Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Se pou limyè nou briye” pou n bay Jewova glwa

“Se pou limyè nou briye” pou n bay Jewova glwa

“Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka [...] bay Papa nou [...] glwa.” — MAT. 5:16.

KANTIK: 77, 59

1. Bay yon rezon espesyal ki fè kè n kontan.

SE PA ti kontan n kontan lè n aprann kantite akwasman ki gen pami pèp Jewova a! Ane pase, nou te kondui plis pase 10 000 000 etid biblik regilyèman. Se sèten sa montre sèvitè Bondye yo kontinye fè limyè yo briye! Epitou, fè yon ti reflechi ak plizyè milyon moun ki enterese nou te akeyi nan Memoryal la. Konsa, yo ka aprann lanmou Bondye te demontre lè l te bay ranson an. — 1 Jan 4:9.

2, 3. a) Ki difikilte ki pa ka anpeche n “klere tankou flanbo”? b) Ann amoni ak pawòl Jezi te di nan Matye 5:14-16 yo, sou ki sa n pral pale?

2 Toupatou sou tè a, pèp Jewova a pale divès lang. Sepandan, sa pa anpeche n met tèt nou ansanm pou n bay Jewova, Papa nou an, louwanj (Rev. 7:9). Kèlkeswa lang nou pale oswa kèlkeswa kote n ap viv, nou kapab “klere tankou flanbo nan monn nan”. — Flp. 2:15.

3 Kit se akwasman k ap fèt nan mitan nou an, tèt ansanm nou genyen an ak efò n ap fè pou n kontinye veye a, tout bagay sa yo pouse n bay Jewova glwa. Nan atik sa a, nou pral pale sou fason sa rive fèt. — Li Matye 5:14-16.

BAY PLIS MOUN ENVITASYON

4, 5. a) Anplis patisipe nan travay predikasyon an, ki jan n ka fè limyè nou briye? b) Ki byenfè n ka jwenn lè n aji avèk bonte? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

4 “Nan dènye jou sa yo, pa gen pèsonn ki ka ret fidèl ak Seyè a e pou l toujou di laverite [...] amwenske l ta pwofite okazyon l jwenn pou l fè limyè l briye.” Yo te fè kòmantè sa a nan yon atik ki gen tit “Yon limyè k ap klere nan fènwa” ki te parèt nan Toudegad 1ye jen 1925 (anglè). Men sa atik la te esplike: “Li dwe fè sa lè l fè moun sou tè a tande bon nouvèl la ak lè l viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis.” Sa klè, youn nan fason nou fè limyè nou briye se lè n preche bon nouvèl la epi n fè disip (Mat. 28:19, 20). Anplis de sa, nou ka bay Jewova glwa grasa konduit nou antanke kretyen. Moun ki lakay yo ak moun k ap pase yo ap gad konpòtman nou. Yon souri ki amikal ak yon salitasyon ki sensè vle di anpil bagay sou jan de moun nou ye ak ki kalite Dye n ap adore.

5 Men sa Jezi te di disip li yo: “Lè n ap antre nan yon kay, salye moun nan kay la.” (Mat. 10:12). Nan zòn kote Jezi ak apot li yo te konn preche pi souvan, moun yo te gen abitid envite moun ki etranje antre lakay yo. Jodi a, nan anpil kote, moun yo pa gen abitid sa a. Aktout sa, lè n gen yon atitid ki pozitif e ki amikal pandan n ap esplike moun yo rezon ki fè n vin wè yo, byen souvan, sa ka fè moun nan kay la pa bay tèt li twòp pwoblèm oswa sa ka fè l pa twò fache. Souvan, li pi bon pou n kòmanse ak yon bèl souri. Se menm bagay la tou lè frè ak sè yo ap sèvi ak yon charyo piblikasyon nan temwayaj an piblik. Lè w ap patisipe nan fòm sèvis sa a, byen souvan, ou ka wè moun yo byen reyaji lè w ba yo yon bèl souri e lè w salye yo avèk jantiyès. Sa ka fè yo pwoche kote n pou yo pran youn nan piblikasyon nou yo. Anplis de sa, lè w aji avèk bonte, sa ka ede w kòmanse yon konvèsasyon.

