Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

“Mwen pa t janm poukò m”

“Mwen pa t janm poukò m”

GEN anpil sitiyasyon nan lavi a ki ka fè n santi nou poukò n. Pa egzanp, lè n gen yon moun pa nou ki mouri, lè n nan yon zòn nou pa konnen, e lè n pa gen moun avè n. Mwen te fè fas ak tout sitiyasyon sa yo. Sepandan, lè m ap reflechi ak lavi m, mwen vin rann mwen kont mwen pa t janm vrèman poukò m. Kite m di nou sa k fè m di sa.

EGZANP PARAN M YO

Papa m ak manman m te Katolik wouj. Men, lè yo te aprann nan Bib la non Bondye se Jewova, yo toule de te vin Temwen Jewova ki zele. Papa m te sispann fè estati Jezi. Okontrè, li te sèvi ak talan li te genyen kòm bòs chapant pou l fè kay nou vin tounen premye Sal Wayòm nan Sannwann del Monte, yon zòn nan Maniy, kapital peyi Filipin.

Mwen menm ansanm ak paran m yo ak moun nan fanmi m.

Mwen fèt an 1952, e menm jan ak kat gran frè m yo ak twa gran sè m yo, papa m te ede m gen yon bon relasyon ak Jewova. Toutpandan m t ap grandi, papa m te ankouraje m li yon chapit nan Bib la chak jou, e l te etidye plizyè nan piblikasyon nou yo avè m. Pafwa, paran m yo te konn envite siveyan sikonskripsyon yo ak reprezantan filyal la rete lakay nou. Fanmi nou te konn jwenn anpil kè kontan ak ankourajman nan eksperyans frè sa yo te konn pataje avè n, e sa te motive nou tout pou nou bay sèvis Jewova a priyorite nan lavi nou.

Paran m yo te gen anpil lafwa e sa te yon gwo egzanp pou mwen. Apre manman m mwen te renmen anpil te vin mouri akoz li te malad, papa m avè m te vin pyonye an 1971. Men, an 1973, lè m te gen 20 an, papa m te mouri. Lefètke m te pèdi toule de paran m yo, sa te fè m santi m poukò m. Men, esperans ‘ki sèten e ki solid’ nou jwenn nan Bib la te ede m rete djanm e sa te pwoteje relasyon m ak Jewova (Ebre 6:19). Yon ti tan apre lanmò papa m, mwen te aksepte vin pyonye espesyal nan yon zile ki byen lwen ki rele Kowon, nan pwovens Palawan.

M TE SANTI M POUKÒ M NAN YON SERI ASIYASYON DIFISIL

Mwen te gen 21 an lè m te rive Kowon. Piske se nan vil mwen te abitye viv, m te sezi lè m te rive sou zile a m te wè pa gen anpil kay ki gen kouran ak tiyo, epi pa t vrèman gen machin ak motosiklèt. Menm lè te gen kèk frè sou zile a, m pa t gen yon patnè pyonye e pafwa m te oblije preche poukont mwen. Pandan premye mwa a, m te sonje fanmi m ak zanmi m yo anpil. Leswa, m te konn leve pou m gade syèl la ki chaje zetwal e dlo te konn koule nan je m. M te anvi kite asiyasyon an epi retounen lakay mwen.

Pandan moman sa yo kote m te santi m poukò m, m te konn priye Jewova anpil. M te konn ap panse ak pawòl ankourajan m te li nan Bib la ak nan piblikasyon nou yo. M te toujou ap panse ak Sòm 19:14. Mwen te rann mwen kont si m medite sou bagay ki fè Jewova plezi, tankou sa Jewova fè yo ak kalite li genyen yo, mwen t ap fè Jewova vin tounen “Mas Wòch mwen, Sovè mwen”. Atik Toudegad ki gen tit “Vous n’êtes jamais seul” a la te ede m anpil. M te li l e m te reli l ankò. Nan yon sans, m te poukont mwen ak Jewova nan moman sa yo, e sa te ban m bèl okazyon pou m priye, pou m etidye e pou m medite.

Yon ti tan apre m te fin rive Kowon, yo te nome m ansyen. Antanke sèl ansyen nan zòn nan, m te vin ap kondui Lekòl ministè teyokratik, reyinyon sèvis, etid liv kongregasyon an ak etid Toudegad chak semèn. Epitou, mwen te konn bay diskou piblik chak semèn. Yon bagay ki sèten, m pa t gen tan pou m santi m poukò m ankò!

