Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE

Lè w fè desen, sa ka ede w sonje sa w aprann

Lè w fè desen, sa ka ede w sonje sa w aprann

Menm jan ak anpil moun, petèt ou ka twouve l difisil pou w sonje sa w te etidye. Sepandan, li fasil pou n sonje anpil nan sa Jezi te konn anseye yo, paske byen souvan li te konn sèvi ak egzanp. Ou ka imajine sa Jezi t ap anseye yo, e sa ap ede w sonje yo. Menm jan an tou, w ap plis ka sonje sa w ap etidye yo lè w eseye imajine sa w ap li a. Ki jan w ka fè sa? Lè w fè desen pandan w ap etidye.

Souvan, moun ki fè desen nouvo bagay y ap aprann sonje bagay sa yo pi byen. Lè yo fè desen, nonsèlman sa ede yo pi byen konprann mo yo, men tou, sa ede yo pi byen konprann pwen prensipal yo. Desen yo fè yo se pa travay atis, yo tou senp. Epi, gen prèv ki montre teknik sa a ka sitou itil moun ki granmoun yo.

Pwochen fwa w ap etidye, ou mèt eseye fè desen sa w ap aprann yo. Ou ka sezi wè jan w sonje yo!