Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 1

“Ale, epi fè disip”

“Ale, epi fè disip”

MEN TÈKS POU ANE 2020 AN: “Ale, epi fè disip [...]. Batize yo.” — MAT. 28:19.

KANTIK 79 Anseye yo pou yo kenbe fèm

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa yon zanj te di medam ki te vin bò tonm Jezi a, e ki enstriksyon Jezi te ba yo?

LI TE prèske jou nan dat 16 Nizan ane 33 epòk nou an. Ak kè sere, te gen yon gwoup medam ki gen lakrentif pou Bondye ki te nan wout pou y al nan tonm kote yo te depoze kadav Jezi Kris, Seyè a, sa gen prèske de jou. Lè yo te rive kote tonm nan ye a pou y al prepare kadav la ak fèy santi bon ansanm ak luil santi bon, yo sezi lè yo wè tonm nan vid! Gen yon zanj ki di disip yo Jezi leve sot nan lanmò, apre sa zanj lan di yo: “Li pran devan l al Galile. Se la n ap wè l.” — Mat. 28:1-7; Lik 23:56; 24:10.

2 Apre medam yo fin kite tonm nan, Jezi pwoche kote yo epi li ba yo enstriksyon, li di yo: “Al pot nouvèl la bay frè m yo pou yo ka al Galile. Se la y ap wè m.” ​(Mat. 28:10). Jezi dwe te gen kèk enstriksyon ki enpòtan anpil pou l bay disip yo, paske premye bagay li te fè apre l fin resisite se te reyinyon sa a!

KIYÈS JEZI TE BAY LÒD SA A?

Lè Jezi te reyini ak apot li yo ansanm ak lòt moun nan Galile apre l fin resisite, li te ba yo lòd pou yo “ale, epi fè disip”. (Gade paragraf 3-4.)

3-4. Poukisa nou ka di lòd Jezi te bay ki nan Matye 28:19, 20 an se pa t apot yo sèlman li te bay li? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

3 Li Matye 28:16-20. Nan reyinyon Jezi te fè a, li te pale sou travay enpòtan disip li yo t ap gen pou yo fè nan premye syèk la, e se menm travay sa a n ap fè jodi a. Men sa Jezi te di: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.”

4 Jezi vle pou tout disip li yo preche. Se pa t 11 apot fidèl yo sèlman li te bay lòd sa a. Ki jan nou fè konn sa? Bon, èske se apot yo sèlman ki te la sou mòn Galile lè l te bay lòd pou y al fè disip la? Sonje sa zanj lan te di medam yo: “N ap wè l [Galile].” Se sèten te gen yon seri medam fidèl ki te la lè sa a. Men, te gen lòt moun tou. Apot Pòl fè konnen Jezi “te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan”. (1 Kor. 15:6.) Ki kote?

5. Ki sa nou aprann nan 1 Korentyen 15:6?

5 Nou gen bonjan rezon pou nou kwè Pòl t ap panse ak reyinyon yo rapòte nan Matye chapit 28 la ki te fèt sou mòn Galile. Sa k fè nou di sa? Premyèman, pifò nan disip Jezi yo se te moun Galile. Donk, olye yo ta fè reyinyon sa a ki te gen anpil moun ladan l nan yon kay prive nan Jerizalèm, li t ap pi rezonab pou yo reyini sou yon mòn nan Galile. Dezyèmman, lè Jezi fin resisite, li te gentan rankontre ak 11 apot li yo nan yon kay prive nan Jerizalèm. Si se apot yo sèlman Jezi te vle bay lòd pou yo preche e pou yo fè disip, li te ka fè sa nan Jerizalèm olye l te mande yo menm ak medam yo ansanm ak lòt moun ankò pou yo rankontre l Galile. — Lik 24:33, 36.

6. Ki jan Matye 28:20 montre lòd pou fè disip la konsène n tou jodi a, e jis nan ki pwen nou obeyi lòd sa a?

6 Men yon twazyèm rezon enpòtan. Se pa t kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo sèlman Jezi te bay lòd pou fè disip la. Ki jan nou fè konn sa? Men dènye pawòl Jezi te di lè l t ap bay disip li yo lòd sa a: “Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” ​(Mat. 28:20). Jan Jezi te di sa, anpil moun jodi a ap patisipe nan travay fè disip la. Fè yon ti reflechi sou sa! Chak ane, gen plis pase 300 000 moun ki batize antanke Temwen Jewova e ki vin disip Jezi Kris!

