Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a”

“Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a”

“Rezon ki fè [...] mwen vin nan monn nan se pou m bay temwayaj sou laverite.” — JAN 18:37.

KANTIK: 15, 74

1, 2. a) Ki jan monn nan vin pi divize? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

MEN sa yon sè ann Ewòp disid te fè konnen lè l t ap reflechi ak lavi l: “Depi m toupiti, se enjistis sèlman m wè k ap fèt. Se sa k fè m te vire do bay sistèm politik ki gen nan peyi m nan, e m te vin ap soutni yon seri ide anpil moun konsidere kòm ekstremis. Anfèt, m te fè plizyè ane renmen ak yon teworis.” Gen yon frè ann Afrik disid ki te esplike rezon ki fè l te dakò ak vyolans ki te konn ap fèt yo. Men sa l di: “M te kwè tribi pa m nan te siperyè tout lòt yo, e m te antre nan yon pati politik. Yo te anseye n pou n touye moun ki te opoze avè n yo ak lans, menm moun ki te nan menm tribi avè n ki t ap soutni lòt pati politik.” Men sa yon sè ann Ewòp santral fè konnen: “M te viktim prejije, e m te rayi kèlkeswa moun ki pa t gen menm nasyonalite oswa menm relijyon avè m.”

2 Gen yon tandans k ap devlope nan monn nan jodi a ki parèt nan atitid twa moun sa yo te genyen. Mouvman vyolan moun fè pou yo jwenn endepandans yo vin pi plis, vin gen plis divizyon nan domèn politik, e nan anpil peyi, yo vin pi rayi etranje yo. Jan Bib la te anonse sa, nan dènye jou yo, moun yo “pap dispoze antann yo”. (2 Tim. 3:1, 3.) Toutpandan monn nan ap vin pi divize, ki jan kretyen yo ka pwoteje inite yo genyen an? Nou ka aprann anpil bagay sou fason Jezi te fè fas ak yon sitiyasyon nan premye syèk la lè peyi kote l t ap viv la te gen pwoblèm politik. Ann egzamine twa pwen enpòtan: Poukisa Jezi te refize antre nan mouvman moun yo t ap fè pou yo fòme pwòp gouvènman pa yo? Ki jan l te montre sèvitè Bondye yo bezwen evite pran pozisyon nan kesyon politik? Epitou, ki jan Jezi te montre n pa gen okenn rezon pou moun fè vyolans sou lòt moun?

ATITID JEZI PARAPÒ AK MOUVMAN ENDEPANDANS MOUN YO T AP FÈ

3, 4. a) Nan epòk Jezi a, ki sa Juif yo t ap tann nan domèn politik? b) Ki efè santiman sa yo te gen sou disip Jezi yo?

3 Anpil nan Juif Jezi te preche yo te swaf pou yo pran endepandans yo nan men Wòm. Juif ki te Zelòt yo, oswa ki te nasyonalis yo, te fè tout sa yo kapab pou yo gaye santiman sa yo pami pèp la. Anpil nan fanatik sa yo t ap suiv ide yon mesye ki te rele Jida ki te moun Galile. Se te yon fo mesi ki te twonpe anpil moun nan premye syèk la. Jozèf, yon istoryen juif, fè konnen Jida sa a “te pouse gason nan peyi l yo revòlte, e l te di se moun ki lach ki dakò peye Women yo enpo”. Women yo te egzekite Jida (Tra. 5:37). Gen kèk nan Zelòt yo ki te menm fè vyolans pou yo reyalize objektif yo te genyen yo.

4 Anplis bann fanatik sa yo, pifò Juif t ap tann avèk enpasyans pou yon mesi vin parèt nan domèn politik. Sa vle di, yo t ap tann pou lè Mesi a vini, li t ap fè nasyon yo a jwenn glwa e l t ap libere yo anba jouk Wòm (Lik 2:38; 3:15). Gen anpil nan yo ki te kwè Mesi a t ap tabli yon wayòm sou tè a ann Izrayèl. Lè sa t ap rive, plizyè milyon Juif ki te gaye toupatou t ap retounen nan peyi yo. Sonje sa Jan ki te konn batize moun nan te mande Jezi yon lè: “Èske w se Moun ki te gen pou vini an, oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?” (Mat. 11:2, 3). Petèt Jan te vle konnen si se yon lòt moun ki t ap vin reyalize tout bagay Juif yo t ap tann yo. De disip ki te rankontre Jezi sou wout Emayis apre l te fin resisite a te gen kèk bagay yo t ap tann tou konsènan Mesi a ki pa t reyalize. (Li Lik 24:21.) Kèk tan annapre, apot Jezi yo te mande l: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?” — Tra. 1:6.

