Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pouvwa yon salitasyon genyen

Pouvwa yon salitasyon genyen

“BONJOU! Ki jan w ye?”

Sandout ou konn itilize yon salitasyon konsa. Ou ka menm bay moun w ap salye a lanmen oswa yon akolad. Koutim ak mo moun yo itilize yo ka pa menm selon zòn nan, men, se prèske menm jan an yo salye. Anfèt, lè yon moun pa salye lòt moun, oubyen l pa reponn lè yo salye l, yo ka konsidere l kòm moun ki pa renmen moun oswa ki malelve.

Men, se pa tout moun ki renmen salye moun. Gen moun ki renka pou yo salye moun paske yo timid oswa yo panse moun pa ba yo valè. Gen moun ki twouve l difisil pou yo salye moun lòt ras, moun lòt kilti oswa moun ki pa nan menm klas sosyal ak yo. Sepandan, menm yon salitasyon tou kout ka bay bonjan rezilta.

Mande tèt ou: ‘Ki rezilta yon salitasyon ka bay? E ki sa Pawòl Bondye a anseye m sou salitasyon?’

SALYE “TOUT KALITE MOUN”

Men sa apot Pyè te di lè l t ap akeyi Kònèy ki se premye moun lòt nasyon ki te vin fè pati kongregasyon an: “Bondye pa gen patipri.” (Tra. 10:34). Annapre, Pyè te fè konnen Bondye “ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Nou ta ka kouri asosye vèsè sa yo ak yon moun k ap aprann laverite. Sepandan, Pyè te ankouraje kretyen yo tou lè l te di: “Onore tout kalite moun, renmen tout frè nou yo.” (1 Pyè 2:17). Kidonk, èske l pa t ap bon pou n salye lòt moun kèlkeswa ras yo, kilti yo oswa orijin yo? Se t ap yon fason nou montre n onore yo e n renmen yo.

Men ankourajman apot Pòl te bay moun yo nan kongregasyon an: “Se pou youn akeyi lòt, menm jan Kris te akeyi nou tou.” (Wom. 15:7). Pòl te sitou site non yon seri frè e l te di yo se “yon èd ki [ba l] fòs”. Se pa ti bezwen frè ak sè nou yo bezwen ankourajman jodi a toutpandan n ap fè fas ak atak san rete Satan ap fè sou pèp Bondye a. — Kol. 4:11, nòt; Rev. 12:12, 17.

Gen yon seri egzanp nan Bib la ki montre jan salitasyon ka fè plis pase fè yon moun santi l alèz.

ASIRANS, ANKOURAJMAN, LANMOU

Lè moman an te rive pou Jewova transfere lavi Pitit Gason l lan nan vant Mari, li te voye yon zanj pale ak Mari. Men ki premye pawòl zanj lan te di l: “Bonjou, ou menm yo fè yon gwo favè. Jewova avè w.” Mari te “boulvèse [...] anpil” paske l pa t fin konprann rezon ki fè yon zanj t ap pale avè l. Lè zanj lan wè sa, li di l: “Ou pa bezwen pè, Mari, paske Bondye fè w favè.” Li te esplike l se objektif Bondye pou l fè yon pitit ki pral vin Mesi a. Olye Mari te kontinye bay tèt li pwoblèm, li te obeyi e l te di: “Mwen se esklav Jewova! Se pou sa rive m jan w di a.” — Lik 1:26-38.

Se te yon privilèj pou zanj lan te aji antanke mesaje Jewova. Poutan, li pa t santi l rabese lefètke l t ap pale ak yon moun enpafè. Li te kòmanse ak yon salitasyon. Èske n ka aprann nan egzanp sa a? Nou dwe pare pou n salye moun e pou n ankouraje yo. Grasa kèk mo byen senp, nou ka ede lòt moun e nou ka fè yo gen konfyans yo fè pati pèp Jewova a toutbon.

