Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 3

Ki jan nou ka pwoteje kè nou?

Ki jan nou ka pwoteje kè nou?

“Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w.” — PWO. 4:23.

KANTIK 36 Nou pwoteje kè nou

SA NOU PRAL WÈ *

1-3. a) Poukisa Jewova te renmen Salomon, e ki benediksyon Salomon te jwenn? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

SALOMON te vin wa peyi Izrayèl lè l te yon jèn gason. Nan kòmansman rèy li a, Jewova te pale avè l nan yon rèv, li te di l: “Di m ki sa w vle m ba ou.” Men sa Salomon te reponn: “Mwen jèn e mwen pa gen eksperyans. [...] Kidonk, bay sèvitè w la yon kè ki obeyisan tanpri, pou m ka jije pèp ou a.” (1 Wa 3:5-10). Lefètke li te mande “yon kè ki obeyisan”, sa montre li pa t ap chèche gwo bagay! Nou ka konprann rezon ki fè Jewova te renmen Salomon (2 Sam. 12:24). Sa jèn wa a te mande Bondye a te tèlman fè Bondye plezi, Bondye te met “sajès ak bon konprann nan kè” l. — 1 Wa 3:12.

2 Toutotan Salomon te fidèl, li te jwenn anpil benediksyon. Li te gen privilèj konstwi yon tanp “pou bay non Jewova, Bondye Izrayèl la, glwa”. (1 Wa 8:20.) Yo te vin konnen li pou sajès Bondye te ba li a. Nou jwenn sa Bondye te pouse l ekri yo nan twa liv nan Bib la. Youn nan yo se liv Pwovèb la.

3 Mo kè a parèt anviwon san fwa nan liv Pwovèb la. Pa egzanp, men sa nou li nan Pwovèb 4:23 “Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w.” Nan vèsè sa a, ak ki sa mo “kè” a gen rapò? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik sa a. Mete sou sa, nou pral egzamine repons de lòt kesyon: Ki jan Satan eseye kontamine oswa kòwonp kè nou? E ki sa nou ka fè pou nou pwoteje kè nou? Si nou vle rete fidèl ak Bondye, nou bezwen konprann repons kesyon enpòtan sa yo.

KI SA EKSPRESYON “KÈ W” LA VLE DI?

4-5. a) Ki jan Sòm 51:6 ede nou konprann ak ki sa mo “kè” a gen rapò? b) Lefètke n konnen li enpòtan pou n pran swen sante nou, ki jan sa ede n wè enpòtans pou n pran swen kè senbolik nou an?

4 Yo itilize mo kè ki nan Pwovèb 4:23 a pou pale de ‘moun nou ye nan fon kè nou’ oswa ‘pati nan nou ki kache a’. (Li Sòm 51:6 ak nòt la.) Nan yon sans, “kè” gen rapò ak panse, santiman oswa dezi ki anndan nou. Li se moun nou ye pa anndan an toutbon, li pa sèlman moun nou parèt ye a.

5 Ann fè yon ti reflechi sou jan pran swen sante nou ede n wè enpòtans pou n pran swen kè senbolik nou an. Premyèman, pou kò nou ka ret an sante, nou dwe manje manje ki bon pou sante nou e nou bezwen fè egzèsis regilyèman. Menm jan an tou, pou nou rete an sante nan domèn espirityèl, nou dwe manje yon seri manje espirityèl ki bon pou sante nou epi nou bezwen toujou demontre lafwa nou nan Jewova. N ap fè sa lè nou aplike sa nou aprann yo ak lè nou pale konsènan lafwa nou ak lòt moun (Wom. 10:8-10; Jak 2:26). Dezyèmman, yon moun ka parèt an sante alòske li gendwa malad pa anndan. Menm jan an tou, nou ka panse lafwa nou djanm paske n gen yon seri abitid espirityèl, men move dezi ka ap grandi anndan nou (1 Kor. 10:12; Jak 1:14, 15). Nou dwe sonje Satan vle kontamine panse nou. Ki jan li eseye fè sa sitou? E ki jan nou ka pwoteje tèt nou?

FASON SATAN ESEYE KONTAMINE KÈ NOU

6. Ki objektif Satan, e ki jan li eseye atenn objektif li?

6 Satan vle nou vin menm jan avè l, pou n se yon rebèl ki pa bay prensip Jewova yo regle anyen pou nou e ki wè tèt nou sèlman. Satan pa ka fòse nou panse oswa aji jan l vle. Donk, li chèche lòt fason pou l eseye atenn objektif li. Pa egzanp, li antoure nou ak moun li deja kòwonp (1 Jan 5:19). Li espere n ap chwazi pase tan avèk yo, menmsi nou konnen move frekantasyon ap kòwonp fason nou panse ak fason nou aji (1 Kor. 15:33). Taktik sa a te mache nan ka wa Salomon. Li te marye ak anpil medam payen, e nòmalman “medam yo te gen yon gwo enfliyans sou li” e “tikras pa tikras, madanm li yo te pran tèt li”. — 1 Wa 11:3, nòt.

