Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 4

KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an

Ki sa ranson an aprann nou?

Ki sa ranson an aprann nou?

“Lanmou Bondye te parèt aklè.”1 JAN 4:9.

PWEN KLE

Sa ranson an aprann nou sou bèl kalite Jewova Dye ak Jezi Kris genyen yo.

1. Ki byenfè nou jwenn lè n asiste Memoryal lanmò Kris chak ane?

 SE SÈTEN w ap dakò ranson an se yon kado ki gen anpil valè (2 Kor. 9:15)! Lefètke Jezi te bay lavi l kòm sakrifis, ou kapab gen yon bon relasyon ak Jewova Dye. Epitou, ou kapab gen posiblite viv pou toutan. Nou gen anpil rezon pou n montre nou gen Jewova rekonesans pou ranson an li te bay paske l renmen nou (Wom. 5:8)! Jezi te tabli Memoryal lanmò li pou n selebre chak ane pou ede n kontinye gen rekonesans e pou n pa janm bliye sa Jewova avè l te fè pou nou. — Lik 22:​19, 20.

2. Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

2 Ane sa a, n ap selebre Memoryal la samdi 12 avril 2025. Se sèten nou tout ap fè efò pou n asiste l. N ap jwenn anpil byenfè si n pran tan pandan epòk Memoryal la pou n medite a sou sa Jewova ak Pitit Gason l lan fè pou nou. Nan atik sa a, nou pral egzamine sa ranson an aprann nou sou Jewova ak Pitit Gason l lan. Atik ki vin apre a pral ede n wè sa n bezwen fè pou n jwenn byenfè nan ranson an ak fason n ka montre nou gen rekonesans pou li.

SA RANSON AN APRANN NOU SOU JEWOVA

3. Ki jan lanmò yon sèl moun te ka delivre plizyè milyon moun anba peche ak lanmò? (Gade foto a tou.)

3 Ranson an aprann nou Jewova renmen jistis (Det. 32:4). Ki jan l montre sa? Piske Adan te dezobeyi, nou eritye peche e sa lakòz nou mouri (Wom. 5:12). Pou Jewova libere n anba peche ak lanmò, li te voye Jezi pou bay ranson an. Men, ki jan sakrifis yon sèl moun pafè kapab delivre plizyè milyon moun? Men sa apot Pòl esplike: “Menm jan akoz dezobeyisans yon sèl moun [Adan] anpil moun te vin pechè, se konsa tou grasa obeyisans yon sèl moun [Jezi] anpil moun ap vin jis.” (Wom. 5:19; 1 Tim. 2:6). Sa vle di, akoz yon moun pafè te dezobeyi Bondye, sa fè n vin esklav peche ak lanmò. Donk, se yon moun pafè ki obeyi Bondye ki kapab libere nou.

Se yon sèl moun ki te lakòz tout moun vin esklav peche ak lanmò. Menm jan an tou, se yon sèl moun ki libere nou. (Gade paragraf 3.)


4. Poukisa Jewova pa t annik kite desandan Adan ki obeyisan yo viv pou toutan?

4 Èske Jezi te vrèman oblije mouri pou l sove nou? Èske Jewova pa t ka annik deside kite desandan Adan ki obeyi L yo viv pou toutan? Yon moun te ka panse se t ap yon bon fason pou Jewova rezoud pwoblèm nan. Men, sa pa t ap ann amoni ak jistis li ki pafè. Lefètke Jewova se yon Bondye ki gen jistis, li pa t ap janm chwazi bliye aksyon klè Adan te fè lè l te dezobeyi a.

5. Poukisa nou kapab gen asirans Jewova ap toujou fè sa ki dwat?

5 Bon, e si Jewova pa t bay ranson an epi li te met jistis li sou kote pou l te kite pitit gason ak pitit fi Adan yo ki enpafè viv pou toutan? Moun te ka ap mande tèt yo èske Bondye pa pral met jistis li sou kote ankò nan lòt sitiyasyon? Pa egzanp, èske l te ka pa kenbe kèk nan pwomès li fè yo? Nou pa bezwen panse yon bagay konsa ka rive. Lefètke Jewova te aji ann amoni ak jistis li gen lakay li, menm lè sa te koute l chè anpil, lè l te bay Pitit Gason l lan li renmen anpil la kòm sakrifis, sa ban nou asirans l ap toujou fè sa ki dwat.

