Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te kapab gen favè Bondye

Li te kapab gen favè Bondye

ANTANKE sèvitè Jewova, nou vle gen favè l, pa vre? Sepandan, ki kalite moun Bondye bay favè l ak benediksyon l? Gen kèk moun nan tan biblik yo ki te gen favè Bondye menm lè yo te fè peche grav anvan sa. Gen lòt ki te gen yon seri bèl kalite, men, yo pa t rive gen favè Bondye. Donk, nou gendwa ap mande tèt nou: “Ki premye bagay Jewova ap chèche lakay nou chak?” Egzanp Wobowam, yon wa nan peyi Jida, ka ede n jwenn repons lan.

LI TE MAL DERAPE

Se Salomon ki te papa Wobowam, e l te pase 40 an ap dirije Izrayèl (1 Wa 11:42). Salomon te mouri nan ane 997 anvan epòk nou an. Annapre, Wobowam te fè yon vwayaj nan direksyon nò, li te sot Jerizalèm al Chekèm pou yo te ka fè l wa (2 Kwo. 10:1). Èske n ka imajine jan l te renka pou l suiv tras Salomon, yon wa tout moun te konnen ki te gen yon sajès estrawòdinè? Ki jan Wobowam te ka rive konnen nan yon ti tan li t ap jwenn eprèv ki t ap teste kapasite l genyen pou l rezoud pwoblèm ki konplike?

Wobowam dwe te rann li kont bagay yo te difisil anpil ann Izrayèl. Rive yon lè, gen kèk moun ki reprezante pèp la ki te vin kote l e yo te esplike l pwoblèm yo. Men sa yo te di l: “Papa w te fè jouk ki sou do nou an vin lou. Men, si w pa fè nou travay di jan papa w te konn fè nou travay di a e si w fè jouk li te met sou do nou an vin lejè, n ap sèvi w.” — 2 Kwo. 10:3, 4.

Wobowam te ka santi l pran nan pyèj! Si l te fè sa pèp la mande a, li menm ak fanmi l ansanm ak lòt moun nan palè a te ka oblije aksepte pèdi kèk avantaj epi pou yo mande pèp la mwens bagay. Yon lòt bò, si l te refize, pèp la te ka rebele kont li. Ki sa l t ap fè? Toudabò, nouvo wa a t al chèche konsèy nan men kèk granmoun ki te konn bay Salomon konsèy. Men, apre sa, Wobowam t al chèche konsèy nan men kèk jèn gason ki te nan menm laj avè l. Wobowam te suiv konsèy jèn gason yo, e l te deside aji di ak pèp la. Men sa l te reponn yo: “M ap fè jouk ki sou do nou an vin pi lou, wi, m ap fè l vin pi lou toujou. Papa m te konn bat nou ak fwèt, men mwen menm, m ap bat nou ak rigwaz.” — 2 Kwo. 10:6-14.

Èske w wè yon leson nou ka aprann? Sa klè, byen souvan nou montre n gen sajès lè n koute granmoun ki gen matirite nan domèn espirityèl. Piske moun sa yo gen eksperyans, yo ka gentan wè ki jan yon desizyon pral fini, e konsa, y ap ban nou bon konsèy. — Jòb 12:12.

“YO OBEYI SA JEWOVA DI YO A”

Akoz rebelyon sa a, Wobowam te fè rasanble lame l la. Men, pa mwayen pwofèt Chemaya, Jewova te di yo: “Nou pa dwe monte al goumen avèk Izrayelit yo paske yo se frè nou. Se pou chak moun tounen lakay yo, paske se mwen menm ki fè sa rive.” — 1 Wa 12:21-24 *.

San l pa t menm fè yon konba? Nou ka imajine jan sa dwe te bay Wobowam pwoblèm! Ki sa pèp la t apral panse de wa a ki te di l ap bat yo “ak rigwaz”, men yon ti tan annapre, li oblije koube l devan gwo rebelyon sa a? (Konpare ak 2 Kwonik 13:7.) Aktout sa, wa a ak moun nan lame l la te “obeyi sa Jewova di yo a e yo retounen lakay yo jan Jewova te di yo fè a”.

Ki leson nou aprann? Li saj pou n obeyi Bondye menmsi sa ka fè yo pase n nan rizib. Lè n obeyi Bondye, sa fè n jwenn favè l ak benediksyon l. — Det. 28:2.

Ki jan sa te vin pase pou Wobowam? Avèk obeyisans, li te abandone plan l te genyen pou l al goumen ak nasyon ki te fèk fòme a, li te kòmanse konstwi yon seri vil nan tèritwa tribi Jida a ak tribi Benjamen an ki te toujou anba otorite l. Li te ranfòse yon pakèt vil “plis toujou”. (2 Kwo. 11:5-12.) Sa k pi enpòtan an, pandan yon tan, li te suiv lwa Jewova yo. Pandan moun nan 10 tribi wayòm Izrayèl la ki te anba otorite Jewobowam te lage kò yo nan idolatri, gen anpil moun nan tribi sa yo ki te “soutni Wobowam” lè yo te konn vwayaje al Jerizalèm pou yo pran pozisyon pou vrè adorasyon an (2 Kwo. 11:16, 17). Konsa, obeyisans Wobowam te fè l vin gen plis otorite antanke wa.

