Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 3

Jewova ap ede w reyisi nan sa w ap fè

Jewova ap ede w reyisi nan sa w ap fè

“Jewova te avèk Jozèf. [...] E Jewova te fè tout sa l fè reyisi.” — JEN. 39:2, 3.

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. a) Poukisa nou pa sezi lè n jwenn eprèv? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

 ANTANKE sèvitè Jewova, nou pa sezi lè nou jwenn eprèv. Jan Bib la di sa, nou konprann “nou dwe antre nan Wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon”. (Tra. 14:22.) Nou konnen tou gen kèk pwoblèm nou genyen se nan monn nouvo Bondye a y ap fin rezoud nèt, kote “pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. — Rev. 21:4.

2 Jewova pa anpeche nou jwenn eprèv. Men, li ede n pou n ka andire yo. Apre apot Pòl te fin site yon seri eprèv li menm ak frè l yo te jwenn, men sa l te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Wòm yo: “Nou pot yon viktwa total grasa Sila a ki renmen nou an.” (Wom. 8:35-37). Sa vle di Jewova kapab ede w reyisi menm lè w jwenn eprèv. Ann wè ki jan Jewova te ede Jozèf reyisi e ki jan l kapab ede w.

LÈ BAGAY YO CHANJE SANZATANN

3. Ki jan lavi Jozèf te chanje bridsoukou?

3 Jakòb te montre aklè li renmen Jozèf, pitit gason l lan, anpil (Jen. 37:3, 4). Se sa k fè pi gran pitit gason Jakòb yo te vin jalou frè yo a. Lè yo te jwenn yon okazyon, yo te vann yon gwoup machann ki moun Madyan Jozèf. Machann sa yo te mennen Jozèf plizyè santèn kilomèt byen lwen jis ann Ejip, e se la yo te revann Jozèf lakay Potifa, li menm ki te alatèt moun ki t ap bay Farawon sekirite yo. Lavi Jozèf te chanje byen vit, li menm ki te yon pitit gason papa l te renmen anpil, kounye a li te vin yon ti esklav ann Ejip! — Jen. 39:1.

4. Ki kalite pwoblèm nou ka jwenn?

4 Labib di “malè rive [tout moun]”. (Ekl. 9:11.) Pafwa nou jwenn pwoblèm ‘lòt moun konn jwenn’, sa vle di eprèv tout moun konn jwenn (1 Kor. 10:13). Oswa nou ka ap soufri jis paske nou se disip Jezi. Pa egzanp, yo ka pase nou nan rizib, yo ka opoze avè n, oswa menm pèsekite n akoz lafwa nou (2 Tim. 3:12). Kèlkeswa eprèv ou jwenn, Jewova ka fè w reyisi. Ki jan l te fè sa pou Jozèf?

Jewova te ede Jozèf reyisi menm lè yo te vann Jozèf kòm esklav lakay Potifa nan peyi Ejip. (Gade paragraf 5.)

5. Ki sa Potifa te vin konprann anrapò ak rezon ki fè Jozèf reyisi? (Jenèz 39:2-6).

5 Li Jenèz 39:2-6. Potifa te remake Jozèf se yon jèn gason ki gen anpil kapasite e ki travay di. Epitou li te konn rezon ki fè sa. Potifa te wè “Jewova te fè tout sa [Jozèf] fè reyisi” b. Rive yon lè, Ejipsyen an te fè Jozèf vin sèvitè pèsonèl li. Li te bay Jozèf responsab tout kay li tou. Ki rezilta sa te bay? Zafè Potifa te byen mache.

6. Ki jan Jozèf dwe te santi l parapò ak sitiyasyon l?

6 Eseye imajine jan Jozèf te santi l. Ki bagay ki te plis enterese l? Èske se te pou Potifa remake travay l ap fè epi rekonpanse l? Li plis sanble Jozèf te vle jwenn libète l pou l ka retounen al jwenn papa l. Epitou, malgre tout privilèj Jozèf te genyen lakay Potifa, li te toujou yon esklav ki gen yon mèt ki pap sèvi Jewova. Jewova pa t fè Potifa libere Jozèf. E sitiyasyon Jozèf t apral vin pi mal.

