Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 3

Nou gen valè nan je Jewova, Bondye nou an!

Nou gen valè nan je Jewova, Bondye nou an!

“Li te sonje nou lè yo te imilye nou.” — SÒM 136:23.

KANTIK 33 Lage chay ou sou Jewova

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ak ki sitiyasyon anpil sèvitè Jewova ap fè fas, e ki efè sa ka gen sou yo?

FÈ YON ti reflechi sou twa egzanp ki vin apre yo: Gen yon jèn frè doktè fè l konnen li fè yon maladi ki grav anpil. Gen yon frè ki nan senkantèn li ki renmen travay men ki pèdi djòb li, e malgre tout sa l fè li pa ka jwenn yon lòt. Gen yon sè aje ki fidèl ki vin pa ka fè tout sa l te konn fè nan sèvis li pou Jewova.

2 Si w ap viv youn nan sitiyasyon nou sot pale de yo pi wo a, ou ka santi ou pa itil anyen ankò. Sitiyasyon sa yo ka fè w pèdi jwa w, yo ka fè w pèdi respè tèt ou, e yo ka gen efè sou relasyon w gen ak lòt moun.

3. Ki jan Satan ak lòt moun li enfliyanse yo konsidere lavi lèzòm?

3 Monn sa a gen menm pwennvi ak Satan sou lavi moun. Satan te toujou trete lèzòm yon fason ki montre yo pa gen valè. Avèk mechanste, Satan te fè Èv konnen l ap vin lib si l dezobeyi Bondye, alòske li te byen konnen si yon moun dezobeyi Bondye sa ap mennen nan lanmò. Satan te toujou gen kontwòl sou sistèm komèsyal, politik ak relijye ki gen nan monn sa a. Kidonk, nou pa sezi dèske anpil biznismann, politisyen ak chèf relijye pa gen respè pou lavi ak diyite moun.

4. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

4 Yon lòt bò, Jewova vle nou konnen nou gen anpil valè, e li ede nou lè nou nan sitiyasyon ki ka fè n santi nou pa gen valè (Sòm 136:23; Wom. 12:3). Atik sa a pral egzamine fason Jewova ede nou nan sitiyasyon ki vin apre yo: 1) lè nou malad, 2) lè nou gen pwoblèm ekonomik, e 3) lè vyeyès fè n panse nou pa ka fè anyen ki itil nan sèvis Jewova a. Toudabò, ann wè poukisa nou ka gen konfyans nou chak gen valè nan je Jewova.

JEWOVA BAN NOU VALÈ

5. Ki prèv ou genyen ki montre lèzòm gen valè nan je Jewova?

5 Byenke nou fèt ak pousyè ki sot nan tè a, nou gen plis valè lontan pase yon ponyen tè (Jen. 2:7). Ann jis konsidere kèk nan rezon ki fè nou konnen nou gen valè nan je Jewova. Li te kreye lèzòm ak kapasite pou yo reflete kalite l genyen yo (Jen. 1:27). Lefètke li fè n konsa, li ban nou plis enpòtans pase tout lòt bagay li kreye sou tè a, e l mete nou responsab tè a ak bèt yo. — Sòm 8:4-8.

6. Ki lòt prèv nou genyen ki montre Jewova bay lèzòm valè menm lè yo enpafè?

6 Menm apre Adan fin peche, Jewova kontinye bay lèzòm valè. Li tèlman ban nou valè sa te pouse l bay Jezi, Pitit Gason li renmen anpil la, kòm yon ranson pou peche nou (1 Jan 4:9, 10). Grasa ranson an, Jewova pral resisite moun ki mouri akoz peche Adan an, “ni [...] moun ki jis, ni [...] moun ki enjis”. (Tra. 24:15.) Pawòl Jewova a montre nou gen anpil valè nan je l kèlkeswa eta sante nou, sitiyasyon ekonomik nou, oswa laj nou. — Tra. 10:34, 35.