Ki jan nou ka pwoteje kè nou pou Satan pa rive kòwonp li ak panse l yo? (Gade paragraf 7.) *

7. Ki lòt taktik Satan itilize pou l gaye fason l panse, e poukisa nou bezwen pran prekosyon ak fason sa a?

7 Satan sèvi ak istwa yo rakonte nan fim oswa emisyon yo pase nan televizyon pou l gaye fason l panse. Li konprann istwa yo rakonte yo pa sèlman yon amizman, men yo ka gen efè sou fason nou reflechi, sou santiman nou ak aksyon nou. Jezi te konn byen sèvi ak istwa pou l anseye. Pa egzanp, reflechi sou parabòl bon Samariten an ak sou parabòl pitit gason ki te kite kay li e ki te gaspiye byen l yo (Mat. 13:34; Lik 10:29-37; 15:11-32). Men, moun ki kite fason Satan panse kontamine yo ka sèvi ak istwa pou kòwonp nou. Nou bezwen gen ekilib. Gen fim ak lòt bagay yo pase nan televizyon ki ka amize nou oswa ki ka aprann nou kèk bagay san yo pa kontamine panse nou. Men, nou dwe pran prekosyon. Lè n ap chwazi detant nou yo, li t ap bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske fim sa a oswa emisyon m ap gade nan televizyon an montre se yon bon bagay sa ye pou m satisfè dezi lachè?’ (Gal. 5:19-21; Efe. 2:1-3). Ki sa w dwe fè si w wè gen yon pwogram k ap ankouraje panse Satan yo? Evite l tankou w t ap evite yon maladi trapan!

8. Ki jan paran yo ka ede pitit yo pou yo pwoteje kè yo?

8 Paran, ou gen yon gwo responsablite pou w pwoteje pitit ou kont efò Satan ap fè pou l kontamine kè yo. Sandout, ou fè tout sa w kapab pou w pwoteje pitit ou pou l pa malad. Ou kenbe kay ou pwòp, e w retire tout sa ki ka lakòz ou menm oswa pitit ou malad. Menm jan an tou, ou bezwen pwoteje pitit ou kont fim, emisyon yo pase nan televizyon, jwèt elektwonik ak sit Entènèt ki ka fè panse Satan yo kontamine pitit ou. Jewova ba w otorite pou w veye sou sante espirityèl pitit ou (Pwo. 1:8; Efe. 6:1, 4). Donk, pa ezite fikse yon seri règ nan kay la ki baze sou prensip biblik yo. Fè pitit ou konnen ki sa yo ka gade ak ki sa yo pa ka gade, epi ede yo konprann rezon ki fè w pran desizyon sa yo (Mat. 5:37). Tank pitit ou ap vin pi gran, ba yo fòmasyon pou yo rive konprann poukont yo sa ki byen ak sa ki mal selon prensip Jewova yo (Ebre 5:14). Epi sonje sa, pitit ou yo ap aprann anpil bagay nan sa w di, men y ap aprann plis toujou nan sa w fè. — Det. 6:6, 7; Wom. 2:21.

9. Ki ide Satan ap fè pwopagann pou li, e poukisa se yon ide ki danjere?

9 Satan ap eseye kontamine kè nou tou lè l fè nou met konfyans nou nan sa lèzòm di olye nou met konfyans nou nan sa Jewova panse (Kol. 2:8). Ann jis pran youn nan ide Satan ap fè pwopagann pou li: prensipal objektif yon moun ta dwe gen nan lavi a se vin rich. Moun ki panse konsa ka vin rich, konsa tou yo ka pa vin rich. Kit sa rive, kit sa pa rive, gen danje ki pandye sou tèt yo. Poukisa? Se paske yo ka vin tèlman konsantre sou fè lajan, sa fè yo sakrifye sante yo, relasyon yo ak fanmi yo e menm amitye yo ak Bondye jis pou yo ka atenn objektif yo genyen an (1 Tim. 6:10). Se pa ti kontan nou kontan dèske Papa nou ki nan syèl la ki gen anpil sajès ede nou gen yon pwennvi ekilibre sou lajan! — Ekl. 7:12; Lik 12:15.

FASON NOU KA PWOTEJE KÈ NOU?

