Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KÈK KONSÈY SOU FASON POU N ETIDYE

Kèk ide sou sa w ka egzamine nan etid pèsonèl ou ak nan adorasyon an fanmi

Kèk ide sou sa w ka egzamine nan etid pèsonèl ou ak nan adorasyon an fanmi

Nou adore Jewova lè nou reyini ansanm nan reyinyon, nan asanble ak nan kongrè, men tou, nou ka fè sa poukont nou e ansanm ak fanmi nou. Men kèk ide sou sa w ka egzamine nan etid pèsonèl ou ak nan adorasyon an fanmi:

  • Prepare reyinyon yo. Ou ka aprann chante yo tou lè w ap fè sa, epi ede tout moun nan fanmi an prepare yon kòmantè.

  • Li yon istwa nan Bib la. Apre sa, fè desen yon evènman yo te rapòte nan istwa a oswa ekri yon bagay ou te aprann.

  • Egzamine yon priyè w jwenn nan Bib la, epi reflechi pou w wè ki jan l ka ede w amelyore priyè w.

  • Gade yon videyo òganizasyon an fè, epi pale sou sa ak lòt moun oswa ekri yon bagay ou te aprann ladan l.

  • Prepare pou travay predikasyon an, petèt ou ka fè yon demonstrasyon sou sa.

  • Egzamine kreyasyon an, epi medite sou sa l aprann ou sou Jewova oswa pale sou sa ak lòt moun. a

a Gade atik ki gen tit “Ann aprann plis sou Jewova lè n ap gade sa l kreye yo” ki parèt nan Toudegad mas 2023.