Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 7

KANTIK 15 Ann louwe Premye Pitit Jewova a!

Ki byenfè w jwenn lefètke Jewova padone w?

Ki byenfè w jwenn lefètke Jewova padone w?

“Ou menm, ou padone moun toutbon.”SÒM 130:4.

PWEN KLE

Lè n egzamine kèk bèl konparezon nou jwenn nan Bib la, n ap vin gen Jewova plis rekonesans dèske l padone nou yon fason ki san parèy.

1. Sa k fè li difisil pou n konnen ki sa yon moun vle di lè l di li padone n?

 “MWEN padone w.” Se pa ti soulaje pawòl sa yo ka soulaje w, sitou si w konnen w te di oswa w te fè yon bagay ki te fè yon moun lapenn! Men, lè yon moun di w: “Mwen padone w”, ki sa pawòl sa yo vle di toutbon? Èske moun ou te fè lapenn nan vle di nou vin bon zanmi ankò? Oswa èske li jis vle di li pa vle pale sou sa k te pase a ankò? Lè yon moun di li padone w, sa kapab vle di anpil bagay.

2. Ki jan Bib la montre fason Jewova padone? (Gade nòt la tou.)

2 Piske nou enpafè, gen yon gwo diferans ant fason Jewova padone nou ak fason nou padone youn lòt. Fason Jewova padone a san parèy. Men sa youn nan moun ki te ekri sòm yo te di konsènan Jewova: “Ou menm, ou padone moun toutbon, se sa k fè moun gen respè pou ou.” a (Sòm 130:4). Vrèmanvre, lè Jewova padone yon moun, li “padone [l] toutbon”. Se li ki montre n sa padone vle di toutbon. Nan kèk ka, moun Jewova te itilize pou ekri Bib la te konn sèvi ak yon mo ann ebre pou mo padone a yo pa janm itilize lè y ap pale konsènan fason moun padone.

3. Nan ki sans fason Jewova padone pa menm ak fason nou padone? (Ezayi 55:​6, 7).

3 Lè Jewova padone yon moun, li efase peche moun sa a te fè a. Moun nan kapab vin gen bon relasyon avè l ankò. Se pa ti rekonesans nou genyen dèske Jewova padone nou nèt e li kontinye fè sa. — Li Ezayi 55:​6, 7.

4. Ki jan Jewova ede n konprann ki sa padone vle di toutbon?

4 Si fason Jewova padone pa menm ak fason nou padone, ki jan n ap fè konprann ki sa padone vle di toutbon, piske nou enpafè? Jewova itilize yon seri bèl konparezon pou ede n konprann fason li padone. Nan atik sa a, nou pral egzamine kèk nan yo. Konparezon sa yo ap montre n fason Jewova retire peche nou toutpandan li pèmèt nou vin gen bon relasyon avè l ankò. Pandan n ap egzamine egzanp sa yo, n ap vin gen plis lanmou ak rekonesans pou Papa nou an ki gen mizèrikòd e ki padone nou plizyè fason.

JEWOVA RETIRE PECHE

5. Ki sa k rive lè Jewova padone peche nou?

5 Nan Bib la, souvan yo konpare peche ak chay ki lou. Men sa wa David te di konsènan peche l te fè: “Peche m yo monte pi wo pase tèt mwen. Yo tankou yon chay ki lou, yo twòp pou m pote.” (Sòm 38:4). Men, Jewova padone peche moun ki te fè sa ki mal ki repanti (Sòm 25:18; 32:5). Mo ebre lè yo tradui l yo mete “padone” pou li nan vèsè sa yo kapab vle di “leve” oswa “pote”. Nou ta ka imajine Jewova ki tankou yon gason vanyan, nan yon sans, k ap leve peche nou yo ki tankou chay lou sou zepòl nou e k ap pote yo ale.

“Padone.” (Sòm 32:5).


6. Jis ki kote Jewova pote peche nou yo ale?

6 Bib la sèvi ak yon lòt konparezon pou montre nou fason Jewova pote peche nou yo al byen lwen nou. Sòm 103:12 fè n konnen: “Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou.” Lès ak lwès pap janm kontre. Sa vle di, Jewova pote peche nou yo ale nan yon distans nou pap janm ka imajine. Sa ban nou bonjan asirans lè Jewova padone nou li padone nou nèt!

“Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a.” (Sòm 103:12).


7. Ki sa Bib la di Jewova fè ak peche nou yo? (Miche 7:​18, 19).

7 Byenke nan yon sans Jewova pote peche nou yo ale byen lwen nou, èske l toujou sonje yo? Non. Men sa wa Ezekyas te ekri konsènan Jewova: “Ou voye tout peche m yo jete dèyè do w.” Oswa jan nòt la di, “ou retire tout peche m devan je w”. (Eza. 38:​9, 17; nòt.) Sa l di a montre Jewova pran peche moun ki repanti yo e li voye yo jete byen lwen. Deklarasyon sa a kapab vle di tou: “Ou fè kòmsi m pa t peche.” Labib sèvi ak yon lòt egzanp pou l ede n pi byen konprann fason Jewova padone, jan nou ka wè sa nan Miche 7:​18, 19. (Li vèsè yo.) Vèsè sa yo montre se kòmsi Jewova voye peche nou yo nan fon lanmè. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, lè yon moun te gen yon bagay ki tonbe nan fon lanmè, pa t gen okenn fason pou l te rejwenn li.

