Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 4

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

Jewova gen afeksyon pou ou

Jewova gen afeksyon pou ou

“Papa a li menm gen afeksyon pou nou.”JAN 16:27.

PWEN KLE

Fason lanmou Jewova gen lakay li ap fè n vin pi pwòch avè l, l ap fè nou santi nou an sekirite, e l ap fè nou jwenn fòs.

1. Lè w ap panse ak Jewova, ki jan w imajine l?

 ÈSKE W janm eseye imajine fason Jewova ye? Ki jan w imajine l lè w ap priye l? Byenke nou pa ka wè Jewova, Bib la dekri l divès fason. Li fè konnen Jewova “se yon solèy e li se yon boukliye”, epi li se “yon dife ki ka lakòz destriksyon”. (Sòm 84:11; Ebre 12:29.) Li fè konnen tou Jewova tankou yon metal ki klere anpil, li chita sou yon twòn ki fèt ak wòch safi, e gen yon lakansyèl k ap briye toutotou l (Eze. 1:​26-28). Kèk nan fason sa yo Bib la dekri Jewova ka fè n gen gwo respè pou li oswa sa ka menm fè nou santi n pa vo anyen.

2. Ki sa k ka anpeche kèk moun pwoche bò kote Jewova?

2 Piske nou pa ka wè Jewova, nou ka twouve l difisil pou n kwè li renmen nou. Gen moun ki panse Jewova pap janm ka renmen yo akoz sa k te rive yo nan lavi a. Petèt yo pa t janm gen yon papa ki te renmen yo. Jewova konprann santiman sa yo ak efè yo gen sou nou. Pou l ede nou, li sèvi ak Pawòl li a pou l fè n konnen bèl pèsonalite li genyen an.

3. Sa k fè n bezwen chèche byen konprann lanmou Jewova genyen?

3 Sèl mo ki pi byen dekri Jewova se lanmou. Labib di: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Lanmou parèt nan tout sa l fè. Bondye tèlman gen lanmou e lanmou sa a tèlman fò, li menm demontre l pou moun ki pa renmen l (Mat. 5:​44, 45). Nan atik sa a, nou pral chèche byen aprann konnen kiyès Jewova ye ak fason l demontre lanmou. Plis nou aprann konn Bondye nou an, se plis n ap renmen l.

JEWOVA RENMEN N ANPIL

4. Lefètke Jewova gen afeksyon pou nou, ki jan sa fè w santi w? (Gade foto a tou.)

4 Jewova “gen afeksyon pou nou”. (Jan 16:27.) Nan Bib la, li konpare tèt li ak yon manman ki gen afeksyon pou pitit li (Eza. 66:​12, 13). Jis imajine yon manman k ap pran swen tipitit li avèk tandrès. L ap souke l tou dousman sou janm li toutpandan l ap pale avè l ak yon vwa ki byen dous. Lè timoun nan ap kriye oswa li gen yon bagay k ap fè l mal, li ba l sa l bezwen. Lè n ap soufri, nou ka konte sou lanmou Jewova. Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri: “Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.” — Sòm 94:19.

“Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa tou, m ap kontinye konsole nou.” (Gade paragraf 4.)


5. Ki sa lanmou fidèl Jewova genyen an vle di pou ou?

5 Jewova fidèl (Sòm 103:8). Li pa sispann renmen nou lè n fè yon bagay ki mal. Nasyon Izrayèl la te desevwa Jewova plizyè fwa. Aktout sa, lè yo te regrèt sa yo te fè yo e yo te sispann fè sa ki mal, li te fè yo konnen li toujou renmen yo lè l te di: “[Ou] vin gen anpil valè pou mwen, ou enpòtan pou mwen, mwen renmen w.” (Eza. 43:​4, 5). Bondye renmen nou menm jan an. Nou kapab toujou konte sou lanmou li. Menmsi nou fè peche grav, Jewova pa abandone nou. Lè n regrèt sa n te fè e nou retounen vin jwenn Jewova, n ap wè li toujou renmen nou. Li pwomèt “l ap padone [nou] nèt”. (Eza. 55:7.) Bib la montre padon sa a tankou “tan soulajman” “Jewova li menm” fè n jwenn. — Tra. 3:19.

