Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 4

Ann kontinye demontre anpil afeksyon

Ann kontinye demontre anpil afeksyon

“Se pou lanmou nou gen pou frè nou yo makònen ak gwo afeksyon nou gen youn pou lòt.” — WOM. 12:10.

KANTIK 109 Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k montre moun pa vrèman gen afeksyon pou moun parèy yo jodi a?

LABIB te anonse, nan dènye jou yo, moun yo pap vrèman “gen afeksyon pou moun parèy yo”. (2 Tim. 3:1, 3.) Nou wè pwofesi sa a ap reyalize jodi a. Pa egzanp, plizyè milyon fanmi divize akoz divòs, sa fè paran yo fache youn ak lòt e timoun yo santi paran yo pa renmen yo. Menm fanmi k ap viv nan menm kay ka santi yo se etranje youn pou lòt. Gen yon moun ki konn bay fanmi konsèy ki di: “Manmi, papi ak pitit, yo chak dekonekte youn ak lòt e yo konekte ak yon ekran òdinatè, yon tablèt, yon telefòn entèlijan oswa yon jwèt videyo. Byenke fanmi sa yo ap viv nan menm kay, youn pa vrèman konn lòt.”

2-3. a) Selon Women 12:10, pou kiyès nou dwe gen gwo afeksyon? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Nou pa vle kite monn nan ki san lanmou enfliyanse nou (Wom. 12:2). Okontrè, nou bezwen gen gwo afeksyon nonsèlman pou moun nan fanmi nou, men tou, pou frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. (Li Women 12:10.) Ki sa gwo afeksyon vle di? Se yon ekspresyon yo sitou itilize pou yo esplike bèl amitye ki genyen ant moun ki fanmi pwòch. Se menm lanmou sa a nou dwe gen pou moun ki fanmi nou nan lafwa, anpalan de frè n ak sè n yo nan kongregasyon an. Lè nou demontre gwo afeksyon pou yo, nou kontribye pou gen inite, yon bagay ki enpòtan anpil nan vrè adorasyon an. — Miche 2:12.

3 Pou n ka gen kalite afeksyon sa a e pou nou demontre l, ann wè ki sa nou ka aprann nan kèk egzanp ki nan Bib la.

JEWOVA GEN “ANPIL KONPASYON”

4. Ki jan Jak 5:11 ede nou konprann jan Jewova gen lanmou?

4 Bib la fè konnen bèl kalite Jewova genyen yo. Pa egzanp, li di “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8.) Sa sèlman fè nou vle vin zanmi Bondye. Men, Bib la di tou Jewova “gen anpil konpasyon”. (Li Jak 5:11.) Ala yon bèl fason ki montre jan Jewova gen afeksyon pou nou!

5. Ki jan Jewova demontre mizèrikòd, e ki jan nou ka imite l?

5 Remake kòman Jak 5:11 montre relasyon ki genyen ant jan Jewova gen anpil konpasyon ak jan l gen mizèrikòd, yon lòt kalite ki fè nou anvi pwoche kote l (Egz. 34:6). Youn nan fason Jewova montre li gen mizèrikòd pou nou se lè l padone peche nou fè (Sòm 51:1). Nan Bib la, mizèrikòd vle di plis pase padone. Mizèrikòd se yon santiman ki fò anpil ki pouse yon moun chèche ede yon lòt moun lè l wè moun sa a nan pwoblèm. Jewova fè konnen gwo anvi li genyen pou l ede nou pi fò lontan pase santiman yon manman gen pou pitit li (Eza. 49:15). Lè nou nan pwoblèm, mizèrikòd Jewova gen lakay li pouse l ede nou (Sòm 37:39; 1 Kor. 10:13). Nou ka montre mizèrikòd pou frè n ak sè n yo lè nou padone yo e nou pa ret fache ak yo lè yo fè nou yon bagay ki pa fè nou plezi (Efe. 4:32). Yon lòt bon fason nou ka montre mizèrikòd se lè nou ede frè n ak sè n yo lè yo gen gwo pwoblèm. Lè se lanmou ki pouse nou montre mizèrikòd pou lòt moun, nou imite Jewova, li menm ki bay pi bèl egzanp nan demontre gwo afeksyon. — Efe. 5:1.