7. Sou ki sa n pral pale kounye a, e poukisa?

7 Anpil etidyan Labib fè pwogrè jiskaske yo batize. Men, gen lòt ki sanble yon jan renka pou yo vin disip. Yo renmen etid la, men yo pa fè pwogrè pou yo rive batize. Si w ap etidye Labib ak yon moun, nou sèten ou ta renmen ede l aplike sa l aprann yo pou l vin yon disip Kris. Atik sa a pral egzamine fason w ka touche kè etidyan an ak fason w ka ede l fè pwogrè nan sèvis Bondye. Poukisa nou bezwen egzamine sijè sa a? Se paske, rive yon lè, nou ka bezwen deside si n ap kontinye etid la oswa si n ap kanpe l.

EDE ETIDYAN AN POU L RENMEN JEWOVA

8. Poukisa l ka difisil pou n ede etidyan an renmen Jewova?

8 Jewova vle moun sèvi l paske yo renmen l. Objektif nou se ede etidyan nou yo konprann Jewova enterese anpil nan yo chak e li renmen yo anpil. Nou vle ede yo konsidere Jewova kòm “papa timoun ki pa gen papa yo e [kòm Sila a] ki pwoteje vèv yo”. (Sòm 68:5.) Tank etidyan w yo kòmanse santi Bondye renmen yo, se tank sa ap touche kè yo e yo menm tou y ap vin renmen Bondye. Gen kèk etidyan ki ka twouve l difisil pou yo wè Jewova tankou yon papa ki gen lanmou paske pwòp papa yo pa t demontre lanmou ak afeksyon pou yo (2 Tim. 3:1, 3). Pandan w ap kondui etid la, atire atansyon yo sou bèl kalite Jewova genyen. Ede etidyan nou yo konprann Bondye nou an ki renmen nou vle yo gen lavi ki pap janm fini an, e li dispoze ede yo genyen l. Ki lòt bagay nou kapab fè?

9-10. Ak ki liv nou dwe sèvi lè n ap etidye Labib ak moun yo, e poukisa se ak liv sa yo nou dwe sèvi?

9 Sèvi ak liv “Ki sa Labib kapab anseye nou?” an ansanm ak liv “Fason pou n rete nan lanmou Bondye” a. Liv sa yo fèt espesyalman pou ede etidyan nou yo renmen Jewova. Pa egzanp, chapit 1 liv Anseye nou an reponn kesyon ki vin annapre yo: Èske Bondye gen sousi pou nou oubyen èske l gen kè di?, Ki jan Bondye santi l lè l wè moun ap soufri?, epi Èske w ka zanmi Jewova? E liv Rete nan lanmou Bondye a? Liv sa a ap ede etidyan an konprann ki jan lè l aplike prensip ki nan Bib la sa ka ede l viv pi byen e sa ap fè l vin pi pwòch Jewova. Menmsi w deja etidye liv sa yo ak lòt moun, byen prepare chak etid ou pral fè, epi panse ak bezwen chak etidyan genyen.

10 Men, ann sipoze etidyan an ta renmen pale sou yon sijè ki nan yon piblikasyon ki pa pami zouti nou genyen pou n anseye yo. Petèt nou ka ankouraje l li piblikasyon sa a pèsonèlman yon fason pou n ka kontinye etid la nan youn nan liv nou sot site pi wo a ki fèt pou fè etid.

Priye ak moun nan anvan w kòmanse etid la. (Gade paragraf 11.)

11. Ki lè nou dwe kòmanse priye nan yon etid, e ki jan n ka ede etidyan an konprann enpòtans lapriyè genyen?

11 Priye anvan w kòmanse etid la. Nòmalman, li pi bon lè nou pa kite twòp tan pase pou n priye anvan n kòmanse etid la, an jeneral, nou fè sa kèk semèn apre etid la fin tabli. Nou dwe ede etidyan an wè se lespri Bondye sèlman ki ka ede n konprann Pawòl Bondye a. Gen pwoklamatè ki li Jak 1:5 pou yo atire atansyon etidyan an sou lapriyè. Men sa l di: “Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l.” Apre sa, pwoklamatè a mande etidyan an: “Ki jan w ka mande Bondye sajès?” Petèt etidyan an ap dakò nou dwe priye Bondye.

