Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 2

KANTIK 132 Kounye a, nou fè yon sèl

Nou menm mari, onore madanm nou

Nou menm mari, onore madanm nou

“Nou menm mari, se pou nou [...] onore yo.”1 PYÈ 3:7.

PWEN KLE

Fason yon mari kapab onore madanm li nan pawòl li ak nan fason l aji.

1. Bay youn nan rezon ki fè Jewova kreye maryaj.

 JEWOVA se “Bondye ki gen kè kontan an”, e li vle nou gen kè kontan tou (1 Tim. 1:11). Li ban n anpil kado pou ede n gen kè kontan nan lavi nou (Jak 1:17). Youn nan kado sa yo se maryaj. Lè yon gason ak yon fi marye, yo pwomèt y ap renmen youn lòt, y ap respekte youn lòt e y ap ancheri youn lòt. Lè yo kontinye renmen youn lòt anpil, sa ka fè yo gen kè kontan toutbon. — Pwo. 5:18.

2. Ki jan sitiyasyon an ye nan anpil maryaj jodi a?

2 Malerezman, gen anpil mari ak madanm nan monn nan jodi a ki bliye pwomès yo te fè jou yo t ap marye a. Se sa k fè yo pa gen kè kontan. Sa pa gen twò lontan, Òganizasyon mondyal lasante te bay yon rapò ki fè konnen gen anpil mari ki bat madanm yo, ki di madanm yo vye pawòl, oswa ki maltrete yo lòt fason ankò. Yon mari ki aji konsa ka montre li respekte madanm li devan lòt moun, men annapre, li ka mal aji avè l lè yo poukont yo lakay yo. Gen anpil maryaj ki gen pwoblèm tou lè mari yo ap gade pònografi. a

3. Ki sa k ka fè yon mari mal aji ak madanm li?

3 Ki sa k ka lakòz kèk mari mal aji ak madanm yo? Petèt, yo te grandi ak yon papa ki vyolan, se sa k fè yo ka panse se nòmal pou yo mal aji ak madanm yo. Gen lòt ki kite fason pifò moun nan zòn yo leve a aji detenn sou yo. Yo ka panse yon gason ki “gason toutbon” dwe aji di ak madanm li pou l ka montre se li menm ki chèf. Gen lòt gason ki pa t aprann ki jan pou yo kontwole emosyon yo, sa gen ladan l fason pou yo kontwole kòlè yo. Gen gason ki gade pònografi souvan, e sa ka fè yo panse fi la sitou pou satisfè dezi seksyèl yo genyen. Epitou, gen rapò ki montre pandemi COVID-19 la te fè pwoblèm sa yo vin pi plis toujou. Natirèlman, pa gen youn nan rezon sa yo ki bay yon mari dwa pou l mal aji ak madanm li.

4. Ki sa mari ki kretyen yo bezwen veye pou yo pa fè, e poukisa?

4 Mari ki kretyen yo bezwen fè atansyon pou yo pa kite move fason monn nan konsidere fi detenn sou yo b. Poukisa? Youn nan rezon yo se paske byen souvan se fason yon moun panse ki lakòz li fè yon seri aksyon. Apot Pòl te avèti kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te nan vil Wòm yo pou yo “sispann konfòme [yo] ak sistèm sa a”. (Wom. 12:​1, 2.) Lè Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li klè kongregasyon an te deja egziste depi yon bon bout tan. Sepandan, pawòl Pòl yo te montre gen kèk moun nan kongregasyon an ki te kontinye aji selon koutim ak panse monn nan. Se poutèt sa li te ankouraje yo pou yo chanje fason yo panse ak konpòtman yo. Se sèten mari ki kretyen yo bezwen suiv konsèy sa a jodi a. Malerezman, gen kèk ladan yo ki kite fason moun nan monn nan panse detenn sou yo, e sa menm fè yo mal aji ak madanm yo c. Ki jan Jewova vle yon mari aji ak madanm li? N ap jwenn repons kesyon sa a nan vèsè atik la baze sou li a.

5. Selon 1 Pyè 3:​7, ki jan yon mari dwe aji ak madanm li?

5 Li 1 Pyè 3:7. Jewova mande mari yo pou yo onore madanm yo. Onore gen rapò ak fason n aji ak yon moun nou respekte. Yon mari ki onore madanm li ap aji avè l yon fason ki janti e ki montre li renmen l. Nan atik sa a, nou pral wè fason yon mari ka montre li onore madanm li. Men, ann wè toudabò kèk bagay yon mari pa ta dwe janm fè madanm li.