5. a) Poukisa moun Galile yo te vle pou Jezi vin wa yo? b) Ki jan Jezi te korije fason yo te panse a?

5 Petèt se akoz bagay moun yo t ap tann konsènan Mesi a ki fè moun Galile yo te vle pou Jezi vin wa yo. Nou ka imajine yo te panse Jezi t ap yon bon lidè. Li te konn pale byen, li te ka geri moun ki malad e l te ka menm bay moun ki grangou manje. Apre Jezi te fin bay anviwon 5 000 gason manje, li te santi moun yo kontan. “Kòm Jezi te konnen yo t apral vin met men sou li pou yo fè l wa, li wete kò l, l al sou mòn nan ankò poukont li.” (Jan 6:10-15). Nan demen, pandan yo te pa lòt bò Lanmè Galile, sanble yo pa t chofe menm jan an ankò. Lè sa a, Jezi te esplike foul la vrè objektif travay l ap fè a. Li te vin pou l fè nasyon an jwenn byenfè nan domèn espirityèl, men se pa nan domèn materyèl. Men sa l te di yo: “Pa travay pou manje k ap gate, men travay pou manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an.” — Jan 6:25-27.

6. Ki jan Jezi te montre aklè li pap chèche jwenn pouvwa sou tè a nan domèn politik (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

6 Yon ti tan anvan lanmò Jezi, li te rann li kont gen kèk nan disip li yo ki t ap tann pou l tabli yon wayòm sou tè a nan Jerizalèm. Li te korije pwennvi yo te genyen an lè l te ba yo egzanp pyès monnen an. Egzanp sa a montre “mesye ki fèt nan gran fanmi” an, anpalan de Jezi, t ap gen pou l deplase pou yon bon ti tan (Lik 19:11-13, 15). Mete sou sa, Jezi te fè otorite women yo konnen li pa antre nan politik. Pons Pilat te mande Jezi: “Èske w se Wa Juif yo?” (Jan 18:33). Petèt gouvènè a te pè pou Jezi pa t pouse moun yo fè manifestasyon politik, ki se pi gwo enkyetid Pilat te genyen pandan tout tan l te fè ap dirije a. Jezi te reponn: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” (Jan 18:36). Li pa t ap antre nan politik, paske se nan syèl la Wayòm li an t ap ye. Li te di Pilat travay li sou tè a se “bay temwayaj sou laverite”. — Li Jan 18:37.

Èske w ret konsantre sou pwoblèm ki gen nan monn nan oswa sou Wayòm Bondye a? (Gade paragraf 7.)

7. Ki sa k fè l ka difisil pou n evite soutni mouvman moun ap fè pou yo jwenn endepandans menm nan kè nou?

7 Lè n byen konprann wòl nou menm jan ak Jezi, menm nan kè nou n ap evite soutni nenpòt mouvman politik moun ap fè pou yo jwenn endepandans. Sa ka pa fasil. Gen yon siveyan itineran ki di: “Moun nan zòn nou an vin pi ekstremis toujou. Gen yon espri nasyonalis ki fò lakay yo, e anpil nan yo ret kwè lavi yo ap amelyore si yo pran endepandans yo nan domèn politik. Erezman frè yo kontinye pwoteje inite yo genyen antanke kretyen an lè yo ret konsantre nan preche bon nouvèl Wayòm nan. Yo konte sou Bondye pou l met fen nan enjistis ak lòt pwoblèm n ap rankontre yo.”

KI JAN JEZI TE REYAJI DEVAN PWOBLÈM POLITIK KI LAKÒZ DIVIZYON?

8. Bay yon egzanp konsènan yon gwo pwoblèm Juif yo te rankontre nan premye syèk la.

8 Byen souvan, enjistis konn fè moun chofe pou yo antre nan politik. Zafè peye taks la te yon gwo pwoblèm politik nan epòk Jezi a. Anfèt, se paske Women yo te deside anrejistre non moun yo pou yo asire yo y ap peye Wòm enpo ki fè Jida, moun Galile nou te pale de li pi wo a, te fè rebelyon. Moun ki te anba dominasyon Wòm yo, sa gen ladan l moun ki te konn koute Jezi yo, te dwe peye plizyè taks, tankou taks sou byen yo, sou tè yo ak sou kay yo. Epitou, piske pèseptè yo te nan koripsyon, sa te fè moun yo santi chay la vin twò lou pou yo. Pèseptè yo te konn peye pou yo mete yo chèf, e moun ki te bay plis kòb la se li yo te pran, annapre yo te chèche tire kòb yo a nan taks y ap ranmase yo. Zache, pèseptè an chèf ki te nan vil Jeriko a, te vin rich paske l te konn pran lajan nan men moun yo nan move kondisyon (Lik 19:2, 8). Petèt anpil moun te konn aji menm jan avè l.