JONATAN AK DAVID “TE VIN BON ZANMI”

6. Ki jan Jonatan ak David te montre gwo afeksyon youn pou lòt?

6 Bib la pale konsènan yon seri moun enpafè ki te demontre gwo afeksyon youn pou lòt. Ann pran egzanp Jonatan ak David. Bib la di: “Jonatan ak David te vin bon zanmi e Jonatan te vin renmen David menm jan l te renmen pwòp tèt li.” ​(1 Sam. 18:1). Jewova te chwazi David pou l vin wa nan plas Sayil. Apre sa, Sayil te vin rayi David anpil e l t ap chèche touye l. Men, Jonatan, pitit gason Sayil, pa t dakò ak papa l lè l t ap chèche touye David. Jonatan ak David te pwomèt youn lòt pou yo ret zanmi e pou youn toujou soutni lòt. — 1 Sam. 20:42.

Jonatan te pi gran lontan pase David, men sa pa t anpeche yo vin bon zanmi. (Gade paragraf 6-9.)

7. Ki youn nan bagay ki te ka anpeche Jonatan ak David vin zanmi?

7 Gwo afeksyon Jonatan ak David te gen youn pou lòt vrèman estrawòdinè lè nou konsidere tout sa k te ka anpeche yo vin zanmi. Pa egzanp, Jonatan te gen anviwon 30 an anplis David. Jonatan te ka di piske David te pi jèn pase l lontan e David te gen mwens eksperyans, yo pa t ap ka vin bon zanmi. Epoutan, li pa t panse konsa. Li te gen gwo respè pou David.

8. Sa k fè w panse Jonatan te yon bon zanmi toutbon pou David?

8 Jonatan te ka vin jalou David. Antanke pitit gason wa Sayil, Jonatan te ka fè konnen se li ki gen dwa eritye twòn nan (1 Sam. 20:31). Men, Jonatan te gen imilite e li te fidèl ak Jewova. Se sa k fè li te soutni chwa Jewova te fè a ak tout kè l pou se David ki vin wa. Li te fidèl ak David tou, menm lè sa te fè Sayil fache anpil. — 1 Sam. 20:32-34.

9. Èske Jonatan te konsidere David kòm yon advèsè? Esplike.

9 Jonatan te gen gwo afeksyon pou David, se sa k fè li pa t wè David kòm yon advèsè. Jonatan te fò nan tire flèch e li te yon sòlda vanyan. Tout moun te konnen li menm ak Sayil papa l kòm moun ki te “pi rapid pase èg” e ki te “gen plis fòs pase lyon”. (2 Sam. 1:22, 23.) Se sa k fè Jonatan te ka vante tèt li pou gwo bagay li te fè. Men, Jonatan pa t eseye montre li pi bon pase David e l pa t fè jalouzi pou bon bagay David te fè. Okontrè, Jonatan te montre David li apresye l pou kouraj li e lefètke li te konte sou Jewova. Anfèt, se apre David te fin touye Golyat Jonatan te kòmanse renmen David menm jan li renmen pwòp tèt li. Ki jan nou ka montre yon gwo afeksyon konsa pou frè n ak sè n yo?

KI JAN NOU KA DEMONTRE GWO AFEKSYON JODI A?

