Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 4

Jewova beni efò n fè pou n asiste Memoryal la

Jewova beni efò n fè pou n asiste Memoryal la

“Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — LIK 22:19.

KANTIK 19 Soupe Seyè a

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Poukisa n asiste Memoryal la chak ane?

 SA GEN prèske 2 000 an Jezi te bay lavi l pou nou, yon fason pou n ka gen lavi ki pap janm fini an. Nan nuit anvan Jezi te mouri a li te bay disip li yo lòd pou yo fè yon soupe tou senp ki gen ladan l pen ak diven pou yo montre yo sonje bèl jès lanmou sa a. — 1 Kor. 11:23-26.

2 Nou obeyi lòd Jezi bay la paske nou renmen l anpil (Jan 14:15). Chak ane nan epòk Memoryal la, nou montre nou gen rekonesans pou sa Jezi fè pou nou lè n pran tan pou n priye e pou n medite sou sa lanmò l vle di pou lèzòm. Epitou, nou kontan patisipe plis nan travay predikasyon an pou n ankouraje plis moun posib vin asiste evènman espesyal sa a avè n. Se sèten nou pran detèminasyon pou n pa kite anyen anpeche n asiste Memoryal la.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Nan atik sa a nou pral wè twa fason pèp Jewova a fè gwo efò pou yo komemore lanmò Jezi: 1) lè yo fè Memoryal la fason Jezi te mande pou yo fè l la, 2) lè yo envite lòt moun nan Memoryal la, e 3) lè yo selebre Memoryal la, menm lè sa difisil.

NOU FÈ MEMORYAL LA FASON JEZI TE MANDE POU N FÈ L LA

4. Sou ki verite yo atire atansyon chak ane nan Memoryal la, e poukisa nou bezwen gen rekonesans pou verite sa yo? (Lik 22:19, 20).

4 Chak ane nan epòk Memoryal la, nou tande yon diskou ki baze sou Bib la ki bay bonjan repons pou yon seri kesyon. Nou aprann poukisa lèzòm bezwen yon ranson e kòman lanmò yon sèl moun ka fè peche anpil moun jwenn padon. Yo fè nou sonje ki sa pen an ak diven an reprezante e kiyès ki dwe manje nan pen an epi bwè nan diven an. (Li Lik 22:19, 20.) Epitou, nou medite sou benediksyon moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pral jwenn (Eza. 35:5, 6; 65:17, 21-23). Nou bezwen gen rekonesans pou verite sa yo. Gen plizyè milya moun ki pa konprann verite sa yo e ki pa konn valè sakrifis Jezi a genyen. Epitou, yo pa selebre Memoryal lanmò Jezi a fason l te mande pou n fè l la. Sa k fè n di sa?

5. Apre pifò apot yo fin mouri, ki jan moun yo te kòmanse selebre lanmò Jezi?

5 Yon ti tan apre pifò apot Jezi yo fin mouri, te vin gen fo kretyen nan kongregasyon an (Mat. 13:24-27, 37-39). Yo te “pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo”. (Tra. 20:29, 30.) Fo kretyen sa yo te fè konnen Jezi pa t bay kò l “yon sèl fwa pou l pote peche anpil moun”, jan Bib la di sa, e se youn nan “bagay kwochi” yo te vin ap anseye. Yo te fè konprann sakrifis li a dwe fèt plizyè fwa ankò (Ebre 9:27, 28). Jodi a gen anpil moun sensè ki kwè nan fo ansèyman sa a. Y al legliz chak semèn, pafwa chak jou, pou yo selebre sakrifis Jezi a, sa yo rele “Kominyon an” b. Gen lòt relijyon ki pa selebre lanmò Jezi souvan konsa, men pifò nan manm yo pa fin byen konprann enpòtans sakrifis Jezi te fè a genyen. Gen kèk moun ki kapab mande tèt yo: ‘Èske lanmò Jezi kapab fè peche m jwenn padon vre?’ Sa k fè yo poze kesyon sa a? Nan kèk ka, gen moun ki pa fin kwè sakrifis Jezi a ka fè n jwenn padon pou peche nou ki pran tèt moun sa yo. Ki jan vrè disip Jezi yo ede moun konprann kesyon sa a?