9, 10. a) Ki fason ènmi Jezi yo te eseye fè l antre nan politik? b) Ki sa n aprann nan repons Jezi te bay la? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

9 Ènmi Jezi yo te eseye pran Jezi nan pyèj lè yo te mande l opinyon l sou kesyon peye taks la. Taks yo t ap pale a se te “enpo [yo te] egzije pou chak moun peye a”, yon taks ki te yon denye yo te egzije moun ki te anba dominasyon Wom yo. (Li Matye 22:16-18.) Juif yo te rayi taks sa a anpil paske l te fè yo sonje se Wòm k ap dirije yo. “Patizan Ewòd yo” ki te soulve kesyon sa a te espere si Jezi pa t dakò pou yo peye taks la, yo t ap ka akize l kòmkwa l ap fè soulèvman. Si Jezi te di taks la se yon chay yo dwe aksepte, moun ki t ap suiv li yo te ka sispann soutni l.

10 Jezi te pran prekosyon pou l ret net sou kesyon peye taks la. Li te di: “Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” (Mat. 22:21). Nòmalman, Jezi te konnen pèseptè yo te nan koripsyon. Men, Jezi pa t vle sa distrè l, sa ki t ap fè l bliye kesyon ki pi enpòtan an, anpalan de Wayòm Bondye a ki te vrè solisyon an. Konsa, li kite yon egzanp pou tout disip li yo. Yo dwe evite antre nan politik, menmsi koz moun yo ap defann nan ta sanble kòrèk oswa jis. Kretyen yo chèche Wayòm Bondye a e yo chèche fè sa ki jis nan je Bondye. Yo fè sa olye yo chèche bay opinyon pèsonèl yo sou yon seri bagay ki pa jis k ap fèt oswa pou yo ta pale yon fason negatif sou yo. — Mat. 6:33.

11. Ki jan n ka sèvi ak anvi n genyen pou n jwenn jistis nan yon sans ki pozitif?

11 Gen anpil Temwen Jewova ki rive rejte yon seri ide politik yo te genyen lontan. Men sa yon sè nan peyi Grann Bretay fè konnen: “Apre m te fin etidye sosyoloji nan inivèsite, m te kòmanse gen kèk ide ekstremis. M te vle defann dwa moun ki nwa yo, piske n te soufri anpil akoz enjistis. Aktout mwen te bon nan fè deba, alafen, m te toujou santi m fristre. M pa t rann mwen kont yo dwe derasinen bagay ki lakòz enjistis sou kesyon ras nan kè moun yo. Men, lè m te kòmanse etidye Labib, m te vin wè m dwe kòmanse fè chanjman sa a nan kè m. E se yon sè blan ki te ede m fè chanjman sa a avèk pasyans. Kounye a, mwen se yon pyonye pèmanan nan yon kongregasyon lang siy, e m aprann ede tout kalite moun.”

“METE EPE W LA NAN PLAS LI”

12. Ki kalite “ledven” Jezi te di disip li yo pou yo evite?

12 Nan epòk Jezi a, relijyon te mele souvan nan politik. Gen yon liv ki fè konnen “divès sèk relijye Juif yo te genyen yo koresponn plizoumwen ak sa nou rele pati politik yo”. (La vie quotidienne en Palestine au temps de Jésus.) Se rezon sa a ki fè Jezi te avèti disip li yo lè l te di yo: “Ouvri je nou, epi veye kò nou ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.” (Mak 8:15). Lè Jezi te pale de Ewòd la, petèt li te vle fè referans ak patizan Ewòd yo. Nan domèn politik, Farizyen yo t ap soutni endepandans Juif yo. Istwa Matye a montre Jezi te pale de Sadiseyen yo nan konvèsasyon sa a tou. Yo te vle pou bagay yo rete jan yo ye a. Anpil nan moun sa yo te gen pouvwa nan domèn politik nan administrasyon Wòm nan. Konsa, yon fason klè, Jezi te avèti disip li yo pou yo ret lwen ansèyman, oswa ledven, twa gwoup moun sa yo t ap defann nan (Mat. 16:6, 12). Yon bagay ki enteresan, sèke se yon ti tan apre moun yo te vle met Jezi wa li te gen konvèsasyon sa a ak disip li yo.