LÈ SITIYASYON AN VIN PI MAL

7. Nan ki sans sitiyasyon Jozèf te vin pi mal? (Jenèz 39:14, 15).

7 Jan Jenèz chapit 39 fè konnen, madan Potifa te gen je sou Jozèf e plizyè fwa li te eseye sedui l. Men, chak fwa l te fè sa, Jozèf pa t aksepte. Finalman, li te vin tèlman fache ak Jozèf, li te akize Jozèf kòmkwa l t ap eseye vyole l. (Li Jenèz 39:14, 15.) Lè Potifa te tande sa, li te met Jozèf nan prizon, e Jozèf te pase plizyè ane nan prizon an (Jen. 39:19, 20). Ki jan sa te ye nan prizon an? Mo ebre Jozèf te itilize ki vle di “prizon” an kapab vle di “sitèn” oswa “twou”, sa ki montre Jozèf te yon kote ki te fènwa e l te santi l sanzespwa (Jen. 40:15). Epitou, Bib la fè konnen, pandan yon tan, yo te mete chenn nan pye Jozèf e yo te mete kou l nan chenn (Sòm 105:17, 18). Sitiyasyon Jozèf te vin pi mal toujou. Li te yon esklav yo fè konfyans, annapre li te vin yon prizonye ki pa gen valè.

8. Menmsi yon eprèv vin pi rèd, ki asirans nou kapab genyen?

8 Èske w te janm nan yon sitiyasyon ki t ap vin pi mal chak jou malgre w te priye anpil? Sa ka rive. Jewova pa anpeche nou jwenn eprèv nan monn sa a Satan ap dirije a (1 Jan 5:19). Aktout sa, ou kapab gen asirans Jewova byen konn sitiyasyon w, e li gen sousi pou ou (Mat. 10:29-31; 1 Pyè 5:6, 7). Anplis de sa, men sa li pwomèt: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” (Ebre 13:5). Jewova ka ede w andire menm lè sitiyasyon w parèt sanzespwa. Ann wè ki jan l te fè sa pou Jozèf.

Jewova te avèk Jozèf menm lè l te nan prizon, e se sa k fè yo te mete l responsab tout prizonye yo. (Gade paragraf 9.)

9. Ki sa k montre Jewova te avèk Jozèf lè l te nan prizon an? (Jenèz 39:21-23).

9 Li Jenèz 39:21-23. Menm nan moman difisil lè Jozèf te nan prizon an, Jewova te fè l reyisi. Ki jan? Rive yon lè, chèf prizon an te vin fè Jozèf konfyans e l te vin gen respè pou li, menm jan sa te ye lè Jozèf te avèk Potifa. Apre yon ti tan, chèf prizon an te met Jozèf responsab lòt prizonye yo. Anfèt, Bib la fè konnen “chèf prizon an pa t veye anyen ki te sou kont Jozèf”. Kounye a, Jozèf te vin gen yon aktivite pou okipe lespri l, li te vin gen yon travay pou l fè. Bagay yo te chanje sanzatann! Kòman yo ta ka fè bay yon prizonye yo te akize kòmkwa li te eseye vyole madanm yon otorite yon pozisyon konsa? Gen yon sèl esplikasyon. Jan Jenèz 39:23 fè konnen, “Jewova te avèk Jozèf e Jewova te fè tout sa l fè reyisi”.

