Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 4

Sa yon soupe tou senp aprann nou sou yon Wa ki nan syèl la

Sa yon soupe tou senp aprann nou sou yon Wa ki nan syèl la

“Sa a reprezante kò m [...] sa a reprezante san m, ‘san alyans lan’.” — MAT. 26:26-28.

KANTIK 16 Louwe Ja pou Pitit Gason l lan

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Poukisa nou pa sezi dèske Jezi montre nou yon fason tou senp pou n komemore lanmò l? b) Ki kalite Jezi genyen nou pral egzamine?

ÈSKE W ka esplike sa yo fè nan Memoryal lanmò Kris la ki fèt chak ane? Pa gen dout nan sa, pifò nan nou ka sonje sa yo fè nan Soupe Seyè a. Poukisa? Paske se yon soupe ki tou senp. Poutan, se yon evènman ki gen anpil enpòtans. Sa ka fè nou mande tèt nou: ‘Poukisa soupe sa a senp konsa?’

2 Lè Jezi te sou tè a, tout moun te konnen li te konn anseye yon seri verite enpòtan yon fason ki senp, ki klè e ki fasil pou moun konprann (Mat. 7:28, 29). Nan menm sans lan, li montre nou yon fason tou senp, men ki gen anpil enpòtans, pou n komemore * lanmò l. Annou byen egzamine sa k te pase nan Memoryal sa a ansanm ak kèk nan bagay Jezi te di e li te fè. N ap ka pi byen wè jan Jezi te gen imilite, jan l te gen kouraj ak jan l te gen lanmou e n ap ka aprann ki jan pou nou imite l pi byen.

JEZI TE GEN IMILITE

Pen ak diven yo itilize pou Memoryal la fè nou sonje Jezi te bay lavi l pou nou e l ap dirije antanke Wa nan syèl la kounye a. (Gade paragraf 3-5.)

3. Dapre sa nou li nan Matye 26:26-28, ki jan Jezi te etabli Memoryal la yon fason ki tou senp, e ki sa de bagay senp li te itilize yo te reprezante?

3 Jezi te etabli Memoryal lanmò l pandan l te avèk 11 apot fidèl li yo. Li te pran sa ki te rete apre yo te fin manje manje Pak la e li te fè yon komemorasyon tou senp. (Li Matye 26:26-28.) Sèl sa l te itilize se te pen san ledven an ak diven ki te deja la yo. Jezi te di apot li yo de bagay senp sa yo te reprezante kò l ki pafè ak san l li t apral ofri pou yo. Sandout, apot yo pa t sezi wè jan nouvo evènman enpòtan sa a te senp. Sa k fè yo pa t sezi?

4. Ki jan konsèy Jezi te bay Mat kèk tan anvan sa ka ede nou konprann sa k fè Jezi te fè Memoryal la senp?

4 Ann fè yon ti egzamine sa k te rive kèk mwa anvan sa pandan Jezi t al lakay Laza, Mat ak Mari, yo menm ki te bon zanmi l. Se te nan twazyèm ane Jezi te fè ap preche sou tè a. Nan ti moman sa a ki te byen rilaks, Jezi te kòmanse anseye. Mat te la, men li te okipe ap fè yon gwo manje pou envite espesyal sa a. Jezi te wè sa, se sa k fè l te korije Mat avèk jantiyès. Li te ede l wè li pa toujou nesesè pou gen yon manje ki konplike (Lik 10:40-42). Kèk tan annapre, Jezi te aplike konsèy li te bay Mat la kèk èdtan sèlman anvan li te mouri. Li te tabli Memoryal la yon fason ki senp. Ki sa sa aprann nou sou Jezi?

5. Ki sa fason senp Jezi te tabli Memoryal la aprann nou sou li, e ki jan sa byen mache ak Filipyen 2:5-8?

5 Nan tout sa Jezi te di ak nan tout sa l te fè, li te toujou aji avèk imilite. Se sa k fè nou pa sezi wè jan li te montre l gen imilite nan dènye nuit li te pase sou tè a (Mat. 11:29). Li te konnen li t apral fè pi gwo sakrifis ki gen nan istwa lèzòm e Jewova t apral resisite l pou l mete l nan yon gwo pozisyon nan syèl la. Menm lè sa a, li pa t wè li nesesè pou l atire atansyon sou tèt li pou l ta mande pou yo komemore lanmò l yon fason ki konplike. Okontrè, li te di disip li yo pou yo montre yo sonje l yon fwa chak ane pa mwayen soupe tou senp sa a (Jan 13:15; 1 Kor. 11:23-25). Soupe sa a ki te senp men ki te apwopriye te montre Jezi pa t yon moun ki te gen ògèy. Nou mèt kontan dèske youn nan pi bèl kalite Wa nou an ki nan syèl la genyen se imilite. — Li Filipyen 2:5-8.

