Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 1

KANTIK 2 Non ou se Jewova

Bay Jewova glwa

Bay Jewova glwa

MEN TÈKS POU ANE 2025 LAN: “Onore Jewova pou glwa non l merite.”SÒM 96:8.

PWEN KLE

Aprann fason nou ka bay Jewova glwa li merite a.

1. Ki sa k enpòtan pou anpil moun jodi a?

 PETÈT ou remake anpil moun jodi a bay tèt yo plis enpòtans pase lòt moun. Pa egzanp, gen moun ki pase anpil tan sou rezo sosyal pou atire atansyon sou tèt yo ak sou sa yo reyalize. Sepandan, se kèk moun sèlman jodi a ki bay Jewova Dye glwa. Nan atik sa a, nou pral wè sa sa vle di pou n bay Jewova glwa e ki sa k ta dwe pouse n fè sa. Epitou, nou pral aprann fason nou ka bay Bondye glwa li merite a ak fason Bondye li menm pral fè non l jwenn glwa talè konsa.

SA SA VLE DI POU N BAY JEWOVA GLWA?

2. Ki jan Jewova te montre glwa l sou Mòn Sinayi? (Gade foto ki sou paj a tou.)

2 Ki sa glwa ye? Nan Bib la, mo “glwa” a kapab fè referans ak nenpòt bagay ki fè yon moun parèt enpòtan. Yon ti tan apre nasyon Izrayèl la te sot anba esklavaj nan peyi Ejip, Jewova te montre yo glwa li yon fason estrawòdinè. Eseye imajine sitiyasyon an: Plizyè milyon Izrayelit te rasanble nan pye Mòn Sinayi pou yo te tande sa Bondye yo a te gen pou l di yo. Te gen yon nyaj nwa ki te kouvri mòn nan. Bridsoukou, te gen yon gwo tranblemanntè ki t ap souke tè a anba pye yo. Tout mòn nan t ap bay lafimen. Te gen zèklè, loray e te gen yon kòn ki t ap sonnen byen fò (Egz. 19:​16-18; 24:17; Sòm 68:8). Imajine jan Izrayelit sa yo dwe te sezi lè Jewova te montre jan glwa l estrawòdinè.

Nan Mòn Sinayi, Jewova te montre Izrayelit yo glwa li yon fason ki estrawòdinè. (Gade paragraf 2.)


3. Ki jan n ka bay Jewova glwa?

3 E nou menm lèzòm? Èske n kapab bay Jewova glwa? Wi, nou kapab. Youn nan fason nou bay Jewova glwa se lè n fè lòt moun konnen pisans li ki estrawòdinè ak bèl kalite li genyen yo. Nou bay Bondye glwa tou lè n fè konnen se li menm ki ede n reyalize yon seri bagay nou fè (Eza. 26:12). Wa David se yon bèl egzanp antanke moun ki te bay Jewova glwa. Men sa l te di Bondye nan yon priyè l te fè devan nasyon Izrayèl la: “O Jewova, ou gran, ou gen anpil pisans, ou gen glwa e ou gen anpil pouvwa. Paske, tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a se pou ou.” Apre David te fin fè priyè a, “tout moun ki te la yo te fè louwanj pou Jewova”. — 1 Kwo. 29:​11, 20.

4. Ki jan Jezi te bay Jewova glwa?

4 Lè Jezi te sou tè a, li te bay Papa l glwa lè l te fè konnen se Papa l ki ba l pisans pou l fè mirak li t ap fè yo (Mak 5:​18-20). Jezi te bay Jewova glwa tou nan fason li te pale konsènan Papa l ak fason li te aji ak lòt moun. Gen yon lè, Jezi t ap anseye nan yon sinagòg. Pami moun ki t ap koute l yo, te gen yon dam ki te fè 18 an ak yon movèzespri sou li. Movèzespri a te fè dam nan pliye an de, li pa t ka drese kò l. Sa dwe te rèd anpil pou li! Jezi te gen konpasyon pou dam nan. Li te pwoche kote l e l te di l avèk jantiyès: “Madanm, ou delivre anba maladi w la.” Epi, li poze men l sou dam nan, e menm kote a, dam nan kanpe dwat e li “kòmanse bay Bondye glwa”. Li te geri nèt e li te vin djanm ankò (Lik 13:​10-13)! Dam sa a te gen bonjan rezon pou l te bay Jewova glwa, e nou gen bonjan rezon pou n fè sa tou.

