Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 7

“Koute pawòl moun ki gen sajès”

“Koute pawòl moun ki gen sajès”

“Panche zòrèy ou pou w koute pawòl moun ki gen sajès.” — PWO. 22:17.

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan nou kapab jwenn konsèy, e poukisa nou tout bezwen sa?

NOU tout bezwen konsèy tanzantan. Nan kèk sitiyasyon, nou ka mande yon moun nou respekte konsèy. Nan kèk lòt sitiyasyon, yon frè ki gen sousi pou nou ka ede n wè nou sou wout pou n fè “yon fo pa”, yon bagay nou t ap regrèt (Gal. 6:1). Epitou, nou kapab jwenn konsèy lè yon moun korije nou apre n fin fè yon bagay ki grav. Nou ta dwe koute konsèy kèlkeswa fason n jwenn li an. Lè n fè sa, sa ap bon pou nou e sa kapab sove lavi nou! — Pwo. 6:23.

2. Selon Pwovèb 12:15, poukisa nou dwe koute konsèy?

2 Vèsè atik la baze sou li a ankouraje n pou n “koute pawòl moun ki gen sajès”. (Pwo. 22:17.) Pa gen okenn moun ki konn tout bagay. Toujou gen yon moun ki gen plis konesans oswa plis eksperyans pase n. (Li Pwovèb 12:15.) Donk, lè nou koute konsèy, sa montre nou gen imilite. Sa montre tou nou konn limit nou, nou rann nou kont nou bezwen èd pou n reyalize objektif nou genyen yo. Men sa Bondye te pouse wa Salomon, yon wa ki te gen sajès, ekri: “Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” — Pwo. 15:22.

Kiyès nan de kalite konsèy sa yo ki pi difisil pou w aksepte? (Gade paragraf 3-4.)

3. Ki jan nou ka resevwa konsèy?

3 Nou ka resevwa konsèy ki pa dirèk oswa konsèy ki dirèk. Ki sa yon konsèy ki pa dirèk ye? Nou ka li yon bagay nan Bib la oswa nan youn nan piblikasyon nou yo ki pouse n reflechi sou direksyon n ap pran, epi, sa n li a pouse n fè chanjman nan fason n panse ak fason n aji (Ebre 4:12). Se sa n ta kapab rele konsèy ki pa dirèk. Ki sa yon konsèy ki dirèk ye? Yon ansyen oswa yon lòt frè ki kalifye ka fè n wè yon bagay nou bezwen travay sou li. Se sa n ta kapab rele konsèy ki dirèk. Si yon moun ki renmen nou ban nou yon konsèy ki baze sou Bib la, nou ta dwe montre rekonesans pou sa lè nou koute konsèy li ban nou an e nou fè sa l di a.

4. Selon Eklezyas 7:9, ki jan nou pa ta dwe reyaji lè nou resevwa konsèy?

4 An reyalite, nou ka twouve l difisil anpil pou n aksepte konsèy ki dirèk. Nou ka menm fache. Sa k fè sa? Byenke nou pa gen pwoblèm pou n admèt nou enpafè, nou ka twouve l difisil pou n aksepte konsèy lè yon moun atire atansyon n sou yon defo nou genyen. (Li Eklezyas 7:9.) Nou ka menm ap defann tèt nou. Nou ka gen dout sou rezon ki pouse moun nan ban n konsèy la oswa nou ka fache pou fason li ban n konsèy la. Nou ka menm kritike moun ki ban n konsèy la, lè n di: ‘Ki dwa l pou l ban m konsèy? Li pa pi bon pase m!’ Epitou, si nou pa renmen konsèy nou jwenn nan, nou ta ka annik pa okipe l, oswa nou ta ka al mande yon moun nou espere k ap di nou sa nou ta renmen tande a.

5. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

5 Nan atik sa a, nou pral wè egzanp kèk moun nan Bib la ki te konn koute konsèy ak egzanp kèk moun ki pa t koute konsèy. Nou pral wè tou ki sa k ap ede n aksepte konsèy e ki jan sa ap bon pou nou.

