Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 8

Fason pou n kontinye gen kè kontan lè n ap andire eprèv

Fason pou n kontinye gen kè kontan lè n ap andire eprèv

“Frè m yo, konsidere se yon jwa total lè nou rankontre divès kalite eprèv.” — JAK 1:2.

KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Selon Matye 5:11, ki jan nou ta dwe wè eprèv yo?

JEZI te pwomèt disip li yo yo t ap gen kè kontan toutbon. Epitou, li te fè moun ki renmen l yo konnen yo t ap jwenn eprèv (Mat. 10:22, 23; Lik 6:20-23). Nou kontan lefètke nou se disip Kris. Men, ki jan w t ap santi w si moun nan fanmi w ta opoze avè w, gouvènman kote w ap viv la ta pèsekite w oswa kòlèg travay ou oubyen kondisip ou ta fè presyon sou ou pou w fè sa ki mal? Lè n ap panse ak bagay sa yo sa ka fè n gen enkyetid.

2 Nòmalman, moun pa konsidere pèsekisyon kòm yon bagay ki bay kè kontan. Epoutan, se egzakteman sa Pawòl Bondye a mande nou pou nou fè. Pa egzanp, disip Jak te fè n konnen nou pa ta dwe dekouraje lè n jwenn eprèv, okontrè, sa ta dwe fè nou gen kè kontan (Jak 1:2, 12). E Jezi te di nou dwe kontan menm lè y ap pèsekite nou. (Li Matye 5:11.) Ki jan nou ka kontinye gen kè kontan malgre eprèv? Nou ka aprann anpil bagay lè nou egzamine lèt Jak te ekri kretyen nan premye syèk yo. Toudabò, ann wè ki difikilte kretyen sa yo te jwenn.

KI EPRÈV KRETYEN NAN PREMYE SYÈK YO TE JWENN?

3. Ki sa k te rive yon ti tan apre Jak te vin disip Jezi?

3 Yon ti tan apre Jak, yon frè Jezi kot manman, te vin disip, kretyen yo te jwenn opozisyon nan Jerizalèm (Tra. 1:14; 5:17, 18). E lè yo te touye disip Etyèn, anpil kretyen te kouri kite vil la e yo “te gaye nan tout zòn Jide ak nan Samari”, yo te menm rive jis Chip ak Antyòch (Tra. 7:58–8:1; 11:19). Disip yo te gen anpil pwoblèm. Malgre sa, yo te kontan preche bon nouvèl la tout kote yo t ale, e te vin gen kongregasyon nan tout Anpi women an (1 Pyè 1:1). Men, premye kretyen yo t apral gen plis pwoblèm toujou.

4. Bay kèk lòt eprèv premye kretyen yo te jwenn.

4 Premye kretyen yo te jwenn tout kalite eprèv. Pa egzanp, ozanviwon ane 50 epòk nou an, Klod, yon anperè women, te bay lòd pou tout Juif kite Wòm. Se sa k fè Juif ki te vin kretyen yo te oblije abandone kay yo pou y al viv lòt kote (Tra. 18:1-3). Ozanviwon ane 61 epòk nou an, nan yon lèt apot Pòl te ekri, li te fè konnen yo te dezonore kretyen parèy li yo an piblik, yo te mete yo nan prizon e yo te piye sa yo genyen (Ebre 10:32-34). E menm jan ak kèk lòt moun, gen kretyen ki te pòv e ki te malad. — Wom. 15:26; Flp. 2:25-27.

5. Ki kesyon nou pral reponn?

5 Lè Jak te ekri lèt li a anvan ane 62 epòk nou an, li te byen konnen eprèv frè l ak sè l yo t ap andire. Pa mwayen lespri sen, Jewova te fè Jak ekri kretyen sa yo pou ba yo bonjan konsèy ki t ap ede yo kontinye gen kè kontan menm lè yo jwenn eprèv. Ann egzamine lèt Jak la e ann reponn kesyon ki vin annapre yo: Ki sa jwa Jak te pale de li a ye? Ki sa k ta ka fè yon kretyen pèdi jwa sa a? E ki jan lè nou gen sajès, lafwa ak kouraj, sa kapab ede nou kontinye kenbe jwa nou kèlkeswa eprèv nou jwenn?

KI SA K FÈ YON KRETYEN GEN KÈ KONTAN?