6. Ki jan de moun ki gen lontan depi yo marye ansanm te chèche fè plis nan sèvis yo?

6 Nan peyi Angletè, gen de moun ki gen lontan depi yo marye ansanm ki t ap fè fas ak yon seri pwoblèm sante ki te vrèman limite yo nan travay predikasyon kay an kay la. Yo te deside fè limyè yo briye devan lakay yo. Yo te met kèk piblikasyon ki baze sou Bib la sou yon tab nan moman yon seri paran ap vin chèche pitit yo nan yon lekòl ki toupre a. Sa te atire atansyon anpil paran e yo te chofe pou yo jwenn liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1 ak volim 2, ansanm ak kèk bwochi. Gen yon sè ki pyonye nan kongregasyon yo a ki te akonpaye yo nan aktivite sa a yo te deside fè pou yo bay temwayaj. Piske sè a te janti e de moun marye yo te fè bonjan efò, sa te pouse youn nan paran yo aksepte yon etid Labib.

7. Ki èd nou ka bay moun ki fèk vin abite nan zòn nou an?

7 Nan ane ki sot pase yo, gen anpil moun ki t al viv kòm refijye nan anpil peyi. Ki sa n ka fè pou n ede moun sa yo vin konnen Jewova ak objektif li? Pou kòmanse, poukisa n pa chèche aprann ki jan pou n salye moun ki fèk vin abite nan zòn nou an nan lang yo pale a? Aplikasyon JW Language la se yon zouti ki ka ede n fè sa. Epitou, poukisa n pa aprann kèk fraz ki ka kapte atansyon yo? Konsa, w ap ka ede yo al sou sit jw.org la e w ap ka montre yo pakèt videyo ak piblikasyon ki disponib nan lang yo pale a. — Det. 10:19.

8, 9. a) Ki èd pratik nou resevwa nan reyinyon ki fèt nan semèn nan? b) Ki jan paran yo ka ede pitit yo patisipe nan reyinyon yo?

8 Avèk lanmou, Jewova pran dispozisyon pou gen reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a yon fason pou n ka vin pi maton nan travay predikasyon an. Enstriksyon pratik nou resevwa nan reyinyon sa a ede anpil nan nou vin gen plis konfyans nan tèt nou lè n ap fè nouvèl vizit ak lè n ap kondui etid biblik.

9 Anpil moun ki vin asiste reyinyon yo pou premye fwa rann yo kont timoun nou yo patisipe nan reyinyon yo tou. Paran, ede pitit ou pou yo fè limyè yo briye lè w aprann yo fè kòmantè ak pwòp mo pa yo. Pafwa, kòmantè ki senp yo fè ak tout kè yo konn fè moun ki fèk enterese yo rekonèt laverite. — 1 Kor. 14:25.

KONTRIBYE POU GEN TÈT ANSANM

10. Ki wòl adorasyon an fanmi an jwe nan ede n gen tèt ansanm?

10 Yon lòt fason pou n fè limyè nou briye se lè n kontribye pou gen tèt ansanm nan fanmi nou ak nan kongregasyon an. Youn nan fason paran yo ka fè sa se lè yo fè aranjman pou yo gen yon pwogram adorasyon an fanmi regilyèman. Anpil moun konn gade Tele JW yon lè nan mwa a pandan adorasyon an. Apre n fin gad pwogram nan, poukisa n pa pran yon ti tan pou n pale sou fason n ka aplike sa yo te di ladan l lan? Lè yon paran ap fè adorasyon an fanmi, li ta dwe sonje konsèy yon timoun piti bezwen gendwa pa menm ak sa yon adolesan bezwen. Byen sèvi ak zouti w itilize nan etid la yon fason pou chak moun nan fanmi an ka jwenn byenfè. — Sòm 148:12, 13.

Lè w montre w enterese nan moun ki granmoun yo, sa vrèman ankourajan. (Gade paragraf 11.)

11-13. Ki fason nou tout ka kontribye pou gen tèt ansanm nan kongregasyon an e pou n ede lòt moun fè limyè yo briye?