Menm jan ak moun ki te konn fè pòs yo ak gad ki te konn veye pòtay yo, se pou nou veyatif e se pou nou aji pou n pa kite move bagay antre nan kè nou. (Gade paragraf 10-11.) *

10-11. a) Ki sa nou dwe kapab fè pou nou pwoteje tèt nou? b) Ki sa moun ki t ap fè pòs nan tan lontan yo te konn fè, e kòman konsyans nou ka aji menm jan an?

10 Si nou vle reyisi pwoteje kè nou, nou dwe kapab idantifye danje yo epi aji byen vit pou n pwoteje tèt nou. Mo lè yo tradui l yo mete “pwoteje” pou li nan Pwovèb 4:23 a fè nou sonje travay moun k ap fè pòs yo te konn fè. Nan epòk wa Salomon an, moun k ap fè pòs yo te konn kanpe sou miray yon vil pou yo veye e yo te konn sonnen kòn lè yo wè danje. Lè nou gen sa nan lespri nou, sa ede nou konprann sa n dwe fè pou anpeche Satan kòwonp panse nou.

11 Nan tan lontan, moun k ap fè pòs yo te konn travay ann amoni ak moun ki te konn veye pòtay vil la (2 Sam. 18:24-26). Yo toude te konn travay ansanm pou pwoteje vil la lè yo asire yo pòt yo fèmen depi ènmi yo ap pwoche toupre (Ney. 7:1-3). Konsyans nou ki fòme grasa Labib * ka aji tankou yon moun k ap fè pòs, li ka avèti nou lè Satan ap eseye anvayi kè nou, sa vle di lè l ap eseye enfliyanse panse nou, santiman nou, mobil nou ak dezi nou. Depi konsyans nou ban nou siyal, nou bezwen koute l, e nan yon sans nou bezwen fèmen pòtay yo lè nou fè tout sa n kapab pou evite danje a.

12-13. Ki sa nou ka anvi fè, men ki jan nou dwe reyaji?

12 Ann pran yon egzanp pou montre fason nou ka pwoteje tèt nou pou panse Satan yo pa enfliyanse nou. Jewova fè nou konnen “depi se imoralite seksyèl, salte sou kèlkeswa fòm nan, [...] nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou”. (Efe. 5:3.) Men, ki sa n ap fè si moun nan travay nou oswa nan lekòl nou kòmanse pale sou bagay ki imoral? Nou konnen nou dwe “rejte konduit ki dezonore Bondye” e nou dwe “rejte dezi ki nan monn nan”. (Tit 2:12.) Konsyans nou ki tankou yon moun k ap fè pòs ka ban nou siyal (Wom. 2:15). Men, èske n ap koute l? Olye nou koute l, nou gendwa anvi koute sa moun sa yo ap di oswa gade imaj y ap montre yo. Men, menm jan ak moun k ap fè pòs la, se moman pou nou fèmen pòt vil la, sa vle di pou nou chanje konvèsasyon an oswa pou nou al fè wout nou.

13 Sa mande kouraj pou nou reziste anba presyon lòt moun ap fè sou nou pou nou panse oswa pou nou fè bagay ki mal. Nou mèt sèten Jewova wè efò n ap fè, e l ap ban nou fòs ak sajès nou bezwen pou n pa kite panse Satan yo kontamine nou (2 Kwo. 16:9; Eza. 40:29; Jak 1:5). Men, ki lòt bagay nou ka fè pou n pwoteje kè nou?

SE POU NOU VEYATIF

14-15. (a) Ki sa nou dwe kite rantre nan kè nou, e ki jan nou ka fè sa? b) Ki konsèy Pwovèb 4:20-22 bay ki ka ede nou pi byen pwofite lekti Labib nou? (Gade kare ki gen tit “ Fason pou w medite”.)

14 Pou nou pwoteje kè nou nou pa dwe annik anpeche move bagay antre ladan l, nou dwe kite bon bagay antre ladan l tou. Ann fè yon ti tounen sou egzanp vil ki gen miray toutotou l la. Moun k ap veye pòtay vil la gendwa fèmen pòtay vil la pou anpeche ènmi yo rantre nan vil la, men nan lòt sikonstans, li gendwa ouvri pòtay la pou pèmèt manje ak lòt bagay antre nan vil la. Si pòtay yo pa t janm ouvri, moun anndan vil la te ka mouri grangou. Se konsa tou, nou bezwen ouvri kè nou regilyèman pou panse Bondye ka rantre ladan l.

