Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 2

“Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon”

“Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon”

“Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” — WOM. 12:2.

KANTIK 88 Ede m konn chemen w yo

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Ki sa n dwe kontinye fè apre n fin batize? Esplike.

 CHAK ki lè w netwaye kay ou? Petèt anvan w te vin rete nan kay la, ou te byen netwaye l. Men, ki sa k ap rive si w pa janm netwaye l ankò? Jan w deja konn sa, nan yon bat je, pousyè ak salte t ap plen kay la. Pou kay nou ka toujou pwòp, nou bezwen netwaye l regilyèman.

2 Nou dwe kontinye fè menm jan an ak panse nou ak pèsonalite nou. Nòmalman, anvan n te batize, nou te fè anpil efò pou n te fè chanjman ki nesesè yo nan lavi n yon fason pou n te ka “pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a”. (2 Kor. 7:1.) Men kounye a, nou bezwen suiv konsèy apot Pòl te bay la pou n “kontinye renouvle mantalite” nou (Efe. 4:23). Poukisa nou bezwen kontinye fè efò? Paske, nan yon bat je, enfliyans monn nan ka fè nou vin pa pwòp devan Jewova. Pou anpeche sa rive e pou n rete pwòp devan Jewova, nou dwe kontinye egzamine fason n panse, pèsonalite nou ak dezi nou.

KONTINYE “BAY LESPRI NOU YON LÒT DIREKSYON”

3. Ki sa “bay lespri nou yon lòt direksyon” vle di? (Women 12:2).

3 Ki sa nou bezwen fè pou nou bay lespri nou yon lòt direksyon, sa vle di, pou n chanje fason n panse? (Li Women 12:2.) Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “bay lespri nou yon lòt direksyon” pou li a kapab gen sans “renouvle lespri nou”. Se sa k fè nou pa ka annik kontante n fè kèk bon aksyon. Okontrè, nou dwe egzamine moun nou ye pa anndan an epi fè nenpòt chanjman ki nesesè yon fason pou n fè tout sa n kapab pou n viv ann amoni ak prensip Jewova yo. Se pa yon sèl fwa nou bezwen fè sa, men se toutan.

Èske desizyon w pran anrapò ak sa w chwazi aprann ak karyè ou chwazi montre ou bay Wayòm nan priyorite nan lavi w? (Gade paragraf 4-5.) c

4. Ki jan n ka anpeche sistèm sa a enfliyanse panse nou?

4 Lè nou vin pafè, n ap toujou ka fè Jewova plezi nan tout sa n fè. Annatandan, nou bezwen kontinye fè gwo efò pou n reyalize objektif sa a. N ap remake, nan Women 12:2, Pòl di nou bezwen bay lespri nou yon lòt direksyon yon fason pou n ka konnen sa ki volonte Bondye. Olye n annik kite sistèm sa a detenn sou nou, nou dwe egzamine tèt nou pou n wè jis nan ki pwen nou kite fason Bondye panse enfliyanse objektif nou ak desizyon n ap pran e se pa fason monn nan panse nou kite enfliyanse nou.

5. Ki jan n ka wè si n ap panse ak jou Jewova a ki toupre rive? (Gade foto a.)

5 Ann pran yon egzanp. Jewova vle n “toujou kenbe [jou l la] nan lespri nou”. (2 Pyè 3:12.) Mande tèt ou: ‘Èske fason m ap viv montre mwen konprann sistèm sa a pral fini talè konsa? Èske desizyon m pran anrapò ak sa m chwazi aprann ak travay mwen chwazi fè montre se sèvi Jewova ki pi enpòtan nan lavi m? Èske m gen lafwa Jewova ap pran swen m e l ap pran swen fanmi m oswa èske m toujou ap enkyete pou bagay materyèl?’ Reflechi sou jan sa fè Jewova plezi lè l wè n ap fè efò pou n viv ann amoni ak volonte l. — Mat. 6:25-27, 33; Flp. 4:12, 13.