6. Ki jan nou ka demontre imilite menm jan ak Jezi lè nou jwenn eprèv?

6 Ki jan nou ka demontre imilite menm jan ak Jezi? Se lè nou mete enterè lòt moun anvan enterè pa nou (Flp. 2:3, 4). Ann fè yon ti tounen sou dènye nuit Jezi te fè pandan li t ap viv sou tè a. Jezi te konnen nan yon ti tan li t apral soufri e li t apral mouri. Malgre sa, li te gen anpil sousi pou apot fidèl li yo ki t apral nan lapenn pou li. Donk, pandan dènye nuit sa a, li te ba yo enstriksyon, ankourajman ak fòs (Jan 14:25-31). Avèk imilite, Jezi te montre li gen plis sousi pou byennèt lòt moun pase pou tèt li. Li kite yon bèl egzanp pou nou!

JEZI GEN ANPIL KOURAJ

7. Ki jan Jezi te montre li gen anpil kouraj yon ti tan apre li te fin tabli Soupe Seyè a?

7 Yon ti tan apre Jezi te fin tabli Soupe Seyè a, li te montre li gen anpil kouraj. Ki jan l te fè sa? Jezi te aksepte fè volonte Papa l, menm lè li te konnen sa t ap mande pou yo touye l tankou yon moun k ap sal non Bondye (Mat. 26:65, 66; Lik 22:41, 42). Jezi te montre li fidèl nèt, yon fason pou l onore non Jewova, pou l soutni dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren an, e li te ouvri wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an pou moun ki repanti yo. Anmenmtan tou, li te prepare disip li yo pou sa k t ap tann yo pi devan.

8. a) Ki sa Jezi te di apot fidèl li yo? b) Nan ane ki te vin apre lanmò Jezi yo, ki jan disip li yo te suiv egzanp kouraj li te demontre?

8 Jezi te montre anpil kouraj tou lefètke li pa t ret ap reflechi sou kèlkeswa pwoblèm li te ka genyen e lefètke li te konsantre l sou sa apot fidèl li yo te bezwen. Memoryal la li te tabli apre li te fin voye Jida ale t ap fè moun Bondye t ap gen pou chwazi pou al nan syèl yo sonje y ap jwenn byenfè grasa san Jezi e lefètke yo fè pati nouvo alyans lan (1 Kor. 10:16, 17). Pou Jezi te ede moun ki t ap suiv li yo rete fidèl pou yo te ka avè l nan syèl la, li te di yo sa li menm ak Papa l atann de yo (Jan 15:12-15). Jezi te di apot li yo yo t apral jwenn pwoblèm. Epi, li te ankouraje yo suiv egzanp li, li te di yo: “Pran kouraj!” (Jan 16:1-4a, 33). Plizyè ane annapre, disip Jezi yo te kontinye demontre espri sakrifis menm jan ak Jezi e yo te kontinye montre kouraj. Malgre sa te fè yo soufri, yo te ede youn lòt fè fas ak divès kalite pwoblèm yo te genyen. — Ebre 10:33, 34.

9. Ki jan nou ka demontre kouraj menm jan ak Jezi?

9 Konsa tou jodi a, nou demontre kouraj menm jan ak Jezi. Pa egzanp, sa mande kouraj pou nou ede frè nou yo y ap pèsekite pou lafwa yo. Pafwa, yo konn mete frè nou yo nan prizon san yo pa fè anyen ki mal. Lè sa rive, nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou ede yo, sa gen ladan l defann yo (Flp. 1:14; Ebre 13:19). Yon lòt fason nou demontre kouraj se lè nou kontinye preche “avèk kran”. (Tra. 14:3.) Menm jan ak Jezi, nou pran detèminasyon pou nou preche mesaj Wayòm nan menm lè moun opoze ak nou e menm lè yo pèsekite nou. Sepandan, pafwa nou ka santi n manke kouraj. Ki sa n ka fè?

