Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Yon eritaj espirityèl ki gen anpil valè te ede m fè pwogrè

Yon eritaj espirityèl ki gen anpil valè te ede m fè pwogrè

MWEN menm ak yon lòt frè te kanpe arebò flèv Nijè ki t ap desann nan mitan lannuit. Se yon kokenn flèv ki prèske gen 1,6 kilomèt lajè. Travèse flèv la se te yon gwo danje paske nan moman an te gen yon gè sivil ki t ap fè ravaj nan peyi Nijerya. Malgre sa, nou te oblije riske lavi nou e se pa yon fwa sèlman nou te fè sa. Ki jan m te fè rive nan sitiyasyon sa a? Ann retounen nan epòk anvan m te fèt la.

Papa m, John Mills, te batize an 1913 nan vil Nouyòk. Li te gen 25 an. Yon ti tan apre sa, papa m t al Trinidad, e se la li te marye ak Constance Farmer, ki te yon Etidyan Labib ki te zele anpil. Papa m te ede yon zanmi l ki rele William R. Brown pou l pase “Fotodram kreyasyon an”. Yo te fè sa pandan yon bon tan jis frè Brown ak madanm li te jwenn asiyasyon pou y al ann Afrik delwès nan ane 1923. Papa m ak manman m, ki te gen esperans pou y al viv nan syèl, te kontinye travay la nan Trinidad.

NOU TE GEN PARAN KI RENMEN NOU

Manman m ak papa m te fè nèf pitit. Yo te rele premye a Rutherford, menm non ak frè ki te prezidan Watch Tower Bible and Tract Society a. Lè m vin fèt nan dat 30 desanm 1922, yo te ban m menm non ak frè Clayton Woodworth, yon frè ki te responsab pou l prepare atik pou jounal ki te rele Epòk annò a (kounye a li rele Reveye n!). Paran nou te ban nou tout yon edikasyon de baz, men yo te plis ankouraje nou pou nou gen objektif nan sèvis n ap bay Jewova a. Manman m te fò anpil nan rezone sou Ekriti yo ak lòt moun epi konvenk yo. Papa m te renmen rakonte nou istwa ki nan Bib la, li te konn fè yon seri jès e li te konn sèvi ak tout kò l pou l ede nou pi byen konprann istwa yo.

Efò yo te fè yo te bay bon rezilta. Nou te senk pitit gason. Twa nan nou te asiste lekòl Galaad. Twa nan sè nou yo te fè anpil tan nan sèvis pyonye nan Trinidad ak Tobago. Lè n te timoun, paran nou yo te plante nou “lakay Jewova” grasa sa yo te anseye nou ak bon egzanp yo te ban nou. Ankourajman yo te ban nou te ede nou pou n rete lakay Jewova e pou nou fleri “nan lakou Bondye nou an”. — Sòm 92:13.

Se lakay nou yo te konn òganize travay predikasyon an. Pyonye yo te konn reyini lakay la e byen souvan yo te konn pale de frè George Young, yon misyonè kanadyen ki te vizite Trinidad. Paran m te konn pale ak anpil kè kontan de frè ak sè Brown ki te patnè yo e ki te ann Afrik delwès nan moman sa a. Tout bagay sa yo te pouse m kòmanse preche lè m te gen dizan.

KÒMANSMAN AKTIVITE M

Nan epòk sa yo, peryodik nou yo te konn pale yon fason ki dirèk anpil. Yo te konn denonse fo relijyon, komès malonèt ak koripsyon ki gen nan politik. Se sa k fè, an 1936, dirijan legliz yo te pouse moun ki te gouvènè Trinidad nan epòk sa a pou l mete entèdiksyon sou piblikasyon Watch Tower yo. Nou te konn sere piblikasyon yo, men nou te konn sèvi avèk yo an kachèt jiskaske tout stòk nou te genyen yo te fini. Nou te konn preche ak pankat, nou te konn distribye feyè nan mach nou te konn fè oswa lè n te sou bisiklèt. Nou te preche rive jis nan zòn ki pi lwen ki gen nan Trinidad ansanm ak gwoup ki te konn sèvi ak yon machin ki gen opalè ki te nan vil Tounapouna. Nou te renmen sa anpil! Bèl anbyans sa a te ankouraje m batize lè m te gen 16 an.

Gwoup ki te konn sèvi ak machin ki gen opalè ki te nan vil Tounapouna a.

Eritaj fanmi m te kite pou mwen an ak eksperyans mwen te fè yo te fè m anvi vin misyonè. Mwen te toujou anvi sa lè m t al Awouba an 1944 epi m t al jwenn frè Edmund Cummings. Se pa ti kontan nou te kontan lè nou te wè nou te reyini ak dis moun pou Memoryal 1945 lan. Nan ane ki te vin apre a, te vin gen premye kongregasyon sou zile a.