Menm jan ak yon flanm ki ret byen limen anndan yon vè lanp, se konsa tou, lajwa Jewova bay la ret byen djanm nan fon kè nou. (Gade paragraf 6.)

6. Selon Lik 6:22, 23, sa k fè yon kretyen ka gen kè kontan lè l jwenn eprèv?

6 Gen moun ki ka panse sèl rezon ki ka fè yo gen kè kontan se si yo gen sante, yo gen anpil lajan e gen lapè nan fanmi yo. Men, kalite jwa Jak te pale de li a fè pati fwi lespri Bondye a e li pa depann de sa k ap pase nan lavi yon moun (Gal. 5:22). Yon kretyen gen lajwa, oswa li gen kè kontan toutbon, lefètke l konnen li fè Jewova plezi e li suiv egzanp Jezi. (Li Lik 6:22, 23; Kol. 1:10, 11.) Menm jan ak yon flanm ki ret byen limen anndan yon vè lanp, se konsa tou, lajwa Jewova bay la ret byen djanm nan fon kè nou. Nou pap pèdi jwa nou genyen an lè nou malad oswa lè nou razè. Nou pap pèdi l tou lè moun pase nou nan rizib oswa lè moun nan fanmi nou oubyen lòt moun opoze avè n. Okontrè, n ap vin gen plis jwa chak fwa moun ki opoze avè n yo ap eseye fè n pèdi l. Eprèv nou jwenn akoz lafwa nou montre nou se vrè disip Kris (Mat. 10:22; 24:9; Jan 15:20). Se sa k fè Jak te ekri pawòl ki vin annapre yo ki di: “Frè m yo, konsidere se yon jwa total lè nou rankontre divès kalite eprèv.” — Jak 1:2.

Sa k fè nou ka konpare eprèv yo ak dife yo itilize pou yo chofe yon metal y ap plati? (Gade paragraf 7.) *

7-8. Sa k fè lafwa nou vin pi solid lè nou jwenn eprèv?

7 Jak bay yon lòt rezon ki fè kretyen yo dispoze andire menm eprèv ki pi rèd yo. Men sa l di: “Lè lafwa nou sibi eprèv konsa, li bay andirans.” ​(Jak 1:3). Eprèv kapab tankou dife yo itilize pou yo chofe yon metal y ap plati. Lè yo fin plati metal yo chofe a e yo fè l vin frèt, li vin pi di toujou. Menm jan an tou, lè nou andire eprèv, lafwa nou vin pi solid. Se poutèt sa, men sa Jak te ekri: “Se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn.” ​(Jak 1:4). Lè nou wè eprèv nou jwenn yo fè lafwa nou vin pi solid, n ap ka andire yo ak kè kontan.

8 Nan lèt Jak te ekri a, li te fè konnen tou gen kèk difikilte ki ka fè nou pèdi jwa nou. Ki difikilte sa yo, e ki jan nou ka fè fas ak yo?

SA NOU KA FÈ POU NOU PA PÈDI JWA NOU

9. Poukisa nou bezwen sajès?

9 Pwoblèm: Lè nou pa konn sa pou n fè. Lè n ap fè fas ak yon eprèv, nou bezwen konte sou Jewova pou l ede nou pran desizyon k ap fè l plezi, k ap bon pou frè n ak sè n yo e k ap ede nou rete fidèl (Jer. 10:23). Nou bezwen sajès pou nou ka konnen ki sa pou n fè e ki sa nou dwe di moun ki opoze avè n yo. Si nou pa konn sa pou n fè, nou ka santi n dekouraje e sa ka fè nou pèdi jwa nou byen vit.

10. Ki sa Jak 1:5 di nou bezwen fè pou nou vin gen sajès?

10 Solisyon: Mande Jewova pou l ban nou sajès. Pou nou andire eprèv nou jwenn yo ak kè kontan, premye bagay nou dwe fè se priye Jewova pou n mande l sajès nou bezwen pou nou pran bon desizyon. (Li Jak 1:5.) Ki sa n ta dwe fè si nou santi Jewova pa reponn priyè nou tousuit? Jak di nou dwe “kontinye mande” Bondye. Nou pa deranje Jewova lè nou kontinye mande l pou l ban nou sajès. Li pap fache avè n pou sa. Papa nou ki nan syèl la “donan”. Donk, lè nou priye pou l ban nou sajès pou n andire eprèv, l ap ban nou l (Sòm 25:12, 13). Jewova wè eprèv n ap andire yo, li mete l nan plas nou e li dispoze ede nou. Se sèten sa fè kè nou kontan anpil! Donk, ki jan Jewova ban nou sajès?

