Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 5

Sa ki pouse n asiste reyinyon yo

Sa ki pouse n asiste reyinyon yo

“Kontinye anonse lanmò Seyè a jiskaske l vini.” — 1 KOR. 11:26.

KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki sa Jewova wè lè plizyè milyon moun rasanble pou Soupe Seyè a? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.) b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

IMAJINE sa Jewova wè lè plizyè milyon moun rasanble toupatou sou tè a pou selebre Soupe Seyè a. Li pa sèlman wè gwoup moun ki rasanble a, men li wè chak moun ki la yo. Pa egzanp, li wè moun ki toujou vini chak ane yo. Pami yo, gendwa gen moun ki vini malgre yo jwenn gwo pèsekisyon. Gen lòt ki pa toujou vini nan lòt reyinyon nou fè yo, men yo santi Memoryal la tèlman enpòtan yo pa dwe rate l. Jewova wè moun ki vin nan Memoryal la pou premye fwa tou, petèt jis pou yo wè jan sa fèt.

2 Se sèten, Jewova kontan wè kantite moun sa yo ki asiste Memoryal la (Lik 22:19). Men, sa Jewova bay plis enpòtans se pa kantite moun ki vini yo, men se rezon ki fè yo vini. Nan atik sa a, nou pral pale sou yon kesyon ki enpòtan anpil: Poukisa nou pa sèlman asiste Memoryal la, men tou, nou asiste reyinyon ki fèt chak semèn yo Jewova mete pou tout moun ki renmen l yo?

Nou kontan akeyi plizyè milyon moun sou tè a nan Soupe Seyè a. (Gade paragraf 1-2)

SE IMILITE KI POUSE N ASISTE REYINYON YO

3-4. a) Poukisa nou asiste reyinyon yo? b) Lè nou asiste reyinyon yo, ki sa sa montre? c) Dapre 1 Korentyen 11:23-26, poukisa nou pa dwe rate Memoryal la?

3 Pi gwo rezon ki fè nou asiste reyinyon yo se paske sa fè pati adorasyon n ap bay Jewova a. Nou asiste reyinyon yo tou paske se Jewova k ap anseye nou nan reyinyon yo. Moun ki gen ògèy yo pa aksepte pou lòt moun anseye yo anyen (3 Jan 9). Nou pa menm jan an. Nou menm nou chofe pou nou jwenn enstriksyon nan men Jewova ak nan men òganizasyon l ap itilize a. — Eza. 30:20; Jan 6:45.

4 Lè nou asiste reyinyon yo, sa montre nou gen imilite, nou pare e nou dispoze kite yo anseye nou. Jou swa Memoryal lanmò Kris la, nou asiste evènman enpòtan sa a nonsèlman paske nou santi se yon devwa, men tou paske nou vle obeyi kòmandman Jezi te bay la avèk imilite. Men sa l te di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” (Li 1 Korentyen 11:23-26.) Reyinyon sa a fè esperans nou genyen pou lavni an vin pi solid e li fè nou sonje jan Jewova renmen nou. Men, Jewova konnen se pa yon sèl fwa nan ane a nou bezwen ankourajman ak fòs. Se sa k fè li ban nou reyinyon chak semèn e li ankouraje nou pou nou asiste yo. Si nou gen imilite, n ap obeyi l. Nou pase plizyè èdtan chak semèn pou nou prepare epi asiste reyinyon sa yo.

5. Poukisa moun ki gen imilite yo aksepte envitasyon Jewova fè a?

5 Chak ane, anpil moun ki gen imilite aksepte envitasyon Jewova fè yo pou yo vin aprann nan men l (Eza. 50:4). Yo kontan asiste Memoryal la, e yo kòmanse asiste lòt reyinyon yo (Zak. 8:20-23). Nou menm ansanm avè yo kontan jwenn enstriksyon nan men Jewova e nou kontan l ap gide nou, ‘l ap ede nou e l ap sove nou’. (Sòm 40:17). Nou imajine sa? Jewova ak Jezi, Pitit Gason li renmen anpil la, envite nou pou yo anseye nou! Vrèmanvre, pa gen anyen k ap fè nou gen plis kè kontan oubyen ki pi enpòtan pase aksepte envitasyon sa a. — Mat. 17:5; 18:20; 28:20.

