n etidye epi n medite sou Pawòl Jewova a. Anplis de sa, nou vin gen plis lajwa lè n reflechi sou byenfè n jwenn depi kounye a, lè n imite lafwa lòt moun ak lè n chèche fè volonte Bondye. Lè n fè tout bagay sa yo, nou ka viv verite ki nan Sòm 64:10 la ki di: “Moun ki jis yo ap rejwi pou sa Jewova fè pou yo e y ap pran refij nan li.”

^ § 10 N ap analize pasyans nan yon lòt atik ki gen pou parèt nan seri sa a ki baze sou “fwi lespri a”.

^ § 20 Pou n jwenn lòt fason nou ka vin gen plis jwa, gade kare ki gen tit “ Lòt fason pou w vin gen plis jwa” a.