6. Ki sa n bezwen kontinye fè?

6 Tanzantan, nou bezwen egzamine fason n panse, e apre sa, nou bezwen fè chanjman ki nesesè yo. Men sa Pòl te di kretyen nan vil Korent yo: “Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye.” (2 Kor. 13:5). Pou nou “nan lafwa” sa mande plis pase asiste reyinyon epi patisipe nan travay predikasyon an tanzantan. Sa gen rapò tou ak fason n panse, tandans nou genyen ak sa k pouse n aji. Se sa k fè nou bezwen kontinye bay lespri nou yon lòt direksyon lè n li Pawòl Bondye a, lè n aprann panse menm jan ak Jewova e lè n fè tout sa ki nesesè pou n fè volonte l. — 1 Kor. 2:14-16.

“ABIYE AK NOUVO PÈSONALITE A”

7. Selon Efezyen 4:31, 32, ki lòt bagay nou bezwen fè, e poukisa sa ka pa fasil?

7 Li Efezyen 4:31, 32. Anplis nou bezwen fè chanjman nan fason n panse, nou bezwen “abiye ak nouvo pèsonalite a”. (Efe. 4:24.) Sa mande efò pou n rive fè sa. Pami defo nou dwe fè efò pou n retire lakay nou, gen rankin malveyan, kòlè ak move san. Sa k fè sa ka pa fasil? Paske gen yon seri defo ki byen anrasinen lakay nou. Pa egzanp, Bib la di gen moun ki gen “tandans fè kòlè” e gen moun ki “renmen fè gwo kòlè”. (Pwo. 29:22.) Pou n rive retire yon seri defo ki byen anrasinen lakay nou, se sèten n ap bezwen kontinye fè efò menm apre n fin batize, jan egzanp ki vin annapre a montre sa.

8-9. Ki jan eksperyans Stephen nan montre nou bezwen kontinye voye ansyen pèsonalite a jete?

8 Yon frè ki rele Stephen te gen pwoblèm pou l kontwole kòlè l. Men sa l di: “Menm apre m te fin batize, mwen te dwe kontinye fè efò pou m metrize m lè m an kòlè. Pa egzanp, yon lè, pandan m t ap preche kay an kay, mwen te kouri dèyè yon vòlè ki te fèk pran radyo machin mwen. Lè m te prèske kenbe l, li te lage radyo a atè e l te kouri l ale. Lè m te rakonte lòt moun ki te ansanm avè m yo ki jan m te fè jwenn radyo m nan, gen yon ansyen ki te la ki te mande m: ‘Stephen, ki sa w t ap fè si w te met men sou misye?’ Kesyon sa a te fè m reflechi e l te fè m pran detèminasyon pou m kontinye fè efò pou m renmen lapè.” b

9 Jan nou ka wè nan egzanp Stephen nan, yon defo kapab reparèt sanzatann lakay nou, menm lè n panse nou te fin retire l nèt. Si sa rive w, pa dekouraje e pa kouri panse ou pa yon bon kretyen. Men sa menm apot Pòl te rekonèt: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen.” (Wom. 7:21-23). Menm lè nou se kretyen, nou tout enpafè, e gen yon seri defo ki ka reparèt lakay nou, menm jan pousyè ak salte ka kòmanse plen kay nou. Nou bezwen kontinye fè efò pou n rete pwòp. Ki jan n ka fè sa?

10. Ki jan nou kapab goumen ak defo nou genyen? (1 Jan 5:14, 15).

10 Priye Jewova pou defo w ap goumen avè l la, toutpandan w gen asirans l ap tande w e l ap ede w. (Li 1 Jan 5:14, 15.) Se vre Jewova pap fè mirak pou l elimine defo a, men li ka ba w fòs pou w kontinye lite ak defo sa a (1 Pyè 5:10). Anmenmtan, aji ann amoni ak priyè w lè w pa fè yon seri bagay ki ta kapab fè ansyen pèsonalite a retounen. Pa egzanp, pran prekosyon ak fim w ap gade, pwogram televizyon w ap gade, oswa liv ki ankouraje moun gen defo w ap chèche retire lakay ou a. Epi, pa ret ap panse ak move dezi. — Flp. 4:8; Kol. 3:2.