Pòl te vin konn anpil moun nan kongregasyon ki te ann Azi minè ak ann Ewòp yo. Lèt li te ekri yo gen anpil salitasyon byen presi ladan yo. Nou ka wè sa nan Women chapit 16. Pòl te voye salitasyon pou anpil kretyen parèy li. Li te site non Febe, “sè nou an”, e l te ankouraje frè yo pou yo “resevwa l ann inyon ak Seyè a, jan moun ki sen yo dwe resevwa moun, e [...] pou [yo] ba l kèlkeswa èd li ta bezwen”. Pòl te salye Priska ak Akila, e l te di: “Se pa mwen menm sèlman, se tout kongregasyon ki nan nasyon yo k ap di yo mèsi tou.” Li te salye kèk moun nou pa vrèman konnen jodi a, tankou “Epenèt, byenneme [l la]” ansanm ak “Trifèn ak Trifoz [...] de medam k ap travay di nan sèvis Seyè a”. Wi, Pòl te toujou pare pou l salye frè l ak sè l yo. — Wom. 16:1-16.

Imajine lajwa yo te genyen lefètke yo te aprann gen moun ki sonje yo anpil. Yo dwe te vin gen plis lanmou pou Pòl e pou youn lòt! Se sèten, lòt kretyen ki te tande salitasyon sa yo Pòl te bay avèk anpil lanmou te santi yo ankouraje, sa te ede yo rete fèm nan lafwa. Wi, salitasyon ki demontre bonjan enterè pèsonèl e ki gen felisitasyon ladan yo fè moun vin pi zanmi antre yo e sa fè gen inite pami sèvitè fidèl Bondye yo.

Lè Pòl te debake sou waf Piteyoli e l te pran direksyon vil Wòm, gen kretyen ki te sot nan zòn sid ki te vin rankontre l. Lè Pòl wè yo nan yon distans, li “di Bondye mèsi e li pran kouraj”. (Tra. 28:13-15.) Pafwa, se sèlman yon souri oswa yon voye men nou ka bay kòm salitasyon. Sepandan, menm bagay sa yo ka ankouraje yon moun, petèt yon moun ki fè depresyon oswa ki tris.

YON PWEN NOU TOUT DAKÒ

Disip Jak te bezwen bay yon konsèy ki fèm. Gen kèk kretyen ki te vin pa fidèl ak Bondye lè yo te fè zanmi ak monn nan (Jak 4:4). Men, gade ki jan Jak te kòmanse lèt li a:

“Mwen menm, Jak, yon esklav Bondye e yon esklav Jezi Kris, Seyè a, m ap ekri 12 tribi yo ki gaye divès kote: Mwen salye nou!” (Jak 1:1). Pa gen dout, kretyen ki t ap li lèt li a te twouve l pi fasil pou yo aksepte konsèy li bay la lè yo te wè salitasyon l te ba yo a te fè yo konprann yo gen menm pozisyon devan Bondye. Wi, lè yon moun bay yon salitasyon avèk imilite, sa ka menm ouvri pòt pou yon konvèsasyon sou yon seri kesyon ki enpòtan.

Yon bon salitasyon, menm lè l kout, ta dwe sensè e l ta dwe reflete vrè lanmou an. Se konsa l dwe ye menm lè sanble gen moun ki pa bay sa valè (Mat. 22:39). Yon lè, gen yon sè nan peyi Ilann ki te rive nan yon Sal Wayòm egzakteman nan moman reyinyon an pral kòmanse. Pandan l ap prese pou l antre, gen yon frè ki vire, li souri, e l di l: “Bonswa. M vrèman kontan wè w.” Sè a te annik al chita nan plas li.

Kèk semèn annapre, li t al kot frè a e l te fè l konnen li gen kèk tan depi l ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil lakay li. Men sa l te di: “M te tèlman fache jou swa sa a m te manke pa t vin nan Sal Wayòm nan. M pa sonje prèske anyen nan reyinyon an, eksepte salitasyon w lan. Li te fè m santi m vrèman byen. Mèsi.”

Frè sa a pa t konnen jan salitasyon tou kout li te bay la te gen tout pouvwa sa a. Men sa l di: “Lè l te di m jan ti pawòl sa a te gen enpòtans pou li, m te kontan anpil paske m te fè efò a. Sa te fè m santi m byen tou.”

Men sa Salomon te ekri: “Lage pen w sou dlo, paske apre yon pakèt jou, w ap jwenn li ankò.” (Ekl. 11:1). Lè n konprann jan sa enpòtan pou n salye lòt moun, sitou kretyen parèy nou yo, nou fè byen ni pou lòt moun ni pou tèt nou. Kidonk, nou pa dwe janm minimize pouvwa yon salitasyon genyen.