KI SA K POUSE N BAY JEWOVA GLWA?

5. Ki rezon nou genyen pou n respekte Jewova?

5 Nou bay Jewova glwa paske n gen gwo respè pou li. Nou gen anpil rezon pou n respekte Jewova. Jewova toupisan, pisans li pa gen limit (Sòm 96:​4-7). Pakèt sajès li genyen parèt aklè nan bagay li kreye yo. Se li ki ban n lavi ak tout sa n bezwen pou n viv (Rev. 4:11). Li fidèl (Rev. 15:4). Li reyisi nan tout sa l fè, e l toujou kenbe pwomès li (Joz. 23:14). Se pou rezon sa a, men sa pwofèt Jeremi te di konsènan Jewova: “Pami tout moun ki gen sajès nan nasyon yo e pami tout wayòm ki genyen yo, pa gen pèsonn tankou w.” (Jer. 10:​6, 7). Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n gen respè pou Papa nou ki nan syèl la. Men, Jewova pa sèlman merite pou n respekte l, li merite pou n renmen l tou.

6. Poukisa nou renmen Jewova?

6 Nou bay Jewova glwa paske nou renmen l anpil. Ann egzamine plizyè kalite Jewova genyen ki fè n renmen l. Li gen mizèrikòd ak konpasyon (Sòm 103:​8,13). Li konn mete l nan plas moun. Lè n ap soufri, sa fè l mal (Zak. 2:8). Antanke yon Zanmi, li kite n pwoche bò kote l byen fasil (Sòm 25:14; Tra. 17:27). Epi, li gen imilite. “Li bese pou l gade syèl la ak tè a, li leve malere a nan pousyè a.” (Sòm 113:​6, 7). Ki jan pou yon moun pa ta vle bay gran Dye nou an glwa? — Sòm 86:12.

7. Ki bèl okazyon nou genyen?

7 Nou bay Jewova glwa paske nou vle lòt moun konnen l. Gen anpil moun ki pa konn laverite sou Jewova. Sa k fè sa? Paske Satan bouche lespri yo lefètke l gaye gwo manti sou Li (2 Kor. 4:4). Satan fè moun yo kwè Jewova se yon Dye ki renmen vanjans, ki pa enterese nan moun, e se li ki responsab anpil nan soufrans ki gen nan monn nan. Men, nou konn laverite sou Bondye nou an! Nou gen okazyon fè lòt moun konnen kiyès Bondye ye toutbonvre epi ede yo pou yo vin ba l glwa tou (Eza. 43:10). Sòm 96 montre nou bezwen bay Jewova glwa. Pandan n ap egzamine kèk nan pawòl Li te fè ekri nan sòm sa a, reflechi ak fason w ka bay Jewova glwa li vrèman merite a.

KI JAN N KA BAY JEWOVA GLWA LI MERITE A?

8. Bay youn nan fason nou ka bay Jewova glwa. (Sòm 96:​1-3).

8 Li Sòm 96:​1-3. Nou ka bay Jewova glwa nan sa n ap di sou li. Vèsè sa yo envite n “chante pou Jewova”, “fè louwanj pou non l”, “fè konnen bon nouvèl delivrans li bay la”, epi “fè nasyon yo konnen glwa li genyen”. Nou kapab bay Papa nou ki nan syèl la glwa tout fason sa yo. Juif ki te fidèl yo ak kretyen nan premye syèk la te chofe pou yo te fè lòt moun konnen tout bon bagay Jewova te fè pou yo e pou yo te defann repitasyon l (Dàn. 3:​16-18; Tra. 4:29). Ki jan n ka suiv egzanp yo?

9-10. Ki sa w aprann nan eksperyans Angelena te fè a? (Gade foto a tou.)

9 Ann reflechi sou eksperyans Angelena a, yon sè k ap viv Ozetazini, te fè. Avèk kouraj, li te defann repitasyon Jewova nan konpayi li t ap travay la. Antanke nouvo anplwaye, yo te envite Angelena nan yon reyinyon yo fè pou moun ki fèk vin nan travay la jwenn posiblite pou yo fè kòlèg travay yo konnen kiyès yo ye. Angelena te prepare pou l montre kèk foto ki fè wè jan l gen kè kontan antanke Temwen Jewova. Sepandan, anplwaye ki te pale anvan l lan te fè konnen paran l se Temwen Jewova. Li te kòmanse pase kwayans nou yo nan rizib. Men sa Angelena di: “Kè m t ap bat byen fò. Men, m te di tèt mwen: ‘Èske m ap kite yon moun bay manti sou Jewova? Oswa èske m ap defann Li?’”