6. Bay youn nan fason ranson an montre Jewova renmen nou. (1 Jan 4:​9, 10).

6 Byenke ranson an ede n konprann Jewova se yon Bondye ki gen jistis, li sitou ede n konprann jan li gen anpil lanmou. (Jan 3:16; li 1 Jan 4:​9, 10.) Ranson an ede n konprann nonsèlman Jewova vle nou viv pou toutan, men tou, li vle n fè pati fanmi l. Fè yon ti reflechi: Lè Adan te peche, Jewova te mete l deyò nan fanmi L. Se sa k fè nou pa tou fè pati fanmi Bondye lè nou fèt. Men, sou baz ranson an, Jewova padone peche nou, e tout moun ki montre yo gen lafwa e ki obeyi l kapab vin fè pati fanmi l yon jou. Menm kounye a, nou kapab gen yon bon relasyon ak Jewova ansanm ak moun k ap adore l menm jan avè n yo. Vrèmanvre, Jewova renmen n anpil! — Wom. 5:​10, 11.

7. Ki jan lefètke Jezi te soufri sa ede n konprann jis nan ki pwen Jewova renmen nou?

7 Nou kapab pi byen konprann jan Jewova renmen nou lè n reflechi ak tout sa sa te koute l pou l te bay ranson an. Satan fè konnen pa gen okenn sèvitè Bondye k ap ret fidèl ak Bondye lè l jwenn pwoblèm. Pou Jewova te montre sa Satan di a se manti, li te kite Jezi soufri anvan l mouri (Jòb 2:​1-5; 1 Pyè 2:21). Pandan Jewova t ap gade, li te wè moun k ap pase Jezi nan rizib, li te wè sòlda k ap bat li, e l te wè yo kloure l sou yon poto. Epitou, Jewova t ap gade jan Pitit Gason l lan li renmen anpil la t ap soufri anvan l mouri (Mat. 27:​28-31, 39). Jewova te ka anpeche tout bagay sa yo rive. Pa egzanp, lè moun yo te di: “Se pou Bondye delivre l kounye a, si l pran plezi nan li”, Jewova te ka annik fè sa (Mat. 27:​42, 43). Sepandan, si Bondye te aji nan moman sa a, pa t ap gen ranson ki peye e nou t ap sanzespwa. Donk, Jewova te kite Pitit Gason l lan andire soufrans jiskaske l rann dènye souf li.

8. Èske Jewova te nan lapenn lè l t ap gade Pitit Gason l lan k ap soufri? Esplike. (Gade foto a tou.)

8 Nou pa ta dwe panse lefètke Bondye toupisan, li pa gen santiman! Li kreye nou pòtre ak li, li fè n ak kapasite pou n montre nou gen santiman. Donk, li nòmal pou n kwè Jewova gen santiman. Bib la fè konnen Li konn gen “lapenn”. (Sòm 78:​40, 41.) Epitou, reflechi sou eksperyans Abraram ak Izarak te fè a. N ap sonje Jewova te mande Abraram pou l ofri sèl pitit gason l lan kòm sakrifis (Jen. 22:​9-12; Ebre 11:​17-19). Nou ka jis imajine tout emosyon Abraram te genyen pandan l t ap prepare l pou l retire lavi Izarak ak yon sèl kout kouto. Jewova dwe te nan plis lapenn toujou pandan l t ap gade moun ki pa gen respè pou Bondye k ap maltrete Pitit Gason l lan jis yo touye l! — Gade videyo ki gen tit Annou imite lafwa yo — Abraram, dezyèm pati ki sou jw.org.

Sa te fè Jewova mal lè l t ap gade Pitit Gason l lan ki t ap soufri. (Gade paragraf 8.)