15 Bib la gen panse Jewova ladan l, donk, chak fwa nou li l, nou pèmèt panse Jewova gen efè sou fason nou panse, sou santiman nou ak aksyon nou. Ki jan n ka pi byen pwofite lekti Labib nou? Li enpòtan anpil pou nou priye. Gen yon sè ki di: “Anvan m li Bib la, mwen priye Jewova, mwen mande l pou l ede m ‘wè bèl bagay’ ki gen nan Pawòl li.” (Sòm 119:18). Mete sou sa, nou bezwen medite sou sa nou li yo. Lè nou priye, lè nou li Pawòl Bondye a e nou medite sou li, sa fè l antre “nan fon kè” nou e nou vin renmen panse Jewova yo. — Li Pwovèb 4:20-22; Sòm 119:97.

16. Ki jan anpil moun te jwenn byenfè grasa Tele JW?

16 Yon lòt fason nou ka kite panse Bondye antre nan kè nou se lè nou gade sa nou jwenn sou Tele JW. Men sa yon mari ak madanm li di: “Pwogram ki pase chak mwa yo se yon repons pou priyè nou yo! Yo ban nou fòs e yo fè kè nou kontan lè nou santi nou tris oubyen nou santi nou poukont nou. Se toutan nou tande chante yo lakay nou. Nou pase yo lè n ap fè manje, lè n ap fè travay nan kay la oswa menm lè n ap bwè yon ti te.” Pwogram sa yo ede nou pwoteje kè n. Yo aprann nou panse jan Jewova panse e pou nou pa pran nan presyon pou n kite panse Satan yo antre nan kè n.

17-18. a) Ki sa k rive lè nou aplike sa nou aprann nan men Jewova yo jan nou wè sa nan 1 Wa 8:61 ? b) Ki sa nou ka aprann nan egzanp wa Ezekyas la? c) Dapre Sòm 139:23, 24, pou ki bagay nou ka priye?

17 Chak fwa nou wè byenfè nou jwenn lè nou fè sa k bon, sa fè nou gen plis lafwa (Jak 1:2, 3). Nou santi nou byen paske nou te fè Jewova santi l fyè pou l rele nou pitit li, e nou vin plis anvi fè l plezi (Pwo. 27:11). Konsa, chak fwa nou devan yon eprèv, sa ban nou posiblite pou nou montre se pa ak de kè n ap sèvi Papa nou an ki gen sousi pou nou (Sòm 119:113). Okontrè, nou montre nou renmen Jewova ak tout kè nou, e nou pran detèminasyon pou nou obeyi kòmandman l yo e pou n fè volonte l ak tout kè nou. — Li 1 Wa 8:61.

18 Èske n ap fè erè? Wi, paske nou enpafè. Si nou fè erè, sonje egzanp wa Ezekyas. Li menm tou li te fè erè. Men, li te repanti e li te kontinye sèvi Jewova “ak tout kè” l (Eza. 38:3-6; 2 Kwo. 29:1, 2; 32:25, 26). Kidonk, se pou nou fè tout sa n kapab pou n pa kite Satan kòwonp nou ak fason l panse. Men, ann priye pou n gen “yon kè ki obeyisan”. (1 Wa 3:9; li Sòm 139:23, 24.) Nou ka kontinye ret fidèl ak Jewova si nou fè tout sa n kapab pou nou pwoteje kè nou.

KANTIK 54 “Men chemen an”

^ § 5 Èske n ap rete fidèl ak Jewova, oswa èske n ap kite Satan twonpe nou pou fè nou sispann sèvi Bondye nou an? Repons kesyon sa a pa depann de kantite eprèv nou jwenn, men li depann de fason nou byen pwoteje kè nou. Ki sa mo “kè a” vle di? Ki jan Satan eseye kòwonp kè nou? E kòman nou ka pwoteje kè nou? Atik sa a pral reponn kesyon enpòtan sa yo.

^ § 11 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Jewova ban nou kapasite pou n egzamine pwòp panse nou, santiman nou ak aksyon nou e pou n jije tèt nou. Bib la rele kapasite sa a konsyans (Wom. 2:15; 9:1). Lè Bib la fòme konsyans nou sa vin fè konsyans lan ka sèvi ak prensip Jewova yo nou jwenn nan Bib la pou l wè si sa nou panse, sa nou fè oswa sa nou di yo bon oswa si yo pa bon.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè batize k ap gade televizyon epi yon imaj imoral parèt nan televizyon an. Li bezwen deside sa l pral fè.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon moun k ap fè pòs nan tan lontan ki wè danje pa deyò vil la. Li rele gad k ap veye pòtay yo epi yo reyaji menm moman an. Yo fèmen pòtay vil la epi yo bloke pòtay yo pa anndan.