Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 3

KANTIK 35 “Verifye bagay ki pi enpòtan yo”

Pran desizyon k ap fè Jewova plezi

Pran desizyon k ap fè Jewova plezi

“Yon moun kòmanse gen sajès lè l gen lakrentif pou Jewova. Konesans Sila a ki pi sen an bay la fè moun gen bon konprann.”PWO. 9:10.

PWEN KLE

Fason pou n sèvi ak konesans, bon konprann ak bon jijman pou n pran bon desizyon.

1. Ki sa k difisil nou tout dwe fè?

 CHAK JOU nou gen desizyon pou n pran. Gen desizyon ki ka parèt fasil pou n pran, tankou chwazi sa n ap manje nan maten oswa ki lè pou n al dòmi. Konsa tou, gen lòt desizyon ki pi difisil pou n pran. Yo ka gen efè sou sante nou, yo ka fè n gen kè kontan oswa fè n tris, yo ka gen efè sou moun nou renmen oswa sou adorasyon n ap bay Jewova a. Nou vle pou desizyon nou pran yo bon pou nou ak fanmi nou. Sa k pi enpòtan an, nou ta renmen desizyon n pran yo fè Jewova plezi. — Wom. 12:​1, 2.

2. Ki sa w dwe fè k ap ede w pran bon desizyon?

2 Li pi fasil pou w pran yon bon desizyon si 1) ou chèche gen enfòmasyon w ap bezwen yo, 2) ou chèche konn sa Jewova panse sou desizyon sa a, e 3) ou byen reflechi sou posiblite w genyen yo. Atik sa a pral pale sou etap sa yo, e l ap ede n gen plis bon jijman. — Pwo. 2:11.

CHÈCHE GEN ENFÒMASYON W AP BEZWEN YO

3. Bay yon egzanp ki montre pou ki rezon w bezwen chèche gen enfòmasyon w ap bezwen yo anvan w pran yon desizyon.

3 Premye bagay ou dwe fè pou w pran yon bon desizyon se chèche gen enfòmasyon w ap bezwen yo. Poukisa sa enpòtan? Imajine yon moun al wè doktè paske l gen yon gwo pwoblèm sante. Èske doktè a t ap pran desizyon pou l fè moun nan suiv yon tretman san li pa egzamine moun nan anvan oswa san l pa poze l kesyon? Se sèten li pa t ap fè sa. Ou menm tou w ap pran pi bon desizyon si w reflechi anvan sou enfòmasyon ki gen rapò ak sitiyasyon w lan. Ki jan w ka fè sa?

4. Selon Pwovèb 18:​13, ki sa w ka fè pou w sèten ou gen enfòmasyon w ap bezwen yo? (Gade foto a tou.)

4 Byen souvan, ou kapab jwenn enfòmasyon w ap bezwen yo lè w poze kesyon. Ann sipoze yo envite w nan yon ti fèt. Èske w ta dwe ale? Si w pa abitye ak moun ki envite w la oswa ou pa konnen sa k ap gen nan fèt la, w ap bezwen poze l kesyon tankou: “Ki kote e ki lè fèt la ap fèt? Konbyen moun k ap la? Ki moun k ap responsab? Ki moun k ap nan fèt la? Ki sa k ap gen nan fèt la? Èske ap gen bwason ki gen alkòl?” Repons kesyon sa yo ap ede w pou w pran yon bon desizyon. — Li Pwovèb 18:13.

Poze kesyon pou w ka gen enfòmasyon w ap bezwen yo. (Gade paragraf 4.) a


5. Ki sa w ta dwe fè apre w fin gen enfòmasyon w bezwen yo?

5 Apre sa, lè w fin gen enfòmasyon w bezwen yo, byen reflechi sou tout ti detay. Pa egzanp, si w aprann gen moun ki pa gen okenn respè pou prensip ki nan Bib la k ap nan fèt la oswa y ap sèvi bwason ki gen alkòl san pa gen moun k ap voye je, èske w gentan wè fèt sa a ka vin san kontwòl? (1 Pyè 4:3.) Yon lòt bò, ki sa w dwe fè si lè yo chwazi pou yo fè fèt la tonbe nan menm lè ou gen reyinyon oubyen nan lè w ta dwe al preche? Lè w reflechi ak tout detay sa yo, l ap pi fasil pou w pran yon bon desizyon. Men, gen yon lòt bagay ou dwe fè. Ou konnen ki jan ou menm ou wè sitiyasyon an. Men, ki jan Jewova wè sitiyasyon an li menm? — Pwo. 2:6.