6. Ki jan imilite te ede yon mesye asiste Memoryal la?

6 Chak ane, nou fè efò pou nou envite mezi moun nou kapab pou yo asiste Memoryal lanmò Jezi. Anpil moun ki gen imilite aksepte envitasyon nou an, e yo jwenn byenfè pou sa. Ann pran yon egzanp. Sa gen plizyè ane, yon frè te bay yon mesye yon fich envitasyon pou Memoryal la, men mesye a te di frè a li pap ka vini. Poutan, jou swa Memoryal la, se pa ti sezi frè a te sezi wè mesye a k ap antre nan Sal Wayòm nan. Mesye a te tèlman kontan pou akèy li te jwenn nan Sal la, sa te fè l kòmanse asiste reyinyon ki fèt chak semèn yo. Anfèt, pou tout ane a, se twa reyinyon li te rate sèlman. Ki sa k te ede l fè tout sa? Se paske li te gen ase imilite pou l chanje lide. Annapre, frè ki te envite l la te di: “Li se yon moun ki gen anpil imilite.” Pa gen dout nan sa, Jewova te rale mesye sa a pou l vin adore L, e kounye a li se yon frè batize. — 2 Sam. 22:28; Jan 6:44.

7. Ki jan sa nou aprann nan reyinyon yo ak sa nou li nan Bib la ka ede nou gen imilite?

7 Sa nou aprann nan reyinyon yo ak sa nou li nan Bib la ka ede nou pou n gen imilite. Kèk semèn anvan Memoryal la, byen souvan nan reyinyon yo, yo atire atansyon sou egzanp Jezi ak sou imilite l te demontre lefètke l te bay lavi l kòm ranson. E kèk jou anvan Memoryal la, yo ankouraje n pou nou li istwa nan Bib la ki gen rapò ak evènman ki te pase yon ti tan anvan Jezi te mouri ak lè l te resisite. Nou vin gen plis rekonesans pou sakrifis Jezi te fè pou nou an grasa sa nou aprann nan reyinyon sa yo ak sa nou aprann nan istwa sa yo ki nan Bib la. Sa pouse nou pou n gen imilite menm jan avè l e pou nou fè volonte Jewova, menm lè sa difisil. — Lik 22:41, 42.

NOU BEZWEN KOURAJ POU N ASISTE REYINYON YO

8. Ki jan Jezi te aji avèk kouraj?

8 Nou fè efò pou nou aji avèk kouraj menm jan ak Jezi. Fè yon ti reflechi ak kouraj li te demontre kèk jou anvan l te mouri. Li te byen konnen nan yon tikras tan ènmi l yo pral imilye l, yo pral bat li e yo pral touye l (Mat. 20:17-19). Malgre sa, li te aksepte mouri. Lè lè a te rive, li te di apot fidèl li yo ki te avèk li Jetsemane: “Leve, ann ale. Men moun k ap livre m nan ap vini.” (Mat. 26:36, 46). Te gen yon foul moun ame ki te vin arete l. Li te avanse sou yo, li te fè konn kiyès li ye e li te mande sòlda yo pou yo kite apot li yo ale (Jan 18:3-8). Se pa ti kouraj Jezi te demontre! Jodi a, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak kretyen ki fè pati lòt mouton yo fè efò pou yo aji avèk kouraj menm jan ak Jezi. Ki jan yo fè sa?

Lefètke w met kouraj sou ou pou w asiste reyinyon yo, sa bay lòt moun fòs. (Gade paragraf 9.) *

9. a) Poukisa nou ka bezwen gen kouraj pou nou toujou asiste reyinyon yo? b) Ki jan egzanp nou ka ede frè ki nan prizon poutèt lafwa yo?

