Yo te “dewoule” yon ansyen woulo
Yo pa t ka li sa k te ekri sou pati nan woulo Enngedi a ki te flanbe nan dife lè yo te dekouvri l nan ane 1970. Men, pa gen lontan, yo te sèvi ak yon skanè 3-D ki te pèmèt yo wè woulo sa a te gen yon pati nan liv Levitik la ki gen non Bondye ladan l.
AN 1970, gen yon seri akeyològ ki te detere yon woulo, ki te flanbe nan dife, nan zòn Enngedi nan peyi Izrayèl toupre kòt lwès Lanmè Mòt. Yo te jwenn woulo a pandan yo t ap fouye anba tè pou yo jwenn yon sinagòg ki te boule lè ti vil kote l te ye a te detwi, petèt nan sizyèm syèk epòk nou an. Woulo a te nan yon eta ki fè yo pa t kapab li sa k ladan l. Yo pa t menm ka dewoule l san l pa kraze. Men, grasa yon teknik kote yo te itilize yon skanè 3-D, se kòmsi yo te dewoule woulo a pou yo li sa k ladan l. E grasa yon nouvo lojisyèl pou fè foto, yo te kapab li sa k ladan l.
Ki sa skanè a te pèmèt yo wè? Li te pèmèt yo wè woulo a se yon tèks ki soti nan Bib la. Pati yo te wè yo gen kèk vèsè ki nan kòmansman liv Levitik la. Vèsè sa yo gen non Bondye nan lang ebre, sou fòm Tetragram nan. Woulo yo te jwenn nan sanble te fèt ant ane 50 ak ane 400 epòk nou an. Kidonk, se woulo Liv ki te ekri ann ebre ki pi ansyen yo dekouvri depi lè yo te fin dekouvri woulo Lanmè Mòt yo (nan zòn Koumran). Men sa Gil Zohar ekri: “Anvan yo te rive li sa k nan pati nan woulo yo te jwenn nan zòn Enngedi a ki gen liv Levitik la, se 1 000 an ki te separe lè yo te fè woulo Lanmè Mòt yo (ki gen 2 000 an e ki te egziste nan fen peryòd kote te gen Dezyèm Tanp lan) ak lè yo te fè Kodèks Alèp la, ki te fèt nan epòk mwayennaj la, ant ane 901 ak ane 1000 epòk nou an.” (The Jerusalem Post). Selon yon seri espè, woulo sa a yo te rive li a montre tèks Masorèt ki nan Tora * a “pa t chanje pandan plizyè milye ane e pa t gen fot ki te rantre ladan yo pandan yo t ap rekopye yo”.
^ § 4 Juif yo rele senk premye liv nan Bib la Tora. Liv sa yo se Jenèz, Egzòd, Levitik, Nonb ak Detewonòm.