Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 5

KANTIK 108 Lanmou fidèl Bondye genyen an

Byenfè nou jwenn paske Jewova renmen nou

Byenfè nou jwenn paske Jewova renmen nou

“Kris Jezi te vin nan monn nan pou l sove pechè.”1 TIM. 1:15.

PWEN KLE

Fason nou kapab jwenn byenfè nan ranson an ak fason nou ka montre nou gen Jewova rekonesans.

1. Ki sa nou kapab fè pou n fè Jewova kontan?

 IMAJINE w bay yon moun ou renmen yon kado espesyal ki bèl e k ap itil li. Ala sa t ap fè w mal si moun sa a ta annik met kado a yon kote epi l pa okipe l! Yon lòt bò, se sèten ou t ap kontan si moun nan ta sèvi ak kado a e l ta montre li apresye l. Ki rapò egzanp sa a genyen ak kado Jewova bay la, anpalan de ranson an? Jewova bay Pitit Gason l lan kòm sakrifis pou nou. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè n montre nou gen rekonesans pou gwo kado sa a e pou lanmou li gen pou nou ki te pouse l bay ranson an! — Jan 3:16; Wom. 5:​7, 8.

2. Ki sa n pral wè nan atik sa a?

2 Sepandan, tank ane ap pase, nou ka vin sispann wè ranson an kòm yon kado ki gen anpil valè. Se kòmsi nou ta pran kado Bondye ban nou an nou mete l yon kote. Nou kontan genyen l, men, nou pa tèlman panse avè l ankò. Pou anpeche sa rive, nou dwe chèche vin gen plis rekonesans pou sa Bondye ak Kris fè pou nou, e n dwe fè sa regilyèman. Atik sa a ka ede n fè sa. Nou pral wè fason nou jwenn byenfè nan ranson an depi kounye a ak fason nou kapab jwenn byenfè alavni. Nou pral wè tou fason nou ka montre nou gen rekonesans pou lanmou Jewova, sitou nan epòk Memoryal la.

FASON NOU JWENN BYENFÈ DEPI KOUNYE A

3. Bay youn nan fason nou jwenn byenfè nan ranson an depi kounye a.

3 Nou deja jwenn byenfè grasa sakrifis ranson Kris la. Pa egzanp, sou baz ranson an, Jewova padone peche nou. Jewova pa oblije padone nou. Men, li vle fè sa. Gen youn nan moun ki te ekri sòm yo e ki te gen rekonesans ki te di nan yon chante: “Paske, ou bon e w dispoze padone, o Jewova.” — Sòm 86:5; 103:​3, 10-13.

4. Pou ki moun Jewova te bay ranson an? (Lik 5:32; 1 Timote 1:15).

4 Gen moun ki ka santi yo pa merite pou Jewova padone yo. An reyalite, pa gen youn nan nou ki merite jwenn padon. Apot Pòl te konprann li “pa merite pou yo rele [l] apot, paske [l] te konn pèsekite kongregasyon Bondye a”. Epoutan, men sa l te ajoute: “Grasa favè san parèy Bondye a mwen vin sa m ye a.” (1 Kor. 15:​9, 10). Lè nou repanti pou peche nou yo, Jewova padone nou. Poukisa? Se pa paske nou merite sa, men, se paske li renmen nou. Si w santi w tris paske w panse ou pa merite pou Jewova padone w, sonje Jewova pa t bay ranson an pou moun ki san peche, men l te bay li pou moun ki peche e ki repanti. — Li Lik 5:32; 1 Timote 1:15.

5. Èske gen youn nan nou ki gen dwa di li merite pou Jewova padone l? Esplike.

5 Pa gen youn nan nou ki ta dwe panse nou merite pou Jewova padone n, menmsi nou gen anpil tan depi n ap sèvi l. Natirèlman, Jewova apresye tout sa nou fè pou li (Ebre 6:10). Li ban nou ranson an gratis, men se pa peye l peye n pou sa n te fè pou li. Si nou ta di nou merite pou Jewova padone nou, oswa pou l ta aji yon fason espesyal avè n, se kòmsi nou ta di Kris te mouri pou granmesi. — Konpare ak Galat 2:21.

6. Poukisa Pòl te travay di nan sèvis Jewova a?

6 Pòl te konnen pa gen anyen l te ka fè pou l merite pou Bondye padone l. Donk, poukisa li te travay di anpil nan sèvis Jewova a? Li pa t fè sa pou l te montre li merite pou Bondye padone l, men, pou l te montre li gen rekonesans pou favè san parèy Jewova fè l (Efe. 3:7). Menm jan ak Pòl, nou kontinye chofe nan sèvis Jewova a. Nou pa fè sa pou Jewova ka fè nou mizèrikòd, men, paske nou gen rekonesans poutèt li fè nou mizèrikòd.

7. Bay yon lòt fason nou kapab jwenn byenfè nan ranson an depi kounye a. (Women 5:1; Jak 2:23).

7 Yon lòt fason nou jwenn byenfè nan ranson an depi kounye a se lefètke nou kapab gen yon relasyon sere ak Jewova a. Jan n te wè sa nan atik anvan an, lè nou te fèt, nou pa t gen yon relasyon ak Bondye. Men, grasa ranson an, nou ka fè “lapè ak Bondye” e konsa nou kapab vin pwòch avè l. — Li Women 5:1; Jak 2:23.