12. Ki jan n ka sèvi ak Sòm 139:2-4 pou n ede yon etidyan amelyore fason l priye?

12 Aprann etidyan an fason pou l priye. Ede l gen asirans Jewova vle tande priyè l fè ak tout kè l. Ede l konprann nou ka di Jewova tout bagay nan priyè nou fè pèsonèlman, sa vle di nou ka di l yon seri bagay ki ka difisil pou n di lòt moun. Dayè, Jewova deja konnen tout sa k ap pase nan lespri n. (Li Sòm 139:2-4.) Nou ka ankouraje etidyan nou yo tou pou yo mande Bondye ede yo lite kont move panse yo genyen e pou yo kite move abitid yo genyen. Pa egzanp, ann sipoze yon moun gen kèk tan depi l ap etidye Labib e l renmen yon fèt kretyen pa dwe selebre. Li konnen l pa bon, men, an reyalite, gen kèk bagay li renmen nan fèt sa a. Ankouraje l pou l fè Jewova konnen egzakteman jan l santi l epi ankouraje l sipliye Jewova pou l ede l renmen sèlman sa Jewova renmen. — Sòm 97:10.

Envite etidyan an nan reyinyon. (Gade paragraf 13.)

13. a) Poukisa nou pa dwe kite twòp tan pase anvan n envite etidyan nou yo asiste reyinyon? b) Ki jan nou ka fè yon etidyan santi l alèz nan Sal Wayòm nan?

13 Pa kite twòp tan pase anvan w envite etidyan an nan reyinyon. Sa etidyan an tande ak sa l wè nan reyinyon yo ka touche kè l e sa ka ede l fè pwogrè. Montre l videyo Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? epi fè l konnen ou ta renmen l al nan reyinyon avè w. Ofri l woulib si sa posib. Tanzantan li ta bon pou w envite yon lòt pwoklamatè al fè etid la avè w. Konsa, etidyan an ap vin abitye ak lòt moun nan kongregasyon an, e petèt l ap pi alèz lè l ap asiste reyinyon yo.

EDE ETIDYAN AN FÈ PWOGRÈ

14. Ki sa k ka pouse yon etidyan fè pwogrè?

14 Objektif nou se ede etidyan an fè pwogrè (Efe. 4:13). Lè yon moun dakò etidye Labib, premye bagay ki ka enterese l se konnen ki jan etid la ka ede l pèsonèlman. Pandan l ap aprann renmen Jewova, li ka vin kòmanse ap reflechi sou fason li ka ede lòt moun, san wete moun ki deja fè pati kongregasyon an (Mat. 22:37-39). Nan moman ki apwopriye, pa ezite pale sou privilèj nou genyen pou n fè ofrann pou soutni travay Wayòm nan.

Ede etidyan an konn sa pou l fè lè l gen pwoblèm. (Gade paragraf 15.)

15. Ki jan nou ka prepare yon etidyan Labib pou l byen reyaji lè l gen pwoblèm?

15 Ede etidyan an konn sa pou l fè lè l gen pwoblèm. Pa egzanp, ann sipoze etidyan an, ki se yon pwoklamatè ki poko batize, ta fè w konnen gen yon moun nan kongregasyon an ki fè l yon bagay li pa renmen. Olye w pran pou li, li ta bon pou w esplike l ki sa Bib la di nou dwe fè. Li ka annik padone moun nan. Men, si l pa kapab pase sou sa, li dwe al pale ak moun nan avèk jantiyès e avèk lanmou yon fason pou l “fè frè [a] tounen nan bon chemen”. (Konpare ak Matye 18:15.) Ede etidyan an prepare sa l pral di a. Montre l fason pou l sèvi ak aplikasyon JW Library® a, Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la, ak sit Entènèt jw.org® la pou l aprann fason pou l rezoud pwoblèm nan. Plis li jwenn fòmasyon anvan l batize, se plis l ap ka antann li ak lòt moun nan kongregasyon an.

16. Ki avantaj ki genyen lè nou envite yon lòt pwoklamatè vin asiste etid la?

16 Envite lòt moun nan kongregasyon an, san wete siveyan sikonskripsyon an lè l ap vizite kongregasyon an, vin asiste etid la. Poukisa? Anplis sa nou sot di pi wo a, lòt pwoklamatè ka ede etidyan w lan yon fason ou pa t ap kapab. Pa egzanp, ann sipoze etidyan an eseye kite fimen plizyè fwa, men li pa reyisi. Envite yon Temwen ki te reyisi kite fimen, petèt apre l te eseye plizyè fwa, vin asiste etid la. Temwen sa a ka anmezi pou l bay etidyan an kèk konsèy k ap itil li. Si w pa alèz pou w fè etid la devan yon frè ki gen plis eksperyans pase w, mande l fè etid la pou ou lè sa a. Lè w envite moun al fè etid avè w, etidyan an ap pwofite eksperyans yo. Sonje objektif nou se ede etidyan an fè pwogrè.

ÈSKE M TA DWE KANPE ETID LA?