Lavi m te vin pi bèl avèk Oris.

Yon tikras tan apre, mwen te bay yon kòlèg travay mwen ki rele Oris Williams temwayaj. Li te fè anpil diskisyon avè m pou l defann doktrin yo te anseye l yo. Men, grasa yon etid Labib, li te aprann sa Pawòl Bondye a di toutbon e li te batize nan dat 5 janvye 1947. Rive yon lè, nou te vin renmen youn lòt e nou te marye. Li te antre nan sèvis pyonye an novanm 1950. Lavi m te vin pi bèl avèk Oris.

SÈVIS LA TE ENTERESAN ANPIL NAN PEYI NIJERYA

An 1955, yo te envite nou nan lekòl Galaad. Pou mwen menm ak Oris te ka prepare n pou privilèj sa a, nou te kite travay nou, nou te vann kay nou ak lòt bagay nou te posede e nou te kite Awouba. Nou te gradye nan 27yèm klas Galaad la nan dat 29 jiyè 1956 e yo te voye nou Nijerya.

Nou menm ak fanmi Betèl la nan vil Lagòs, Nijerya, an 1957.

Men sa Oris te di lè l ap sonje ki jan bagay yo te pase: “Lespri Jewova ka ede yon moun adapte l ak difikilte ki gen nan sèvis misyonè a. Kontrèman ak mari m, mwen pa t janm anvi vin misyonè. Mwen t ap pito gen yon kay epi fè pitit. Mwen te chanje fason m panse lè m te vin konprann jan li enpòtan pou nou preche bon nouvèl la san pèdi tan. Distans pou nou te gradye nan Galaad, lespri m te gentan pare pou m preche bon nouvèl la antanke misyonè. Pandan n t ap monte nan bato ki te rele Queen Mary a, frè Worth Thornton, ki t ap travay nan biwo frè Knorr, te swete nou bon vwayaj. Li te fè nou konnen nou t apral sèvi nan Betèl. Mwen te di tou ba: ‘O non!’ Men, nan yon tikras tan, mwen te vin adapte m e m te vin renmen Betèl, kote m te travay nan divès sèvis. Sa m te pi renmen se te travay kòm resepsyonis. Mwen renmen moun, e travay sa a te pèmèt mwen pran kontak ak frè Nijerya yo. Anpil fwa, yo te plen pousyè, yo fatige, yo swaf e yo grangou. Mwen te pran plezi ede yo jwenn sa yo bezwen pou soulaje yo e pou konsole yo. Tout sa te fè pati sèvis sakre m t ap bay Jewova a, e sa te fè m jwenn satisfaksyon ak kè kontan.” Vrèmanvre, chak asiyasyon nou te jwenn te ede nou fè plis pwogrè.

Nan yon reyinyon fanmi ki te fèt Trinidad an 1961, frè Brown te rakonte kèk nan bèl eksperyans li te fè ann Afrik. Apre sa, mwen te esplike ki jan gen akwasman nan Nijerya. Frè Brown te pase bra l nan kou m epi l te di papa m: “Johnny, ou pa t janm al sèvi ann Afrik, men Woodworth te ale!” Epi papa m te reponn li: “Kenbe la, Worth! Kenbe la!” Ankourajman moun sa yo ki te gen lontan depi y ap sèvi Jewova avèk zèl te fè m vin plis anvi akonpli sèvis mwen nèt.

William Brown “Labib” ak Antonia, madanm li, te ankouraje nou anpil.

An 1962, mwen te gen privilèj resevwa plis fòmasyon nan 37yèm klas Galaad la, yon kou ki te dire dis mwa. Frè Wilfred Gooch, ki te siveyan filyal Nijerya nan epòk sa a, te nan 38yèm klas la e yo te voye l al sèvi ann Angletè. Lè sa a, mwen te vin siveyan filyal Nijerya a. Mwen te suiv egzanp frè Brown, mwen te konn vwayaje anpil, konsa m te vin konnen frè m yo nan peyi Nijerya e m te vin renmen yo. Menm lè yo pa t gen yon seri bagay materyèl moun nan peyi ki pi devlope yo genyen, kè kontan ak satisfaksyon yo te genyen te montre aklè se pa lajan oswa byen materyèl ki fè lavi yon moun gen sans. Lè nou wè nan ki sitiyasyon yo ye, nou twouve li estrawòdinè pou nou wè jan yo pwòp, yo byen abiye e yo byen konpòte yo nan reyinyon yo. Lè yo pral nan kongrè, anpil ladan yo rive nan kamyon ak nan bolekajas * (yon seri bis ki ouvri sou kote e se nan peyi a yo fè kawosri yo). Byen souvan, bis yo te konn gen yon seri pawòl enteresan ekri sou yo. Youn nan pawòl yo te di: “Se plizyè ti gout dlo ki fè yon gwo lanmè.”