10. Esplike poukisa Jozèf te ka panse li pa reyisi nan tout sa l fè.

10 Eseye imajine ankò jan Jozèf te santi l. Apre yo te fin lage fo akizasyon sou do l e yo te mete l nan prizon, èske w panse li te santi li reyisi nan tout bagay? Ki sa Jozèf te plis anvi? Èske se te pou l fè chèf prizon an plezi? Li plis sanble Jozèf te vle yo lage l. Li te menm mande yon lòt prizonye yo t apral lage pou l pale ak Farawon pou li pou l te ka soti nan vye prizon sa a (Jen. 40:14). Sepandan, mesye a pa t pale ak Farawon tousuit. Se sa k fè Jozèf te rete nan prizon pandan dezan ankò (Jen. 40:23; 41:1, 14). Epoutan, Jewova te kontinye fè l reyisi. Ki jan?

11. Ki kapasite espesyal Jewova te bay Jozèf, e ki wòl sa te jwe pou reyalize objektif Jewova?

11 Pandan Jozèf te nan prizon, Jewova te fè wa Ejip la fè de rèv ki te boulvèse l. Farawon pa t konn sa l ta bay pou l te ka konprann rèv sa yo. Lè wa a te aprann Jozèf kapab esplike rèv, li te voye chèche l. Grasa èd Jewova, Jozèf te esplike Farawon rèv yo e Farawon te sezi wè bon konsèy Jozèf te ba li. Lè Farawon te wè Jewova avèk jèn gason sa a, Farawon te met Jozèf administratè pou okipe kesyon manje nan tout peyi Ejip (Jen. 41:38, 41-44). Annapre, te vin gen yon gwo grangou ki te frape peyi Ejip e ki te frape peyi Kanaran tou, kote fanmi Jozèf t ap viv. Kounye a, Jozèf te vin gen posiblite pou l sove fanmi l e sa te pèmèt li pwoteje liy fanmi kote Mesi a t apral soti a.

12. Nan ki sans Jewova te fè Jozèf reyisi?

12 Reflechi sou yon seri bagay estrawòdinè ki te rive nan lavi Jozèf. Kiyès ki te fè potifa remake Jozèf ki te yon senp esklav? Kiyès ki te fè chèf prizon an bay Jozèf responsablite, li menm ki te yon ti prizonye? Kiyès ki te fè Farawon fè rèv ki te boulvèse l e ki te bay Jozèf kapasite pou l esplike rèv sa yo? Kiyès ki te fè yo met Jozèf administratè pou okipe kesyon manje nan peyi Ejip (Jen. 45:5)? Pa gen dout, se Jewova ki te fè Jozèf reyisi nan tout sa l fè. Menm lè frè Jozèf yo te vle touye l, alafen Jewova te chanje sitiyasyon an yon fason pou L te kapab reyalize objektif Li.

FASON JEWOVA FÈ W REYISI

13. Èske Jewova aji nan chak sitiyasyon nou jwenn? Esplike.

13 Ki sa nou ka aprann nan istwa Jozèf la? Èske Jewova aji nan chak sitiyasyon nou jwenn? Èske l kontwole chak sitiyasyon nan lavi nou yon fason pou tout move bagay ki rive se pou yon bon rezon? Non, Bib la pa anseye sa (Ekl. 8:9; 9:11). Sepandan, men sa nou konnen: Lè nou jwenn eprèv, Jewova konnen sa e li tande nou lè nou mande l pou l ede n (Sòm 34:15; 55:22; Eza. 59:1). Anplis de sa, Jewova kapab ede n andire difikilte yon fason pou n reyisi. Ki jan?

14. Ki jan Jewova ede nou nan moman difisil yo?

14 Youn nan fason Jewova ede n se lè l konsole n e l ankouraje n, souvan li fè sa nan bon moman (2 Kor. 1:3, 4). Se sa k te rive Eziz, yon frè nan peyi Tikmenistan, yo te kondane pou l pase dezan nan prizon akoz lafwa l. Men sa l di: “Jou maten m t apral nan tribinal la, yon frè te montre m Ezayi 30:15 ki di: ‘Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou.’ Vèsè sa a te toujou ede m rete kalm epi konte sou Jewova nan tout bagay. Lè m te medite sou vèsè sa a, sa te ede m pandan tout tan m te nan prizon an.” Èske w sonje yon moman nan lavi w kote Jewova te soutni w lè l te konsole w e l te ankouraje w nan moman w te plis bezwen sa?

