Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 9

Ann imite Jezi lè n dispoze ede lòt moun

Ann imite Jezi lè n dispoze ede lòt moun

“Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — TRA. 20:35.

KANTIK 17 “Wi, mwen vle”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki bèl atitid nou wè nan mitan pèp Jewova a?

DEPI byen lontan, Bib la te gentan anonse moun ki nan pèp Bondye a t ap “ofri tèt yo san fòse” nan sèvis Jewova anba direksyon Pitit li a (Sòm 110:3). Pa gen dout, pwofesi sa a ap akonpli jodi a. Chak ane, sèvitè Jewova yo ki chofe nan travay predikasyon an pase plizyè santèn milyon èdtan ap preche. Yo fè sa san fòse, e yo depanse kòb yo pou sa. Yo sèvi ak tan yo tou pou yo rann kwayan parèy yo sèvis, pou yo ankouraje yo e pou yo fòtifye lafwa yo. Frè ki gen responsablite nan kongregasyon yo pase plizyè èdtan ap prepare patisipasyon yo gen nan reyinyon yo e yo fè vizit pastoral pou yo ankouraje kwayan parèy yo. Ki sa k pouse yo fè tout travay sa a? Se lanmou, anpalan de lanmou pou Jewova ak lanmou pou pwochen yo. — Mat. 22:37-39.

2. Jan sa parèt nan Women 15:1-3, ki egzanp Jezi te bay?

2 Jezi te bay yon bèl egzanp lè l te met enterè lòt moun anvan enterè pa l. Nou eseye fè tout sa n kapab pou n suiv egzanp li. (Li Women 15:1-3.) Moun ki imite l ap jwenn byenfè. Men sa Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Tra. 20:35.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral wè kèk nan sakrifis Jezi te fè pou l ede lòt moun, e nou pral wè ki jan nou kapab suiv egzanp li. Nou pral wè tou ki jan nou kapab vin pi dispoze ede lòt moun.

SUIV EGZANP JEZI

Menm lè Jezi te fatige, ki jan l te reyaji lè yon foul moun te vin jwenn li? (Gade paragraf 4.)

4. Ki jan Jezi te met enterè lòt moun anvan enterè pa l?

4Jezi te ede moun, menm lè l te fatige. Reflechi ak fason Jezi te reyaji lè yon foul moun te vin rankontre l sou yon mòn, petèt toupre Kapènawòm. Jezi te fè tout nuit lan ap priye. Li dwe te fatige anpil, men, lè l te wè foul moun yo, kè l te fè l mal pou moun ki pòv ak moun ki malad yo. Nonsèlman li te geri yo, men tou, li te bay youn nan diskou ki te pi ankourajan, anpalan de Diskou sou mòn nan. — Lik 6:12-20.

Ki fason nou kapab imite Jezi ki te dispoze ede lòt moun? (Gade paragraf 5.)

5. Ki jan chèf fanmi yo suiv egzanp Jezi, menm lè yo fatige?

5Fason chèf fanmi yo suiv egzanp Jezi. Ann imajine yon sitiyasyon: Apre yon jounen travay byen long, yon chèf fanmi retounen lakay li tou fatige. Menm lè l pa anvi fè adorasyon an fanmi an ki dwe fèt jou swa sa a, li sipliye Jewova pou l ba l fòs pou l fè adorasyon an. Jewova reponn priyè l, e adorasyon an fèt nòmalman. Jou swa sa a, timoun yo aprann yon leson enpòtan: Adore Jewova pi enpòtan pou paran yo pase tout lòt bagay.

6. Bay yon egzanp ki montre jan Jezi te dispoze bay tan l pou ede lòt moun.

6Jezi te dispoze bay tan l. Èske w ka imajine jan Jezi te santi l lè l te aprann yo te koupe tèt yon zanmi l, anpalan de Jan ki te konn batize moun nan? Jezi dwe te tris anpil. Men sa Bib la di: “Lè Jezi tande [Jan mouri], li pran bato, li kite zòn nan, l al yon kote izole pou l kapab ret poukont li.” ​(Mat. 14:10-13). Nou kapab konprann poukisa li te vle ret poukont li. Anpil nan nou renmen ret poukont nou lè nou nan lapenn. Men, Jezi pa t rive ret poukont li. Gen yon gwo foul moun ki te rive nan zòn izole sa a anvan l. Ki jan Jezi te reyaji? Li te panse ak sa moun yo te bezwen, e li te “vin gen pitye” pou yo. Li te ka wè yo te vrèman bezwen èd ak konsolasyon nan men Bondye. Se sa k fè li te ede yo tousuit. Anfèt, li pa t anseye yo kèk bagay sèlman, okontrè, li te “kòmanse anseye yo anpil bagay”. — Mak 6:31-34; Lik 9:10, 11.

7-8. Bay yon egzanp ki montre jan ansyen yo ki gen lanmou suiv egzanp Jezi lè yon moun nan kongregasyon an bezwen èd yo.