10. Ki sa n dwe fè kèk semèn anvan Memoryal la, e poukisa?

10 Nou ka chèche gen plis kouraj lè nou reflechi sou esperans nou vin genyen grasa sakrifis ranson Kris la (Jan 3:16; Efe. 1:7). Kèk semèn anvan Memoryal la, nou gen yon okazyon espesyal pou n chèche gen plis rekonesans pou ranson an. Pandan tan sa a, fè lekti Labib yo prevwa pou Memoryal la, e byen medite sou evènman ki te pase nan moman Jezi t apral mouri a. Konsa, lè nou reyini pou Soupe Seyè a, n ap pi byen konprann sa pen ak diven yo itilize nan Memoryal la reprezante ak sakrifis san parèy sa te mande. Lè nou gen rekonesans pou sa Jezi ak Jewova fè pou nou e nou konprann jan sa fè ni nou menm ni moun nou renmen yo jwenn byenfè, esperans nou ap vin pi solid, e sa ap pouse nou andire avèk kouraj jiska lafen. — Ebre 12:3.

11-12. Ki sa nou deja aprann?

11 Nou deja aprann Soupe Seyè a pa sèlman fè nou sonje ranson an ki gen anpil valè men tou bèl kalite Jezi te genyen, tankou imilite ak kouraj. Nou gen anpil rekonesans paske Jezi kontinye demontre kalite sa yo antanke Gran Prèt ki nan syèl la k ap sipliye pou nou (Ebre 7:24, 25). Pou nou montre nou gen anpil rekonesans, nou dwe kontinye komemore lanmò Jezi, jan li te mande nou sa (Lik 22:19, 20). Nou fè sa nan dat ki koresponn ak 14 Nizan, ki se dat ki pi enpòtan nan ane a.

12 Lefètke Soupe Seyè a te senp, sa ede nou wè yon lòt kalite Jezi te genyen ki te pouse l mouri pou nou. Lè l te sou tè a, tout moun te ka wè li gen kalite sa a. Ki kalite?

JEZI GEN ANPIL LANMOU

13. Ki jan Jan 15:9 ak 1 Jan 4:8-10 dekri lanmou Jewova ak Jezi te demontre, e ki moun ki jwenn byenfè grasa lanmou sa a?

13 Menm jan ak Jewova, Jezi te demontre gwo lanmou pou nou nan tout sa l te fè. (Li Jan 15:9; 1 Jan 4:8-10.) Sa k pi enpòtan an, lanmou Jezi te genyen an te pouse l bay lavi l pou nou. Kit nou fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo, kit nou fè pati “lòt mouton” yo, nou tout jwenn byenfè paske Jewova ak Pitit li a te montre lanmou yo gen pou nou pa mwayen sakrifis sa a (Jan 10:16; 1 Jan 2:2). Epitou, fè yon ti reflechi sou bagay yo te itilize nan Memoryal la. Yo montre lanmou ak konsiderasyon Jezi te gen pou disip li yo. Nan ki sans?

Se lanmou ki te pouse Jezi mete Memoryal la sou pye yon fason ki te senp ase pou yo fè l pandan plizyè syèk nan divès kalite sikonstans. (Gade paragraf 14-16.) *

14. Ki fason Jezi te montre lanmou li gen pou disip li yo?

14 Jezi te montre lanmou li gen pou disip li yo Bondye chwazi pa mwayen lespri sen pou al nan syèl lefètke li te tabli yon soupe tou senp, ki pa konplike, pou yo ka kontinye fè annapre. Tank tan t ap pase, disip sa yo Bondye chwazi pou al nan syèl t ap gen pou yo kontinye fè Memoryal la chak ane, nan divès kalite sitiyasyon, sa gen ladan l nan prizon (Rev. 2:10). Èske yo te kapab obeyi Jezi? Wi!

15-16. Ki jan kèk moun te ka rive fè Soupe Seyè a malgre yo te nan sitiyasyon ki difisil?