9. Ki jan Women 8:​32, 38, 39 ede w konprann gwo lanmou Jewova gen pou ou ak pou kwayan parèy ou yo?

9 Ranson an aprann nou pa gen moun ki pi renmen nou pase Jewova, pa menm moun nan fanmi nou ki pi renmen nou an oswa pi bon zanmi nou an. (Li Women 8:​32, 38, 39.) Pa gen dout, Jewova renmen n plis pase nou renmen tèt nou. Èske w ta renmen viv pou toutan? Jewova vle sa pou ou plis toujou. Èske w ta renmen jwenn padon pou peche w yo? Jewova vle sa plis toujou. Tout sa li mande n se pou n aksepte bèl kado li ban nou an, pou n montre nou gen lafwa nan li e pou n obeyi l. Ranson an se vrèman yon bèl fason Bondye montre li renmen nou. E nan monn nouvo a, nou pral aprann plis toujou sou lanmou Jewova. — Ekl. 3:11.

SA RANSON AN APRANN NOU SOU JEZI

10. a) Ki sa k te plis fè Jezi lapenn lè yo t ap touye l la? b) Ki fason Jezi te defann non Jewova? (Gade kare ki gen tit “ Lefètke Jezi te rete fidèl, li te defann non Jewova”.)

10 Jezi bay repitasyon Papa l anpil enpòtans (Jan 14:31). Sa k te fè Jezi lapenn se lefètke yo te akize l kòmkwa li fè blasfèm e l se yon kriminèl, sa ki te ka sal non Papa l. Se pou rezon sa a, men sa l te di nan yon priyè: “Papa, si sa posib, fè koup sa a pase lwen m.” (Mat. 26:39). Lefètke Jezi te ret fidèl ak Jewova jis li mouri, li te rive defann non Papa l.

11. Ki jan Jezi te montre li renmen moun anpil? (Jan 13:1).

11 Ranson an aprann nou tou moun gen anpil valè pou Jezi, sitou disip li yo. (Pwo. 8:31; li Jan 13:1.) Pa egzanp, Jezi te konnen gen kèk aspè nan sèvis li sou tè a ki pa t ap fasil ditou, sitou lefètke l te dwe mouri nan soufrans. Men, Jezi te fè tout travay difisil sa yo, se pa jis paske se sa Jewova te ba l fè, men, se sitou paske l renmen moun. Jezi te montre li renmen moun anpil lefètke li te preche yo, li te anseye yo e l te ede yo. Menm nan jou swa anvan Jezi t apral mouri a, li te pran tan pou l lave pye apot li yo, pou l di yo kèk dènye pawòl pou l konsole yo e pou l ba yo enstriksyon (Jan 13:​12-15). Epi, pandan Jezi te sou poto a, li te pran yon ti tan pou l te bay yon bandi ki t apral mouri espwa e pou l te mande apot Jan pou l pran swen manman l (Lik 23:​42, 43; Jan 19:​26, 27). Donk, Jezi te montre gwo lanmou li genyen, nonsèlman pandan l t ap mouri, men tou, pandan tout vi l sou tè a.

12. Nan ki sans Jezi kontinye fè sakrifis pou nou?

12 Se vre Kris te mouri “yon fwa pou tout”, men, li kontinye fè sakrifis pou nou (Wom. 6:10). Ki jan l fè sa? Li kontinye travay pou l ban nou anpil bon bagay nou ka jwenn kounye a grasa ranson an. Ann wè sa l ap fè kounye a. Li se Wa nou, li se Gran Prèt e li se Chèf kongregasyon an (1 Kor. 15:25; Efe. 5:23; Ebre 2:17). Li gen responsablite pou l rasanble moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ak gwo foul moun nan, yon travay k ap fin fèt anvan gwo tribilasyon an fini b (Mat. 25:32; Mak 13:27). Li veye tou pou sèvitè fidèl li yo jwenn tout sa yo bezwen pou yo ret fidèl ak Jewova pandan dènye jou sa yo (Mat. 24:45). E pandan Rèy li a k ap dire mil an, l ap kontinye aji nan enterè nou. Lè Jewova te bay Pitit Gason l lan pou nou, li pa t sèlman bay li pou l mouri pou nou, men pou l fè anpil lòt bagay pou nou.