6. Ki sa Zakari 2:8 aprann nou sou Jewova?

6 Li Zakari 2:8. Piske Jewova renmen nou, li konprann sa n santi e li vrèman vle pwoteje nou. Li tris lè nou tris. Se sa k fè nou ka gen asirans l ap koute nou lè n priye l pou n di l: “Pwoteje m tankou gla je w.” (Sòm 17:8). Je se yon pati nan kò nou ki sansib e ki gen anpil valè. Donk, lè Jewova konpare nou ak gla je l, se kòmsi l t ap di: ‘Nou menm pèp mwen, kèlkeswa moun ki fè nou mal, se sa ki gen anpil valè pou mwen an li fè mal.’

7. Poukisa n bezwen vin gen plis konfyans nan lanmou Jewova?

7 Jewova vle n gen konviksyon li renmen nou chak pèsonèlman. Men, li konnen akoz sa k te rive nan lavi nou, nou ka ap mande tèt nou si l renmen nou vre. Oubyen, nou ka ap fè fas ak yon seri sitiyasyon kounye a ki fè l difisil pou n kwè Jewova renmen nou. Ki sa k ap fè n vin gen plis konfyans li renmen nou? Se lè n chèche konnen fason Jewova montre li renmen Jezi, li renmen moun li chwazi pou al nan syèl yo, e li renmen nou tout.

FASON JEWOVA FÈ KONNEN LANMOU LI GENYEN

8. Sa k fè Jezi te gen konviksyon Papa l renmen l?

8 Depi yon kantite tan moun pa konnen, Jewova ak Pitit Gason l lan li renmen anpil la te vin gen yon gwo lanmou ak anpil afeksyon youn pou lòt. Relasyon yo genyen an se relasyon ki la pi lontan nan linivè. Jewova te fè konnen aklè lanmou li genyen pou Jezi, jan nou li sa nan Matye 17:5. Jewova te ka annik di: ‘Men sila a mwen pran plezi nan li a.’ Sepandan, li te vle nou konnen li renmen Jezi anpil, se sa k fè li te rele l “Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la”. Jewova te fyè de Jezi e l te fyè de sa Jezi t apral fè a (Efe. 1:7). E Jezi pa t gen okenn dout sou lanmou Papa l gen pou li. Jezi te tèlman sèten Jewova renmen l, li te ka santi sa nan fon kè l. Pandan plizyè fwa li te di avèk konfyans Papa a renmen l. — Jan 3:35; 10:17; 17:24.

9. Ki mo ki dekri lanmou Jewova gen pou moun li chwazi pou al nan syèl yo? Esplike. (Women 5:5).

9 Jewova fè konnen tou li renmen moun li chwazi pou al nan syèl yo. (Li Women 5:5.) Note mo yo itilize pou montre jan Jewova renmen yo. Vèsè a di lanmou Bondye “ranpli” kè yo. Gen yon liv ki fè kòmantè sou Bib la ki konpare lanmou Bondye ak dlo k ap koule. Se yon bèl imaj ki montre jis nan ki pwen Jewova renmen moun li chwazi pou al nan syèl yo! Moun sa yo konnen ‘Bondye renmen yo’. (Jid 1.) Apot Jan fè konnen jan yo santi yo lè l te ekri pawòl ki vin annapre yo: “Gade ki kalite lanmou Papa a montre l gen pou nou, pou yo rive rele nou pitit Bondye.” (1 Jan 3:1). Èske se moun Jewova chwazi pou al nan syèl yo li renmen sèlman. Non, Jewova montre li renmen nou tout.

10. Ki pi gwo prèv ki montre lanmou Jewova gen pou ou?

10 Ki pi gwo prèv ki montre lanmou Jewova gen pou nou? Ranson an. Se pi bèl jès li fè pou l montre jan l renmen nou (Jan 3:16; Wom. 5:8)! Jewova te bay Pitit Gason l lan ki gen anpil valè pou li, li te kite l mouri pou tout moun pou peche nou ka jwenn padon e pou nou ka vin zanmi L (1 Jan 4:10). Plis nou medite sou pri Jewova ak Jezi te peye a, se plis nou kapab konprann jis nan ki pwen yo renmen nou chak (Gal. 2:20). Jewova pa t peye ranson an tou senpleman paske jistis li gen lakay li mande sa. Ranson an se yon kado ki montre li renmen nou. Jewova montre li renmen nou lè l te bay moun ki gen plis valè pou li a kòm sakrifis, anpalan de Jezi. Jewova te kite Pitit Gason l lan soufri epi mouri pou nou.