YO PA T KOUTE KONSÈY

6. Ki sa nou aprann nan fason wa Wobowam te reyaji lè l te resevwa konsèy?

6 Ann pran egzanp Wobowam. Lè l te vin wa peyi Izrayèl, pèp la te vin kote l pou yo mande l yon bagay. Yo te mande l pou l fè chay Salomon, papa l, te met sou do yo a vin lejè. Se yon bon bagay lefètke Wobowam t al pale ak mesye ki granmoun ann Izrayèl yo pou l te konn ki repons li ta dwe bay pèp la. Granmoun yo te di wa a si l fè sa pèp la mande a y ap toujou sèvi l (1 Wa 12:3-7). Sanble Wobowam pa t satisfè ak konsèy sa a, se sa k fè li t al pale ak yon seri mesye ki te grandi ansanm avè l. Petèt mesye sa yo te nan 40 an konsa, donk, yo dwe te gen kèk eksperyans nan lavi a (2 Kwo. 12:13). Men, yo te bay Wobowam move konsèy lè sa a. Yo te di l pou l fè chay la vin pi lou sou do pèp la (1 Wa 12:8-11). Piske Wobowam te resevwa de konsèy ki pa t menm ditou, li te ka priye Jewova pou l mande L ki konsèy pou l suiv. Olye l te fè sa, li te aksepte konsèy ki te fè l plezi a, li te koute jèn mesye yo. Bagay yo te vin vire mal pou Wobowam e pou pèp Izrayèl la. Nou menm tou, nou ka resevwa yon konsèy, men se pa konsèy sa a nou ta renmen tande. Sepandan, si l baze sou Pawòl Bondye a, nou ta dwe aksepte l.

7. Ki sa nou aprann nan egzanp wa Ozyas?

7Wa Ozyas pa t koute konsèy. Li te antre yon kote nan tanp Jewova a, yon kote se prèt yo sèlman ki te gen dwa antre la, pou l t al boule lansan. Prèt Jewova yo te di l: “Wa Ozyas, ou pa gen dwa boule lansan pou Jewova! Se sèlman prèt yo ki gen dwa sa a.” Ki jan Ozyas te reyaji? Si l te koute konsèy yo te ba li a avèk imilite e l te kite tanp lan tousuit, Jewova te ka padone l. Olye de sa, “Ozyas [...] te vin fache anpil”. Poukisa li pa t koute konsèy la? Sanble li te santi antanke wa li te ka fè sa l vle. Men, se pa konsa Jewova te wè bagay yo. Piske Ozyas te pran dwa ki pa t pou li, lèp te tonbe sou li e l “te rete ak maladi lèp la jis li mouri”. (2 Kwo. 26:16-21.) Egzanp Ozyas la aprann nou, kèlkeswa moun nou ye a, si nou pa koute konsèy ki baze sou Bib la, n ap pèdi favè Jewova.

YO TE KOUTE KONSÈY

8. Ki jan Jòb te reyaji lè l te jwenn konsèy?

8 Kontrèman ak egzanp ki sèvi avètisman nou fèk sot wè yo, Bib la bay bèl egzanp konsènan moun ki te resevwa benediksyon paske yo te koute konsèy. Ann pran egzanp Jòb. Byenke li te gen lakrentif pou Bondye, li pa t pafè. Lè l te anba gwo presyon, li te di yon seri pawòl ki pa t kòrèk. Se sa k fè li te resevwa konsèy ki dirèk nan men Eliyou ak nan men Jewova. Ki jan Jòb te reyaji? Li te aksepte konsèy yo avèk imilite. Men sa l te di: “Mwen te pale san m pa t konprann [...], mwen retire sa m te di a e mwen chita nan pousyè ak nan sann pou m montre m repanti.” Jewova te beni Jòb paske l te aji avèk imilite. — Jòb 42:3-6, 12-17.

9. Ki jan Moyiz te reyaji lè l te resevwa konsèy, e poukisa li se yon bon egzanp?

9Moyiz se yon bon egzanp antanke moun ki te aksepte yo korije l apre l te fin fè yon gwo erè. Yon lè, li te fache e li pa t onore Jewova. Poutèt sa, Moyiz te pèdi privilèj pou l te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la (Nonb 20:1-13). Lè Moyiz te mande Jewova pou l kite l antre nan peyi a, Jewova te di l: “Pinga w janm pale sou sa avè m ankò.” ​(Det. 3:23-27). Moyiz pa t fache pou sa. Okontrè, li te aksepte desizyon Jewova te pran an e Jewova te kontinye sèvi avè l pou gide pèp Izrayèl la (Det. 4:1). Jòb ak Moyiz te aksepte konsèy, e yo se bon egzanp pou nou imite. Jòb te korije fason l te wè bagay yo, li pa t defann tèt li. Moyiz te montre li te aksepte konsèy Jewova te ba li a lefètke l te rete fidèl, menm apre l te fin pèdi yon privilèj li te renmen anpil.