8. Poukisa nou bezwen gen Jewova rekonesans dèske n gen privilèj pou n priye l?

8 Youn nan posiblite nou genyen lefètke nou zanmi Jewova se privilèj pou nou priye l. Nonsèlman, Jewova tande priyè sèvitè l yo fè an piblik lè yo reyini ansanm, men tou, li tande priyè nou chak fè poukont nou. Lè nou priye Jewova, sa ka fè kè nou kalm, sa ka fè lespri nou anpè. Men, se pa bon bagay sa yo sèlman lapriyè ka fè pou nou. Li kapab fè nou vin pi pwòch ak Bondye (Sòm 65:2; Jak 4:8; 1 Jan 5:14). Lè Jezi te sou tè a, li te konn priye souvan paske l te konnen Jewova t ap koute l e l te konnen lapriyè t ap ede l kontinye gen yon relasyon sere ak Papa l (Lik 5:16). Se pa ti rekonesans nou genyen dèske, sou baz sakrifis Jezi a, nou kapab zanmi Jewova e n ka menm pale avè l lè n priye l!

FASON NOU KAPAB JWENN BYENFÈ ALAVNI

9. Ki jan sèvitè fidèl Jewova yo pral jwenn byenfè nan ranson an alavni?

9 Ki jan sèvitè fidèl Jewova yo pral jwenn byenfè nan ranson an alavni? Jewova pral ba yo lavi ki pap janm fini an. Anpil moun panse sa enposib paske depi plizyè milye ane moun ap mouri. Men, objektif Jewova te toujou gen pou lèzòm se pou yo viv pou toutan. Si Adan pa t peche, pa gen moun ki t ap panse lavi pou toutan pa posib. Menm lè l difisil pou n imajine nou kapab viv pou toutan kounye a, nou mèt kwè sa ap fèt, paske nou konnen Jewova te peye pi gwo pri a pou sa ka vin posib, anpalan de lavi Pitit Gason l lan li renmen anpil la. — Wom. 8:32.

10. Ki sa moun Bondye chwazi pou al nan syèl la vrèman ap tann?

10 Byenke lavi pou toutan an se yon benediksyon n ap jwenn alavni, Jewova vle nou reflechi sou li depi kounye a. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl la vrèman ap tann pou y al viv nan syèl e pou yo dirije tè a ansanm ak Kris (Rev. 20:6). Lòt mouton yo gen espwa pou yo viv nan yon paradi sou tè a kote pap gen soufrans ak lapenn (Rev. 21:​3, 4). Èske w fè pati lòt mouton yo ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a? Rekonpans sa a pa gen mwens enpòtans pase esperans pou moun al viv nan syèl la! Se pou sa Bondye te kreye lèzòm. Se pa ti kontan nou pral kontan lefètke nou pral viv pou toutan sou tè a!

11-12. Bay kèk benediksyon ki pral gen nan Paradi a nou vrèman ap tann pou n jwenn. (Gade foto yo tou.)

11 Imajine jan lavi w pral ye nan Paradi a sou tè a. Ou pap bezwen pè pou w pa malad oswa pou w pa mouri (Eza. 25:8; 33:24). Jewova pral fè w jwenn tout bon bagay ou ta renmen. Ki sa w ta renmen aprann? Èske w ta renmen konn bèt yo byen? Èske w ta renmen aprann jwe yon enstriman? Èske w ta renmen vin yon atis? Nan Paradi a n ap bezwen achitèk, kontremèt ak kiltivatè. Se sèten, n ap bezwen moun pou fè jaden, pou prepare manje, pou fè zouti e pou pran swen bèl pyebwa ak bèl jaden flè (Eza. 35:1; 65:21). Lefètke w ap kapab viv pou toutan, w ap gen tan pou w devlope nenpòt talan ou ta ka imajine.

12 Se pa ti kontan nou pral kontan akeyi moun ki pral resisite yo (Tra. 24:15)! Epitou, imajine jan w pral kontan aprann plis bagay sou Jewova lè w ap egzamine pakèt bagay li kreye yo (Sòm 104:24; Eza. 11:9). Sa k pi bèl la, ala sa pral estrawòdinè pou n adore Jewova san nou pa santi n koupab ditou! Èske w t ap chwazi “pran plezi pou yon ti tan nan peche” olye w pwofite bèl benediksyon sa yo alavni (Ebre 11:25)? Se sèten ou pa t ap fè sa! Benediksyon sa yo gen plis valè pase nenpòt sakrifis nou dwe fè kounye a. Sonje, nou pap toujou espere viv nan Paradi a sou tè a. Rive yon lè, n ap nan Paradi a. Tout bagay sa yo ap posib paske Jewova tèlman renmen nou li bay Pitit Gason l lan kòm sakrifis pou nou!

Ki benediksyon ou plis ap tann pou w jwenn nan Paradi a? (Gade paragraf 11-12.)