11. Ki bagay ankò nou dwe fè pou nou vin gen sajès?

11 Jewova ban nou sajès pa mwayen Pawòl li a (Pwo. 2:6). Pou nou vin gen sajès sa a, nou dwe etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Men, nou pa dwe ret ap ranmase konesans sèlman. Nou dwe kite sajès ki soti nan Bondye a aji nan lavi nou lè nou koute konsèy li bay. Men sa Jak te ekri: “Se pou nou obeyi pawòl la, se pa pou nou ret ap tande l sèlman.” ​(Jak 1:22). Lè nou aplike konsèy Bondye bay, nou vin pi renmen lapè, nou vin pi rezonab e nou vin gen plis mizèrikòd (Jak 3:17). Kalite sa yo ede nou andire nenpòt eprèv san nou pa pèdi jwa nou.

12. Poukisa li enpòtan pou nou byen konn Bib la?

12 Pawòl Bondye a tankou yon glas, li ede nou wè sa nou bezwen amelyore e ki sa nou bezwen fè pou sa (Jak 1:23-25). Pa egzanp, lè nou fin etidye Pawòl Bondye a, nou ka rann nou kont nou bezwen fè efò pou n pa kouri fache. Grasa èd Jewova, nou aprann fason pou nou aji avèk dousè lè moun fè nou fache oswa lè nou devan sitiyasyon ki te ka fè n pèdi metriz nou. Lè nou gen dousè, nou aji pi byen lè n jwenn pwoblèm. Nou reflechi pi byen e nou pran pi bon desizyon (Jak 3:13). Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou byen konn Bib la!

13. Poukisa nou ta dwe egzamine egzanp kèk moun Bib la pale de yo?

13 Pafwa, se lè nou fin fè yon erè nou rann nou kont nou pa t dwe fè sa n te fè a. Se vre sa fè n soufri, men nou aprann. Youn nan bon fason pou n vin gen sajès se lè nou aprann nan sa moun fè ki bon ak nan sa yo fè ki pa bon. Se sa k fè Jak ankouraje nou pou nou aprann nan egzanp kèk moun Bib la pale de yo tankou Abraram, Rahab, Jòb ak Eli (Jak 2:21-26; 5:10, 11, 17, 18). Sèvitè fidèl Jewova sa yo te rive andire eprèv ki te ka fè yo pèdi jwa yo. Lefètke yo te andire, sa montre grasa èd Jewova nou kapab andire tou.

14-15. Poukisa nou dwe chèche elimine dout nou genyen yo?

14 Pwoblèm. Dout nou kontinye genyen yo. Detanzantan nou ka gen difikilte pou n konprann kèk bagay nan Pawòl Bondye a. Oswa Jewova ka pa reponn priyè nou yo fason nou t ap atann nan. Sa ka fè nou vin gen dout. Men, si nou pa fè anyen pou nou elimine dout nou genyen yo, y ap fè lafwa nou vin fèb e y ap gen move efè sou relasyon nou ak Jewova (Jak 1:7, 8). Epi, yo ka menm fè nou pèdi esperans nou genyen pou lavni an.

15 Apot Pòl te konpare esperans nou genyen pou lavni an ak yon lank batiman (Ebre 6:19). Yon lank batiman fè batiman an ret anplas lè gen tanpèt e li anpeche l al frape nan resif. Men, yon lank batiman itil si chenn ki tache batiman an avè l la pa kase. Menm jan wouy ka fè yon chenn ki tache lank batiman an vin pa solid, se konsa tou, si nou pa elimine dout nou genyen yo, y ap fè lafwa nou vin fèb. Lè yon moun ki gen dout jwenn opozisyon, sa ka fè l pa kwè Jewova ap reyalize pwomès li fè yo. Si nou pèdi lafwa, nou pèdi esperans nou genyen an. Tankou Jak di, moun ki gen dout la “sanble ak yon lanm lanmè van ap pouse, k ap fè ale vini”. (Jak 1:6.) Yon moun ki nan sitiyasyon sa a ka pa janm gen kè kontan!

