Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Mwen te jwenn konsolasyon nan tout tètchaje m te genyen

Mwen te jwenn konsolasyon nan tout tètchaje m te genyen

Sou bò lwès rivyè Endi, nan zòn ki rele Pakistan kounye a, gen yon ansyen vil ki rele Soukou. Se nan vil sa a m te fèt jou ki te 9 novanm 1929 la. Apeprè nan epòk sa a, gen yon misyonè anglè ki te bay paran m yo yon koleksyon liv ki gen bèl koulè. Liv sa yo ki baze sou Bib la te jwe yon wòl nan fòmasyon m te jwenn nan lavi m antanke Temwen Jewova.

YO TE rele liv sa yo koleksyon lakansyèl la. Lè m te vin kapab egzamine yo, m te jwenn anpil bèl imaj ki te fè imajinasyon m travay. Se sa k fè, depi m te toupiti, m te gen gwo anvi pou m gen konesans ki nan Bib la, tankou konesans ki te nan liv estrawòdinè sa yo.

Etandone Dezyèm Gè mondyal la te prèske fini ak peyi End, sanble lavi m t ap vin pi mal. Paran m yo te separe e annapre yo te divòse. M pa t ka konprann poukisa de moun m te renmen t ap separe youn ak lòt. M te santi m paralize nan domèn afektif e m te lage poukont mwen. M se sèl pitit paran m, e sanble m pa t ka jwenn konsolasyon ak sipò m te vrèman bezwen an.

Manman m avè m t ap viv nan Karachi, pi gwo vil peyi a. Yon jou, Fred Hardaker, yon doktè ki aje e ki se Temwen Jewova, te frape pòt lakay nou. Li te gen menm kwayans ak misyonè ki te bay fanmi m liv yo. Li te ofri manman m yon etid Labib. Manman m pa t dakò, men l te di frè a m ka enterese fè etid la. Frè Hardaker te kòmanse etidye Labib avè m nan semèn ki te vin apre a.

Kèk semèn annapre, m te kòmanse asiste reyinyon nan klinik frè Hardaker a. Te gen anviwon 12 Temwen ki aje ki te konn reyini nan lokal sa a pou yo adore Bondye. Yo te konsole m e yo te pran swen m tankou m te pitit gason yo. Kè m toujou kontan lè m sonje fason yo te konn fè m chita bò kote yo, yo te konn bese pou yo pale avè m tankou bon zanmi, yon bagay m te vrèman bezwen nan epòk sa a.

Yon ti tan annapre, frè Hardaker te mande m pou m akonpaye l nan travay predikasyon an. Li te aprann mwen sèvi ak yon fonograf pòtatif pou n te ka pase yon seri anrejistreman diskou biblik ki pa long. Piske te gen kèk nan diskou sa yo ki te vrèman dirèk, sa te fè kèk moun pa apresye mesaj la. Men, m te kontan anpil pou m bay lòt moun temwayaj. M te chofe anpil pou verite ki nan Bib la e m te renmen pataje l ak lòt moun.

Piske lame japonè a t ap mache sou peyi End, otorite peyi Grann Bretay yo te met plis presyon sou Temwen Jewova yo. Finalman, nan mwa jiyè 1943, presyon sa a te gen efè sou mwen pèsonèlman. Direktè lekòl mwen an, ki te yon pastè legliz anglikan, te mete m deyò paske yo “pa t satisfè” avè m. Li te di manman m mwen se yon move egzanp pou lòt elèv yo paske m pran kontak ak Temwen Jewova yo. Manman m te fache anpil e l te entèdi m pran kontak ak Temwen yo. Annapre, li te voye m al jwenn papa m nan vil Pechawa ki te nan yon distans anviwon 1 370 kilomèt, nan nò. Piske m pa t jwenn manje nan domèn espirityèl e m pa t gen kontak ak kongregasyon an, m te vin inaktif.

MWEN TE VIN ANFÒM ANKÒ NAN DOMÈN ESPIRITYÈL

An 1947, m te tounen nan vil Karachi pou m te ka chèche travay. Pandan m nan vil la, m t al vizite klinik doktè Hardaker a. Li te byen akeyi m.

Piske l panse m te vin chèche konsèy nan domèn medikal, li te mande m: “Ki sa k sanble ap ba w pwoblèm nan moman an?”

M te reponn li: “Doktè, m pa malad fizikman. M malad nan domèn espirityèl. M bezwen yon etid Labib.”

Li te di m: “Ki lè w ta renmen kòmanse?”

M te reponn: “Kounye a, si sa posib.”