15-16. Ki sa w aprann nan eksperyans Tori te fè a?

15 Byen souvan, se lè n fin pase yon moman difisil nou rann nou kont jan Jewova te ede n nan moman sa a. Yon sè ki rele Tori te fè eksperyans sa a. Mason, pitit gason l, te fè sizan ap goumen ak kansè jiskaske l mouri. Nou ka konprann jan Tori te tris anpil. Men sa l di: “Antanke manman, m pa kwè m te ka jwenn yon eprèv ki pi rèd pase sa.” Men sa li ajoute: “M sèten gen lòt paran k ap dakò avè m lè w wè pitit ou ap soufri sa fè w pi mal pase si se ou ki t ap soufri.”

16 Menm lè eprèv la te rèd anpil, annapre Tori te reflechi sou fason Jewova te ede l andire. Men sa l di: “Lè m ap panse ak moman sa a, m ka wè kòman Jewova te ede m pandan tout tan pitit gason m nan te malad. Pa egzanp, menm lè Mason te twò malad e moun pa t ka wè l, gen frè ak sè ki te konn fè dezèdtan ap kondui pou yo vin lopital la. Te toujou gen yon moun nan saldatant lan ki te pare pou ban nou ankourajman. Epitou, frè ak sè yo te ede n jwenn sa n bezwen. Menm nan moman ki pi difisil yo nou pa t janm manke anyen.” Jewova te bay Tori sa l te bezwen pou l andire e l te fè menm bagay la pou Mason. — Gade kare ki gen tit “ Jewova te ban nou egzakteman sa nou te bezwen”.

PA JANM BLIYE TOUT SA JEWOVA FÈ POU OU

17-18. Ki sa k ap ede n rekonèt fason Jewova ede n nan moman difisil e ki sa k ap ede n gen rekonesans? (Sòm 40:5).

17 Li Sòm 40:5. Objektif yon moun k ap grenpe yon mòn se pou l rive nan tèt mòn nan. Sepandan, gen kèk kote li kapab pran yon ti poz pou l admire bèl bagay li wè toutotou l. Menm jan an tou, pran yon ti poz detanzantan pou w reflechi sou fason Jewova ap ede w reyisi menm lè w nan yon sitiyasyon difisil. Nan fen chak jounen, mande tèt ou: ‘Ki fason m te wè Jewova ede m jodi a? Menm lè eprèv la toujou la, ki fason Jewova ede m pou m andire?’ Eseye jwenn omwen youn nan fason Jewova te ede w reyisi.

18 An reyalite, ou ka ap priye pou eprèv la sispann, nou konprann sa e se nòmal (Flp. 4:6). Men, nou bezwen wè tou benediksyon Jewova ban nou depi kounye a. Dayè, Jewova pwomèt l ap ban nou fòs e l ap ede n pou n andire. Donk, ou toujou bezwen montre w gen rekonesans lefètke Jewova ap ede w. Lè w fè sa, w ap wè jan Jewova ede w reyisi, jan l te fè sa pou Jozèf, menm nan moman eprèv. — Jen. 41:51, 52.

KANTIK 32 Pran pozisyon pou Jewova!

a Lè n nan yon gwo eprèv, nou ka pa panse Jewova ap ede n. Nou ka panse se lè eprèv la pa la ankò li ede n sèlman. Sepandan, nou ka aprann yon leson enpòtan nan sa k te rive nan lavi Jozèf: Jewova ka ede n reyisi, menm lè n nan eprèv. Atik sa a pral esplike ki jan l ka fè sa.

b Bib la pale sou chanjman sa yo ki te rive okòmansman lè Jozèf te esklav nan sèlman kèk vèsè, men petèt chanjman sa yo te pran plizyè ane pou yo fèt.