PA FÈ ANYEN KI TA MONTRE OU PA ONORE MADANM OU

6. Ki jan Jewova konsidere mesye k ap fè vyolans sou madanm yo? (Kolosyen 3:19).

6 Yon mari pa dwe fè vyolans sou madanm li. Jewova rayi nenpòt moun ki aji avèk vyolans (Sòm 11:5). Li montre li kondane mari k ap mal aji ak madanm yo. (Mal. 2:16; li Kolosyen 3:19.) Selon 1 Pyè 3:​7, ki se vèsè atik la baze sou li a, si yon mari pa byen aji ak madanm li, sa ka gen move efè sou relasyon l ak Bondye. Jewova ka pa menm tande priyè l.

7. Selon Efezyen 4:​31, 32, ki kalite pawòl yon mari pa dwe di? (Gade “Pi byen konprann kèk ekspresyon”.)

7 Yon mari pa dwe pale di ak madanm li. Gen kèk mari ki pale avèk kòlè ak madanm yo e yo di madanm yo pawòl ki fè yo mal anpil. Men, Jewova rayi lè moun ap fè “kòlè ak move san”, lè moun ap “rele sou moun”, e lè moun ap “joure moun”. d (Li Efezyen 4:​31, 32.) Jewova tande tout bagay. Fason yon mari pale ak madanm li, menm lè yo poukont yo lakay yo, gen enpòtans pou Jewova. Yon mari ki pale di ak madanm li, nonsèlman sa ap gen move efè sou maryaj li, men tou, sa ap gen move efè sou relasyon l ak Bondye. — Jak 1:26.

8. Ki jan Jewova konsidere pònografi, e poukisa?

8 Yon mari pa dwe gade pònografi. Ki jan Jewova konsidere pònografi? Li rayi sa. Donk, yon mari k ap gad vye imaj ap kraze relasyon l gen ak Jewova a e l montre li pa gen respè pou madanm li e. Jewova vle pou yon mari ret fidèl ak madanm li nonsèlman nan fason l aji, men tou, nan fason l panse. Jezi te di yon gason k ap gade yon lòt fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l “nan kè l”. fMat. 5:​28, 29.

9. Poukisa Jewova rayi lè yon mari ap fòse madanm li fè yon seri aksyon nan domèn seksyèl ki twouble konsyans madanm nan?

9 Yon mari pa dwe fòse madanm li fè yon bagay k ap fè madanm nan santi se abi seksyèl mari l ap fè sou li oswa ki twouble konsyans li. Gen mari ki fòse madanm yo fè yon seri aksyon nan domèn seksyèl ki fè madanm yo santi se abize mari yo ap abize yo oswa ki twouble konsyans yo. Jewova rayi konpòtman san reflechi sa yo e ki egoyis. Li atann pou yon mari renmen madanm li, pou l ancheri l e pou l respekte santiman l (Efe. 5:​28, 29). E si yon mari ki kretyen deja fòse madanm li fè yon seri aksyon nan domèn seksyèl ki fè madanm nan santi se abize mari l ap abize l oubyen mari a ap gade pònografi? Ki jan l ka chanje fason l panse ak fason l aji?

FASON YON MARI KA SISPANN GEN MOVE KONPÒTMAN

10. Ki jan mari yo ka suiv egzanp Jezi?

10 Ki sa k ka ede yon mari pou l sispann abize madanm li e pou l sispann fòse l fè yon seri aksyon nan domèn seksyèl ki ka twouble konsyans li? Li ka fè efò pou l suiv egzanp Jezi. Menm lè Jezi pa t janm marye, fason l te aji ak disip li yo se yon modèl pou mari yo suiv nan fason y ap aji ak madanm yo (Efe. 5:25). Pa egzanp, ann wè sa mari yo ka aprann nan fason Jezi te aji ak disip li yo ak nan fason l te pale avè yo.

11. Ki jan Jezi te aji ak apot li yo?

11 Jezi te toujou janti ak apot li yo e l te aji ak yo avèk respè. Li pa t janm aji di ak yo oswa montre yo se li ki chèf. Menm lè li te Seyè yo e l te Mèt yo, li pa t janm wè nesesite pou l montre li gen otorite sou yo e l pa t janm sèvi ak pouvwa l genyen pou l fè yo pè l. Okontrè, Jezi te sèvi yo avèk imilite (Jan 13:​12-17). Men sa l te di disip li yo: “Aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” (Mat. 11:​28-30). N ap remake Jezi te gen tanperaman dou. Yon moun ki dou se pa yon moun ki fèb. Okontrè, li gen fòs pou l metrize tèt li. Menm lè yo fè l fache, li rete kalm e li kontwole emosyon l.