Mwen te kontan wè bon rezilta travay predikasyon an te genyen nan Kowon. Rive yon lè, gen kèk nan etidyan m yo ki te batize. Men, te gen kèk difikilte tou. Pafwa, m te konn fè demi jounen ap mache pou m t al nan tèritwa a, e m pa t konn ki kote m t apral dòmi lè m rive. Tèritwa kongregasyon an te gen anpil ti zile ladan l. Souvan, m te konn vwayaje nan chaloup pandan lanmè a te move pou m rive nan zile yo, menm lè m pa t konn naje! Malgre tout difikilte sa yo, Jewova te pwoteje m e l te ban m fòs. Annapre, m te vin rann mwen kont Jewova t ap prepare m pou pi gwo difikilte m t apral jwenn nan pwochen asiyasyon m nan.

PAPWAZI NOUVÈL GINE

An 1978, yo te voye m al sèvi Papwazi Nouvèl Gine, ki nan nò peyi Ostrali. Papwazi Nouvèl Gine se yon peyi ki chaje ak mòn, li prèske menm gwosè ak peyi Espay. M te sezi wè popilasyon peyi sa a ki anviwon twa milyon moun pale plis pase 800 lang. Erezman, pifò moun te ka pale pidjin melanezyen, yo rele lang sa a tou tòk pisin.

Pandan yon tan, yo te voye m nan yon kongregasyon anglè nan kapital la, Pòmoresbi. Men, annapre, mwen t al nan yon kongregasyon tòk pisin, e m te pran yon kou pou m te aprann lang nan. M te sèvi ak sa m te aprann nan klas la nan travay predikasyon an. Sa te ede m aprann lang nan pi rapid. Sa pa t pran tan pou m te rive bay diskou piblik nan lang tòk pisin. Imajine jan m te sezi lefètke nan mwens pase ennan apre m te fin rive Papwazi Nouvèl Gine, yo te voye m sèvi antanke siveyan sikonskripsyon pou kongregasyon tòk pisin yo nan plizyè gwo pwovens.

Piske kongregasyon yo pa t pre youn lòt, mwen te oblije òganize plizyè asanble sikonskripsyon e m te oblije vwayaje anpil. Okòmansman, m te santi m vrèman poukò m nan yon seri zòn mwen pa t konnen, nan yon nouvo peyi, yon nouvo lang, ak koutim m pa t abitye. Pa t gen kote pou m te pase pou m sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt paske te gen anpil mòn e pa t gen wout menm. Donk, m te oblije vwayaje nan avyon prèske chak semèn. Pafwa, se mwen menm sèl ki te pasaje nan yon ti avyon ki gen yon sèl motè. Vwayaj sa yo te fè m strese menm jan ak lè m t ap vwayaje nan bato.

Pa t gen anpil moun ki te gen telefòn. Donk, pou m te kominike ak kongregasyon yo, m te konn ekri lèt. Souvan, mwen te konn rive nan kongregasyon yo anvan frè yo te jwenn lèt mwen te voye yo, e m te oblije ap mande moun ki kote m ap jwenn Temwen Jewova yo. Chak fwa mwen te jwenn frè yo, yo te tèlman montre yo gen rekonesans, sa te fè m sonje pou ki rezon m t ap fè tout efò sa yo. Mwen te wè jan Jewova te ede m plizyè fason, e relasyon m avèk Jewova te vin djanm anpil.

Nan premye reyinyon m te asiste sou yon zile ki rele Bougenvil, gen yon mari ak madanm ki t ap souri ki te vin kote m e ki te mande m: “Ou sonje nou?” Mwen sonje mwen te preche mari ak madanm sa a lè m te fèk rive Pòmoresbi. Mwen te kòmanse etidye Labib avèk yo e m te remèt yon frè nan zòn nan etid la. Kounye a, toule de batize! Se youn pami plizyè benediksyon mwen te jwenn pandan twazan mwen te fè ap sèvi nan Papwazi Nouvèl Gine.

YON TI FANMI KI GEN ANPIL AKTIVITE NAN SÈVIS JEWOVA

Mwen menm ak Adel.