11. Ki sa n ka fè pou n kontinye abiye ak nouvo pèsonalite a?

11 Menm lè w voye ansyen pèsonalite a jete, li enpòtan pou w fè efò pou w vin gen nouvo pèsonalite a. Ki jan w ka fè sa? Chèche gen objektif pou w imite Jewova toutpandan w ap aprann bèl kalite l yo (Efe. 5:1, 2). Pa egzanp, lè w li yon istwa nan Bib la ki montre fason Jewova renmen padone, mande tèt ou: ‘Èske m padone lòt moun?’ Lè w li yon istwa nan Bib la ki montre jan Jewova gen konpasyon pou moun ki nan sitiyasyon difisil, mande tèt ou: ‘Èske m gen sousi menm jan an pou kwayan parèy mwen ki nan bezwen, e èske m montre sa nan aksyon m?’ Kontinye bay lespri w yon lòt direksyon lè w abiye ak nouvo pèsonalite a, e se pou w pran pasyans ak tèt ou pandan w ap fè sa.

12. Ki jan Stephen te rive wè Bib la gen pouvwa pou l chanje moun?

12 Stephen, nou te pale de li pi wo a, te wè se tikras pa tikras li te rive abiye ak nouvo pèsonalite a. Men sa l di: “Depi lè m te batize, mwen te fè fas ak yon seri sitiyasyon kote m te oblije kontwole kòlè m. M te aprann pou m evite moun k ap chèche pwovoke m oubyen pou m kalme sitiyasyon an yon lòt jan. Gen anpil moun, san wete madanm mwen, ki te felisite m pou jan m te jere sitiyasyon sa yo. Menm mwen menm mwen te sezi wè fason m aji! Mwen konnen se pa ak fòs pa m mwen te rive fè chanjman sa yo nan pèsonalite m. Okontrè, mwen kwè sa montre Bib la gen pouvwa pou l chanje moun.”

KONTINYE GOUMEN AK MOVE DEZI

13. Ki sa k ap ede n fè sa ki dwat? (Galat 5:16).

13 Li Galat 5:16. Jewova kontan ban nou lespri sen l pou ede n reyisi nan konba n ap mennen pou n fè sa ki dwat. Lè n etidye Pawòl Bondye a, nou kite lespri Bondye pouse n aji. Nou jwenn lespri sen tou lè n asiste reyinyon yo. Nan reyinyon sa yo, nou pase tan ak frè n ak sè n yo k ap fè efò menm jan avè n pou yo fè sa ki dwat, e sa ankouraje nou (Ebre 10:24, 25; 13:7). Lè n priye Jewova ak tout kè n e n sipliye l pou l ede n konbat kèk feblès nou genyen, l ap ban nou lespri sen l pou ban nou fòs pou n kontinye lite. Menm lè aktivite sa yo pap fè move dezi yo pa la ankò, y ap ede n pou n pa aji selon dezi sa yo. Jan Galat 5:16 di, moun ki viv selon lespri a “pap akonpli okenn dezi lachè”.

14. Poukisa li enpòtan pou n kontinye fè efò pou n fè sa ki dwat?

14 Yonfwa n kòmanse fè yon seri bagay k ap ede n gen yon bon relasyon ak Jewova, li enpòtan anpil pou n kontinye fè bagay sa yo e pou n kontinye fè efò pou n fè sa ki dwat. Poukisa? Paske gen youn nan ènmi nou yo ki pa janm dòmi. Ènmi sa a se tantasyon nou jwenn pou n fè sa ki mal. Menm apre n fin batize nou ka wè gen kèk bagay nou dwe kontinye goumen pou n evite, tankou jwèt aza, bwè pou sou, oswa pònografi (Efe. 5:3, 4). Men sa yon jèn frè rekonèt: “Youn nan bagay ki pi difisil m ap konbat se atirans mwen genyen pou moun menm sèks avè m. M te panse santiman sa yo t ap disparèt yon lè, men yo toujou la.” Ki sa k ka ede w si w gen yon move dezi ki fò anpil?

Si w gen yon move dezi ki toujou ap vin nan lespri w, sitiyasyon w lan pa sanzespwa. Gen lòt moun ki te nan menm konba avè w ki pot laviktwa. (Gade paragraf 15-16.)