17-18. Ki sa w ta dwe pran an konsiderasyon lè w ap deside si w dwe kanpe yon etid?

17 Si etidyan w lan pa fè chanjman nan lavi l, rive yon lè, ou dwe mande tèt ou: ‘Èske m dwe kanpe etid la?’ Anvan w pran desizyon an, ou dwe reflechi ak kapasite moun nan. Gen moun ki pran plis tan pou yo fè pwogrè pase yon lòt. Mande tèt ou: ‘Èske etidyan m nan fè ase pwogrè selon sitiyasyon l?’ ‘Èske l kòmanse “obeyi” oswa aplike sa l ap aprann yo?’ ​(Mat. 28:20). Yon etidyan ka pa fè pwogrè rapid, men li dwe fè chanjman nan lavi l tikras pa tikras.

18 E si yon moun k ap etidye Labib depi yon bon bout tan pa tèlman montre li bay etid la enpòtans? Ann sipoze etidyan w lan fini ak liv Anseye nou an, e petèt menm li kòmanse ak liv Rete nan lanmou Bondye a, men li poko menm asiste yon reyinyon nan kongregasyon an, pa menm Memoryal! Epi, byen souvan, pou ti krik ti krak, li pa fè etid la. Nan ka sa a, ou ta dwe pale klè ak etidyan an *.

19. Ki sa n ka di yon moun ki sanble pa bay etid Labib l ap fè a enpòtans, e sou ki sa w ap bezwen reflechi?

19 Ou ta ka mande l: ‘Ki pi gwo pwoblèm ou panse ki ka anpeche w vin Temwen Jewova?’ Petèt etidyan an ap di w: ‘M pa gen pwoblèm pou m etidye Labib, men m pap janm vin Temwen Jewova!’ Si se sa l di apre l fin fè yon bon tan ap etidye, èske w pa ta dwe kanpe etid la? Yon lòt bò, gendwa se premye fwa etidyan an di w sa k anpeche l fè pwogrè. Pa egzanp, li ka santi li pap janm ka preche kay an kay. Piske w vin konnen jan l santi l, l ap pi fasil pou w ede l.

Pa pase tan ap etidye ak moun ki pa pwogrese. (Gade paragraf 20.)

20. Ki jan Travay 13:48 ede nou konprann si nou dwe kontinye yon etid oswa si nou dwe kanpe l?

20 Malerezman, gen kèk etidyan Labib ki sanble ak Izrayelit ki t ap viv nan epòk Ezekyèl la. Men sa Jewova te di Ezekyèl konsènan moun sa yo: “Tande! Pou yo, ou tankou yon moun ki gen bèl vwa, ki jwe enstriman akòd byen, k ap chante yon chante ki pale sou lanmou. Y ap tande sa w ap di yo, men pèsonn pap fè sa ou di yo.” ​(Eze. 33:32). Sa ka difisil pou n di moun nan n ap kanpe etid la. Men, “tan ki rete a vin pi kout”. (1 Kor. 7:29.) Olye nou pase yon pakèt tan ap fè etid ak yon moun ki pa pwogrese, nou bezwen chèche moun ki montre yo “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. — Li Travay 13:48.

Gendwa gen lòt moun nan tèritwa a k ap priye pou yo jwenn moun ede yo. (Gade paragraf 20.)

21. Ki tèks nou chwazi pou ane 2020 an, e poukisa li apwopriye?

21 Pandan ane 2020 an, tèks pou ane a pral ede nou reflechi sou fason nou ka vin pi efikas nan travay fè disip la. Li montre kèk nan pawòl Jezi te di nan yon reyinyon enpòtan li te fè sou yon mòn nan Galile. Men sa l te di: “Ale, epi fè disip [...]. Batize yo.” — Mat. 28:19.

Se pou n pran detèminasyon pou n reflechi sou fason nou ka vin pi efikas nan travay fè disip la e pou n ede etidyan nou yo pou yo batize. (Gade paragraf 21.)

KANTIK 70 Annou chèche moun ki byen dispoze yo

^ § 5 Tèks pou ane 2020 an ankouraje nou “fè disip”. Se tout sèvitè Jewova yo ki dwe obeyi lòd sa a. Ki jan n ka rive touche kè etidyan Labib nou yo yon fason pou yo ka vin disip Kris? Atik sa a pral montre ki jan n ka ede etidyan Labib nou yo vin pi pwòch Jewova. Nou pral wè tou fason nou ka deside si nou dwe kontinye etid la oswa si nou dwe kanpe l.

^ § 18 Gade videyo ki gen tit Lè pou n kanpe etid yon moun ki pa pwogrese ki parèt sou Tele JW.