PA JANM SISPANN APRANN

13. Ki jan w ka kontinye aprann jan Bondye ak Kris renmen nou?

13 Nou ka kontinye aprann jan Jewova Dye ak Kris Jezi renmen nou si nou kontinye medite sou sa yo fè pou nou. Petèt, ane sa a, nan epòk Memoryal la, ou kapab byen li youn oswa plizyè nan Evanjil yo. Pa eseye li twòp chapit yon sèl kou. Okontrè, pran san w, epi chèche lòt rezon ki fè nou dwe renmen Jewova ak Jezi. Epitou, chèche tout mwayen pou w pataje sa w aprann yo ak lòt moun.

14. Selon Sòm 119:97 ak nòt la, ki jan rechèch nou fè kapab ede n kontinye aprann sou ranson an ak sou lòt ansèyman? (Gade foto a tou.)

14 Si w gen anpil ane nan laverite, ou ka ap mande tèt ou si gen nouvo bagay nou ka aprann sou jistis Bondye, sou lanmou l e sou ranson an. An reyalite, pa gen limit nan sa nou ka aprann sou sijè sa yo ak lòt sijè ankò. Donk, ki sa w ka fè? Byen sèvi ak tout enfòmasyon ou ka jwenn nan piblikasyon nou yo. Lè w jwenn yon pasaj ou pa fin konprann, fè rechèch. Epi, pandan tout jounen an, medite sou sa w aprann yo e chèche wè sa yo aprann ou sou Jewova, sou Pitit Gason l lan e sou lanmou yo gen pou ou. — Li Sòm 119:97 ak nòt la.

Menmsi nou gen anpil ane nan laverite, nou kapab vin gen plis rekonesans pou ranson an. (Gade paragraf 14.)


15. Poukisa l enpòtan pou n kontinye chèche jwenn trezò nan Bib la?

15 Ou pa bezwen dekouraje si w pa jwenn yon nouvo bagay oswa yon bagay estrawòdinè chak fwa w ap li oswa w ap fè rechèch. Nan yon sans, ou tankou yon moun k ap chèche lò. Avèk pasyans, moun k ap chèche lò yo pase plizyè èdtan oswa plizyè jou anvan yo jwenn menm ti moso lò ki pi piti a. Aktout sa, yo kontinye chèche paske chak ti moso lò yo jwenn gen anpil valè pou yo. Chak trezò nou jwenn nan Bib la gen plis valè toujou (Sòm 119:127; Pwo. 8:10)! Donk, kontinye li Bib la e kontinye chèche aprann nouvo bagay ladan l. — Sòm 1:2.

16. Ki jan nou ka imite Jewova ak Jezi?

16 Pandan w ap etidye, chèche fason pou w aplike sa w ap aprann yo. Pa egzanp, imite jistis Jewova gen lakay li lè w aji avèk lòt moun san patipri. Imite lanmou Jezi gen pou Papa l ak pou lòt moun lè w dispoze soufri pou non Jewova e lè w fè sakrifis pou w ede kretyen parèy ou. Epitou, imite Jezi lè w preche lòt moun pou yo ka jwenn posiblite tou pou yo aksepte gwo kado Jewova bay la.

17. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

17 Plis nou konprann ranson an e nou gen rekonesans pou li, se plis n ap renmen Jewova ak Pitit Gason l lan. E yo menm, y ap renmen nou plis toujou (Jan 14:21; Jak 4:8). Kidonk, ann kontinye byen sèvi ak tout sa Jewova ban nou pou n kontinye aprann konsènan ranson an. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè kèk fason nou ka jwenn byenfè nan ranson an ak fason nou ka montre nou gen rekonesans pou lanmou Jewova.

KANTIK 107 Modèl lanmou Bondye bay la

a PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: “Medite” vle di pou nou konsantre lespri nou sou yon sijè e pou n egzamine l pi byen toujou.

b Rasanbleman “bagay ki nan syèl la” Pòl ap pale nan Efezyen 1:10 la pa menm ak rasanbleman “moun Bondye chwazi yo” Jezi ap pale nan Matye 24:31 ak nan Mak 13:27 la. Pòl ap pale konsènan epòk kote Jewova chwazi moun ki pral dirije ansanm ak Jezi yo lè l vide lespri sen sou yo. Jezi ap pale konsènan epòk kote y ap rasanble rès moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki sou tè a nan syèl la pandan gwo tribilasyon an.