Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 3

Gwo foul lòt mouton yo ap fè louwanj pou Bondye ak Kris

Gwo foul lòt mouton yo ap fè louwanj pou Bondye ak Kris

“Se Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, ak Ti Mouton an ki sove nou.” — REV. 7:10.

KANTIK 14 Glwa pou nouvo Wa latè a

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki efè yon diskou yo te bay nan yon kongrè nan ane 1935 te gen sou yon jèn gason?

TE GEN yon jèn gason ki te gen 18 an lè l te batize nan ane 1926. Paran l se te Etidyan Labib, se konsa yo te rele Temwen Jewova yo nan epòk sa a. Yo te gen twa pitit gason ak de pitit fi. Yo te anseye yo fason pou yo sèvi Jewova Dye e pou yo imite Jezi Kris. Menm jan ak tout lòt Etidyan Labib nan epòk sa a, jèn gason sa a ki te sensè te konn manje nan pen an e li te konn bwè nan diven an chak ane nan Soupe Seyè a. Sepandan, gen yon diskou moun pa t janm bliye ki te gen tit “Gwo foul la” ki te chanje lavi l nèt. Se frè Rutherford ki te bay diskou sa a nan ane 1935 nan yon kongrè ki te fèt nan Wachintonn D.C., Ozetazini. Ki sa Etidyan Labib yo te aprann nan kongrè sa a?

2. Ki verite estrawòdinè frè Rutherford te esplike nan diskou l la?

2 Nan diskou sa a, frè Rutherford te esplike kiyès ki fè pati “gwo foul moun” Revelasyon 7:9 pale de li a. Anvan sa, yo te panse gwoup moun sa a se yon dezyèm gwoup moun ki gen pou al nan syèl ki pa fidèl nan menm nivo ak moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen yo. Frè Rutherford te sèvi ak Ekriti yo pou l esplike yo pa chwazi gwo foul moun nan pou y al viv nan syèl, men yo fè pati lòt mouton * Kris genyen yo k ap ret vivan apre “gwo tribilasyon an” e ki pral viv pou toutan sou tè a (Rev. 7:14). Men pwomès Jezi te fè: “Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Yo menm tou, fòk mwen fè yo antre, y ap tande vwa m, e yo tout ap vin yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje.” ​(Jan 10:16). Moun sa yo ki tankou mouton se yon seri Temwen Jewova fidèl ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a nan Paradi a (Mat. 25:31-33, 46). Ann wè ki jan nouvo konpreyansyon sa a yo te vin genyen sou verite ki nan Bib la te chanje lavi anpil sèvitè Jewova, san wete jèn frè ki te gen 18 an nou te pale de li a. — Sòm 97:11; Pwo. 4:18.

YON NOUVO KONPREYANSYON TE CHANJE LAVI PLIZYÈ MILYE MOUN

3-4. Nan kongrè ki te fèt nan ane 1935 lan, ki sa plizyè milye moun te vin konprann konsènan esperans yo genyen an, e poukisa?

3 Yon moman ki te estrawòdinè nan kongrè sa a se lè frè ki t ap fè diskou a te mande moun nan asistans lan: “Èske tout moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan ka leve kanpe tanpri?” Selon sa yon moun ki te la lè sa a fè konnen, te gen plis pase mwatye nan anviwon 20 000 moun ki te nan asistans lan ki te leve kanpe! Apre sa frè Rutherford te di: “Gade! Men gwo foul moun nan!” Lè sa a moun yo te pran bat bravo. Moun ki te leve kanpe yo te vin konprann Bondye pa t chwazi yo pou y al viv nan syèl. Yo te konnen Bondye pa t chwazi yo pa mwayen lespri sen. Nan demen, te gen 840 moun ki te batize kòm Temwen Jewova, pifò nan yo te fè pati lòt mouton yo.