6. An 1872, ki sa yon gwoup etidyan Labib te rive konprann?

6 Nan fen 19yèm syèk la, yon gwoup etidyan Labib ki te gen Charles Taze Russell alatèt yo te kòmanse byen etidye Ekriti yo. Yo te vle konn laverite sou sans sakrifis Jezi a genyen toutbonvre e sou fason yo ta dwe komemore lanmò l. An 1872, yo te rive konprann selon Bib la Jezi te vrèman bay yon ranson pou tout limanite. Yo pa t kenbe sa yo te jwenn nan pou yo sèlman. Okontrè, yo te fè lòt moun konn verite sa yo pa mwayen liv, jounal ak peryodik. E yon ti tan annapre, menm jan ak premye kretyen yo, yo te kòmanse reyini yon fwa chak ane pou yo selebre Memoryal la.

7. Ki jan nou jwenn byenfè nan rechèch premye etidyan Labib yo te fè?

7 Jodi a nou jwenn byenfè grasa rechèch kretyen sensè sa yo te fè sa gen anpil ane. Ki jan? Grasa benediksyon Jewova, nou rive konprann verite anrapò ak sakrifis Jezi a ak sa sakrifis sa a reyalize (1 Jan 2:1, 2). Nou aprann tou nan Bib la gen de esperans pou moun ki fè Bondye plezi. Gen moun ki pral gen lavi imòtèl nan syèl la e gen plizyè milyon lòt moun ki pral gen lavi ki pap janm fini an sou tè a. Nou vin pi pwòch Jewova lè nou vin konprann jan li renmen nou e jan sakrifis Jezi a fè nou jwenn byenfè (1 Pyè 3:18; 1 Jan 4:9). Se sa k fè, menm jan ak kretyen fidèl nan tan lontan yo, nou envite lòt moun pou yo vin selebre Memoryal la avè n fason Jezi te mande nou fè sa.

NOU ENVITE LÒT MOUN NAN MEMORYAL LA

Ki sa w kapab fè pou w byen patisipe nan kanpay envitasyon pou Memoryal la? (Gade paragraf 8-10.) e

8. Ki sa pèp Jewova a te fè pou envite lòt moun nan Memoryal la? (Gade foto a.)

8 Pèp Jewova a gen lontan depi l ap envite lòt moun nan Memoryal la. An 1881, yo te kòmanse envite frè ak sè Ozetazini yo pou yo reyini lakay yon frè nan Alegeni, Pennsilvani, pou okazyon espesyal sa a. Annapre, chak kongregasyon te selebre Memoryal la poukont yo. An mas 1940, yo te mande pwoklamatè yo pou yo envite nenpòt moun nan tèritwa yo ki montre yo enterese nan Memoryal la. An 1960, pou premye fwa, Betèl te fè kongregasyon yo jwenn fich envitasyon. Depi lè sa a, yo distribye plizyè milya fich envitasyon pou Memoryal la. Poukisa n fè tout efò sa a pou n envite lòt moun?

9-10. Kiyès ki jwenn byenfè lè nou fè efò pou n envite lòt moun nan Memoryal la? (Jan 3:16).

9 Youn nan rezon ki fè nou envite lòt moun vin asiste Memoryal la avè n se paske nou vle pou moun ki vini premye fwa yo aprann laverite sou sa Jewova ak Jezi fè pou nou tout. (Li Jan 3:16.) Nou espere sa yo wè ak sa yo tande nan Memoryal la ap ankouraje yo pou yo aprann plis e pou yo vin sèvi Jewova. Men, lòt moun jwenn byenfè tou.