Nou te pase yon bèl sware ap etidye Labib. M santi se kòmsi m te tounen lakay mwen nan domèn espirityèl. Manman m te fè tout sa l kapab pou l anpeche m pran kontak ak Temwen yo, men fwa sa a m te detèmine pou m pran laverite. Jou ki te 31 out 1947 la, m te batize nan dlo kòm senbòl ki montre m vwe Jewova lavi m. Yon ti tan apre, lè m te gen 17 an, m te kòmanse sèvis pyonye pèmanan an.

SÈVIS PYONYE BAN M KÈ KONTAN

Premye kote m t al sèvi kòm pyonye se te nan vil Keta, yon ansyen pòs kontwòl lame Grann Bretay la. An 1947, peyi a te vin separe ant End ak Pakistan *. Sitiyasyon sa a te deklannche anpil vyolans nan domèn relijyon, e sa te lakòz youn nan pi gwo deplasman foul moun ki te gen nan listwa. Gen anviwon 14 milyon refijye ki te deplase. Mizilman ki te nan peyi End yo t al nan peyi Pakistan, alòske Endou ak Sik ki te nan peyi Pakistan yo te deplase al nan peyi End. Nan mitan dezòd sa a, m te monte nan yon tren ki chaje ak moun nan vil Karachi, e pandan pifò wout la, m te kenbe yon balistrad ki te bay sou deyò byen di pou m al nan vil Keta.

M t ap asiste yon asanble sikonskripsyon nan peyi End, an 1948.

Nan vil Keta, m te fè konesans ak George Singh, yon pyonye espesyal ki te nan mitan ventèn li. George te ban m yon ansyen bisiklèt m te ka monte (oswa pouse) nan tèritwa sa a ki chaje ak mòn. Byen souvan, m te konn preche poukont mwen. Nan anviwon sis mwa, m t ap etidye Labib ak 17 moun, e gen kèk nan yo ki te pran laverite. Pami yo te gen yon ofisye nan lame ki te rele Sadiq Masih ki te ede George avè m tradui kèk piblikasyon ki baze sou Bib la nan lang oudou, ki se lang peyi Pakistan. Rive yon lè, Sadiq te vin yon pwoklamatè ki chofe nan preche bon nouvèl la.

Mwen t ap vwayaje nan bato Queen Elizabeth pou m al nan Lekòl Galaad.

Apre sa, m te tounen nan vil Karachi kote m te sèvi ansanm ak Henry Finch ak Harry Forrest, de misyonè ki te fèk sot Lekòl Galaad. Yo te ban m bonjan fòmasyon nan sèvis Bondye a! Yon lè, m te akonpaye frè Finch nan yon vwayaj nou te fè pou n t al preche nan nò peyi Pakistan. Nan pye mòn yo ki te wo anpil, nou te jwenn anpil moun nan vilaj yo ki te gen imilite e ki te pale lang oudou ki te swaf verite ki nan Bib la. Dezan annapre, m te rive asiste Lekòl Galaad, e m te tounen nan peyi Pakistan antanke siveyan sikonskripsyon nan yon pati nan tan m. M te abite nan yon kay misyonè ki nan Lahore ansanm ak twa lòt frè ki te misyonè.

MWEN TE REPRANN MWEN APRE YON SITIYASYON DIFISIL

Malerezman, an 1954, misyonè ki te nan Lahore yo te gen pwoblèm pou yo antann yo, sa ki te lakòz biwo filyal la ban nou lòt asiyasyon. Piske m te mal aji lè m te pran pou kèk nan moun ki te nan kont yo, sa te fè yo ban m konsèy ki fèm. M te santi m kraze, e sa te fè m santi m echwe nan domèn espirityèl. M te tounen nan vil Karachi, e annapre m t al nan vil Lonn, ann Angletè, kote m te espere reprann mwen nan domèn espirityèl.

Nan vil Lonn, te gen anpil moun ki te fè pati fanmi Betèl la nan kongregasyon m te ye a. Pryce Hughes, sèvitè filyal la ki te janti, te pran m anba zèl li. Yon jou, li te esplike m yon sitiyasyon kote Joseph F. Rutherford, ki t ap sipèvize travay predikasyon an nan lemonnantye, te ba l konsèy ki fèm. Lè frè Hughes te eseye defann tèt li, frè Rutherford te reprimande l byen di. M te sezi wè jan frè Hughes t ap souri lè l t ap rakonte m sa. Li te di m sa te fè l fache okòmansman. Men, annapre, li te rann li kont li te bezwen konsèy ki fèm e se te yon fason pou Jewova montre l renmen l (Ebre 12:6). Pawòl li te di yo te touche kè m e yo te ede m rejwenn ekilib mwen nan domèn espirityèl.

Apeprè nan epòk sa a, manman m t al viv nan vil Lonn e l te dakò pou frè John E. Barr, ki te vin manm Kolèj santral la annapre, etidye Labib avè l. Li te kontinye fè pwogrè nan domèn espirityèl e l te batize an 1957. Annapre, m te vin aprann Temwen Jewova yo te etidye ak papa m tou anvan l mouri.