4 Apre diskou sa a, lamenm, jèn gason nou te pale de li pi wo a ansanm ak plizyè milye lòt moun te sispann manje nan pen an epi bwè nan diven an nan Soupe Seyè a. Gen anpil moun ki te santi yo menm jan ak yon frè ki te di avèk imilite: “Memoryal ane 1935 lan se dènye fwa mwen te manje nan pen an e m te bwè nan diven an. Mwen te rann mwen kont Jewova pa t sèvi ak lespri sen pou l fè m konnen mwen gen esperans pou m al viv nan syèl. Okontrè, mwen gen esperans pou m viv sou tè a e pou m patisipe nan travay ki pral fèt pou l vin yon paradi.” ​(Wom. 8:16, 17; 2 Kor. 1:21, 22). Depi lè sa a, gwo foul moun nan pa sispann ogmante e y ap travay kòtakòt ak rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo *.

5. Ki jan Jewova wè moun ki te konn manje nan pen an e ki te konn bwè nan diven an, men ki sispann fè sa?

5 Ki jan Jewova wè moun ki te konn manje nan pen an e ki te konn bwè nan diven an, men ki sispann fè sa apre ane 1935? E ki sa Jewova panse de yon Temwen ki batize jodi a ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an nan Soupe Seyè a paske li te panse li dwe fè sa, men annapre, li vin rann li kont Bondye pa chwazi l pa mwayen lespri sen pou l al nan syèl (1 Kor. 11:28)? Gen moun ki te konn manje nan pen an e ki te konn bwè nan diven an paske yo pa t byen konprann esperans yo genyen an. Men, si yo rekonèt se yon erè yo te fè, yo sispann fè sa e yo kontinye sèvi Jewova fidèlman, se sèten Jewova ap aksepte yo pami lòt mouton yo. Menm lè yo pa kontinye manje nan pen an epi bwè nan diven an, yo toujou asiste Memoryal la paske yo gen anpil rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou yo.

YON ESPERANS KI SAN PARÈY

6. Ki sa Jezi bay zanj yo lòd pou yo fè?

6 Piske gwo tribilasyon an pral rive talè konsa, li t ap bon pou n pale konsènan sa Revelasyon chapit 7 di anplis konsènan kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak gwo foul lòt mouton yo. Jezi bay zanj yo lòd pou yo kontinye kenbe kat van destriksyon yo. Yo pap lage van sa yo sou tè a toutotan tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa resevwa so a, sa vle di, toutotan Jewova poko fin apwouve yo (Rev. 7:1-4). Piske frè Kris yo fidèl, kòm rekonpans, y ap vin wa ak prèt ansanm avè l nan syèl la (Rev. 20:6). Tout fanmi Bondye a ki nan syèl la ap kontan anpil lè yo wè 144 000 moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo resevwa rekonpans yo nan syèl la.

Gwo foul moun nan abiye ak wòb blan long e yo gen branch palmye nan men yo, yo kanpe devan twòn Bondye a ki byen klere e devan Ti Mouton an. (Gade paragraf 7.)

7. Jan sa parèt nan Revelasyon 7:9, 10, kiyès Jan te wè nan yon vizyon, e ki sa yo t ap fè? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

7 Apre Jan fin pale konsènan 144 000 wa ak prèt sa yo, li te wè yon lòt bagay estrawòdinè: “yon gwo foul moun” ki soti vivan nan Amagedon. Kontrèman ak premye gwoup la, dezyèm gwoup la gen plis moun lontan e nou pa konnen ki kantite moun l ap gen egzakteman. (Li Revelasyon 7:9, 10.) “Yo abiye ak wòb blan long”, sa ki montre yo “rete san tach” parapò ak monn Satan an e yo ret fidèl ak Bondye ak Kris (Jak 1:27). Y ap di byen fò se Jewova ak Jezi, Ti Mouton Bondye a, ki sove yo. Epitou, yo gen branch palmye nan men yo, sa ki montre yo kontan aksepte Jezi kòm Wa Jewova chwazi. — Konpare ak Jan 12:12, 13.