CHÈCHE KONN SA JEWOVA PANSE

6. Selon Jak 1:​5, poukisa nou dwe priye Jewova pou l ede n?

6 Mande Jewova pou l ede w konprann sa l panse. Jewova pwomèt l ap ban nou sajès pou n ka wè si yon desizyon ap fè l plezi. Li bay sajès “paske l donan ak tout moun e li pap fè repwòch”. — Li Jak 1:5.

7. Ki jan w ka vin gen panse Jewova? Bay yon egzanp.

7 Yonfwa w fin priye Jewova pou l gide w, chèche byen wè fason l ap reponn ou. Ann pran yon egzanp. Si w pèdi pandan w ap vwayaje, ou ta ka mande yon moun ki abite nan zòn nan pou l ede w. Men, èske w t ap annik ale anvan moun nan reponn ou? Se sèten ou pa t ap fè sa. Ou t ap byen koute esplikasyon l t ap ba w la. Menm jan an tou, lè w fin mande Jewova pou l ba w sajès, ou bezwen chèche konprann fason Jewova reponn ou lè w chèche wè ki lwa ak prensip nan Bib la ki gen rapò ak sitiyasyon w lan. Pa egzanp, lè w ap deside si w pral nan fèt nou te pale de li pi wo a, ou ka egzamine sa Bib la di sou fèt ki gen debòch, move frekantasyon ak nesesite pou w met enterè Wayòm nan anvan enterè pa w. — Mat. 6:33; Wom. 13:13; 1 Kor. 15:33.

8. Ki sa w ka fè si w bezwen èd pou w jwenn enfòmasyon w ap chèche a? (Gade foto a tou.)

8 Poutan, ou ka bezwen èd pafwa pou w jwenn enfòmasyon w ap chèche a. Ou ka jwenn konsèy nan men yon frè oswa yon sè ki gen eksperyans. Sepandan, w ap jwenn byenfè tou lè w fè pwòp rechèch pa w. W ap jwenn anpil enfòmasyon nan zouti nou genyen pou n etidye yo, pa egzanp Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la ak Vèsè pou ede nou viv antanke kretyen. Sonje objektif ou se pran yon desizyon k ap fè Jewova plezi.

Chèche konnen sa Jewova panse. (Gade paragraf 8.) b


9. Ki jan n ka sèten desizyon nou pran an ap fè Jewova plezi? (Efezyen 5:17).

9 Ki jan n ka sèten desizyon nou pran an ap fè Jewova plezi? Toudabò, nou bezwen chèche byen konn Jewova. Bib la di: “Konesans Sila a ki pi sen an bay la fè moun gen bon konprann.” (Pwo. 9:10). An reyalite, lè n vin konn kalite Jewova yo ak objektif li ansanm ak sa l renmen oswa sa l rayi, n ap vin gen bon konprann toutbon. Mande tèt ou: ‘Selon sa m konnen sou Jewova, ki desizyon mwen ka pran k ap fè l plezi?’ — Li Efezyen 5:17.

10. Poukisa prensip ki nan Bib la pi enpòtan pase tradisyon ki gen nan fanmi nou oswa kilti nou?

10 Pou n fè Jewova plezi, pafwa nou dwe pran desizyon ki pap fè moun ki pwòch nou plezi. Pa egzanp, gen kèk paran ki gen bon entansyon ki ka fè presyon sou pitit fi yo ki majè pou l marye ak yon gason ki gen lajan, menm lè moun sa a pa fin gen bon relasyon ak Jewova. Se vre, yo ta renmen pitit fi yo jwenn tout sa l bezwen, men, kiyès k ap ede l gen yon relasyon solid ak Jewova? Ki jan Jewova wè sa? Nou jwenn repons lan nan Matye 6:33. Nan vèsè sa a, Jezi mande kretyen yo pou yo “kontinye chèche Wayòm nan an premye”. Byenke nou vle onore paran nou e n respekte moun nan zòn kote n ap viv la, sa k pi enpòtan pou nou se fè kè Jewova kontan.

BYEN REFLECHI SOU POSIBLITE W GENYEN YO

11. Ki kalite Pwovèb 2:11 pale de li k ap ede w byen reflechi sou posiblite w genyen yo?

11 Yonfwa w fin egzamine prensip nan Bib la ki gen rapò ak desizyon w lan, ou bezwen byen reflechi sou posiblite w genyen yo. (Li Pwovèb 2:11.) Bon jijman ap ede w wè ki sa k ka rive nan chak sitiyasyon. Pafwa, desizyon an kapab fasil pou w pran. Men, se pa tout desizyon ki senp. Bon jijman ap ede w pran bon desizyon, menm nan sitiyasyon ki konplike.

12-13. Ki jan bon jijman ka ede w pran bon desizyon anrapò ak travay?

