Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

De nouvo manm Kolèj santral la

De nouvo manm Kolèj santral la

NAN jou mèkredi 18 janvye 2023 a, gen yon anons espesyal ki te parèt sou jw.org ki fè konnen frè Gage Fleegle ak Jeffrey Winder te vin manm Kolèj santral Temwen Jewova yo. Toule de frè sa yo gen lontan depi y ap sèvi Jewova fidèlman.

Gage Fleegle ak Nadia, madanm li.

Frè Fleegle te grandi nan lwès Pennsilvani, Ozetazini, nan yon fanmi ki gen lakrentif pou Bondye. Lè l te jèn tigason, fanmi l te deplase al viv nan yon vil andeyò kote yo te bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Yon tikras tan apre sa, li te batize nan dat 20 novanm 1988.

Paran frè Fleegle yo te toujou ankouraje l pou l antre nan sèvis aplentan. Byen souvan, yo te konn akeyi siveyan sikonskripsyon ak Betelit lakay yo, e frè Fleegle te ka wè jan frè ak sè sa yo te gen kè kontan. Yon tikras tan apre l te fin batize, li te vin pyonye pèmanan nan dat 1ye septanm 1989. Dezan apre sa, li te rive reyalize yon objektif li te genyen depi lè l te gen 12 an. Se objektif pou l sèvi nan Betèl. Li te kòmanse sèvis li nan Betèl Bwouklin ann oktòb 1991.

Lè frè Fleegle rive nan Betèl, li te travay kote yo relye piblikasyon yo pandan uitan. Apre sa, li te resevwa asiyasyon pou l travay nan Depatman sèvis. Pandan epòk sa a, li te fè kèk ane nan yon kongregasyon ris. An 2006, li te marye ak Nadia ki te vin sèvi nan Betèl ansanm avèk li. Yo toule de a te vin nan chan pòtigè, e yo te fè plis pase dizan nan chan espayòl. Apre frè Fleegle te fin pase plizyè ane nan Depatman sèvis, yo te voye l al travay nan Biwo Komite pou ansèyman an, e pi devan, nan Biwo Komite pou sèvis. An mas 2022, yo te nome l antanke frè k ap ede nan Komite pou sèvis Kolèj santral la.

Jeffrey Winder ak Angela, madanm li.

Frè Winder te grandi nan Mouryeta, Kalifòni, Ozetazini. Se paran l ki te anseye l laverite, e li te batize 29 mas 1986. Yon mwa apre l fin batize, li te deside vin pyonye oksilyè. Li te tèlman renmen sèvis la, li te vle kontinye. Apre l fin pase plizyè mwa antanke pyonye oksilyè, li te vin pyonye pèmanan 1ye oktòb 1986.

Lè Frè Winder te jèn tigason, li te vizite de gran frè l yo ki te nan Betèl nan moman an. Sa te fè l anvi vin sèvi nan Betèl lè l vin pi gran. E nan mwa me 1990, yo te envite l vin sèvi nan Betèl Wòlkil la.

Frè Winder te travay nan divès depatman nan Betèl, sa gen ladan l Depatman netwayaj, Depatman ki responsab pwodui manje ak Biwo Betèl. Li te marye ak Angela an 1997, e depi lè sa a, y ap sèvi ansanm nan Betèl la. An 2014, yo te voye yo Wòwik kote Frè Winder te patisipe nan konstriksyon syèj mondyal la. An 2016, yo t al viv nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, kote Frè Winder te travay nan Sèvis odyo/videyo. Katran apre sa, yo te retounen Wòwik, e frè Winder te resevwa asiyasyon pou l travay nan Biwo Komite pou Pèsonèl la. An mas 2022, yo te nome l antanke frè k ap ede nan Komite pou Pèsonèl Kolèj Santral la.

N ap priye Jewova pou l beni “gason kòm kado” sa yo pandan y ap kontinye travay di pou enterè Wayòm nan. — Efe. 4:8.