Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kèk konsèy sou fason pou n etidye — Janvye 2023

Kèk konsèy sou fason pou n etidye — Janvye 2023

Èske w renmen li byografi frè n ak sè n yo?

Men sa yon mari ak madanm ki li yon byografi chak maten fè konnen: “Se pa ti kè kontan ak ankourajman istwa sa yo ban nou! Yo fè nou sonje nou menm tou nou kapab rete fidèl nan kèlkeswa sitiyasyon an.” Gen yon sè ki fè menm remak la. Men sa l ekri: “Byografi sa yo ankouraje m e yo touche kè m. Lavi frè ak sè sa yo gen yon objektif e l gen yon sans. Istwa sa yo ankouraje m pou m fè plis nan travay predikasyon an e yo ede m pou m ankouraje pitit mwen yo pou yo antre nan sèvis aplentan pou yo fè plis pou Jewova.”

Byografi yo kapab ankouraje n pou n fè plis nan sèvis Jewova, pou n konbat feblès nou genyen e pou n andire gwo eprèv nou jwenn ak kè kontan ak diyite. Ki jan w ka jwenn istwa sa yo?

  • Navige nan seri atik ki gen tit “Byografi Temwen Jewova” sou jw.org oswa nan JW Library®.

  • Chèche “Byografi Temwen Jewova” nan BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower oswa nan Watchtower Library.