8. Ki sa Revelasyon 7:11, 12 fè nou konnen konsènan fanmi Jewova a ki nan syèl la?

8 Li Revelasyon 7:11, 12. Ki jan sila yo ki nan syèl la te reyaji? Jan te wè tout fanmi Jewova a ki nan syèl la kontan anpil e yo fè louwanj pou Bondye lè yo wè gwo foul moun nan. Se pa ti kontan fanmi Jewova a ki nan syèl la ap kontan lè yo wè vizyon sa a kote gwo foul moun nan ap soti vivan nan gwo tribilasyon an vin yon reyalite!

9. Selon Revelasyon 7:13-15, ki sa moun ki fè pati gwo foul la ap fè jodi a?

9 Li Revelasyon 7:13-15. Jan fè konnen gwo foul moun nan “lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an”. Sa vle di, konsyans yo pwòp e Jewova wè yo kòm moun ki jis (Eza. 1:18). Yo se kretyen ki vwe Jewova lavi yo e ki batize, ki gen yon lafwa solid nan sakrifis Jezi a e ki gen bon relasyon ak Jewova (Jan 3:36; 1 Pyè 3:21). Konsa, yo kalifye pou yo kanpe devan twòn Bondye a pou yo bay Bondye “yon sèvis sakre lajounen kou lannuit” sou tè a. Jodi a, se yo ki fè pifò nan travay preche Wayòm nan ak travay fè disip la, e yo chofe nan travay sa a paske se Wayòm Bondye a ki pi enpòtan pou yo. — Mat. 6:33; 24:14; 28:19, 20.

Moun ki fè pati gwo foul lòt mouton yo k ap soti anba gwo tribilasyon an ak kè kontan. (Gade paragraf 10.)

10. Ki asirans gwo foul moun nan genyen, e ki pwomès yo pral wè ki reyalize?

10 Gwo foul moun ki soti anba gwo tribilasyon an gen asirans Bondye ap kontinye pran swen yo, paske “Sila a ki chita sou twòn nan pral ouvè tant li sou yo pou l pwoteje yo”. Pwomès moun ki fè pati lòt mouton yo ap tann depi lontan an pral reyalize nèt. Men pwomès la: “[Bondye] ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Rev. 21:3, 4.

11-12. a) Jan sa parèt nan Revelasyon 7:16, 17, ki benediksyon k ap tann gwo foul moun nan? b) Ki sa moun ki fè pati lòt mouton yo ka fè lè Memoryal la, e poukisa?

11 Li Revelasyon 7:16, 17. Jodi a, gen kèk moun ki fè pati pèp Jewova a k ap soufri anba grangou akoz yo pa gen ase lajan pou yo achte manje oubyen akoz latwoublay ak lagè. Gen lòt yo met nan prizon pou lafwa yo. Malgre sa, moun ki fè pati gwo foul moun nan kontan anpil lefètke yo konnen apre yo fin chape anba destriksyon monn mechan sa a, y ap toujou gen manje agogo e Jewova ap kontinye ba yo anpil fòmasyon. Lè sistèm Satan an pral detwi, gwo foul moun nan ap jwenn pwoteksyon anba kòlè Jewova ki tankou yon “gwo chalè” ki pral frape nasyon yo. Apre gwo tribilasyon an, Jezi pral mennen moun sa yo ki sou tè a, ki ret vivan, nan “dlo lavi” ki pap janm fini an. Imajine sa: Gwo foul moun nan gen yon esperans ki san parèy. Pami tout milya moun ki te viv sou tè a, yo ka pa janm mouri! — Jan 11:26.