10. Sa sa vle di “pou nou youn renmen lòt anpil ak tout kè nou”?

10 Bib la mande “pou nou youn renmen lòt anpil ak tout kè nou”. (1 Pyè 1:22.) Jewova ban nou egzanp. Lanmou li genyen an tèlman fò, si nou fidèl avè l, li pap janm sispann renmen nou (Wom. 8:38, 39). Mo grèk lè yo tradui l yo mete “anpil” pou li la a bay ide yon moun k ap fè anpil efò pou l demontre lanmou. Pafwa, nou ka bezwen fè anpil efò pou nou gen gwo afeksyon pou kwayan parèy nou. Lè moun fè nou fache, nou bezwen kontinye “sipòte [youn] lòt nan lanmou, [...] toutpandan n ap fè gwo efò pou nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:1-3.) Lè nou fè efò pou nou kenbe “chenn inyon lapè a”, nou pap ret ap konsantre sou fot frè nou yo. N ap eseye fè tout sa n kapab pou nou wè frè nou yo menm jan Jewova wè yo. — 1 Sam. 16:7; Sòm 130:3.

Evodi ak Sentich te jwenn ankourajman pou yo gen menm panse, yon bagay ki ka pa toujou fasil pou frè ak sè yo. (Gade paragraf 11.)

11. Sa k fè li ka difisil pafwa pou yon moun demontre gwo afeksyon?

11 Li pa toujou fasil pou nou montre gwo afeksyon pou frè n ak sè n yo, sitou lè n konn defo yo. Petèt se yon bagay ki te difisil anpil pou kèk kretyen nan premye syèk la. Pa egzanp, sanble Evodi ak Sentich pa t gen pwoblèm pou yo travay “kòtakòt avèk [Pòl] pou bon nouvèl la”. Men, pou yon rezon oswa yon lòt, yo te gen difikilte pou yo antann yo youn ak lòt. Se sa k fè Pòl te ankouraje yo “pou yo gen menm panse nan Seyè a”. — Flp. 4:2, 3.

Ansyen ki pi jèn yo ak ansyen ki pi gran yo ka vin bon zanmi. (Gade paragraf 12.)

12. Ki jan nou ka montre nou gen gwo afeksyon pou frè n ak sè n yo?

12 Ki jan nou ka gen gwo afeksyon pou frè n ak sè n yo jodi a? Lè nou chèche konn kwayan parèy nou yo pi byen, nou ka twouve l pi fasil pou nou konprann yo e pou n vin gen gwo afeksyon pou yo. Laj yon moun ak kote l soti pa ta dwe anpeche nou vin zanmi l. Sonje Jonatan te gen anviwon 30 an anplis David. Epoutan, li te vin bon zanmi l. Èske w ka chèche vin zanmi yon moun ki pi gran oswa pi jèn pase w? Lè w fè sa, ou montre w “renmen tout frè nou yo”. — 1 Pyè 2:17.

Gade paragraf 12 *

13. Poukisa nou ka pa santi nou pwòch ak tout moun nan kongregasyon an menm jan?

13 Èske gen gwo afeksyon pou kwayan parèy nou yo vle di n ap pwòch ak tout moun nan kongregasyon an menm jan? Non, sa pa posib. Se pa yon bagay ki mal si gen moun nou santi nou pi pwòch ak yo paske nou enterese nan menm bagay ak yo. Jezi te rele tout apot li yo “zanmi”, men li te renmen Jan anpil (Jan 13:23; 15:15; 20:2). Sepandan, Jezi pa t montre li nan patipri ak Jan. Pa egzanp, lè Jan ak Jak frè l la te mande pou yo gen yon plas enpòtan nan Wayòm Bondye a, Jezi te di yo: “Kanta pou nou chita adwat mwen oswa agoch mwen, se pa mwen menm ki gen pou bay sa.” ​(Mak 10:35-40). Menm jan ak Jezi, nou pa dwe montre nou nan patipri ak zanmi ki pi pwòch nou yo (Jak 2:3, 4). Si nou ta fè sa, sa t ap lakòz divizyon, yon bagay ki pa gen plas li nan kongregasyon kretyen an. — Jid 17-19.