7. Ki lòt rezon ankò ki fè sèvitè Jewova yo kwè Jewova ba yo valè?

7 Nou gen lòt rezon ankò ki fè nou kwè Jewova ban nou valè. Li rale n vin jwenn li e li wè fason nou te reyaji devan bon nouvèl la (Jan 6:44). Lè n te kòmanse pwoche bò kote Jewova, li te pwoche pi pre nou (Jak 4:8). Mete sou sa, Jewova pase anpil tan ap travay pou l ban nou fòmasyon, sa ki montre nou gen anpil valè nan je l. Li konnen ki kalite moun nou ye jodi a e ki kalite moun nou ka vin tounen pi devan. Epitou, li disipline nou paske l renmen nou (Pwo. 3:11, 12). Ala yon gwo prèv ki montre Jewova ban nou valè!

8. Ki efè pawòl ki nan Sòm 18:27-29 la ka genyen sou fason nou wè difikilte n ap rankontre yo?

8 Gen moun ki pa t bay wa David valè, men li te konnen Jewova renmen l e l soutni l. Sa te gen efè sou fason David te wè sitiyasyon l lan (2 Sam. 16:5-7). Lè n santi n dekouraje oswa lè n ap fè fas ak pwoblèm, Jewova ka ede n wè bagay yo yon lòt jan e li ka ede n fè fas ak kèlkeswa obstak la. (Li Sòm 18:27-29.) Lè Jewova avè n, pa gen anyen ki ka anpeche n sèvi l ak kè kontan (Wom. 8:31). Kounye a, ann egzamine twa sitiyasyon kote nou sitou bezwen sonje Jewova renmen nou e li ban nou valè.

LÈ NOU MALAD

Lè n li pawòl Jewova te enspire yo, sa ap ede n fè fas ak santiman negatif yon maladi ka lakòz nou genyen. (Gade paragraf 9-12.)

9. Ki efè maladi ka genyen sou fason nou wè tèt nou?

9 Maladi ka tèlman afekte nou, li ka fè n santi nou pa itil anyen ankò. Nou ka santi n jennen lè moun wè gen bagay nou pa ka fè, oswa lè nou oblije depann de lòt moun. Menm lè lòt moun pa konnen nou malad, nou ka santi nou wont paske nou vin pa kapab fè kèk bagay nou te konn fè lontan. Nan moman difisil sa yo, Jewova ban nou ankourajman nou bezwen. Ki jan l fè sa?

10. Selon Pwovèb 12:25, ki sa k ka ede n lè nou malad?

10 Lè nou malad, “yon bèl ti pawòl” kapab ankouraje nou. (Li Pwovèb 12:25.) Jewova fè ekri yon seri bèl ti pawòl pou nou nan Bib la ki fè n sonje nou gen valè nan je l menm lè nou malad (Sòm 31:19; 41:3). Si nou li pawòl sa yo Bondye enspire e nou fè sa plizyè fwa, Jewova ap ede n fè fas ak santiman negatif maladi ka lakòz nou genyen.

11. Ki jan Jewova te ede yon frè?

11 Ann pran egzanp Jorge. Jorge se yon jèn gason ki te vin fè yon maladi ki te fè l febli, yon maladi ki te fè l vin pi mal chak jou e ki te fè l santi l pa gen valè. Men sa Jorge di: “M pa t atann m t ap malad nan eta sa a e m te santi m wont paske maladi m nan fè moun ap plede gade m.” Li di: “Toutpandan m t ap vin pi mal, m t ap reflechi sou jan lavi m t ap chanje. M te dekouraje nèt, e m te sipliye Jewova pou l ede m.” Ki jan Jewova te ede l? Men sa Jorge di: “Piske m te gen pwoblèm pou m konsantre m, yo te ankouraje m li kèk vèsè tou kout nan liv Sòm nan ki montre jan Jewova enterese nan sèvitè l yo. M te reli vèsè sa yo plizyè fwa chak jou, yo te konsole m e yo te ankouraje m. Rive yon lè, lòt moun te kòmanse wè m vin souri plis. Yo te menm di atitid pozitif mwen genyen an te ankouraje yo. M te vin rann mwen kont Jewova te reponn priyè m yo! Li te ede m chanje fason m te konn wè tèt mwen. M te kòmanse konsantre m sou sa Pawòl li a di sou fason li wè m malgre m malad.”