12 Eseye imajine sitiyasyon ki vin annapre a. W ap chèche yon travay pou w pran swen fanmi w. Gen de travay ou gen posiblite jwenn. Ou reflechi sou tout enfòmasyon w genyen yo, pa egzanp, ki kalite travay w ap gen pou w fè, ki orè w ap genyen, konbyen tan sa ap pran pou w rive nan travay la, eksetera. Toule de travay yo pa vyole okenn prensip nan Bib la. Petèt, w ap chwazi youn nan travay sa yo paske w pi renmen l oswa paske y ap peye w pi byen. Men, gen lòt bagay pou w egzamine anvan w pran yon desizyon.

13 Pa egzanp, èske orè travay sa yo pap tonbe nan lè reyinyon kongregasyon w? Èske travay sa yo pap anpeche w jwenn tan pou w ede fanmi w gen kè kontan e pou yo ret pwòch ak Jewova? Lè w poze tèt ou kesyon konsa, sa ap ede w met “bagay ki pi enpòtan yo”, sa vle di adorasyon w ap bay Jewova a ak sa fanmi w bezwen, anvan avantaj materyèl (Flp 1:10a). Konsa, w ap kapab pran yon desizyon Jewova ap beni.

14. Ki jan lè n gen bon jijman e n montre nou renmen lòt moun, sa ap ede n pou n pa fè lòt moun bite?

14 Bon jijman ap ede n reflechi tou sou fason desizyon n pran ka gen efè sou lòt moun, konsa n ka evite “fè lòt moun bite”. (Flp 1:10b, nòt.) Sa enpòtan lè n ap pran desizyon sou fason n ap abiye ak fason n ap fè cheve n. Pa egzanp, nou ka pi renmen yon stil rad oswa yon kwafi. Men, e si fason n abiye ak fason n fè cheve n choke frè n ak sè n yo oswa lòt moun? Bon jijman ap ede n gen respè pou santiman lòt moun. Lanmou ap pouse n chèche “avantaj pa lòt moun” epi aji avèk bonsans (1 Kor. 10:​23, 24, 32; 1 Tim. 2:​9, 10). Konsa, n ap pran yon desizyon k ap montre nou renmen lòt moun e nou gen respè pou yo.

15. Sou ki sa w bezwen reflechi anvan w pran yon gwo desizyon?

15 Si w ap pran yon gwo desizyon, reflechi ak sa w ap bezwen fè pou w pran desizyon sa a. Jezi te anseye nou pou n “kalkile konbyen sa ap koute” nou (Lik 14:28). Donk, reflechi ak kantite tan, kantite lajan ak kantite efò sa ap mande pou w fè desizyon an reyisi. Nan kèk sitiyasyon, ou ka pale ak fanmi w pou w konnen sa chak moun nan fanmi an ap bezwen fè pou desizyon an ka reyisi. Poukisa li bon pou w fè sa? Sa ka ede w wè si w bezwen fè kèk chanjman nan desizyon w vle pran an oswa si w ap bezwen pran yon lòt desizyon k ap pi bon. Mete sou sa, lè w pale ak fanmi w e w koute lè y ap fè w konnen sa yo panse, y ap pi dispoze travay ansanm avè w pou desizyon an reyisi. — Pwo. 15:22.

OU BEZWEN PRAN YON DESIZYON K AP REYISI

16. Ki etap k ap ede w pran yon desizyon k ap reyisi? (Gade kare ki gen tit “ Fason pou n pran bon desizyon”.)

16 Si w suiv etap nou sot wè pi wo yo, konnen w pare pou w pran yon bon desizyon. Ou gen enfòmasyon w bezwen yo e w egzamine prensip k ap ede w pran yon desizyon k ap fè Jewova plezi. Kounye a, ou kapab mande Jewova ede w pou desizyon w lan reyisi.

17. Ki sa k ap ede w pran bon desizyon?

17 Menmsi w te deja pran plizyè desizyon ki te reyisi, ou bezwen sonje, pou w ka pran bon desizyon, ou pa dwe konte sou pwòp entèlijans ou oswa sou eksperyans ou. Men, ou dwe konte sou sajès Jewova bay. Se li menm sèl ki kapab ba w vrè konesans, bon konprann ak bon jijman, e tout kalite sa yo enpòtan pou yon moun gen sajès (Pwo. 2:​1-5). Jewova kapab ede w pran desizyon k ap fè l plezi. — Sòm 23:​2, 3.

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

a ESPLIKASYON SOU FOTO: Jèn frè ak jèn sè k ap pale konsènan yon envitasyon yo jwenn nan telefòn yo pou y al nan yon fèt.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Youn nan frè yo fè rechèch anvan l deside si l pral nan fèt la.