“Ou voye tout peche m yo jete dèyè do w.” (Eza. 38:17).

“W ap voye tout peche yo fè yo byen fon nan lanmè.” (Miche 7:19).


8. Ki sa n aprann jiska prezan?

8 Konparezon sa yo aprann nou, lè Jewova padone nou, li soulaje nou anba peche nou yo ki tankou chay lou. Vrèmanvre, tankou David te di: “Byennere moun yo padone move aksyon yo fè, moun yo kouvri peche yo. Byennere moun Jewova pap konsidere peche yo menm.” (Wom. 4:​6-8). Se sa padone toutbon vle di!

JEWOVA EFASE PECHE

9. Ki konparezon Jewova itilize pou l esplike jis nan ki pwen li padone?

9 Jewova sèvi ak lòt konparezon pou ede n konprann fason li efase peche moun ki repanti yo pa mwayen sakrifis ranson an. Se kòmsi yo montre Jewova lave peche sa yo. Konsa, moun ki fè peche a vin pwòp (Sòm 51:7; Eza. 4:4; Jer. 33:8). Se sa menm Jewova fè konnen lè l di: “Menmsi peche nou yo tankou twal wouj, y ap vin blan kou nèj, menmsi yo tankou yon twal wouj fonse, y ap vin blan kou lenn mouton.” (Eza. 1:18). Li difisil anpil pou n retire yon tach wouj fonse nan yon twal. Sepandan, Jewova sèvi ak konparezon sa a pou l ban nou asirans li kapab tèlman byen lave peche nou yo, li pap wè yo ankò.

“Menmsi peche nou yo tankou twal wouj, y ap vin blan kou nèj.” (Eza. 1:18).


10. Bay yon lòt konparezon Jewova itilize pou l montre jis nan ki degre li padone.

10 Jan nou te wè nan atik anvan an, Jezi te konpare peche ak “dèt” (Mat. 6:​12, nòt). Donk, chak fwa nou peche kont Jewova se kòmsi nou vin gen plis dèt toujou. Nou gen yon gwo dèt pou li! Men, lè Jewova padone nou, se kòmsi li elimine dèt la. Si l pa t fè sa, dèt sa a t ap ajoute sou dèt nou te deja gen pou li. Jewova pa mande n peye pou peche li deja padone yo. Ala yon bèl egzanp ki montre jan n santi n soulaje lè Jewova padone nou!

“Padone dèt nou.” (Mat. 6:​12, nòt).


11. Lè Bib la di Bondye “efase” peche nou yo, ki sa l vle di? (Travay 3:19).

11 Jewova pa annik elimine dèt nou yo oswa peche nou yo, li efase yo. (Li Travay 3:19.) Lè yo elimine yon dèt, se kòmsi yo fè yon gwo kwa sou chif ki ekri a. Sepandan, moun ka toujou wè chif ki ekri a anba kwa yo fè sou li a. Men, se pa menm bagay si yo efase l. Pou n konprann konparezon sa a, nou bezwen sonje nan tan lontan yo te konn sèvi ak lank ki te fèt ak chabon yo te konn melanje ak gonm ak dlo. Yon moun te ka sèvi ak yon eponj mouye pou l efase sa ki te ekri a. Donk, lè yo te “efase” yon dèt, li te disparèt nèt. Yon moun k ap gade pa t ap ka wè tras sa ki te ekri a. Se kòmsi l pa t janm egziste. Lefètke nou konnen Jewova pa sèlman elimine peche nou yo, men li efase yo nèt, sa vrèman touche kè nou! — Sòm 51:9.

“Pou peche nou ka efase.” (Tra. 3:19).


12. Ki sa konparezon ki gen rapò ak nyaj pwès la vle di pou nou?

12 Jewova sèvi ak yon konparezon menm jan an pou l montre fason li efase peche. Men sa l di: “M ap efase sa w fè ki mal yo tankou se ak nyaj mwen kouvri yo, e m ap efase peche w yo tankou se ak nyaj pwès mwen kouvri yo.” (Eza. 44:22). Lè Jewova padone, se kòmsi li sèvi ak yon gwo nyaj pwès pou l kouvri peche nou yo pou ni li menm ni nou menm pa wè yo.

“M ap efase sa w fè ki mal yo tankou se ak nyaj mwen kouvri yo.” (Eza. 44:22).


13. Lè Jewova padone peche nou yo, ki jan n pa ta dwe santi n?

13 Ki sa sa vle di pou nou? Lè Jewova padone peche nou yo, nou pa ta dwe kontinye santi n koupab pou peche nou yo pandan tout rès vi nou. Grasa san Jezi Kris, dèt nou yo elimine nèt. Lè Jewova padone yon peche nou te fè, se kòmsi nou pa t janm fè peche a. Se fason sa a Jewova padone nou lè nou repanti pou peche nou. Li padone nou toutbon.