9 Nou ka bezwen aji avèk kouraj pou nou toujou asiste reyinyon yo menm lè nou nan sitiyasyon ki difisil. Gen kèk nan frè ak sè nou yo ki asiste reyinyon yo malgre yo nan gwo lapenn, yo dekouraje anpil oswa yo gen pwoblèm sante. Gen lòt ki met kouraj sou yo pou yo asiste reyinyon yo malgre yo jwenn gwo opozisyon nan fanmi yo oswa nan men gouvènman yo. Pran yon ti tan pou w reflechi sou fason egzanp nou ankouraje frè nou yo ki nan prizon poutèt lafwa yo (Ebre 13:3). Lè yo tande nou kontinye sèvi Jewova malgre pwoblèm nou jwenn yo, sa fè lafwa yo vin pi djanm e sa ba yo fòs pou yo kontinye met kouraj sou yo e pou yo kenbe fidelite yo. Apot Pòl te fè yon eksperyans menm jan an. Lè yo te mete l nan prizon nan vil Wòm, li te kontan chak fwa li aprann frè l yo rete fidèl ak Bondye (Flp. 1:3-5, 12-14). Yon ti tan anvan oswa tousuit apre Pòl te fin libere, li te ekri lèt li a pou kretyen ebre yo. Nan lèt sa a, li te ankouraje kretyen fidèl sa yo pou yo kontinye gen “lanmou pou frè yo” e pou yo pa janm abandone reyinyon yo. — Ebre 10:24, 25; 13:1.

10-11. a) Ki moun nou dwe envite nan Memoryal la? b) Ki rezon Efezyen 1:7 ban nou pou n fè sa?

10 Nou montre nou gen kouraj lè nou envite fanmi nou, moun k ap travay menm kote avèk nou ak vwazen nou nan Memoryal la. Poukisa nou envite moun sa yo? Lefètke nou gen anpil rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou nou, sa pouse nou envite yo nan Memoryal la. Nou vle yo aprann fason yo menm tou yo ka jwenn byenfè grasa “favè san parèy” Jewova demontre pa mwayen ranson an. — Li Efezyen 1:7; Rev. 22:17.

11 Lè nou met kouraj sou nou pou n asiste reyinyon yo, nou demontre yon lòt bèl kalite tou, yon kalite ni Bondye ni Pitit Gason l lan demontre yon fason ki estrawòdinè.

SE LANMOU KI POUSE NOU ASISTE REYINYON YO

12. a) Ki jan reyinyon nou yo fè nou vin gen plis lanmou pou Jewova ak Jezi? b) Ki sa 2 Korentyen 5:14, 15 ankouraje nou fè pou n ka imite Jezi?

12 Se lanmou nou gen pou Jewova ak Jezi ki pouse nou asiste reyinyon yo. Yon lòt bò, sa nou aprann nan reyinyon yo fè nou vin gen plis lanmou pou Jewova ak Pitit Gason l lan. Nan reyinyon yo, se toutan y ap fè nou sonje sa Jewova ak Jezi te fè pou nou (Wom. 5:8). Memoryal la sitou fè nou sonje jan yo gen gwo lanmou pou nou, menm pou moun ki pa konprann enpòtans ranson an. Rekonesans nou genyen pouse nou imite Jezi nan fason n ap viv chak jou. (Li 2 Korentyen 5:14, 15.) Mete sou sa, kè nou pouse nou louwe Jewova pou ranson an. Youn nan fason nou ka fè louwanj pou li se lè nou fè kòmantè ak tout kè nou nan reyinyon yo.