10. a) Ki jan Pwovèb 4:10-13 montre byenfè nou jwenn lè n aksepte konsèy? b) Ki bon atitid kèk moun te genyen lè yo te resevwa konsèy?

10 N ap jwenn byenfè lè n suiv egzanp Jòb ak Moyiz te bay antanke moun ki te fidèl. (Li Pwovèb 4:10-13.) Gen anpil nan frè n ak sè n yo ki fè sa. Ann wè ki sa yon frè ki rele Emmanuel k ap viv nan peyi Kongo te di konsènan yon avètisman li te resevwa: “Gen kèk frè ki gen matirite nan kongregasyon m nan ki te wè relasyon m ak Jewova te an danje, e yo te ede m. Mwen te suiv konsèy yo te ban m, e sa te ede m pou m pa t tonbe nan yon seri pwoblèm. *” Men sa Megane, yon sè ki pyonye k ap viv nan peyi Kanada di anrapò ak konsèy: “Se pa t toujou sa m te vle tande, men, se te sa m te bezwen tande.” Men sa yon frè ki rele Marko k ap viv nan peyi Kwowasi di: “Mwen te pèdi yon privilèj, men, lè m reflechi, mwen rann mwen kont konsèy mwen te resevwa te ede m vin gen bon relasyon ak Jewova ankò.”

11. Ki sa frè Karl Klein te di anrapò ak aksepte konsèy?

11 Frè Karl Klein, yon frè ki te manm Kolèj Santral la, se yon lòt moun ki te jwenn byenfè lefètke l te aksepte konsèy. Nan istwa lavi frè Klein, li te fè konnen yon lè frè Joseph Rutherford, yon frè ki te bon zanmi l, te ba l yon konsèy ki pa t dous. Frè Klein te rekonèt li pa t byen resevwa konsèy la okòmansman. Men sa l te di: “Lè [frè Rutherford] te wè m apre sa, li te di m ak kè kontan: ‘Bonjou Karl!’ Men, kòm sa l te di m nan te toujou fè m mal, mwen te reponn li nan dan. Li te di m: ‘Karl fè atansyon! Dyab la ap eseye pran w nan pyèj.’ Mwen te reponn li tou jennen: ‘O, pa gen anyen non frè Rutherford.’ Men, piske l te konnen m te fache, yon lòt fwa ankò, li te di m: ‘Oke. Men, fè atansyon, Dyab la gen je sou ou.’ E l te gen rezon! Lè n kenbe yon frè n sou kè, sitou si se paske l te di n yon bagay li gen tout dwa l pou l di [...], se kite n kite jwen pou Dyab la pran n nan pyèj. *” ​(Efe. 4:25-27). Frè Klein te aksepte konsèy frè Rutherford la, e yo te ret bon zanmi.

KI SA KI KAPAB EDE N AKSEPTE KONSÈY?

12. Ki jan imilite kapab ede n aksepte konsèy? (Sòm 141:5).

12 Ki sa ki kapab ede n aksepte konsèy? Nou bezwen gen imilite pou n sonje nou enpafè e n kapab aji tankou moun sòt pafwa. Jan n te wè sa pi wo a, Jòb te di yon seri bagay ki pa t kòrèk. Men, annapre li te chanje fason l panse, e sa te fè Jewova beni l. Sa k fè sa? Paske Jòb te gen imilite. Li te montre sa lè l te aksepte konsèy Eliyou te ba li, menm lè Eliyou te pi jèn pase l lontan (Jòb 32:6, 7). Menm jan an tou, lè n gen imilite, sa ap ede n aksepte konsèy nou resevwa, menm lè nou santi nou pa t bezwen l, oswa moun ki ban nou l lan pi jèn pase n. Men sa yon ansyen k ap viv nan peyi Kanada di: “Piske nou pa wè tèt nou jan lòt moun wè nou, ki jan n ap fè pwogrese si lòt moun pa ban nou konsèy?” Kiyès nan nou ki kapab di li pa bezwen fè efò pou l pi byen demontre kalite ki nan fwi lespri a, oswa pou l kapab preche epi anseye pi byen? — Li Sòm 141:5.