10 Nou envite moun ki vin inaktif nan sèvis Jewova nan Memoryal la tou. Nou fè sa pou n fè yo sonje Bondye toujou renmen yo. Gen anpil ki konn vini lè n envite yo, e se pa ti kontan nou kontan wè yo. Lè yo asiste Memoryal la, sa ede yo sonje kè kontan yo te genyen lè yo t ap sèvi Jewova. Ann pran egzanp Monica c. Li te rekòmanse preche pandan pandemi COVID-19 la. Men sa l te di apre l te fin asiste Memoryal la an 2021: “Memoryal sa a vrèman espesyal pou mwen. Pou premye fwa depi 20 an mwen te rive preche lòt moun e mwen te envite yo nan Memoryal la. Mwen te fè tout sa m kapab pou m envite lòt moun paske m gen anpil rekonesans pou sa Jewova ak Jezi fè pou mwen.” (Sòm 103:1-4). Kit moun yo aksepte envitasyon nou fè yo oswa yo pa aksepte l, nou fè tout sa n kapab pou n envite lòt moun nan Memoryal la, paske nou konnen Jewova apresye efò nou fè yo.

11. Ki jan Jewova beni efò n fè pou n envite lòt moun nan Memoryal la? (Aje 2:7).

11 Jewova vrèman beni efò n fè pou n envite lòt moun nan Memoryal la. An 2021, malgre pwoblèm ki te genyen akoz pandemi COVID-19 la, pou premye fwa, te gen 21 367 603 moun ki te asiste Memoryal la. Sa se prèske de fwa edmi kantite Temwen Jewova ki gen sou tout tè a! Natirèlman, Jewova pa sèlman enterese nan kantite moun ki asiste Memoryal la. Men tou, li enterese nan chak moun pèsonèlman (Lik 15:7; 1 Tim. 2:3, 4). Nou gen konviksyon lè n envite moun yo Jewova ede n jwenn moun ki gen kè sensè yo. — Li Aje 2:7.

NOU SELEBRE MEMORYAL LA MENM LÈ SA DIFISIL

Jewova beni efò n fè pou n selebre Memoryal la. (Gade paragraf 12.) f

12. Ki sitiyasyon ki ka fè l difisil pou n selebre Memoryal la? (Gade foto a.)

12 Jezi te fè konnen nan dènye jou yo nou t ap jwenn tout kalite difikilte, sa gen ladan l opozisyon nan fanmi, pèsekisyon, lagè, epidemi ak lòt pwoblèm ankò (Mat. 10:36; Mak 13:9; Lik 21:10, 11). Pafwa, sitiyasyon sa yo konn fè l difisil pou n selebre Memoryal lanmò Jezi. Lè gen difikilte konsa ki sa frè n ak sè n yo fè pou yo rive selebre Memoryal la, e ki jan Jewova ede yo?

13. Ki jan Jewova te beni kouraj ak detèminasyon Artem te genyen pou l selebre Memoryal la pandan l te nan prizon?

13 Prizon. Frè n ak sè n ki nan prizon pou lafwa yo fè sa yo kapab pou yo selebre lanmò Jezi. Ann pran egzanp yon frè ki rele Artem. An 2020, kèk semèn anvan Memoryal la, yo te mete l nan prizon nan yon pyès ki mezire 17 mèt kare ki te gen senk prizonye ladan l. Malgre li te nan prizon, li te itilize sa l te jwenn pou sèvi kòm pen ak diven pou l selebre Memoryal la, e l te planifye pou l fè diskou a, menmsi se sèl li menm ki t ap jwenn byenfè ladan l. Men, lòt prizonye yo t ap fimen e yo t ap di anpil betiz. Ki sa l te fè? Li te mande yo si yo te ka fè yon ti sispann di betiz epi sispann fimen pandan sèlman inèdtan. Artem te sezi wè lòt prizonye yo te dakò pou yo pa t fimen e pou yo pa t di betiz pandan Memoryal la. Men sa Artem di: “M te mande yo pou m fè yon ti pale avè yo sou Memoryal la.” Menm lè yo te di sa pa enterese yo, lè yo te wè Artem kòmanse selebre Memoryal la e yo te tande l ap fè diskou a, yo te poze l kesyon sou evènman an.