13. Ki jan nou ka montre nou gen anpil lanmou pou Jewova ak Pitit Gason l lan? Esplike.

13 Nou ka montre nou gen anpil lanmou pou Jewova ak Pitit Gason l lan lè nou dispoze fè sakrifis pou yo. Byen souvan, nou dwe dispoze fè kèlkeswa sakrifis la pou nou ka asiste reyinyon yo. Anpil kongregasyon fè youn nan reyinyon yo nan fen jounen travay, lè petèt nou fatige. E gen yon lòt reyinyon ki fèt nan wikenn, kote gen moun ki konn ap repoze. Èske Jewova wè lè nou asiste reyinyon yo malgre nou fatige? Se sèten li wè sa! Anfèt, plis nou lite pou n pa rate reyinyon yo, se plis lanmou nou demontre a gen valè nan je Jewova. — Mak 12:41-44.

14. Ki bèl egzanp Jezi kite nan fason li te demontre yon lanmou ki te pouse l fè sakrifis?

14 Jezi kite pi bèl egzanp lan nan fason li te demontre yon lanmou ki te pouse l fè sakrifis. Li pa t sèlman vle mouri pou disip li yo, men tou, chak jou nan lavi l, li te mete enterè disip li yo anvan enterè pa l. Pa egzanp, li pa t kite fatig oswa gwo tètchaje li te genyen fè l pa t reyini ak disip li yo (Lik 22:39-46). E li pa t konsantre sou sa li ka jwenn nan men lòt moun, men pito, sou sa li ka bay lòt moun (Mat. 20:28). Si lanmou nou pou Jewova ak pou frè nou yo fò konsa, n ap fè tout sa n kapab pou n asiste Soupe Seyè a ansanm ak lòt reyinyon yo fè nan kongregasyon an.

15. Ki moun sitou nou vle ede?

15 Nou fè pati sèl vrè òganizasyon an, e nou kontan itilize kantite tan nou kapab pou nou envite lòt moun vin fè pati vrè òganizasyon sa a. Men, nou sitou vle ede moun ki “fanmi nou nan lafwa”, men ki sispann preche oswa asiste reyinyon yo (Gal. 6:10). Nou montre nou renmen yo lè nou ankouraje yo asiste reyinyon yo, sitou Memoryal la. Menm jan ak Jewova ak Jezi, se pa ti kontan nou kontan lè yo retounen vin jwenn Jewova, Papa nou ki renmen nou e ki se Bèje nou. — Mat. 18:14.

16. a) Ki jan youn ka ankouraje lòt, e ki sa reyinyon nou yo fè pou nou? b) Poukisa se yon bon moman nan ane a pou n sonje pawòl Jezi te di ki nan Jan 3:16 la?

16 Nan semèn k ap vini yo, envite kantite moun nou kapab vin asiste Memoryal la k ap fèt vandredi 19 avril 2019 la nan aswè. (Gade kare ki gen tit: “ Èske w ap envite yo?”) Annou fè tout sa n kapab pou nou toujou asiste tout reyinyon Jewova mete pou nou yo. Tank fen sistèm nan ap pwoche se tank reyinyon yo ap ede nou kontinye gen imilite, kouraj ak lanmou (1 Tes. 5:8-11). Annou montre fason nou santi nou pou gwo lanmou Jewova ak Pitit Gason l lan gen pou nou, e annou fè sa ak tout kè nou! — Li Jan 3:16.

KANTIK 126 Ret je klè, vin djanm, kenbe fèm

^ § 5 Memoryal lanmò Kris la k ap fèt vandredi 19 avril 2019 la nan aswè se reyinyon ki pi enpòtan nan ane a. Ki sa k pouse nou asiste reyinyon sa a? Pa gen dout, se paske nou vle fè Jewova plezi. Nan atik sa a, nou pral egzamine ki sa sa montre lè nou asiste Memoryal la ak reyinyon ki fèt chak semèn yo.

^ § 52 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki nan prizon poutèt lafwa l k ap li yon lèt moun lakay li voye pou li, e sa ankouraje l. Li konnen yo pa bliye l e li kontan aprann fanmi l kontinye rete fidèl ak Jewova tou malgre pwoblèm ki gen nan zòn nan.