7Fason ansyen yo ki gen lanmou suiv egzanp Jezi. Se pa ti apresye nou apresye travay ansyen nou yo ap fè, yo menm ki fè anpil sakrifis pou ede nou! Pifò frè ak sè nan kongregasyon an pa konn tout travay y ap fè. Pa egzanp, lè gen yon ijans nan domèn medikal, frè ki nan Komite lyezon ospitalye yo kouri al ede kwayan parèy yo. Byen souvan, konn gen ijans sa yo nan mitan nuit! Piske ansyen sa yo nou renmen anpil, ansanm ak fanmi yo, gen konpasyon pou frè ak sè yo ki nan difikilte, yo met enterè kwayan parèy yo anvan enterè pa yo.

8 Ansyen yo patisipe tou nan konstriksyon Sal Wayòm ak nan lòt pwojè konstriksyon, e yo ede lè gen katastwòf. Nou pa ka konte kantite tan ansyen nan kongregasyon nou yo pase ap anseye nou, ankouraje nou epi ede nou. Tout frè sa yo ansanm ak fanmi yo merite pou nou felisite yo ak tout kè n. Nou swete pou Jewova beni bèl atitid yo genyen an! Nòmalman, ansyen yo bezwen rezonab menm jan ak tout lòt moun. Yo pa dwe tèlman pase tan nan aktivite sa yo, sa fè yo neglije fanmi yo.

FASON POU N DISPOZE EDE LÒT MOUN

9. Selon Filipyen 2:4, 5, ki atitid tout kretyen ta dwe chèche genyen?

9 Li Filipyen 2:4, 5. Se vre, se pa nou tout ki ansyen, men, nou tout ka fè efò pou n imite Jezi lè n dispoze ede lòt moun. Bib la di li “te pran fòm yon esklav”. (Flp. 2:7.) Reflechi ak sans vèsè sa a genyen. Yon bon esklav oswa yon bon sèvitè ap chèche okazyon pou l fè mèt li plezi. Antanke esklav Jewova e antanke moun k ap sèvi frè n ak sè n yo, pa gen dout, nou ta renmen pi itil Jewova ak kwayan parèy nou. Nou kapab fè sa lè nou aplike konsèy ki vin annapre yo.

10. Ki kesyon nou kapab poze tèt nou?

10Reflechi sou atitid ou. Poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo: ‘Jis nan ki pwen mwen dispoze fè sakrifis pou m ede lòt moun? Pa egzanp, ki jan m t ap reyaji si yo ta mande m al vizite yon frè ki granmoun ki nan yon mezon retrèt oswa lakay li, oubyen pou m al chèche yon sè ki granmoun pou m mennen l nan reyinyon? Èske m kontan bay èd mwen lè yo bezwen volontè pou netwaye yon kote y ap fè kongrè oswa pou pran swen Sal Wayòm nan?’ Jewova kontan lè nou dispoze sèvi ak tan nou e ak sa nou posede pou n ede lòt moun, paske, lè nou te vwe l lavi nou, nou te pwomèt li nou t ap itilize tout sa nou genyen pou nou sèvi l. Si nou wè nou bezwen amelyore nan sans sa a, ki sa nou kapab fè?

11. Ki jan lapriyè kapab ede n pou n pi dispoze ede lòt moun?

11Priye Jewova ak tout kè w. Ann sipoze w wè ou bezwen fè kèk chanjman, men, ou manke fòs pou w fè yo. Nan ka sa a, priye Jewova ak tout kè w. Di l tout bagay. Fè Jewova konnen jan w santi w, epi mande l pou l ‘ba w volonte ak fòs pou w aji’. — Flp. 2:13.

12. Ki jan yon jèn frè ki batize kapab itil òganizasyon an?

12 Si w se yon jèn frè ki batize, mande Jewova pou l ede w gen volonte pou w vin pi itil kongregasyon an. Nan kèk peyi, gen plis ansyen pase sèvitè ministeryèl, e anpil nan sèvitè ministeryèl sa yo pa jèn. Piske gen anpil moun ki kontinye ap vin nan òganizasyon an, nou bezwen plis jèn frè pou ede ansyen yo pran swen pèp Jewova a. Si w dispoze sèvi kèlkeswa kote yo bezwen èd ou, w ap gen kè kontan. Sa k fè sa? Paske w ap fè kè Jewova kontan, w ap vin gen yon bon repitasyon e w ap satisfè lefètke w ede lòt moun.

Kretyen Jide yo te kouri travèse Rivyè Jouden an pou y al nan vil Pela. Kretyen ki te rive nan vil la anvan yo k ap distribye manje bay kretyen ki fèk rive yo. (Gade paragraf 13.)