12 Moun ki fè pati lòt mouton yo gen yon bèl esperans e yo gen Jewova ak Jezi rekonesans pou sa! Yo pa t chwazi yo pou yo viv nan syèl, men sa pa vle di yo gen mwens valè pou Jewova. Moun ki gen esperans pou y al nan syèl la ak moun ki fè pati lòt mouton yo kapab fè louwanj pou Bondye ak Kris. Youn nan fason yo fè sa se lè yo asiste Soupe Seyè a.

FÈ LOUWANJ AK TOUT KÈ W POU BONDYE AK KRIS NAN MEMORYAL LA

Pen ak diven yo pase nan Memoryal la fè nou sonje Jezi te mouri pou nou pou n ka gen lavi. (Gade paragraf 13-15.)

13-14. Poukisa tout moun ta dwe asiste Memoryal lanmò Kris?

13 Nan ane ki sot pase yo, sou chak 1 000 moun ki asiste Memoryal la, gen anviwon yon moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an. Sa montre, nan pifò kongregasyon sou tè a, pa gen moun ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an nan Memoryal la. Pifò moun ki asiste Memoryal la gen esperans pou yo viv sou tè a. Donk, poukisa yo asiste Soupe Seyè a? Menm jan yon moun al asiste maryaj yon zanmi l paske li vle montre zanmi an li renmen l e l ap soutni l, se pou menm rezon an moun ki fè pati lòt mouton yo asiste Memoryal la. Yo vle montre Kris ak moun Bondye chwazi pou y al nan syèl la yo renmen yo e y ap soutni yo. Lòt mouton yo asiste Memoryal la tou pou yo montre yo gen rekonesans pou sakrifis Jezi te fè a, yon sakrifis k ap pèmèt yo viv pou toutan sou tè a.

14 Yon lòt rezon enpòtan ki fè moun ki fè pati lòt mouton yo asiste Memoryal la se pou yo ka obeyi lòd Jezi te bay la. Lè Jezi te fè premye Soupe Seyè a ansanm ak apot fidèl li yo, li te di yo: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” ​(1 Kor. 11:23-26). Se sa k fè moun ki fè pati lòt mouton yo kontinye asiste Soupe Seyè a toutotan gen moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki vivan sou tè a. Moun ki fè pati lòt mouton yo envite tout moun asiste Memoryal la avèk yo.

15. Ki jan nou chak ka fè louwanj pou Bondye ak Kris nan Memoryal la?

15 Nan Memoryal la, nou gen okazyon pou n fè louwanj pou Bondye ak Kris nan chante n ap chante yo ak nan priyè ki fèt yo. Men tèm diskou y ap bay ane sa a: “Montre nou rekonesan pou sa Bondye ak Kris fè pou nou!” Diskou sa a ap fè n gen plis rekonesans pou Jewova ak Kris. Pandan y ap pase pen an ak diven an, sa ap fè nou sonje yo reprezante kò ak san Jezi. N ap sonje Jewova te pèmèt Pitit li a mouri pou nou pou n ka gen lavi (Mat. 20:28). Tout moun ki renmen Papa nou ki nan syèl la ak Pitit li a ap fè tout sa yo kapab pou yo asiste Memoryal la.

DI JEWOVA MÈSI POU ESPERANS LI BA W LA

16. Nan ki sans moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak moun ki fè pati lòt mouton yo sanble?

16 Kit Bondye chwazi nou pou n al nan syèl, kit nou fè pati lòt mouton yo, nou gen menm valè nan je Bondye. Bondye renmen toule de gwoup moun sa yo menm jan. Dayè, li te peye menm pri a, anpalan de lavi Pitit li renmen anpil la, pou l rachte ni moun li chwazi pou al nan syèl yo ni moun ki fè pati lòt mouton yo. Diferans ki genyen ant de gwoup moun sa yo sèke yo pa gen menm esperans. Toule de dwe ret fidèl ak Bondye ak Kris (Sòm 31:23). Epi sonje sa, lespri Bondye kapab aji ak menm fòs la nan nou tout. Sa vle di, Jewova bay chak moun lespri sen selon sa yo chak bezwen.