10 Lè kòlèg Angelena a te fin pale, Angelena te fè yon priyè tou kout nan kè l. Epi, li te pale avèk jantiyès ak kòlèg li a, li te di l: “Sitiyasyon pa m nan sanble ak pa w la. Mwen menm tou, mwen te grandi antanke Temwen Jewova, e jis kounye a, mwen se Temwen Jewova.” Menm lè sitiyasyon an te fè Angelena strese, li te rete kalm pandan l t ap montre kòlèg li yo foto li menm ak zanmi l k ap sèvi Jewova ak kè kontan, e l te esplike yo kwayans li avèk respè (1 Pyè 3:15). Ki rezilta sa te bay? Lè Angelena te fin pale, mesye a te chanje atitid. Li te menm fè konnen li te gen bon souvni lè l t ap grandi antanke Temwen Jewova. Men sa Angelena di: “Jewova merite pou n defann li. Se yon onè pou n fè konn laverite sou li.” Nou menm tou, se yon onè pou n fè louwanj pou Jewova e pou n ba l glwa, menm lè lòt moun ap derespekte l.

Nou ka bay Jewova glwa nan pawòl n ap di (Gade paragraf 9-10.) b


11. Ki jan vrè adoratè Jewova yo te toujou suiv prensip nou jwenn nan Sòm 96:8 la?

11 Li Sòm 96:8. Nou ka bay Jewova glwa avèk sa n genyen ki gen valè yo. Vrè adoratè yo te toujou onore Jewova fason sa a (Pwo. 3:9). Pa egzanp, Izrayelit yo te bay kòb ak bagay ki gen anpil valè pou konstwi tanp lan e pou pran swen l (2 Wa 12:​4, 5; 1 Kwo. 29:​3-9). Gen nan disip Kris yo ki te bay nan “sa yo te genyen” pou li menm ak apot li yo te ka jwenn sa yo te bezwen (Lik 8:​1-3). Kretyen nan premye syèk la te bay kòb tou pou pote frè ak sè ki te nan nesesite yo sekou akoz yon gwo grangou ki te genyen (Tra. 11:​27-29). Jodi a, nou menm tou, nou kapab bay Jewova glwa lè n fè ofrann ak tout kè nou.

12. Ki jan ofrann nou fè yo ka fè Jewova jwenn glwa? (Gade foto a tou.)

12 Ann jis pran yon egzanp ki montre ki jan ofrann nou fè yo fè Jewova jwenn glwa. An 2020, te gen yon rapò ki te fè konnen pwoblèm ki te genyen nan peyi Zimbabwe akoz yon gwo sechrès ki te dire anpil tan. Plizyè milyon moun te prèske mouri akoz gwo grangou ki te genyen. Gen yon sè ki rele Prisca ki te nan sitiyasyon sa a tou. Malgre gwo sechrès ki te genyen an, Prisca te kontinye al preche chak mèkredi ak chak vandredi, menm nan epòk yo t ap raboure tè. Vwazen Prisca yo te pase l nan rizib poutèt li t al preche olye l te ret travay tè li te genyen yo. Yo te di l: “Grangou ap touye w.” Avèk konfyans, Prisca te reponn yo: “Jewova pa janm lage sèvitè l.” Yon ti tan apre sa, Prisca te resevwa èd òganizasyon nou an te voye. Èd sa yo te posib grasa ofrann nou fè yo. Vwazen Prisca yo te sezi, e yo te di l: “Bondye pa janm lage w, donk nou menm tou, nou ta renmen aprann konnen l.” Gen sèt nan vwazen Prisca yo ki te kòmanse asiste reyinyon kongregasyon an.