11 Ki fason jèn yo ka kontribye pou gen tèt ansanm nan kongregasyon an e konsa y ap ankouraje lòt moun fè limyè yo briye? Si w se yon jèn kretyen, poukisa w pa fikse objektif pou w montre w enterese nan moun ki granmoun yo? Avèk respè, ou gendwa mande yo pou yo rakonte w yon eksperyans yo te fè pandan plizyè ane yo pase nan sèvis la. W ap twouve sa vrèman ankourajan, e ni ou menm ni yo menm ap menm vin pi chofe pou nou fè limyè verite a briye. Epi, nou tout ka fikse objektif pou n akeyi moun ki vin asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Lè w fè sa, sa ap kontribye pou gen tèt ansanm e sa ka fè moun ki vin vizite n yo anvi fè limyè yo briye tou. Efò w ap fè yo ka mande tou pou w salye vizitè yo ak yon bèl souri, e petèt menm ede yo jwenn yon plas. Eseye fè moun ki fèk vini yo fè konesans ak lòt moun, e sa ap fè yo santi yo lakay yo.

12 Si w gen responsablite pou w òganize yon reyinyon predikasyon, ou ka fè plis toujou pou ede moun ki granmoun yo patisipe nan travay predikasyon an. Èske yo gen tèritwa ki apwopriye pou yo? Nan kèk ka, nou ka mete yo preche ak yon moun ki pi jèn ki ka ede yo fizikman. Mete sou sa, nou ka montre nou konprann moun ki limite nan sa yo ka fè akoz sante yo ak lòt sitiyasyon. Vrèmanvre, lè n demontre konsiderasyon ak bon konprann, sa ka ede jèn kou granmoun, kit yo gen anpil eksperyans kit yo pa gen anpil, pou yo preche bon nouvèl la avèk zèl. — Lev. 19:32.

13 Men sa youn nan moun ki te ekri sòm yo te santi l pouse pou l di: “Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm!” (Li Sòm 133:1, 2.) Lè Izrayelit yo te konn reyini ansanm, yo te konn jwenn anpil byenfè grasa bon enfliyans youn te gen sou lòt pandan yo t ap adore Jewova. Se te tankou luil sakre ki santi bon e ki swa. Poukisa n pa pran detèminasyon pou n gen bonjan enfliyans sou frè n ak sè n yo e pou n kontribye pou gen tèt ansanm pami nou? Si w deja ap fè sa, ou merite felisitasyon. Èske w ka “ouvri kè” w, sa vle di ouvri l byen laj e fè sa plis toujou? — 2 Kor. 6:11-13.

14. Ki sa n ka fè pou n fè limyè n briye bò lakay nou?

14 Ki sa n ka di anrapò ak bonjan efò n dwe fè pou n fè limyè verite ki nan Bib la briye bò lakay nou? Bèl pawòl nou di ak bèl aksyon n fè ka fè yon vwazen vin enterese nan laverite. Mande tèt ou: ‘Ki fason vwazen m yo wè m? Èske m fè efò pou kay mwen ak sa m posede toujou pwòp e pou sa bay yon bèl imaj nan katye a? Èske m pran inisyativ pou m ede lòt moun?’ Lè n ap pale ak lòt Temwen yo, poukisa n pa mande yo esplike n ki jan jantiyès yo ak bon konduit yo gen efè sou moun nan fanmi yo, vwazen yo, kòlèg travay yo ak kamarad lekòl yo? Se sèten n ap tande anpil bèl eksperyans. — Efe. 5:9.

KONTINYE VEYE

15. Poukisa l enpòtan anpil pou n kontinye veye?

15 Tank n ap fè efò pou n fè limyè n briye plis toujou se tank lòt moun ap wè atitid nou. Men sa Jezi te di disip li yo pandan plizyè fwa: “Kontinye veye.” (Mat. 24:42; 25:13; 26:41). Sa klè, si n panse “gwo tribilasyon” an poko prèt pou l rive, sètadi li gen pou l rive yon lè men se pa nan epòk nou an, n ap montre nou pa vrèman konprann jan l ijan pou n fè travay predikasyon an (Mat. 24:21). Konsa, olye pou limyè n vin pi briye nan zòn bò lakay nou, l ap vin fèb e l ka menm etenn.