An 1958, m te marye ak Lene, yon sè ki moun peyi Dànmak, ki te vin abite nan vil Lonn. Nan ane ki vin apre a, nou te beni lè n te vin gen yon pitit fi ki rele Jane, li se premye nan senk pitit nou genyen. Epitou, m te gen yon seri responsablite nan kongregasyon Fulham nan. Men, rive yon lè, piske sante Lene pa t anfòm, nou te oblije al viv nan yon zòn kote tanperati a pi cho. Se sa k fè, an 1967, nou te deplase al viv nan vil Adelayid, nan peyi Ostrali.

YON TRAJEDI KI TE DECHIRE KÈ N

Nan kongregasyon nou te ye nan vil Adelayid la te gen 12 kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te granmoun. Yo te pran latèt nan travay predikasyon an e yo te chofe ladan l. Byen vit, nou te retounen gen bon abitid nan sèvis n ap bay Jewova a.

An 1979, Lene avè m te vin gen yon senkyèm pitit ki te rele Daniel. Li te malad grav paske l te gen trizomi 21 * e yo pa t atann li t ap viv anpil tan. Jis kounye a, m ap lite pou dekri gwo lapenn nou te genyen. Nou te fè tout sa n kapab pou n pran swen l toutpandan nou pa t neglije kat lòt timoun nou yo. Pafwa Daniel te konn vin tou ble paske l pa t jwenn ase oksijèn akoz li te gen de twou nan kè l, e n te konn oblije kouri lopital avè l. Men, malgre l pa t an sante, li te entèlijan anpil e l te renmen moun. Anplis de sa, li te renmen Jewova anpil. Lè fanmi an te konn ap priye anvan n manje, li te konn bat ti men l, li souke tèt li, e l te konn di “amèn!” ak tout kè l. Se sèlman apre sa li t ap manje.

Lè Daniel te gen katran, li te vin gen yon kansè nan san e ka l te grav. Lene avè m te fatige nan domèn fizik ak nan domèn afektif. M te santi m prèske fè depresyon. Men, lè n pa t kapab ankò, siveyan sikonskripsyon nou an, ki te rele Neville Bromwich, te vin lakay nou. Jou swa sa a, li te vlope n nan bra l toutpandan dlo t ap koule nan je l. Nou tout te kriye. Pawòl ki demontre lanmou ak konpasyon li te di nou te konsole n anpil. Li t al lakay li ozanviwon inè dimaten. Yon ti tan annapre, Daniel te mouri. Lanmò l se evènman ki pi tris ki te rive nan lavi n. Men, nou te sipòte lapenn sa a paske n gen konfyans anyen pa ka separe Daniel ak lanmou Jewova, pa menm lanmò (Wom. 8:38, 39). N ap tann pou n ansanm avè l lè l resisite nan monn nouvo Bondye a! — Jan 5:28, 29.

MWEN JWENN KÈ KONTAN NAN EDE LÒT MOUN

Jodi a, apre m fin chape anba de gwo stwok m te fè, m toujou ap sèvi kòm ansyen nan kongregasyon an. Eksperyans mwen fè aprann mwen mete m nan plas lòt moun e pou m gen konpasyon pou yo, sitou pou moun k ap lite anba pwoblèm yo. M fè efò pou m pa jije yo. Olye de sa, m mande tèt mwen: ‘Ki efè eksperyans yo fè nan lavi a genyen sou fason yo santi yo ak sou panse yo? Ki jan m ka montre yo m gen sousi pou yo? Ki jan m ka ankouraje yo fè sa Jewova vle?’ M vrèman renmen sèvi antanke bèje nan kongregasyon an! Vrèmanvre, lè m konsole lòt moun e m ankouraje yo nan domèn espirityèl, m santi se tèt mwen m ap konsole e m ap ankouraje.

Mwen kontinye jwenn satisfaksyon lè m ap fè vizit pastoral.

M santi m menm jan ak youn nan moun ki te ekri sòm yo ki te di: “Lè enkyetid te anvayi m, [Jewova] te konsole m, [e l] te soulaje m.” (Sòm 94:19). Li soutni m nan difikilte m te jwenn nan fanmi m, devan opozisyon relijye, lè m te jwenn desepsyon ak lè m te fè depresyon. Vrèmanvre, Jewova se yon Papa toutbon pou mwen!

^ § 19 Okòmansman, tèritwa peyi Pakistan te gen ladan l Pakistan delwès (kounye a ki se Pakistan) ak Pakistan delès (kounye a ki se Bengladèch).

^ § 29 Gade atik ki gen tit “L’éducation d’un enfant trisomique: Les difficultés, les joies” ki te parèt nan Reveye n! jen 2011 (fransè).