11. Ki sa n aprann nan Jeremi 31:3?

11 Jan nou sot wè sa, Jewova pa annik santi li gen lanmou pou nou, men tou, li fè n konnen jan l renmen nou. (Li Jeremi 31:3.) Jewova rale nou vin jwenn li paske l renmen nou. (Konpare ak Detewonòm 7:​7, 8.) Pa gen anyen ni pèsonn ki ka separe n ak lanmou sa a (Wom. 8:​38, 39). Ki jan lanmou sa a fè w santi w? Li Sòm 23 pou w ka wè efè lanmou ak afeksyon Jewova genyen te gen sou David ak efè li kapab gen sou nou tout.

KI JAN LANMOU JEWOVA GENYEN AN FÈ W SANTI W?

12. Ki jan w t ap rezime Sòm 23?

12 Li Sòm 23:​1-6. Sòm 23 se yon chante ki montre konfyans David te genyen nan lanmou ak afeksyon Jewova demontre. David, ki te ekri sòm sa a, fè konnen relasyon solid ki te genyen ant li menm ak Bèje l la, anpalan de Jewova. David pa t pè kite Jewova gide l, e l te konte sou Li nèt. David te konnen li t ap jwi lanmou Jewova genyen an chak jou nan lavi l. Ki sa k te fè l gen tout konfyans sa a?

13. Sa k fè David te gen konfyans Jewova t ap pran swen l?

13 “Mwen pap manke anyen.” David te santi l byen paske Jewova te toujou fè l jwenn tout sa l te bezwen. Epitou, David te konnen Jewova se Zanmi l e l te gen favè L. Se sa k fè li te gen konfyans kèlkeswa sa k ta rive alavni, Jewova t ap kontinye fè l jwenn tout sa l bezwen. Piske David te gen konfyans Jewova renmen l e l ap pran swen l, sa te ede l pou l pa t bay tèt li pwoblèm, okontrè, sa te fè l gen anpil kè kontan ak anpil satisfaksyon nan lavi l. — Sòm 16:11.

14. Ki fason Jewova ka pran swen nou avèk lanmou?

14 Jewova pran swen nou avèk lanmou, sitou lè gen move bagay ki rive nan lavi nou. Claire a, ki gen plis pase 20 an nan Betèl, te santi l pa t konn sa pou l fè lè fanmi l te jwenn gwo pwoblèm youn apre lòt. Papa l te fè stwok, youn nan sè l yo te eskominye, e fanmi l te pèdi ti biznis yo te genyen an ak kay yo. Ki jan Jewova te montre li renmen yo e l ap pran swen yo? Men sa Claire di: “Jewova te fè yon jan pou fanmi m te toujou gen sa yo te bezwen chak jou. Pandan plizyè fwa, Jewova te ban nou plis pase sa m te ka imajine! Souvan, mwen konn ap reflechi ak moman kote Jewova te montre l renmen m e li t ap pran swen m, e mwen pap janm bliye sa. Souvni sa yo ede m pou m kontinye andire lè m jwenn eprèv.”

15. Sa k fè David te santi l rejwenn fòs? (Gade foto a tou.)

15 “Li reban m fòs.” Pafwa, David te santi l boulvèse akoz tout pwoblèm ak eprèv li te jwenn (Sòm 18:​4-6). Epoutan, bonjan lanmou ak sousi Jewova te gen pou li te reba l fòs. Jewova te mennen zanmi l lan ki te faya pran repo “kote ki gen anpil zèb” ak “kote ki gen anpil dlo”. Konsa, David te rejwenn fòs pou l te ka kontinye sèvi Jewova ak kè kontan. — Sòm 18:​28-32.

Menm lè David te nan mawon, bonjan lanmou ak sousi Jewova te gen pou li te reba l fòs. (Gade paragraf 15.)


16. Ki jan lanmou Jewova reba w fòs?

16 Menm jan an tou jodi a, “se paske Jewova gen lanmou ki fidèl pou nou ki fè nou pa fin depafini nèt” lè n jwenn eprèv ak pwoblèm nan lavi a (Lam. 3:22; Kol. 1:11). Ann pran egzanp Rachel. Lè mari l te kite ni li menm ni Jewova pandan pandemi COVID-19 la, sa te boulvèse l anpil. Ki sa Jewova te fè pou li? Men sa l di: “Jewova te itilize yon seri moun ki te fè m santi yo renmen m: Li te fè m jwenn zanmi ki te konn pase tan avè m, ki te konn pot manje pou mwen, ki te konn voye bèl mesaj ak vèsè ki ankouraje m, ki te konn souri avè m, e ki pa t sispann fè m sonje Jewova gen sousi pou mwen. Mwen pa janm sispann di Jewova mèsi dèske li ban m yon gwo fanmi ki gen anpil lanmou.”