16, 17. Ki sa w ka fè pou w kontinye veye?

16 Ofiramezi tan sa yo ap vin pi difisil toujou, nou tout bezwen kontinye veye. Lè Jewova pral aji, se pral nan bon moman an. Nou pa gen okenn dout sou sa (Mat. 24:42-44). Annatandan, nou bezwen demontre pasyans e n dwe kontinye veye plis toujou. Li Pawòl Bondye a chak jou, epi pa neglije lapriyè (1 Pyè 4:7). Chèche aprann nan bèl egzanp frè ak sè ki gen kè kontan nan lavi yo lefètke yo kontinye veye e yo kontinye fè limyè yo briye. Youn nan bèl egzanp nou genyen se eksperyans yo rakonte nan atik ki gen tit “Mwen gen 70 an depi m kenbe ke wòb yon Juif” ki te parèt nan Toudegad 15 avril 2012, paj 18-21.

17 Kontinye fè aktivite k ap fòtifye w epi chèche fè bon zanmi nan lavi w. Sa ap fè kè w kontan anpil, e w ap vin rann ou kont tan an sanble pase byen vit (Efe. 5:16). Sa gen yon syèk, frè n ak sè n yo te okipe nan travay la, e yo te reyalize anpil bagay. Men, jodi a, grasa direksyon nou jwenn nan men Jewova, nou rive reyalize plis toujou. Nou rive fè limyè n briye nan yon nivo nou pa t janm imajine anvan sa.

Vizit pastoral yo ban nou okazyon pou n chèche gen sajès ki soti nan Pawòl Bondye a. (Gade paragraf 18, 19.)

18, 19. Ki fason ansyen yo nan kongregasyon an ede n kontinye veye epi rete aktif? Bay yon egzanp.

18 Sa fòtifye lafwa n lefètke n konnen malgre n enpafè sa pa anpeche n bay Jewova yon sèvis ki akseptab. Se sa k fè n apresye dispozisyon Jewova pran pou l ban nou yon seri “gason kòm kado”, anpalan de ansyen yo nan kongregasyon an. (Li Efezyen 4:8, 11, 12.) Pwochèn fwa yon ansyen vin vizite w, byen pwofite okazyon an pou w aprann nan sajès li ak nan konsèy li bay.

19 Gen de ansyen nan peyi Angletè ki t al vizite de moun marye ki te gen pwoblèm nan maryaj yo e ki te mande èd. Madanm nan te santi l anba yon jouk ki miwomiba nan domèn espirityèl. Mari a te admèt li pa pi bon anseyan ki genyen an e l pa t pran dispozisyon pou yo fè adorasyon an fanmi an regilyèman. Ansyen yo te atire atansyon de moun yo sou egzanp Jezi. Li te pran swen disip li yo e l te pran bezwen yo an konsiderasyon. Ansyen yo te ankouraje mari a pou l imite Jezi. Yo te ankouraje madanm nan pou l demontre pasyans. Mete sou sa, ansyen yo te bay mesyedam yo kèk konsèy pratik sou fason yo ka travay ansanm pou yo fè adorasyon an fanmi ak de pitit yo genyen yo (Efe. 5:21-29). Annapre, ansyen yo te felisite mari a pou efò l fè yo. Yo te ankouraje l pou l pèsevere e pou l konte sou lespri sen pou ede l vin yon bon chèf nan domèn espirityèl. Enterè ki plen lanmou ansyen yo te demontre pou mesyedam yo ak bonjan èd yo te ba yo te ede fanmi sa a fè limyè l briye.

20. Ak ki sa n ka atann nou toutpandan n ap fè limyè n briye?

20 Men sa youn nan moun ki te ekri sòm yo te di nan yon chante: “Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki mache nan chemen l yo.” (Sòm 128:1). Lè n fè limyè n briye paske n envite lòt moun vin sèvi Bondye, paske n konpòte n yon fason ki kontribye pou gen tèt ansanm epi n kontinye veye, n ap vin gen plis kè kontan. Lòt moun ap wè bèl travay nou fè, e anpil nan yo ap santi yo pouse pou yo bay Papa nou glwa. — Mat. 5:16.