Anvan m te kite Kowon an 1978, mwen te rankontre yon bèl sè ki rele Adel ki te renmen ede moun. Li te pyonye pèmanan pandan l t ap leve de pitit li yo, Samuel ak Shirley. Anmenmtan, li t ap pran swen manman l ki te granmoun. An me 1981, m te retounen Filipin pou m marye ak Adel. Apre maryaj nou, nou te pran sèvis pyonye pèmanan e nou te pran swen fanmi an ansanm.

M ap sèvi nan Palawan ansanm ak Adel ak pitit nou yo, Samuel ak Shirley.

Malgre mwen te gen yon fanmi, an 1983, yo te nome m pyonye espesyal ankò e yo te voye m al sèvi sou zile Linapakan, nan pwovens Palawan. Tout fanmi an te deplase ansanm avè m pou n t al nan zòn izole sa a ki pa t gen Temwen. Manman Adel te mouri ennan apre. Sepandan, nou te ret okipe nan travay predikasyon an, sa te ede n andire lapenn nou te genyen an. Nou te tèlman vin gen etid k ap pwogrese nan Linapakan, sa pa t pran tan pou n te vin bezwen yon ti Sal Wayòm. Donk, nou te konstwi youn poukont nou. Apèn twazan apre nou te rive nan zòn nan, nou te kontan wè te gen 110 moun ki te asiste Memoryal la, e anpil ladan yo te rive fè pwogrè pou yo batize apre nou te fin kite zòn nan.

An 1986, yo te voye m al sèvi sou zile Koulyon, yon kote ki te gen anpil moun ki te gen maladi lèp. Apre sa, Adel te vin nome pyonye espesyal tou. Okòmansman, nou pa t alèz pou n te preche moun ki te gen lèp. Men, pwoklamatè nan zòn nan te asire nou moun ki te gen maladi sa a te resevwa tretman, e pa t vrèman gen anpil risk pou n ta trape maladi a. Gen kèk nan malad sa yo ki te konn asiste reyinyon lakay yon sè. Sa pa t pran tan pou n te adapte nou e n te wè jan sa te bay anpil kè kontan pou n pataje espwa nou jwenn nan Bib la ak yon seri moun ki te santi ni Bondye ni lòt moun meprize yo. Sa te fè n plezi pou n wè malgre moun sa yo te malad anpil, yo te gen kè kontan lefètke yo te konnen rive yon lè yo pap malad menm ankò. — Lik 5:​12, 13.

Ki jan pitit nou yo te adapte yo sou zile Koulyon? Ebyen, mwen menm ak Adel te envite de jèn sè ki te sot Kowon vin jwenn nou. Konsa, timoun nou yo t ap gen bon zanmi. Samuel ak Shirley ansanm ak de jèn sè sa yo te kontan lefètke yo te jwenn bonjan rezilta nan travay predikasyon an. Yo te etidye avèk anpil timoun pandan mwen menm ak Adel t ap etidye ak paran timoun sa yo. Anfèt, gen yon lè, nou t ap etidye ak 11 fanmi. Nou te vin tèlman ap kondui anpil etid k ap pwogrese, sa pa t pran tan pou te vin gen yon nouvo kongregasyon.

Okòmansman, se mwen menm sèl ki te ansyen nan zòn nan. Donk, biwo filyal la te mande m pou m kondui reyinyon lasemèn nan pou uit pwoklamatè nan Koulyon, epi pou m fè menm bagay la pou nèf pwoklamatè nan yon bouk yo rele Marili, moun te konn fè twazèdtan nan bato pou al ladan l. Apre nou fin fè reyinyon nan bouk sa a, tout fanmi an te konn fè plizyè èdtan ap mache nan zòn ki gen mòn pou n al fè etid nan yon bouk ki rele Alse.

Rive yon lè, te tèlman gen akwasman nan Marili ak nan Alse, nou te konstwi Sal Wayòm toule de kote sa yo. Menm jan ak nan Linapakan, frè ak sè yo ak moun ki te enterese nan laverite yo te bay pifò nan materyo nou te bezwen yo e yo te fè pifò nan travay la. Sal Wayòm nan Marili a te kapab pran 200 moun, men l te fèt yon fason pou l te ka pran plis moun, konsa nou te ka fè asanble ladan l.