13-14. Ki sa n ka fè pou n ede frè n ak sè n yo? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

13Chèche wè lè yon moun bezwen èd. Men sa apot Pòl te di kretyen ebre yo: “Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi.” ​(Ebre 13:16). Konsèy sa a te itil anpil! Yon ti tan apre kretyen ki t ap viv Jide yo te fin resevwa lèt sa a, yo te oblije abandone kay yo, biznis yo, e yo te oblije kite fanmi yo ki pa kwayan epi yo te “kouri al nan mòn”. (Mat. 24:16.) Lè sa a, se sèten youn te oblije ede lòt. Si anvan sa, yo te konn suiv konsèy Pòl te ba yo pou yo pataje sa yo genyen youn ak lòt, yo t ap twouve l pi fasil pou yo adapte yo ak fason yo te vin ap viv la.

14 Frè n ak sè n yo ka pa toujou fè n konnen sa yo bezwen. Pa egzanp, yon frè ki gen madanm li mouri nan gwo lapenn. Èske frè nou an ta renmen nou fè manje pou li, ba l woulib oubyen fè travay nan kay pou li? Li ka pa di nou anyen paske li pa vle deranje nou. Men, li ka kontan anpil si nou ofri l èd nou. Nou pa dwe met nan tèt nou yon lòt moun ap ede l, oswa l ap toujou fè n konnen sa l bezwen. Mande tèt ou: ‘Si m te nan yon sitiyasyon konsa, ki sa m t ap renmen yo fè pou mwen?’

15. Ki sa nou dwe fè si nou vle ede lòt moun?

15Se pou n abòdab. Se sèten, ou konn frè ak sè nan kongregasyon w lan ki toujou pare pou ede lòt moun. Yo pa janm fè nou santi nou deranje yo. Nou konnen nou ka konte sou yo lè nou bezwen èd yo, e nou ta renmen menm jan ak yo! Alan, yon ansyen ki gen plis pase 40 an, ta renmen vin yon moun ki abòdab. Men sa l di lè l ap reflechi ak egzanp Jezi: “Jezi te okipe anpil, men, moun tout laj te alèz avè l, e yo pa t santi yo jennen pou yo mande l èd. Yo te wè l kòm yon moun ki gen anpil sousi pou lòt moun. Mwen ta renmen vin menm jan ak Jezi, m ta renmen yo konnen m kòm yon moun ki abòdab, ki amikal e ki gen sousi pou lòt moun.”

16. Lè nou aplike pawòl ki nan Sòm 119:59, 60 yo, ki jan sa ap ede nou suiv egzanp Jezi pye pou pye?

16 Nou pa ta dwe dekouraje si nou pa rive imite Jezi yon fason ki pafè (Jak 3:2). Yon apranti pa ka fò menm jan ak moun k ap aprann li metye a. Men, tank l ap aprann nan erè l fè yo e li fè efò pou l byen suiv sa moun k ap aprann li metye a ap montre l, l ap vin pi maton. Menm jan an tou, si nou aplike sa nou aprann nan etid pèsonèl nou fè nan Bib la, nou fè efò pou n korije nenpòt defo nou ta ka genyen, n ap rive suiv modèl Jezi kite pou nou an. — Li Sòm 119:59, 60.

NOU JWENN BYENFÈ LÈ N DISPOZE EDE

Lè ansyen yo imite Jezi ki te dispoze ede lòt moun, yo bay jèn yo egzanp pou yo suiv. (Gade paragraf 17.) *

17-18. Lè nou imite Jezi ki te dispoze ede lòt moun, ki byenfè n ap jwenn?

17 Lè nou dispoze ede, lòt moun ap anvi fè menm jan an. Men sa yon ansyen ki rele Tim fè konnen: “Gen kèk jèn frè ki fè pwogrè ki vin sèvitè ministeryèl, e gen ladan yo ki jèn anpil. Youn nan rezon yo se paske yo te wè jan lòt moun dispoze ede, e yo te vle fè sa tou. Frè sa yo ede kongregasyon nou an, e yo soutni ansyen yo.”

18 N ap viv nan yon monn ki chaje ak moun ki egoyis. Men, sèvitè Jewova yo pa konsa menm. Lè nou wè jan Jezi te dispoze ede lòt moun, sa touche nou anpil, e nou pran detèminasyon pou n suiv egzanp li. Se vre, nou pa ka suiv tras li yon fason ki pafè, men nou ka “suiv tras li pye pou pye”. (1 Pyè 2:21.) Pandan n ap fè tout sa n kapab pou nou imite fason Jezi te dispoze ede lòt moun, n ap kontan paske n ap fè Jewova plezi.

KANTIK 13 Kris se Modèl nou

^ § 5 Jezi te toujou met enterè lòt moun anvan enterè pa l. Nan atik sa a, nou pral wè fason nou kapab suiv egzanp li. Nou pral wè tou, ki jan sa ap ede nou lè n chèche aji menm jan avè l.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn frè ki rele Dàn kontan wè de ansyen ki vin vizite papa l lopital. Bèl egzanp ansyen sa yo bay touche kè Dàn. Epitou, sa ankouraje l chèche wè ki jan l ka ede lòt moun nan kongregasyon an. Gen yon lòt jèn frè ki rele Ben ki remake jan Dàn gen sousi pou lòt moun. Egzanp Dàn ankouraje Ben pou l patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nan.