12. Lè nou malad, ki jan nou ka jwenn èd nan men Jewova?

12 Si w malad, ou mèt gen asirans Jewova konnen ki sa w ap andire. Sipliye l pou l ede w yon fason pou w ka vin pi byen wè sitiyasyon w. Apre sa, sèvi ak Bib la pou w chèche bèl ti pawòl Jewova te fè ekri pou ou. Konsantre w sou vèsè ki montre jan Jewova bay sèvitè l yo valè. Lè w fè sa, w ap wè jan Jewova bon pou tout moun k ap sèvi l fidèlman. — Sòm 84:11.

LÈ NOU GEN PWOBLÈM EKONOMIK

Lè n sonje Jewova pwomèt l ap pran swen nou, sa ap ede n lè n gen difikilte pou n jwenn yon travay. (Gade paragraf 13-15.)

13. Lè yon chèf fanmi pèdi travay li, ki jan sa ka fè l santi l?

13 Tout chèf fanmi ta renmen gen posiblite bay fanmi yo sa yo gen bezwen pou yo viv. Men, ann imajine yon frè pèdi travay li san se pa li menm ki lakòz sa. Li fè tout sa l kapab pou l jwenn yon lòt, men li pa reyisi. Nan yon sitiyasyon konsa, li ka santi l pa vo anyen. Lè l reflechi sou pwomès Jewova yo, ki jan sa ka ede l?

14. Pou ki rezon Jewova kenbe pwomès li?

14 Jewova toujou kenbe pwomès li (Joz. 21:45; 23:14). Li fè sa pou plizyè rezon. Premyèman, li fè sa poutèt non l, oswa repitasyon l. Jewova pwomèt l ap pran swen sèvitè fidèl li yo, e li santi se yon obligasyon pou l kenbe pwomès sa a (Sòm 31:1-3). Anplis de sa, Jewova konnen nou t ap dekouraje si l pa ta pran swen moun ki fè pati fanmi l. Li pwomèt l ap pran swen nou ni nan domèn materyèl ni nan domèn espirityèl, e pa gen anyen ki ka anpeche l kenbe pwomès sa a! — Mat. 6:30-33; 24:45.

15. a) Ki difikilte kretyen yo te jwenn nan premye syèk la? b) Ki asirans Sòm 37:18, 19 ban nou?

15 Lè nou sonje rezon ki fè Jewova kenbe pwomès li, nou ka fè fas ak pwoblèm ekonomik yo avèk konfyans. Ann pran egzanp kretyen yo nan premye syèk la. Lè te gen yon gwo pèsekisyon ki te leve kont kongregasyon ki te nan Jerizalèm nan, “tout disip yo, eksepte apot yo, te gaye” al nan lòt zòn (Tra. 8:1). Ki konsekans sa te genyen? Yo te vin gen gwo pwoblèm ekonomik! Petèt kretyen yo te pèdi kay yo ak biznis yo. Aktout sa, Jewova pa t abandone yo, e yo pa t pèdi jwa yo nonplis (Tra. 8:4; Ebre 13:5, 6; Jak 1:2, 3). Jewova te ede kretyen fidèl sa yo, e l ap ede nou tou. — Li Sòm 37:18, 19.

LÈ VYEYÈS ANPECHE N FÈ SA N TE KONN FÈ

Lè n konsantre sou sa n ka fè, menm lè n ap vyeyi, sa ap ban nou asirans Jewova bay ni nou menm ni sèvis fidèl n ap ba l la valè. (Gade paragraf 16-18.)