15. Poukisa sa ankourajan pou n konnen ‘lòt moun konn’ gen move dezi tou? (Gade foto a.)

15 Si w ap goumen ak yon move dezi ki fò anpil, sonje ou pa poukò w. Labib di: “Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn.” (1 Kor. 10:13a). Yo te ekri pawòl sa yo pou gason ak fi ki kretyen ki t ap viv nan vil Korent. Gen ladan yo ki te konn fè adiltè, genyen ki te omoseksyèl e genyen ki te konn bwè pou sou (1 Kor. 6:9-11). Èske w panse apre yo te fin batize yo pa t janm gen pou yo goumen ak move dezi ankò? Nou pa kwè sa. Se vre yo tout se te kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl, men yo te toujou moun ki enpafè. Sandout yo te oblije goumen ak move dezi tanzantan. Sa ta dwe ankouraje n. Poukisa? Paske sa montre kèlkeswa move dezi n ap goumen avè l la, gen yon lòt moun ki te rive kenbe tèt avè l. Se sa k fè nou kapab “rete fèm nan lafwa, piske nou konnen se menm kalite soufrans lan tout frè nou yo nan monn nan ap jwenn”. — 1 Pyè 5:9.

16. Ki pyèj nou bezwen evite, e poukisa?

16 Evite panse pa gen moun ki ka konprann pwoblèm ou genyen an, sa ki t ap yon pyèj. Si w ta panse konsa, sa ta kapab fè w kwè sitiyasyon w lan sanzespwa e ou pa gen fòs pou w reziste kont move dezi yo. Okontrè, men sa Bib la di: “Bondye fidèl, li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l.” (1 Kor. 10:13b). Se sa k fè, menmsi move dezi nou genyen an fò, nou kapab rete fidèl. Grasa èd Jewova nou kapab evite tonbe nan fè sa ki mal.

17. Menm lè n ka pa kapab anpeche move dezi vin nan panse n, ki sa n ka fè?

17 Men sa nou bezwen toujou sonje: Piske n enpafè, nou ka pa kapab anpeche move dezi vin nan panse nou. Men, lè sa rive, nou kapab rejte move dezi yo tousuit, jan Jozèf te fè a lè l te kouri san pèdi tan pou madan Potifa (Jen. 39:12). Ou pa oblije kite move dezi fè w fè sa ki mal!

KONTINYE LITE

18-19. Ki kesyon nou ka poze tèt nou pandan n ap fè efò pou n bay lespri n yon lòt direksyon?

18 Bay lespri nou yon lòt direksyon mande pou n kontinye fè efò pou fason n panse ak aksyon nou ann amoni ak volonte Jewova. Pou w rive fè sa, kontinye egzamine tèt ou epi mande tèt ou: ‘Èske m montre nan fason m ap viv mwen rekonèt epòk n ap viv la gen ijans? Èske m fè pwogrè nan efò m ap fè pou m abiye ak nouvo pèsonalite a? Èske m kite lespri Jewova dirije lavi m yon fason pou m ka reziste kont dezi lachè?’

19 Pandan w ap egzamine tèt ou, pa atann pou w pafè, men se pou w kontan ak pwogrè ou deja fè yo. Si w wè gen amelyorasyon ou bezwen fè, pa dekouraje. Okontrè, suiv konsèy ki nan Filipyen 3:16 la ki di: “Kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou, annou kontinye mache annòd nan menm direksyon an.” Lè w fè sa, ou mèt sèten Jewova ap beni efò w ap fè pou w kontinye bay lespri w yon lòt direksyon.

KANTIK 36 Nou pwoteje kè nou

a Apot Pòl te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo pa kite sistèm sa a detenn sou yo. Pa gen dout, se yon bon konsèy pou nou jodi a. Nou bezwen veye pou monn kòwonpi sa a pa detenn sou nou ditou. Pou n fè sa, nou dwe kontinye korije fason n panse chak fwa nou rann nou kont li pa ann amoni ak volonte Bondye. Nan atik sa a nou pral wè ki jan n ka rive fè sa.

b Gade atik ki gen tit “Lavi m te vin pi mal chak jou” ki parèt nan Toudegad 1ye jiyè 2015.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn frè k ap reflechi pou l wè si l ta dwe fè gwo etid oswa si l ta dwe antre nan sèvis aplentan.