Pawòl sa a se verite! Chak ti efò yon moun fè konte, nou te fè ti efò pa nou tou. Apati 1974, apre Etazini, Nijerya se premye peyi ki te rive gen 100 000 pwoklamatè. Travay la te bay bon rezilta!

Pandan tout akwasman sa a t ap fèt, gè sivil Nijerya a t ap fè ravaj soti 1967 rive 1970. Pandan plizyè mwa, frè nou yo ki te abite sou lòt bò flèv Nijè ki te bay sou zòn Byafra pa t gen kontak ak biwo filyal la. Nou te oblije pote piblikasyon ak enstriksyon pou yo. Jan nou te di sa nan kòmansman atik la, grasa lapriyè ak konfyans nan Jewova, nou te travèse flèv la plizyè fwa.

Mwen byen sonje vwayaj danjere sa yo mwen te konn fè pou nou travèse flèv Nijè a. Nou te ka mouri anba men yon seri sòlda ki te tou pare pou yo tire, anba maladi ak lòt danje. Pase kote sòlda gouvènman yo te ye a te difisil, men travèse al nan zòn kote rebèl yo te ye sou lòt bò flèv la nan zòn Byafra te pi rèd toujou. Yon lè, mwen te travèse flèv Nijè a nan nuit nan moman l t ap desann. Mwen te yon pasaje nan yon ti kannòt ki t ap sot Asaba pou ale Onitcha. Mwen t apral ankouraje ansyen ki nan zòn Enougou yo. M te fè yon lòt vwayaj pou fòtifye ansyen yo ki te nan zòn Aba, nan yon moman kote yo te bay lòd pou moun pa limen limyè nan aswè pou ènmi yo pa t wè yo. Nou te oblije kouri fini yon reyinyon nou t ap fè Pòtakou ak lapriyè lè lame gouvènman an te rive kote gwoup rebèl yo te ye nan Byafra pa deyò vil la.

Reyinyon sa yo te enpòtan anpil pou bay frè nou yo asirans Jewova renmen yo e l ap pran swen yo, e pou ba yo bonjan konsèy ki t ap ede yo kenbe netralite yo epi rete ini. Frè Nijerya yo te rive andire nan moman ki te gen konfli terib sa yo. Yo te demontre lanmou ki te pi fò lontan pase lahèn ki te gen ant tribi yo e yo te kenbe inite yo antanke kretyen. Se pa ti privilèj sa te ye pou mwen te bò kote yo nan moman eprèv sa a.

An 1969, frè Milton Henschel te prezide asanble entènasyonal ki te gen tit “Lapè sou tè a” nan Yankee Stadium, nan Nouyòk, e mwen te aprann anpil nan men l antanke adjwen l. Fòmasyon sa a te byen tonbe paske an 1970 nou te fè yon asanble entènasyonal nan vil Lagòs, nan peyi Nijerya, ki te gen tit “Moun ki gen favè Bondye yo”. Kòm evènman sa a te fèt yon ti tan apre gè sivil la, se sèlman grasa benediksyon Jewova tout bagay te byen pase. Asanble sa a te estrawòdinè paske li te fèt nan 17 lang e li te gen 121 128 moun ki te asiste l. Frè Knorr ak frè Henschel ak lòt vizitè ki te vini nan avyon yo te frete sot Etazini ak Angletè te viv youn nan moman ki te gen pi gwo kantite moun ki te batize depi epòk Pannkòt la: te gen 3 775 nouvo disip! Mwen te tèlman okipe nan òganize evènman sa a, m panse se youn nan moman nan lavi m kote m te plis okipe. Ogmantasyon ki te gen nan kantite pwoklamatè yo se pa t yon senp akwasman, se te yon eksplozyon!

Asanble entènasyonal ki te gen tit “Moun ki gen favè Bondye yo” te gen 121 128 moun ki te pale 17 lang, san konte lang ibo.

Pandan plis pase 30 an m te fè Nijerya a, m te kontan sèvi tanzantan kòm siveyan itineran ak siveyan zòn ann Afrik delwès. Se pa ti rekonesans misyonè yo te genyen pou atansyon ak ankourajman yo te resevwa pèsonèlman! Mwen te kontan fè yo konnen travay y ap fè a gen anpil valè! Travay sa a te aprann mwen frè ak sè yo bezwen nou enterese nan yo pou yo ka kontinye sèvi Jewova e pou òganizasyon Jewova a rete djanm e pou gen inite.