14. Ki efò pèp Jewova a te fè pou yo te selebre Memoryal la malgre pandemi COVID-19 la?

14 Pandemi COVID-19 la. Akoz pandemi an, Temwen Jewova yo pa t ka asiste Memoryal la an pèsòn. Men sa pa t anpeche yo selebre Memoryal la d. Kongregasyon ki gen posiblite gen Entènèt yo te fè Memoryal la pa mwayen videyo konferans. Men, ki sa plizyè milyon moun ki pa t gen posiblite gen Entènèt yo te fè? Nan kèk peyi, frè yo te pran dispozisyon pou yo pase diskou a nan televizyon oswa nan radyo. Anplis de sa, filyal yo te anrejistre diskou a nan plis pase 500 lang konsa menm moun ki nan zòn ki pi lwen yo te ka selebre Memoryal la. Te gen yon seri frè fidèl ki te pran dispozisyon pou fè moun ki nan zòn sa yo jwenn anrejistreman yo.

15. Ki sa w aprann nan egzanp yon etidyan Labib ki rele Sue?

15 Opozisyon nan fanmi. Pi gwo difikilte kèk moun jwenn pou yo selebre Memoryal la se opozisyon nan fanmi yo. Ann pran egzanp yon etidyan Labib ki rele Sue. An 2021, yon jou anvan Memoryal la, Sue te di sè ki t ap etidye Labib avè l la li pa t ap ka asiste Memoryal la akoz opozisyon li jwenn lakay li. Sè ki t ap etidye Labib avè l la te li Lik 22:44. Apre sa li te esplike l lè n jwenn pwoblèm nou dwe suiv egzanp Jezi lè n priye Jewova e lè n fè L konfyans nèt. Nan demen, Sue te prepare pen an ak diven an e l te gade pwogram spesyal adorasyon nan maten an sou jw.org. Nan aswè, pandan l te poukont li nan chanm li, li te asiste Memoryal la sou telefòn li. Annapre, men sa Sue te ekri sè ki t ap etidye Labib avè l la: “Yè ou te ankouraje m anpil. Mwen te fè tout sa m kapab pou m asiste Memoryal la, e Jewova te ede m. M pa gen mo pou m di jan m kontan e jan m gen Jewova rekonesans!” Èske w panse Jewova kapab ede w si w nan yon sitiyasyon menm jan an?

16. Poukisa n sèten Jewova ap beni efò n fè pou n asiste Memoryal la? (Women 8:31, 32).

16 Jewova bay efò n fè pou n selebre Memoryal lanmò Jezi anpil valè. Nou mèt sèten l ap beni nou lè n montre n gen rekonesans pou sa l fè pou nou. (Li Women 8:31, 32.) Kidonk, ann pran detèminasyon pou n asiste Memoryal la ane sa a, e ann fè efò pou n fè plis pou Jewova nan semèn anvan e apre Memoryal la.

KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an

a Madi 4 avril 2023, plizyè milyon moun toupatou sou tè a pral asiste Memoryal lanmò Kris la. Gen anpil moun se premye fwa y ap asiste l. Gen lòt moun ki te sispann sèvi Jewova e ki gen plizyè ane depi yo pa asiste Memoryal la k ap la tou. Gen moun ki nan sitiyasyon ki fè l pa fasil pou yo asiste Memoryal la men k ap asiste l tou. Kèlkeswa sitiyasyon w, ou mèt sèten Jewova ap kontan wè efò w fè pou w la nan Memoryal la.

b Gen moun ki kwè pandan mès la pen an ak diven an chanje e yo vin tounen kò ak san Kris. Yo panse chak fwa yon moun patisipe nan seremoni sa a, se kò ak san Jezi ki sakrifye ankò.

c Gen kèk non yo chanje.

d Gade atik ki gen tit “Memoryal 2021” sou sit jw.org la.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Depi ane 1960 yo, y ap amelyore fich envitasyon Memoryal la, e kounye a yo disponib ni sou fòma enprime ni sou fòma elektwonik.

f ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan foto sa a ki repwodui yon bagay ki te rive toutbon, nou wè yon seri frè ak sè k ap selebre Memoryal la pandan gen gwo boulvès.