LI TE PECHE, E L TE REPANTI NAN YON SÈTEN MEZI

Kou wayòm Wobowam nan te fin byen chita, li te fè yon bagay moun pa t atann. Li te vire do bay lwa Jewova a e l te lage kò l nan fo adorasyon! Men, poukisa? Èske l te aji anba enfliyans manman l ki te yon desandan Amon (1 Wa 14:21)? Kèlkeswa rezon ki te pouse l fè sa, se tout nasyon an nèt ki te suiv li. Se sa k fè Jewova te kite Chichak, wa peyi Ejip la, pran anpil vil nan Jida, aktout Wobowam te byen pwoteje yo! — 1 Wa 14:22-24; 2 Kwo. 12:1-4.

Bagay yo te vin pi mal toujou lè Chichak te rive Jerizalèm kote palè Wobowam nan te ye a. Nan moman sa a, men ki sa Bondye te voye pwofèt Chemaya al di Wobowam ak chèf yo ki nan pèp la: “Se paske nou vire do ban mwen ki fè mwen lage nou nan men Chichak.” Ki jan Wobowam te reyaji lè l tande mesaj sa a ki te yon disiplin? Li te byen reyaji! Bib la di: “Chèf yo ki nan pèp Izrayèl la ak wa a imilye tèt yo devan Bondye e yo di: ‘Jewova se yon Bondye ki jis.’” Se sa k fè, Jewova te delivre Wobowam ak Jerizalèm pou yo pa t detwi. — 2 Kwo. 12:5-7, 12.

Apre sa, Wobowam te kontinye dirije wayòm ki nan sid la. Anvan l mouri, li te bay pakèt pitit gason l te genyen yo anpil kado yon fason pou yo pa t anvi fè okenn rebelyon kont Abija, frè yo a, ki t ap vin ranplase l (2 Kwo. 11:21-23). Konsa, Wobowam te montre l gen bon konprann nan yon sèten mezi, yon bagay li pa t montre l genyen anvan sa.

BYEN OSWA MAL?

Menm lè Wobowam te eseye fè kèk bon bagay, li pa t rive gen favè Bondye. Men sa Bib la di konsènan fason l te dirije a: “Wobowam te fè sa ki mal.” Poukisa? Se paske “li pa t pran detèminasyon nan kè l pou l chèche Jewova”. — 2 Kwo. 12:14.

Kontrèman ak wa David, Wobowam pa t chèche gen yon relasyon sere ak Jewova.

Fè yon ti reflechi: Wobowam te obeyi Bondye kèk fwa. E l te fè kèk bon bagay pou pèp Jewova a. Men, li pa t rive gen yon relasyon sere ak Jewova oswa l pa t gen yon gwo anvi pou l fè Jewova plezi. Konsa, li te lage kò l nan fè sa k mal ak nan fo adorasyon. Ou ka ap mande tèt ou: ‘Lè Wobowam te byen reyaji devan disiplin Bondye te ba l la, èske l te fè sa toudabò anba enfliyans lòt moun oubyen èske se paske l te repanti ak tout kè l e l te vle fè Bondye plezi?’ (2 Kwo. 11:3, 4; 12:6). Pi devan nan lavi l, li te rekòmanse fè sa ki mal. Li pa t menm moun ditou ak wa David ki te granpapa l! Se vre David te fè kèk erè, men, pandan tout vi l, li te montre l gen lanmou pou Jewova, li te ret atache ak vrè adorasyon an e l te repanti ak tout kè l pou peche l te fè yo. — 1 Wa 14:8; Sòm 51:1, 17; 63:1.

Pa gen dout, nou ka aprann yon leson nan egzanp Wobowam. Se yon bon bagay lè moun bay fanmi yo sa yo gen bezwen ak lè yo fè gwo efò pou yo reyalize yon bon bagay. Men, pou n gen favè Bondye, toudabò, nou dwe fè tout sa n kapab pou n soutni vrè adorasyon an e pou n ret atache avè l.

N ap ka rive fè sa si n fè tout sa n kapab pou n kontinye gen yon gwo lanmou pou Jewova. Menm jan n kontinye met bwa oswa chabon nan yon dife pou l ka ret limen, se konsa tou nou bezwen kontinye fè lanmou nou gen pou Bondye a ret limen lè n etidye Pawòl li a regilyèman, lè n medite sou sa n li a ak lè n pèsevere nan lapriyè (Sòm 1:2; Wom. 12:12). Konsa, lanmou n gen pou Jewova a ap fè n gen plis anvi pou n fè l plezi nan tout sa n ap fè. L ap pouse n demontre bonjan repantans, si yon lè sa ta nesesè. Kontrèman ak Wobowam, n ap kontinye ret byen djanm nan vrè adorasyon an. — Jid 20, 21.

^ § 9 Piske Salomon pa t ret fidèl, Bondye te deja fè konnen wayòm nan t ap divize. — 1 Wa 11:31.