16. Ki sitiyasyon ki ka fè n ap mande tèt nou si Jewova bay adorasyon n ap ba li a valè?

16 Toutpandan n ap vyeyi, nou ka kòmanse panse nou pa gen anyen nou ka bay Jewova ankò. Lè wa David te vin granmoun, petèt li te konn bay tèt li pwoblèm pou sa (Sòm 71:9). Ki jan Jewova ka ede nou?

17. Ki sa n ka aprann nan eksperyans yon sè ki rele Jheri te fè?

17 Ann konsidere eksperyans yon sè ki rele Jheri te fè. Yo te envite l vin pran yon fòmasyon sou antretyen Sal Wayòm, men li pa t vle ale. Li te di: “M fin granmoun, mari m mouri, e m pa gen okenn kapasite Jewova ka itilize. M pa itil anyen.” Jou swa anvan fòmasyon an kòmanse, li te vide kè l bay Jewova nan lapriyè. Lè l rive nan Sal Wayòm nan nan demen, li te toujou ap mande tèt li èske l te vrèman nesesè pou l vini. Pandan fòmasyon an, youn nan fòmatè yo te montre youn nan kapasite ki pi enpòtan nou genyen se lefètke nou dispoze kite Jewova anseye nou. Men sa Jheri sonje: “M te di tèt mwen: ‘M gen kapasite sa a!’ M te kòmanse kriye lè m te vin rann mwen kont se Jewova ki t ap reponn priyè m. Li te ban m asirans m gen yon bagay ki gen valè m te ka ba li e li menm li te dispoze anseye m!” Men sa Jheri di lè l ap panse ak sa k te pase a: “M te strese lè m t al nan fòmasyon an, m te dekouraje e moral mwen te ba. Men apre fòmasyon an, m te santi m gen asirans, m te santi m ankouraje, e m te santi m gen valè!”

18. Ki jan Bib la montre Jewova kontinye bay sèvis n ap ba l la valè menm lè n ap vyeyi?

18 Menm lè n ap vyeyi, nou dwe gen asirans Jewova toujou gen travay pou nou (Sòm 92:12-15). Jezi te anseye nou kèlkeswa limit nou genyen oswa kèlkeswa jan efò nou fè yo ta parèt piti nan je nou, Jewova bay kèlkeswa efò nou fè nan sèvis li a anpil valè (Lik 21:2-4). Kidonk, konsantre nou sou sa n ka fè. Pa egzanp, nou ka pale de Jewova, nou ka priye pou frè n ak sè n yo, e nou ka ankouraje lòt moun ret fidèl. Se pa bagay nou reyalize yo ki fè Jewova konsidere nou kòm konpayon travay li, men pito, se paske nou dispoze obeyi l. — 1 Kor. 3:5-9.

19. Ki asirans Women 8:38, 39 ban nou?

19 Se pa ti kontan nou kontan adore Jewova, yon Bondye ki toujou bay moun k ap sèvi l yo valè! Li te kreye nou pou n fè volonte l, e se vrè adorasyon an ki bay lavi nou yon sans toutbon (Rev. 4:11). Byenke monn nan ka konsidere nou kòm moun ki pa gen valè, Jewova pa wont dèske nou se sèvitè l (Ebre 11:16, 38). Lè n santi n dekouraje akoz maladi, pwoblèm ekonomik, oswa akoz n ap vyeyi, se pou n toujou sonje pa gen anyen ki kapab separe nou ak lanmou Papa nou ki nan syèl la genyen an. — Li Women 8:38, 39.

^ § 5 Èske w te deja viv sitiyasyon kote w te santi w pa gen valè? Atik sa a ap fè w sonje jan w gen valè nan je Jewova. L ap egzamine fason w ka kenbe diyite w kèlkeswa sa k rive nan lavi w.

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m