13, 14. a) Ki fason pwoblèm politik ak kesyon relijyon konn mennen nan vyolans ak enjistis? b) Poukisa enjistis pa yon rezon pou moun fè vyolans? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

13 Lè relijyon antre nan politik, li fasil pou vin gen vyolans. Jezi te fè disip li yo konnen yo dwe kontinye kenbe netralite yo nan sitiyasyon sa yo. Sa gen rapò ak rezon ki fè prèt an chèf yo ak Farizyen yo te fè konplo pou yo touye Jezi. Yo te konsidere l kòm yon advèsè ki te ka fè yo pèdi pozisyon yo nan domèn politik ak nan domèn relijyon. Men sa yo te di: “Si nou kite l kontinye konsa, tout moun yo ap met lafwa nan li, epi Women yo ap vini, y ap pran ni tanp nou an, ni nasyon nou an.” (Jan 11:48). Se rezon sa a ki fè Kayif, gran prèt la, te pran latèt pami moun ki t ap fè konplo pou touye Jezi yo. — Jan 11:49-53; 18:14.

14 Kayif te voye sòlda al arete Jezi lannuit. Piske Jezi te konnen yo t ap fè vye konplo sa a sou do l, nan dènye soupe li te gen ak apot li yo, li te mande yo pou yo mache ak kèk epe. De epe t ap sifi pou l te aprann yo yon leson ki enpòtan anpil (Lik 22:36-38). Pita nan menm nuit sa a, Pyè te sèvi ak yon epe pou l atake yon moun nan foul la. Sandout li te fache anpil akoz enjistis yo te fè Jezi lefètke yo te vin arete l nan nuit (Jan 18:10). Sepandan, Jezi te di Pyè: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” (Mat. 26:52, 53). Kokennchenn leson sa a te ann amoni ak priyè Jezi te fè yon ti tan anvan sa nan menm nuit lan, sètadi yo pa dwe fè pati monn nan. (Li Jan 17:16.) Yo te dwe kite kesyon lite kont enjistis la nan men Bondye.

15, 16. a) Ki jan Pawòl Bondye a ede kretyen yo evite antre nan konfli? b) Ki diferans Jewova wè lè l ap gade monn nan jodi a?

15 Sè ann Ewòp disid nou te pale de li pi wo a te aprann menm leson sa a. Men sa l di: “M rann mwen kont vyolans pa fè moun jwenn jistis. Mwen remake, byen souvan, moun ki antre nan fè vyolans yo fini nan lanmò. E gen anpil lòt ki konn vin fristre. M kontan anpil dèske Bib la aprann mwen se sèl Bondye ki ka bay vrè jistis la sou tè a. Pandan 25 ane ki sot pase yo, se mesaj sa a m ap preche.” Frè ann Afrik disid la te ranplase lans li a ak “epe lespri a”, ki se Pawòl Bondye a, toutpandan l ap preche pwochen l yo yon mesaj lapè, kèlkeswa tribi yo fè pati a (Efe. 6:17). Anplis de sa, apre sè ann Ewòp santral la te vin Temwen Jewova, li te marye ak yon frè ki sot nan yon gwoup etnik li te rayi anvan sa. Toule twa moun sa yo te fè chanjman sa yo paske yo te vle vin menm jan ak Kris.

16 Epitou, se pa ti enpòtan chanjman sa yo enpòtan! Bib la konpare limanite ak yon lanmè ki move e ki pa ka kalme, yon lanmè ki pa konn sa yo rele lapè (Eza. 17:12; 57:20, 21; Rev. 13:1). Toutpandan pwoblèm politik ap fè moun yo soulve, y ap simen divizyon nan mitan yo e y ap pouse yo fè vyolans san reflechi, nou menm nou kontinye gen lapè ak tèt ansanm. Epitou, lè Jewova ap gade jan gen divizyon nan monn n ap viv la, kè l dwe kontan lè l wè jan gen tèt ansanm pami pèp li a. — Li Sofoni 3:17.

17. a) Bay twa fason nou ka travay pou n gen tèt ansanm. b) Sou ki sa n pral pale nan atik ki vin apre a?

17 Antanke kretyen, nou rann nou kont gen twa fason nou ka travay pou n gen tèt ansanm: 1) Lè n met konfyans nou nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la pou fini ak enjistis, 2) lè n refize antre nan politik, e 3) lè n rejte vyolans. Men, pafwa, prejije kapab vin yon menas pou tèt ansanm nou genyen an. Atik ki vin apre a pral pale sou fason n ka rive fè fas ak pwoblèm sa a, menm jan ak kretyen yo nan premye syèk la.