MWEN TE NAN LAPENN, MWEN TE SANTI M POUKÒ M, E M TE VIN GEN KÈ KONTAN ANKÒ

An 1993, lè timoun yo te vin gran, mwen menm ak Adel te kòmanse nan sèvis sikonskripsyon nan peyi Filipin. Nan ane 2000, mwen te asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl e yo te ban m fòmasyon pou m vin enstriktè nan lekòl sa a. M pa t santi m kalifye pou m fè travay sa a, men Adel te toujou ankouraje m. Li te fè m sonje Jewova t ap ban mwen fòs pou m fè nouvo travay sa a (Flp. 4:13). Adel te gen rezon, paske, malgre li te gen pwoblèm sante, li te rive rete nan asiyasyon l.

An 2006, pandan m t ap sèvi kòm enstriktè, doktè te dekouvri Adel fè maladi Pakinsonn. Nou te sezi! Lè m te di l nou t ap bezwen kanpe asiyasyon nou an pou m ka pran swen l, men sa Adel te di m: “Tanpri, chèche yon doktè ki kapab ede m ak maladi m nan, e m konnen Jewova ap ede n kontinye nan asiyasyon nou.” Pandan sis ane ki te vin annapre yo, Adel te kontinye nan sèvis li pou Jewova san l pa plenyen. Lè l pa t ka mache ankò, li te preche nan chèz woulant li te genyen an. Lè l te vin difisil anpil pou l pale, li te konn di youn oswa de mo nan kòmantè l t ap fè nan reyinyon yo. Depi lè sa a rive jis lè Adel mouri an 2013, gen anpil frè ak sè ki te konn voye mesaj ba li regilyèman pou fè l konnen jan yo gen rekonesans pou bèl egzanp andirans li bay. Mwen te pase plis pase 30 an ak Adel, yon konpay ki te fidèl e ki te renmen moun, se sa k fè lè l te dòmi nan lanmò mwen te vin santi m tris e m te vin santi m poukò m ankò.

Adel te vle m kontinye nan asiyasyon m, e se sa m te fè. M te rete okipe nan sèvis Jewova a, e sa te ede m lè m te santi m poukò m. Soti nan ane 2014 pou rive nan ane 2017, yo te mande m al vizite kongregasyon ki pale tagalòg, nan peyi kote yo te met restriksyon sou travay nou an. Apre sa, mwen te vizite kongregasyon tagalòg nan peyi Taywann, nan peyi Etazini ak nan peyi Kanada. An 2019, mwen te sèvi kòm enstriktè nan lang anglè pou Lekòl evanjelizatè Wayòm nan nan peyi End ak nan peyi Tayilann. Mwen te jwenn anpil kè kontan nan asiyasyon sa yo. Mwen gen plis kè kontan lè m lage kò m nèt nan sèvis Jewova.

MWEN TOUJOU JWENN ÈD NAN SÈVIS JEWOVA A

Nan chak nouvo asiyasyon mwen genyen, m vin pwòch frè ak sè mwen rankontre yo, se sa k fè li pa janm fasil pou m kite yo. Nan moman sa yo, mwen aprann enpòtans pou m fè Jewova konfyans nèt. M toujou wè jan Jewova ap soutni m, e sa ede m pou m dispoze aksepte nenpòt chanjman ki vin gen nan lavi m. Kounye a, m ap sèvi kòm pyonye espesyal nan peyi Filipin. Mwen fin adapte m nèt nan nouvo kongregasyon m nan, e frè ak sè yo vin tankou yon fanmi pou mwen k ap soutni m. Mwen fyè lè m wè Samuel ak Shirley k ap suiv egzanp lafwa manman yo te genyen. — 3 Jan 4.

Kongregasyon an vin tankou yon fanmi pou mwen k ap soutni m.

Wi, mwen te jwenn anpil difikilte nan lavi m. Pe egzanp mwen te wè madanm mwen m te renmen anpil ki t ap soufri e ki mouri akoz yon maladi terib. Epitou, m te oblije adapte ak anpil nouvo sitiyasyon. Epoutan, m te wè Jewova “pa lwen okenn nan nou”. (Tra. 17:27.) Men Jewova “pa twò kout” pou l soutni sèvitè l yo epi ede yo, menm lè yo nan zòn ki izole (Eza. 59:1). Jewova, Sila a ki Mas Wòch mwen an, te toujou avè m pandan tout vi m, e mwen genyen l anpil rekonesans. Mwen pa t janm poukò m.

a Gade Toudegad 15 desanm 1972, paj 745-751 (fransè).