17. Ki sa rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap tann?

17 Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pa tou fèt ak esperans pou yo viv nan syèl. Se Bondye ki met esperans sa a nan kè yo. Yo reflechi ak esperans yo genyen an, yo priye Jewova sou sa, e se pa ti anvi yo anvi resevwa rekonpans yo nan syèl la. Yo pa menm ka imajine ak ki sa kò y ap gen nan syèl la sanble (Flp. 3:20, 21; 1 Jan 3:2). Aktout sa, y ap tann pou yo rankontre Jewova, Jezi, zanj yo ak lòt moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Yo vrèman swaf pou y al nan plas yo nan Wayòm nan ki nan syèl la e pou yo ansanm avèk yo.

18. Ki sa moun ki fè pati lòt mouton yo ap tann?

18 Lòt mouton yo kontan gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan, se sa nòmalman tout moun ta renmen (Ekl. 3:11). Y ap tann jou kote y ap kapab travay pou fè tout tè a vin yon paradi. Se pa ti tann y ap tann jou kote y ap ka bati kay yo, fè jaden, epi leve pitit yo k ap gen yon sante pafè (Eza. 65:21-23)! Y ap tann pou yo vwayaje toupatou sou tè a pou yo wè mòn yo, forè yo, lanmè yo e pou yo aprann konnen pakèt bagay Jewova kreye yo. Sa k pi enpòtan an, se pa ti kontan yo kontan lefètke yo konnen relasyon yo gen ak Jewova a ap kontinye vin pi solid.

19. Ki okazyon Memoryal la bay nou chak, e ki dat l ap fèt ane sa a?

19 Jewova bay chak sèvitè l ki vwe l lavi yo yon bèl esperans pou lavni (Jer. 29:11). Memoryal lanmò Kris la bay nou chak yon bèl okazyon pou nou fè louwanj pou Bondye ak Kris pou sa yo fè pou nou pou n ka viv pou toutan. Pa gen dout, Memoryal la se okazyon ki pi enpòtan vrè kretyen yo genyen pou yo reyini ansanm. L ap fèt samdi 27 mas 2021, apre solèy la fin kouche. Ane sa a, anpil moun ap ka asiste evènman enpòtan sa a kote yo gen libète pou yo fè sa. Gen lòt moun k ap asiste l malgre opozisyon. Gen moun k ap oblije fè Memoryal la nan prizon. Pandan Jewova, Jezi, ak rès fanmi Jewova a ki nan syèl la ap gade, nou swete pou chak kongregasyon, chak gwoup ak chak moun gen yon bon Memoryal!

KANTIK 150 Chèche Bondye pou l ka delivre w

^ § 5 Jou 27 mas 2021 an se yon jou espesyal pou Temwen Jewova yo. Nan aswè nou pral selebre Memoryal lanmò Kris. Pifò moun ki pral asiste evènman sa a fè pati gwoup moun Jezi rele “lòt mouton” yo. Ki verite estrawòdinè yo te fè konnen konsènan gwoup moun sa a nan ane 1935? Ki bèl avni k ap tann lòt mouton yo apre gwo tribilasyon an? Pandan moun ki fè pati lòt mouton yo ap asiste Memoryal la, ki jan yo ka bay Bondye ak Kris louwanj?

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Moun y ap rasanble pandan dènye jou yo fè pati lòt mouton yo. Y ap suiv Kris e yo gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Gwo foul moun nan se moun ki fè pati lòt mouton yo k ap vivan lè Kris pral jije limanite pandan gwo tribilasyon an e k ap ret vivan apre gwo tribilasyon an.

^ § 4 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Mo “rès” la fè referans ak rès kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki vivan sou tè a toujou ki manje nan pen an e ki bwè nan diven an nan Soupe Seyè a.