12. Ki jan Jezi te pale ak lòt moun?

12 Jezi te konsole lòt moun e l te ankouraje yo ak pawòl li te konn di. Li pa t konn pale di ak disip li yo (Lik 8:​47, 48). Menm lè moun ki te opoze avè l te joure l e yo te eseye fè l fache, “li pa t joure tou”. (1 Pyè 2:​21-23.) Pafwa, Jezi te menm chwazi pa di anyen olye l te reponn yon fason ki di (Mat. 27:​12-14). Ala yon bèl egzanp pou mari ki kretyen yo!

13. Selon Matye 19:​4-6, ki jan yon mari kapab “atache ak madanm li”? (Gade foto a tou.)

13 Jezi mande mari yo pou yo ret fidèl ak madanm yo. Li te site pawòl Papa l ki te di yon mari dwe “atache ak madanm li”. (Li Matye 19:​4-6.) Vèb grèk yo itilize nan pasaj sa a pou mo “atache” a vle di literalman “kole ak lakòl”. Donk, lanmou ki genyen ant yon mari ak madanm ta dwe tèlman solid, se kòmsi yo kole ansanm. Si youn nan yo ta fè yon bagay ki fè lòt la soufri, se yo toule de ki t ap soufri. Yon mari ki vin gen kalite atachman sa a ak madanm li ap evite pònografi sou tout fòm. L ap aji vit pou l “pa kite je [l] ret ap gade sa k pa vo anyen”. (Sòm 119:37.) Anfèt, li fè yon alyans ak je l pou l pa gade okenn lòt fi ak move lide. — Jòb 31:1.

Yon mari ki fidèl ap refize gade pònografi. (Gade paragraf 13.) h


14. Ki etap yon mari k ap maltrete madanm li dwe suiv pou l retounen gen bon relasyon ak madanm li e ak Jewova?

14 Yon mari ki fè vyolans sou madanm li oswa ki pale di avè l gen plizyè bagay li bezwen fè pou l ka retounen gen bon relasyon ak madanm li e ak Jewova. Ki sa l dwe fè? Premyèman, li bezwen rekonèt li gen yon pwoblèm grav. Pa gen anyen Jewova pa wè (Sòm 44:21; Ekl. 12:14; Ebre 4:13). Dezyèmman, li dwe sispann maltrete madanm li epi chanje konpòtman (Pwo. 28:13). Twazyèmman, li bezwen fè madanm li ak Jewova konnen jan l regrèt sa l te fè a epi mande yo padon ak tout kè l (Tra. 3:19). Epitou, li dwe sipliye Jewova pou l anvi chanje e pou Jewova ede l kontwole panse l, pawòl li ak aksyon l (Sòm 51:​10-12; 2 Kor. 10:5; Flp. 2:13). Katriyèmman, li dwe aji ann amoni ak priyè l lè l aprann rayi tout fòm vyolans ak jouman (Sòm 97:10). Senkyèmman, li bezwen al kot ansyen nan kongregasyon an tousuit pou yo ka ede l (Jak 5:​14-16). Sizyèmman, li bezwen reflechi pou l konn sa pou l fè pou l pa tonbe nan okenn move bagay sa yo ankò. Yon mari k ap gade pònografi dwe suiv menm etap sa yo. Jewova ap beni efò l ap fè pou l chanje konpòtman l (Sòm 37:5). Men, sa pa sifi pou yon mari sispann aji fason ki ka fè madanm li soufri. Li bezwen aprann onore madanm li tou. Ki jan l ka fè sa?

FASON POU W ONORE MADANM OU

15. Ki jan yon mari ka montre afeksyon pou madanm li?

15 Montre l ou renmen l. Gen kèk frè ki gen kè kontan nan maryaj yo ki pran abitid fè yon bagay chak jou pou montre madanm yo jan yo renmen yo (1 Jan 3:18). Yon mari ka montre bonjan afeksyon pou madanm li nan ti bagay ki toupiti, pa egzanp lè l kenbe men l oswa lè l ba l yon bèl akolad. Li ka voye yon ti mesaj pou li pou l di l li sonje l oswa pou l mande l kòman l ye. Detanzantan, li ka ekri l bèl ti pawòl oswa l ka ba l yon ti flè oubyen yon ti kado pou l fè l konnen jan l renmen l. Lè yon mari aji konsa, li onore madanm li e sa fè maryaj yo vin solid.