Nou ka bay Jewova glwa avèk sa n genyen ki gen valè yo. (Gade paragraf 12.) c


13. Ki jan konduit nou ka fè Jewova jwenn glwa? (Sòm 96:9).

13 Li Sòm 96:9. Nou kapab bay Jewova glwa lè n gen bon konduit. Prèt ki t ap sèvi Jewova nan tabènak la e annapre nan tanp lan te bezwen kenbe kò yo pwòp (Egz. 40:​30-32). Nou menm tou, nou dwe pwòp. Men, se pa kò nou sèlman nou dwe kenbe pwòp, nou dwe gen yon konduit ki pwòp tou (Sòm 24:​3, 4; 1 Pyè 1:​15, 16). Nou bezwen fè gwo efò pou n retire “ansyen pèsonalite a” sou nou, sa vle di nou bezwen evite yon seri konpòtman ak yon seri konduit ki pa pwòp. Epi, nou bezwen abiye nou ak “nouvo pèsonalite a”, sa vle di nou bezwen montre nan fason n panse ak nan fason n aji n ap imite bèl kalite Jewova genyen yo (Kol. 3:​9, 10). Grasa èd Jewova, menm moun ki te imoral anpil e ki te vyolan anpil ka chanje e yo ka abiye ak nouvo pèsonalite a.

14. Ki sa w aprann nan egzanp Jack la? (Gade foto a tou.)

14 Ann reflechi sou egzanp Jack, yon mesye ki te tèlman vyolan, moun te konn rele l Demon an. Yo te kondane Jack amò akoz krim li te fè yo. Men, pandan Jack t ap tann pou yo egzekite l, li te dakò etidye Labib ak yon frè ki te konn vizite prizon kote l te ye a. Menm lè Jack te fè anpil bagay ki mal, li te vin chanje, e rive yon lè li te batize antanke Temwen Jewova. Jack te tèlman chanje, jou yo t apral egzekite l la, gen kèk gadyen prizon ki te gen dlo nan je pandan yo t ap di l orevwa. Men sa yon sèjan ki t ap travay nan prizon an te di: “Yon lè, se Jack ki te pi mal pami tout prizonye ki isit la. Kounye a, li se youn nan pi bon prizonye yo.” Semèn apre yo te fin egzekite Jack la, frè ki te retounen nan prizon an pou kondui reyinyon semèn nan te rankontre yon prizonye ki te asiste reyinyon pou premye fwa. Ki sa k te pouse l asiste? Lè l te wè Jack chanje konduit, sa te touche l e l te vle konnen sa l bezwen fè pou l adore Jewova. Se sèten, konduit nou ka fè Papa nou ki nan syèl la jwenn glwa! — 1 Pyè 2:12.

Nou ka bay Jewova glwa nan konduit nou. (Gade paragraf 14.) d


KI JAN JEWOVA PRAL FÈ NON L JWENN GLWA TALÈ KONSA?

15. Ki jan Jewova pral fè non l jwenn glwa nèt talè konsa? (Sòm 96:​10-13).

15 Li Sòm 96:​10-13. Dènye vèsè sa yo ki nan Sòm 96 la montre Jewova se yon Jij ak yon Wa ki jis. Ki jan Jewova pral fè non l jwenn glwa talè konsa? Li pral fè gen jistis. Talè konsa, li pral detwi Gran Babilòn nan k ap fè moun sal non L ki sen (Rev. 17:​5, 16; 19:​1, 2). Kèk nan moun ki pral wè lè Gran Babilòn nan detwi ka vin adore Jewova ansanm avè n. Finalman, nan Amagedon, Jewova pral detwi tout sistèm Satan an. Li pral elimine tout moun ki opoze avè l e k ap sal non l. Men, l ap sove tout moun ki renmen l, ki obeyi l e ki kontan ba l glwa (Mak 8:38; 2 Tes. 1:​6-10). Nan fen Rèy mil an Kris la, apre dènye eprèv la, Jewova pral fè non l vin sen nèt (Rev. 20:​7-10). Lè sa a, “tè a pral plen konesans sou glwa Jewova menm jan lanmè a plen dlo”. — Aba. 2:14.

16. Ki detèminasyon w pran? (Gade foto a tou.)

16 Ala bèl sa pral bèl lè tout moun ki vivan pral onore Jewova pou glwa non l merite! Men, anvan jou sa a rive, ann fè tout sa n kapab pou n bay Bondye nou an glwa nan tout okazyon nou jwenn. Pou montre jan l enpòtan pou n fè sa, Kolèj santral la chwazi Sòm 96:8 kòm tèks pou ane 2025 lan. Men sa l di: “Onore Jewova pou glwa non l merite.”

Rive yon lè, tout moun ki vivan pral onore Jewova pou glwa non l merite! (Gade paragraf 16.)

KANTIK 12 Gran Dye, Jewova

a Gen kèk non yo chanje.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Foto ki repwodui eksperyans Angelena a.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Foto ki repwodui eksperyans Prisca a.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Foto ki repwodui eksperyans Jack la.