15 Depi nan premye syèk la, vrè kretyen yo te toujou fè efò pou yo komemore lanmò Jezi. Yo te fè tout sa yo kapab pou yo fè Soupe Seyè a jan sa dwe fèt, e pafwa menm nan sitiyasyon ki difisil. Reflechi sou egzanp ki vin apre yo. Yo te mete frè Harold King nan yon kacho poukont li nan yon prizon nan peyi Lachin. Pandan l te nan kacho a, li te dwe fè tèt li travay. Li te itilize sa l te genyen pou l prepare sa l t ap bezwen pou Memoryal la, e li te fè sa san moun pa t wè l. Li te fè sa l kapab pou l byen kalkile dat Memoryal la. Lè Memoryal la rive, li te chante poukont li, li te priye epi li te bay yon diskou ki baze sou Bib la.

16 Men yon lòt egzanp. Gen yon gwoup sè yo te mete nan prizon nan yon kan konsantrasyon pandan Dezyèm Gè mondyal la ki te riske lavi yo pou yo komemore Soupe Seyè a. Men, kòm bagay yo te bezwen yo te tou senp, yo te kapab fè Memoryal la san moun pa konnen. Men sa yo te di: “Nou te kanpe youn bò kote lòt toutotou yon tabourè ki te gen yon nap blan e pen ak diven an te sou li. Te gen yon balèn ki te klere kote nou te ye a, etandone limyè yon anpoul te ka fè yo kenbe nou. [...] Nou te repete ve nou te fè Papa nou an pou nou sèvi ak tout fòs nou pou defann non l ki sen.” Se pa ti lafwa yo te demontre! E se pa ti lanmou Jezi te demontre lè l te fè li posib pou nou ka kontinye fè Memoryal, menm nan sitiyasyon ki difisil!

17. Ki kesyon nou gendwa poze tèt nou?

17 Tank Memoryal la ap pwoche, li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Ki jan m ka pi byen demontre lanmou menm jan ak Jezi? Èske m panse plis ak bezwen kwayan parèy mwen olye m panse ak bezwen pa m? Èske m atann plis bagay nan men frè ak sè m yo pase sa yo ka fè, oswa èske m konprann limit yo genyen?’ Se pou nou toujou imite Jezi epi montre “nou gen senpati”. — 1 Pyè 3:8.

TOUJOU SONJE LESON SA YO

18-19. a) Ki asirans nou ka genyen? b) Ki sa nou detèmine pou n fè?

18 Talè konsa, nou pap gen pou nou obeyi lòd pou nou selebre Memoryal lanmò Kris la. Lè Jezi “vini” pandan gwo tribilasyon an, l ap rasanble “moun Bondye chwazi yo”, moun ki rete yo, pou y al nan syèl, e lè sa a, n ap sispann selebre Memoryal la. — 1 Kor. 11:26; Mat. 24:31.

19 Menm lè nou pa selebre Memoryal la ankò, nou ka sèten pèp Jewova a pap janm bliye jan soupe tou senp sa a te montre pi gwo egzanp imilite, kouraj ak lanmou yon moun te ka janm demontre. Nan moman sa a, nou pa gen okenn dout moun ki te konn selebre evènman estrawòdinè sa a pral rakonte tout moun k ap la yo jan sa te konn fèt. Men, pou Memoryal la ka pote byenfè pou nou depi kounye a, nou dwe pran detèminasyon pou n chèche gen imilite, kouraj ak lanmou menm jan ak Jezi. Si nou fè sa, n ap ka gen konfyans Jewova ap rekonpanse nou. — 2 Pyè 1:10, 11.

KANTIK 13 Kris se Modèl nou

^ § 5 Talè konsa, nou pral asiste selebrasyon Soupe Seyè a pou nou komemore lanmò Jezi Kris. Soupe tou senp sa a aprann nou anpil bagay sou imilite, kouraj ak lanmou Jezi te genyen. Nan atik sa a, nou pral pale sou fason nou ka chèche gen bèl kalite Jezi te demontre yo.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Komemore vle di fè yon bagay espesyal pou fè sonje yon evènman oswa yon moun e pou onore l.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Foto ki montre jan sèvitè fidèl yo te konn selebre Memoryal la nan kongregasyon premye syèk la; nan fen ane 1800 yo; nan yon kan konsantrasyon Nazi; e nan epòk nou an nan yon Sal Wayòm senp ki pa gen mi ki nan yon peyi ann Amerik disid ki fè cho.