17. Poukisa David pa t “pè anyen”?

17 “Mwen pa pè anyen paske w avè m.” Byen souvan, lavi David te an danje, e l te gen anpil ènmi ki te gen pisans. Men, lanmou Jewova te fè l santi l an sekirite e l te santi l jwenn pwoteksyon. David te kapab santi Jewova avè l nan chak sitiyasyon, e sa te ede l pou l pa t pè. Se sa k fè, men sa l te kapab di nan yon chante: “[Jewova] te delivre m anba tout sa ki t ap fè m pè yo.” (Sòm 34:4). Se vre pafwa David te konn pè, men, li te rive konbat laperèz li te genyen an paske l te konnen Jewova renmen l.

18. Lefètke w gen asirans Jewova renmen w, ki jan sa ka ba w fòs lè w pè?

18 Lefètke nou gen asirans Jewova renmen nou, ki jan sa ban nou fòs lè n nan sitiyasyon ki fè nou pè? Gen yon pyonye ki rele Susi ki fè konnen jan li menm ak mari l te santi yo lè pitit gason yo te touye tèt li. Men sa l di: “Lè yon gwo malè konsa rive bridsoukou nan lavi w, sa boulvèse w anpil e sa ka fè w santi w san sekou. Men, lefètke Jewova gen afeksyon pou nou, sa fè n santi n an sekirite e n santi n jwenn pwoteksyon.” Men sa Rachel nou te pale de li pi wo a sonje: “Gen yon jou swa kè m t ap rache, m te enkyete anpil e m te pè anpil, m te priye Jewova byen fò. Menm kote a, m te santi l soulaje kè m e li te fè m vin kalm menm jan yon manman konn fè pou tibebe l, epi dòmi te pran m. Mwen pap janm bliye moman sa a.” Gen yon ansyen ki rele Tasos ki te fè katran nan prizon poutèt li pa t vle antre nan lame. Ki jan l te rive wè lanmou ak sousi Jewova gen pou li? Men sa l di: “Jewova te ban m tout sa m te bezwen, e l te ban m plis pase sa. Sa te fè m vin gen plis asirans mwen ka fè l konfyans nèt. Epitou, Jewova te sèvi ak lespri sen pou l te fè m gen kè kontan malgre m te yon kote ki te ka fè m dekouraje. Sa te ban m asirans plis mwen met konfyans mwen nan li, se plis m ap wè jan l renmen m. Donk, mwen te kòmanse sèvi kòm pyonye pèmanan pandan m te nan prizon an.”

PWOCHE BÒ KOTE BONDYE W LA KI GEN TANDRÈS

19. a) Lefètke nou konnen Bondye renmen nou, ki efè sa ka genyen sou sa n ap di nan priyè nou? b) Ki fason yo dekri lanmou Jewova ki touche w pèsonèlman? (Gade kare ki gen tit “ Kèk pawòl ki fè n santi Jewova renmen n anpil”.)

19 Tout eksperyans nou sot wè la yo ban nou prèv Jewova, “Bondye lanmou an”, avèk nou (2 Kor. 13:11)! Li enterese nan nou chak pèsonèlman. Nou gen konviksyon nou “benefisye lanmou fidèl Li genyen an”. (Sòm 32:10.) Plis nou medite sou fason li montre li renmen nou, se plis li vin reyèl pou nou, e se plis nou santi n pwòch avè l. Nou kapab santi n alèz pou n priye l e pou n fè l konnen jan nou bezwen lanmou li. Nou kapab fè l konnen tout sa k ap boulvèse nou, toutpandan nou gen konfyans li konprann nou e li vrèman vle ede nou. — Sòm 145:​18, 19.

20. Ki jan lanmou Jewova genyen fè n vin pi pwòch avè l?

20 Menm jan nou anvi pwoche bò kot yon dife lè l fè frèt, se konsa tou, lanmou Jewova gen lakay li fè n anvi pwoche bò kote l. Byenke lanmou Jewova genyen an gen anpil fòs, li gen tandrès ladan l tou. Donk, se pou w kontan dèske Jewova renmen w. E nou swete pou nou tout montre nou renmen l tou lè n di byen fò: “Mwen renmen Jewova”! — Sòm 116:1.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki jan w t ap dekri lanmou Jewova genyen an?

  • Poukisa w kapab gen konfyans Jewova renmen w anpil?

  • Ki jan lanmou Jewova genyen an fè w santi w?

KANTIK 108 Lanmou fidèl Bondye genyen an

a Gen kèk non yo chanje.