13. Ki jan nou dwe wè konsèy nou resevwa?

13Konsidere konsèy kòm yon fason Bondye montre li renmen nou. Jewova vle sa ki pi bon pou nou an (Pwo. 4:20-22). Li montre li renmen nou, lè li ban nou konsèy pa mwayen Pawòl li a, pa mwayen yon piblikasyon ki baze sou Bib la oswa yon kretyen parèy nou ki gen matirite. Ebre 12:9, 10 di: “Li fè sa pou byen nou.”

14. Lè yo ban n konsèy, sou ki sa n dwe konsantre?

14Konsantre sou konsèy la, pa konsantre sou fason yo ban nou l lan. Pafwa, yo ka ban n yon konsèy e nou santi se pa t pi bon fason pou yo te ban nou l. Nòmalman, kèlkeswa moun k ap bay konsèy la ta dwe fè efò, toutotan sa posib, pou l bay li yon fason ki fasil pou moun aksepte l * (Gal. 6:1). Men, si se nou menm k ap resevwa konsèy la, li ta bon pou n konsantre sou sa yo di nou an, menmsi nou santi yo te kapab di nou l yon pi bon fason. Nou ka mande tèt nou: ‘Menmsi m pa renmen fason yo ban m konsèy la, èske gen yon bagay m ka aprann nan sa yo di m nan? Èske m ka pa konsantre sou enpèfeksyon moun ki bay konsèy la, epi aksepte konsèy li ban m nan?’ Li t ap bon pou n chèche byen pwofite kèlkeswa konsèy nou resevwa. — Pwo. 15:31.

MANDE KONSÈY E SA AP BON POU OU

15. Poukisa nou dwe mande konsèy?

15 Labib ankouraje n pou n mande konsèy. Pwovèb 13:10 di: “Moun k ap chèche konsèy gen sajès.” Pawòl sa yo se laverite! Byen souvan, moun ki mande konsèy olye yo tann pou moun ba yo konsèy ap pran pi bon desizyon pase moun ki pa mande konsèy. Kidonk, mande konsèy.

Poukisa jèn sè a mande yon sè ki gen matirite konsèy? (Gade paragraf 16.)

16. Nan ki sitiyasyon nou ka mande konsèy?

16 Ki lè nou ta dwe mande kwayan parèy nou konsèy? Ann wè kèk egzanp: 1) Yon sè mande yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou l al fè yon etid avè l, apre sa, li mande l konsèy pou l ka amelyore fason l anseye. 2) Yon sè selibatè ta renmen achte kèk rad, epi li mande yon sè ki gen matirite sa l panse sou rad li chwazi yo. 3) Yon frè pral fè premye diskou piblik li. Li mande yon frè ki gen eksperyans nan fè diskou pou l byen suiv diskou l la, apre sa pou l ba l kèk bon konsèy sou fason pou l amelyore. Menm yon frè ki gen plizyè ane depi l ap fè diskou ka mande oratè ki gen eksperyans kèk konsèy sou yon diskou li fin fè, apre sa pou l aplike konsèy yo ba li yo.

17. Ki jan n ka pwofite konsèy nou resevwa?

17 Nan semèn oswa nan mwa ki pral vini yo, nou tout pral resevwa konsèy, kit se konsèy ki dirèk, kit se konsèy ki pa dirèk. Lè sa rive, sonje sa w sot aprann yo. Kontinye gen imilite. Konsantre sou konsèy la, pa konsantre sou fason yo ba w li a. Epi, aksepte konsèy ou resevwa a. Pa gen nou youn ki fèt tou konnen. Men, lè nou “koute konsèy epi [nou] aksepte disiplin”, Pawòl Bondye a pwomèt n ap “vin gen sajès”. — Pwo. 19:20.

KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl

^ § 5 Pèp Jewova a konnen li enpòtan pou yo suiv konsèy ki baze sou Bib la. Anmenmtan, li pa toujou fasil pou n aksepte konsèy. Sa k fè sa? E ki jan konsèy nou resevwa yo kapab itil nou?

^ § 10 Gen kèk non yo chanje.

^ § 11 Gade Toudegad 1ye me 1985, paj 20-27 (fransè).

^ § 14 Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou fason moun k ap bay konsèy yo kapab fè sa byen.