16. Ki sa nou dwe fè si nou gen dout?

16 Solisyon: Chèche elimine dout nou genyen yo, fè lafwa nou vin solid. Nou pa dwe anbalan. Nan epòk pwofèt Eli, pèp Jewova a te vin anbalan. Men sa Eli te di yo: “Ki lè n ap sispann gen de lide? Si se Jewova ki vrè Dye a, se li menm pou nou adore, men, si se Baal, se li menm pou nou adore!” ​(1 Wa 18:21). Jodi a tou, nou bezwen pran yon desizyon. Nou bezwen fè rechèch pou nou konvenk tèt nou Jewova se vrè Dye a, Labib se Pawòl li e Temwen Jewova yo se pèp li (1 Tes. 5:21). Lè nou fè tout sa, n ap elimine dout nou genyen yo e sa ap fè lafwa nou vin solid. Si nou bezwen èd pou nou elimine dout nou genyen, nou ka pale ak ansyen yo sou sa. Nou dwe aji san pèdi tan pou nou ka kontinye gen kè kontan nan sèvis Jewova a.

17. Ki sa k ap rive si nou pèdi fòs?

17 Pwoblèm: Dekourajman. Pawòl Bondye a di: “Si w dekouraje nan jou malè a, w ap prèske san fòs.” ​(Pwo. 24:10). Mo ebre lè yo tradui l yo met “dekouraje” pou li a kapab vle di “pèdi fòs”. Si w pèdi fòs, w ap pèdi jwa w byen vit.

18. Ki sa andire vle di?

18 Solisyon: Konte sou Jewova pou l ban n kouraj pou n andire. Nou bezwen gen kouraj pou nou andire eprèv yo (Jak 5:11). Mo Jak te itilize lè y ap tradui l yo met “andirans” pou li a fè nou panse ak yon moun ki ret kanpe tennfas. Sa ka fè nou panse ak yon sòlda ki gen kouraj ki kanpe byen djanm, ki pa kouri lè ènmi an atake.

19. Ki sa nou ka aprann nan egzanp apot Pòl?

19 Apot Pòl bay yon bèl egzanp antanke moun ki te gen kouraj ak andirans. Pafwa, li te konn santi l fèb. Men li te rive andire paske li te konte sou Jewova pou ba l fòs li te bezwen (2 Kor. 12:8-10; Flp. 4:13). Nou ka gen menm fòs ak kouraj sa a, si nou rekonèt avèk imilite nou bezwen èd Jewova. — Jak 4:10.

PWOCHE BÒ KOTE BONDYE POU N KA KONTINYE GEN KÈ KONTAN

20-21. Ki asirans nou kapab genyen?

20 Nou sèten lè nou jwenn eprèv, se pa Jewova k ap pini nou. Men asirans Jak ban nou: “Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv: ‘Se Bondye k ap pase m anba eprèv.’ Paske, pèsonn pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv ak bagay ki mal.” ​(Jak 1:13). Lè nou gen konviksyon pawòl sa yo se laverite, nou vin pi pwòch ak Papa nou an ki nan syèl la ki renmen nou. — Jak 4:8.

21 Jewova “pa chanje”. (Jak 1:17.) Li te ede kretyen yo nan premye syèk la lè yo te jwenn eprèv e l ap ede nou chak jodi a tou. Priye Jewova ak tout kè w pou l ede w gen sajès, lafwa ak kouraj. L ap reponn priyè w fè yo. Konsa, ou kapab gen asirans l ap ede w kontinye gen kè kontan lè w ap andire eprèv!

KANTIK 128 Andire jiska lafen

^ § 5 Liv Jak la gen anpil bon konsèy k ap ede nou konn sa pou n fè lè n jwenn eprèv. Nan atik sa a, nou pral pale sou kèk nan konsèy Jak bay. Konsèy sa yo ka ede n andire difikilte san nou pa pèdi jwa nou nan sèvis Jewova a.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè yo vin arete lakay li. Madanm li ak pitit fi l ap gade pandan polisye yo prale avè l. Pandan mari a nan prizon, gen frè ak sè k ap fè adorasyon an fanmi ansanm ak sè a ak pitit fi l. Se toutan sè a ak pitit fi l la ap mande Jewova fòs pou yo andire eprèv yo genyen an. Jewova fè yo santi yo anpè e li ba yo kouraj. Sa fè lafwa yo vin pi solid e sa pèmèt yo andire ak kè kontan.