16. Poukisa yon mari bezwen felisite madanm li?

16 Fè l konnen li gen valè pou ou. Yon mari ki onore madanm li fè madanm li santi l byen e li ankouraje l. Youn nan fason li fè sa, se lè li sonje di l mèsi pou tout sa l fè pou l ede l (Kol. 3:15). Lè yon mari felisite madanm li ak tout kè l, sa fè madanm nan kontan. L ap santi l byen, l ap santi mari l renmen l e li onore l. — Pwo. 31:28.

17. Ki jan yon mari ka montre respè pou madanm li?

17 Se pou w aji avèk jantiyès avè l e se pou w respekte l. Yon mari ki renmen madanm li ba l valè e li ancheri l. Li konsidere madanm li kòm yon kado ki gen anpil valè Jewova ba li (Pwo. 18:22; 31:10). Se sa k fè l aji avè l avèk jantiyès ak respè, menm nan moman ki pi entim nan maryaj yo. Li pap fòse l fè yon seri aksyon nan domèn seksyèl ki fè l santi l pa alèz, ki fè l santi se abize mari l ap abize l, oswa ki twouble konsyans li g. Mari a dwe kontinye fè efò tou pou l gen yon konsyans ki pwòp devan Jewova. — Tra. 24:16.

18. Ki detèminasyon mari yo dwe pran? (Gade kare ki gen tit “ Kat fason yon mari ka montre li gen respè pou madanm li”.)

18 Nou menm mari, nou kapab sèten Jewova wè efò n ap fè pou n onore madanm nou nan tout sa n ap di ak nan tout sa n ap fè e li apresye sa. Se pou n pran detèminasyon pou n onore madanm nou lè n evite nenpòt konduit ki t ap montre nou pa onore l, lè n fè efò pou n janti avè l, pou n montre respè pou li, e pou n montre nou gen afeksyon pou li. Lè n fè sa, nou montre madanm nou nou renmen l e nou ba l valè. Onore madanm ou, konsa w ap pwoteje relasyon ki pi enpòtan pou ou a, sa vle di relasyon w ak Jewova. — Sòm 25:14.

 

KANTIK 131 “Sa Bondye met anba menm jouk”

a Mo pònografi a gen ladan l videyo ak foto ki montre aklè moun k ap fè sèks, liv ki pale sou sèks ak odyo ki fèt pou fè moun vin gen anvi pou yo fè sèks.

b L ap bon pou mari yo li atik ki gen tit “Èske w aji ak medam yo menm jan Jewova aji avè yo?” ki parèt nan Toudegad janvye 2024.

c Madanm mari yo te fè vyolans sou yo ap jwenn èd lè yo li atik ki gen tit “Èd pou fi yo fè vyolans sou yo” ki nan seri atik “Kèk lòt sijè” sou jw.org ak nan JW Library®.

d PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: “Joure moun” gen ladan l non yo bay moun pou rabese yo. Sa gen ladan l tou, lè yo toujou ap kritike yon moun. Nenpòt pawòl yon mari di pou rabese madanm li oswa pou manke l dega se jouman sa ye.

e Gade atik ki gen tit “Pònografi kapab kraze maryaj ou” ki sou jw.org ak nan seri atik “Èd pou fanmi” ki nan JW Library.

f Yon madanm mari l ap gade pònografi ap jwenn èd lè l li atik ki gen tit “Ki sa w ka fè si moun ou marye avè l la konn gade pònografi?” ki parèt nan Toudegad out 2023.

g Bib la pa bay detay sou ki pratik seksyèl yon mari ak yon madanm ta dwe konsidere ki pwòp oswa ki pa pwòp. Yon mari ak madanm ki kretyen dwe pran desizyon ki montre yo pran detèminasyon pou yo onore Jewova, pou yo fè youn lòt plezi, e pou yo gen yon konsyans ki pwòp. An jeneral, yon mari ak madanm pa ta dwe pale ak lòt moun sou bagay entim nan maryaj yo.

h ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki gen kòlèg travay li ki pa Temwen k ap eseye fè l gade liv pònografi.