TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Jen 2020

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 3-30 out 2020.

“Se pou non w vin sen”

Atik etid n23: Semèn 3-9 out 2020. Ki kesyon enpòtan ki konsène tout kreyati entèlijan? Sa k fè kesyon sa a enpòtan anpil konsa? E ki wòl nou jwe nan reponn kesyon sa a? Lè nou konprann repons kesyon nou poze la yo ak lòt kesyon menm jan an, sa ap ede nou vin gen pi bon relasyon ak Jewova.

“Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w”

Atik etid n24: Semèn 10-16 out 2020. Nan atik sa a, nou pral konsantre sou yon pati nan priyè wa David te fè ki nan Sòm 86:11, 12. Ki sa gen lakrentif pou non Jewova vle di? Ki rezon nou genyen pou nou gen respè pou gran non sa a? E ki jan lakrentif nou gen pou Bondye ka pwoteje nou pou n pa tonbe nan tantasyon?

Kesyon lektè yo poze

Èske se kalite yo site nan Galat 5:22, 23 yo sèlman ki fè pati “fwi lespri a”?

“Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo”

Atik etid n25: Semèn 17-23 out 2020. Poukisa gen kèk moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman pandan plizyè ane ki kite kongregasyon an? Ki jan Bondye wè yo? Atik sa a pral reponn kesyon sa yo. Li pral pale tou sou sa nou ka aprann nan fason Jewova te ede kèk moun nan tan biblik yo ki pa t fè sa Jewova te mande yo fè pandan yon tan.

“Tounen vin jwenn mwen”

Atik etid n26: Semèn 24-30 out 2020. Jewova vle moun ki sispann preche oswa ki sispann asiste reyinyon yo tounen vin jwenn li. Gen anpil bagay nou ka fè pou n ankouraje moun ki vle aksepte envitasyon Jewova bay la lè l di: “Tounen vin jwenn mwen.” Nan atik sa a, nou pral wè fason nou ka ede yo fè sa.