Se sèlman grasa èd Jewova nou te kapab kenbe malgre pwoblèm ki te genyen akoz gè sivil la e malgre nou te konn malad. Nou te toujou wè benediksyon Jewova byen klè. Men sa Oris te di:

“Nou toule de te gen malarya plizyè fwa. Youn nan fwa yo, Worth te pèdi konesans e yo te mennen l nan yon lopital nan vil Lagòs. Mwen te di tèt mwen li pap chape, men erezman, li te chape! Lè l te retounen gen konesans, li te pale ak mesye ki t ap pran swen l lan konsènan Wayòm Bondye a. Annapre, mwen menm ak Worth te retounen vizite mesye Nwambiwe, mesye ki t ap pran swen l lan, pou nou te ka ede l konn plis sou Bib la. Li te aksepte laverite, e apre li te vin yon ansyen nan zòn Aba. Mwen menm tou mwen te reyisi ede anpil moun, menm yon seri Mizilman fanatik, pou yo vin sèvitè Jewova ki zele. Nou te vrèman kontan aprann konnen moun Nijerya yo epi renmen yo, renmen kilti yo, abitid yo ak lang yo pale.”

Men yon lòt leson nou te aprann: Pou nou reyisi nan yon tèritwa etranje, nou bezwen aprann renmen frè ak sè yo kèlkeswa jan kilti yo te ka diferan ak pa nou.

NOUVO ASIYASYON

Nan ane 1987, apre nou te sèvi nan Betèl Nijerya, yo te voye nou al sèvi kòm misyonè sou zile Sentlisi, yon bèl ti zile ki nan Karayib la. Se te yon bèl asiyasyon, men li te gen difikilte pa l tou. Kontrèman ak Afrik, kote yon gason ka marye ak plizyè fi, te gen yon lòt pwoblèm nan Sentlisi: de moun te konn viv ansanm san yo pa marye legalman. Pisans ki nan Pawòl Bondye a te pouse anpil etidyan Labib fè chanjman ki nesesè yo.

Mwen te renmen Oris anpil pandan tout 68 ane maryaj nou te pase ansanm nan.

Kòm fòs nou t ap bese akoz laj, lanmou Kolèj santral la gen pou nou te pouse yo transfere nou nan syèj mondyal la nan Bwouklin, Nouyòk, Etazini nan ane 2005. Jis jodi a, se chak jou m ap di Jewova mèsi pou madanm mwen, Oris. Li mouri nan ane 2015, e mwen pa ka jwenn mo pou m esplike jan sa fè m santi m. Li te yon bon madanm, ki gen afeksyon e ki gen anpil bèl kalite. Mwen te renmen l anpil pandan tout 68 ane nou te pase ansanm nan. Nou te aprann sekrè pou moun gen kè kontan ni nan maryaj yo, ni nan kongregasyon an se: respekte otorite, padone san grate tèt, kontinye demontre imilite epi demontre fwi lespri a.

Lè nou t ap fè fas ak desepsyon oswa dekourajman, nou te konte sou Jewova pou l ede nou kontinye sèvi l. Tank nou t ap adapte nou ak chanjman ki te gen nan lavi nou, nou te wè jan bagay yo te vin pi bon e gen pi bèl bagay toujou ki sere pou lavni. — Eza. 60:17; 2 Kor. 13:11.

Jewova te beni travay paran m ak lòt moun te fè nan peyi Trinidad ak Tobago, paske, selon dènye rapò yo, gen 9 892 moun k ap sèvi Jewova kounye a. Nan peyi Awouba, gen anpil moun ki te travay pou yo fòtifye premye kongregasyon an, kote m te ye a. Kounye a gen 14 kongregasyon k ap fè pwogrè sou zile sa a. Kanta pou Nijerya li menm, kantite pwoklamatè yo pa sispann ogmante, kounye a, gen 381 398 pwoklamatè nan peyi sa a. Sou zile Sentlisi, gen 783 pwoklamatè k ap soutni Wayòm Jewova a.

Kounye a, mwen nan 90 an yo. Men sa Sòm 92:14 di konsènan moun yo plante nan kay Jewova: “Menm lè yo vin granmoun, y ap kontinye bay fwi, y ap toujou djanm, y ap toujou fre.” Se pa ti kontan m kontan pou pakèt ane mwen pase ap sèvi Jewova. Bèl eritaj paran m te kite pou mwen an te ankouraje m sèvi Jewova ak tout mwen menm. Grasa lanmou fidèl Jewova genyen, li pèmèt mwen “fleri nan lakou Bondye [mwen] an”. — Sòm 92:13.

^ § 18 Gade Reveye n! 8 jiyè 1972 paj 24-26 (fransè).