MONTRE W GEN REKONESANS POU LANMOU JEWOVA

13. Ki jan nou kapab montre nou gen rekonesans pou lanmou Jewova? (2 Korentyen 6:1).

13 Ki jan n ka montre nou gen rekonesans lefètke Jewova bay ranson an? Se lè n bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi nou (Mat. 6:33). Dayè, Jezi te mouri “yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a”. (2 Kor. 5:15.) Se sèten, lè n fè anpil efò pou n sèvi Jewova, nou montre nou gen anpil rekonesans pou favè san parèy li fè nou. — Li 2 Korentyen 6:1.

14. Ki jan n ka montre nou fè Jewova konfyans e nou suiv direksyon li ban nou?

14 Yon lòt fason nou ka montre nou gen rekonesans pou lanmou Jewova se lè nou montre nou fè l konfyans e nou suiv direksyon li ban nou. Ki jan n ka fè sa? Nou ka montre sa lè nou gen desizyon pou n pran. Pa egzanp, lè n ap reflechi pou n wè èske n vrèman bezwen fè gwo etid oswa ki travay nou dwe aksepte, nou dwe chèche konnen sa Jewova ta renmen nou fè (1 Kor. 10:31; 2 Kor. 5:7). Lè n pran desizyon ki montre nou gen lafwa, nou vin gen plis lafwa nan Jewova e nou vin pi pwòch avè l. Epi, esperans nou genyen pou nou viv pou toutan an vin pi djanm toujou. — Wom. 5:​3-5; Jak 2:​21, 22.

15. Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pandan epòk Memoryal la?

15 Gen yon lòt fason ankò nou kapab montre nou gen rekonesans pou lanmou Jewova gen pou nou. Se lè n fè tout sa n kapab nan epòk Memoryal la pou n montre Jewova nou gen anpil rekonesans pou ranson an. Nonsèlman n ap fè efò pou n la nan Memoryal la, nou ka envite lòt moun tou (1 Tim. 2:4). Esplike moun ou envite yo sa k pral gen nan Memoryal la. L ap bon pou w montre yo videyo Poukisa Jezi te mouri? ak videyo Sonje lanmò Jezi ki sou jw.org. Ansyen yo bezwen sonje envite inaktif yo. Imajine kè kontan k ap gen nan syèl la ak sou tè a si kèk nan ti mouton Jewova yo ki te pèdi retounen nan twoupo l la grasa ankourajman yo jwenn (Lik 15:​4-7)! Pandan Memoryal la, ann pran detèminasyon nonsèlman pou n akeyi youn lòt, men sitou, moun ki vin asiste Memoryal la pou premye fwa oswa moun ki gen lontan depi yo pa asiste l. Nou vle fè yo santi nou kontan yo vini! — Wom. 12:13.

16. Poukisa nou ta dwe reflechi pou n wè si n ta kapab fè plis nan sèvis nou nan epòk Memoryal la?

16 Èske w ka chèche fè plis nan sèvis ou pou Jewova nan epòk Memoryal la? Lè nou fè sa, se yon bon fason nou montre nou gen rekonesans pou tout sa Bondye ak Kris fè pou nou. Plis nou travay di nan sèvis Jewova a se plis n ap wè jan l ede n e n ap vin gen plis konfyans nan li (1 Kor. 3:9). Epitou, sonje suiv pwogram lekti Labib pou Memoryal la nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou oswa nan tablo ki nan pwogram reyinyon lasemèn nan. Ou ka menm chwazi sèvi ak pasaj biblik sa yo pou w fè etid pèsonèl.

17. Ki sa k fè Jewova plezi? (Gade kare ki gen tit “ Fason w kapab montre ou gen rekonesans pou lanmou Jewova”.)

17 Se vre sitiyasyon w ka pa pèmèt ou fè tout sa yo di nan atik sa a. Sepandan, sonje, Jewova pa konpare kantite travay ou fè ak kantite travay yon lòt moun fè. Li wè sa k nan kè w. Li kontan lè li wè w gen anpil rekonesans pou ranson an, bèl kado sa a li ban nou an. — 1 Sam. 16:7; Mak 12:​41-44.

18. Poukisa nou gen Jewova Dye ak Jezi Kris rekonesans?

18 Se sèlman grasa ranson an nou kapab jwenn padon pou peche nou, nou kapab vin zanmi Jewova, e nou kapab gen espwa pou n viv pou toutan. Ann toujou montre nou gen Jewova rekonesans pou lanmou l ki te pouse l ban nou benediksyon sa yo (1 Jan 4:19). Epitou, ann montre nou gen Jezi rekonesans poutèt li te bay lavi l pou nou paske l renmen nou anpil. — Jan 15:13.

KANTIK 154 Lanmou fidèl

a Jewova te padone moun ki t ap sèvi l menm anvan Kris te vin bay ranson an. Jewova te kapab fè sa paske l te gen konfyans Pitit Gason l lan t ap ret fidèl jiskaske l mouri. Donk, pou Bondye, se kòmsi ranson an te deja peye. — Wom. 3:25