JEWOVA PÈMÈT NOU VIN GEN BON RELASYON AVÈ L ANKÒ

Lè Papa nou ki nan syèl la padone nou, sa pèmèt nou gen bon relasyon avè l. (Gade paragraf 14.)


14. Poukisa nou kapab gen konfyans Jewova ap padone nou nèt? (Gade foto yo tou.)

14 Lè Jewova padone nou, li padone nou toutbon, e sa pèmèt nou gen bon relasyon avè l. Sa ede n pou n pa kontinye santi n koupab. Nou pa bezwen pè pou Jewova pa kenbe n sou kè pou sa nou te fè a e pou l pa ap chèche yon fason pou l pini nou. Li pap janm fè sa. Poukisa nou kapab kwè Jewova lè li di li padone nou? Men sa Jewova te di pwofèt Jeremi: “M ap padone sa yo fè ki pa bon, mwen pap sonje peche yo ankò.” (Jer. 31:34). Apot Pòl te site pawòl sa yo nan Ebre 8:12. Ki sa pawòl sa yo vle di menm?

“Mwen pap sonje peche yo ankò.” (Jer. 31:34).


15. Nan ki sans Jewova pa sonje peche nou yo ankò?

15 Nan Bib la, mo “sonje” a pa toujou vle di lè yon moun ap panse ak yon bagay ki te rive. Okontrè, sa kapab mande pou moun nan aji. Youn nan bandi ki te sou poto bò kot Jezi a te di l: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” (Lik 23:​42, 43). Li pa t jis vle di Jezi pou l panse avè l nan moman sa a. Repons Jezi te bay la te montre li t ap bezwen aji pou l resisite bandi a. Kidonk, lè Jewova di li pap sonje peche nou yo ankò li vle di li pap aji kont nou. Li pap pini nou pi devan pou peche li deja padone yo.

16. Ki jan Bib la montre libète yon moun genyen lè Jewova padone l toutbon?

16 Bib la itilize yon lòt konparezon pou ede n konprann libète nou vin genyen lè Jewova padone nou toutbon. Piske nou se pechè e nou gen tandans fè peche, nou se “esklav peche”. Men, lè Jewova padone nou, nou se esklav ki “libere anba peche”. (Wom. 6:​17, 18; Rev. 1:5.) Vrèmanvre, lè n konnen Jewova padone n, nou kapab kontan anpil menm jan ak yon esklav ki jwenn libète l. 

“Nou libere anba peche.” (Wom. 6:18).


17. Lè Jewova padone yon moun, nan ki sans li geri? (Ezayi 53:5).

17 Li Ezayi 53:5. Dènye egzanp nou pral wè la a konpare nou ak yon moun ki fè yon maladi ki ka touye l. Grasa sakrifis ranson an Jewova te bay pa mwayen Pitit Gason l lan, Li geri nou (1 Pyè 2:24). Ranson an pèmèt nou gen bon relasyon ak Jewova ankò, paske lè nou peche sa gen move efè sou relasyon nou gen avè l. Menm jan lè yon moun geri anba yon maladi grav sa fè l kontan anpil, se menm jan an tou nou kontan anpil paske nan yon sans nou geri e nou vin gen favè Jewova ankò paske li padone nou.

“Se grasa blese li yo nou geri.” (Eza. 53:5).


LEFÈTKE JEWOVA PADONE NOU, KI BYENFÈ SA FÈ N JWENN?

18. Ki sa n aprann lè n egzamine divès konparezon nou jwenn nan Bib la anrapò ak fason Jewova padone? (Gade kare ki gen tit “Fason Jewova padone nou”.)

18 Ki sa nou te aprann nan konparezon nou jwenn nan Bib la ki ede n konprann fason Jewova padone? Lè Jewova padone, li padone nèt e li pap retounen sou sa ankò. Sa pèmèt nou gen bon relasyon ak Papa nou ki nan syèl la. Epitou, nou sonje padone toutbon se yon kado. Jewova ban nou kado sa a paske li renmen nou e li renmen bay, men se pa paske nou merite l. — Wom. 3:24.

19. a) Poukisa nou bezwen gen Jewova rekonesans? (Women 4:8). b) Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

19 Li Women 4:8. Nou chak ta dwe gen Jewova anpil rekonesans lefètke li konn “padone moun toutbon”! (Sòm 130:4.) Sepandan, si nou vle Jewova padone nou, gen yon bagay enpòtan nou dwe fè. Men sa Jezi te di: “Si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche.” (Mat. 6:​14, 15). Kidonk, li enpòtan anpil pou n suiv egzanp Jewova pou n padone lòt moun. Sepandan, ki jan nou kapab fè sa? Atik ki vin apre a pral montre nou fason nou kapab fè sa.

KANTIK 46 Mèsi Jewova

a Tèks ebre orijinal la sèvi ak mo ki montre se Jewova sèlman ki kapab padone peche toutbon. Anpil lòt tradiksyon Labib pa montre pwen enpòtan sa a nan vèsè sa a.