14. Selon Filipyen 2:3, ki sa k ap ede nou pou nou pa nan konpetisyon ak frè n ak sè n yo?

14 Lè nou montre gwo afeksyon youn pou lòt, nou pwoteje kongregasyon an pou nou pa nan konpetisyon youn ak lòt. Sonje Jonatan pa t eseye fè konpetisyon ak David, kòmkwa li te wè l kòm yon advèsè pou twòn nan. Nou tout ka suiv egzanp Jonatan. Pa wè frè w ak sè w yo kòm advèsè poutèt kapasite yo genyen, “men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou”. (Li Filipyen 2:3.) Toujou sonje nou chak kapab fè yon bagay ki kapab ede kongregasyon an. Si nou kontinye gen imilite, n ap rive wè bèl kalite frè n ak sè n yo genyen e n ap kapab aprann nan bèl egzanp yo bay antanke moun ki fidèl. — 1 Kor. 12:21-25.

15. Ki sa w aprann nan eksperyans Tanya ak fanmi l te fè?

15 Lè nou jwenn pwoblèm sanzatann, Jewova konsole nou pa mwayen frè n ak sè n yo ki demontre yo gen gwo afeksyon pou nou e ki ede nou yon fason pratik. Ann wè sa k te rive yon fanmi apre yo te fin asiste pwogram samdi youn nan kongrè entènasyonal 2019 ki te fèt Ozetazini ki te gen tèm: “Lanmou pa janm fayi!” Men sa Tanya, yon manman twa pitit, te di: “Nou t ap kondui pou n tounen nan otèl nou te desann nan lè yon lòt machin te kite bò pa l la epi li vin frape machin pa nou an. Pa t gen moun ki te blese, men nou te sezi anpil. Nou te sot nan machin nan e nou te kanpe bò wout la. Gen yon lòt moun sou lòtbò wout la ki t ap fè nou siy pou n vin nan machin pa l la. Se te youn nan frè nou yo ki te fèk sot nan kongrè a tou. E se pa li menm sèlman ki te kanpe. Gen senk delege ki te sot nan peyi Lasyèd ki te kanpe tou. Sè yo te bay mwen menm ak pitit fi m nan gwo akolad, e nou te vrèman bezwen sa! Nou te di frè ak sè yo yo pa bezwen enkyete yo e yo mèt ale, men, yo pa t vle kite n. Yo te ret ansanm avè n menm apre anbilans te vini, e yo te asire yo nou gen tout sa n bezwen. Pandan moman difisil sa a, nou te santi lanmou Jewova. Eksperyans sa a te fè n vin pi renmen frè n ak sè n yo, sa te fè n vin pi renmen Jewova e vin gen plis rekonesans pou li.” Èske w ka sonje jan yon kwayan parèy ou te montre gwo afeksyon pou ou nan moman w te bezwen sa?

16. Ki rezon nou genyen pou n montre gwo afeksyon youn pou lòt?

16 Ann wè rezilta sa bay lè n montre gwo afeksyon youn pou lòt. Nou konsole frè n ak sè n yo lè yo bezwen sa. Nou ranfòse inite ki gen nan mitan nou antanke pèp Bondye. Nou montre nou se disip Jezi, e sa fè moun ki sensè yo anvi vin sèvi Jewova. Mete sou sa, nou bay Jewova, “Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an”, glwa (2 Kor. 1:3). Annou tout pran detèminasyon pou n kontinye gen anpil afeksyon e pou n kontinye demontre anpil lanmou!

KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone

^ § 5 Jezi te di yo t ap rekonèt disip li yo grasa lanmou yo gen nan mitan yo. Nou tout ap fè efò pou nou demontre kalite lanmou sa a. Nou ka vin gen plis lanmou pou frè n ak sè n yo lè nou gen gwo afeksyon pou yo, sa vle di menm kalite lanmou moun ki fanmi pwòch demontre youn pou lòt. Atik sa a pral ede nou gen gwo afeksyon pou moun ki fanmi nou nan lafwa e pou n kontinye fè sa.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn ansyen k ap aprann nan eksperyans yon ansyen ki pi gran pase l e ki kontan akeyi l lakay li. Yo menm ak madanm yo montre yo kontan wè youn lòt e yo renmen bay.