Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann obeyi lè n tande kout twonpèt yo jodi a

Ann obeyi lè n tande kout twonpèt yo jodi a

NOU tout kwè nan “dènye jou” sa yo se Jewova k ap dirije sèvitè l yo e se li ki ba yo sa yo bezwen pou yo rete pwòch li (2 Tim. 3:1). Nou konprann se nou chak ki pou koute Jewova. Nou ka konpare sitiyasyon nou ak sitiyasyon Izrayelit yo nan dezè a. Yo te dwe obeyi lè yo te tande kout twonpèt yo.

Jewova te fè Moyiz fè de twonpèt ak ajan yo te bat ak mato pou ba yo fòm “pou [...] fè pèp la rasanble e pou [...] fè l deplase”. (Nonb 10:2.) Prèt yo te dwe sonnen twonpèt yo divès fason pou fè pèp la konnen sa pou yo fè (Nonb 10:3-8). Jodi a, pèp Bondye a resevwa direksyon plizyè fason. Ann egzamine twa nan fason sa yo k ap fè nou sonje kout twonpèt nan tan lontan yo. Jodi a pèp Bondye a jwenn envitasyon pou yo vin nan yon seri gwo rasanbleman, siveyan yo resevwa fòmasyon, e gen ajisteman ki fèt nan dispozisyon òganizasyon Bondye a pran pou tout kongregasyon yo.

ENVITASYON NAN GWO RASANBLEMAN YO

Lè Jewova te vle pou “tout pèp la” rasanble nan antre tabènak la ki te sou bò lès, prèt yo te konn sonnen toule de twonpèt yo (Nonb 10:3). Tout tribi yo, ki te fè kat gwoup e ki te gen kan yo toutotou tabènak la, te tande kout twonpèt yo byen klè. Tribi ki te gen kan yo toupre antre a te ka vini nan kèk minit. Lòt ki te pi lwen yo te ka bezwen plis tan e yo te ka bezwen fè plis efò pou yo rive. Kèlkeswa sitiyasyon an, Jewova te vle tout moun rasanble pou yo koute enstriksyon li t ap bay yo.

Jodi a, nou pa rasanble nan yon tabènak, men yo envite nou pou nou vin nan rasanbleman pèp Bondye a ap fè yo. Sa gen ladan l kongrè rejyonal yo ak lòt evènman espesyal kote nou resevwa enfòmasyon ak enstriksyon ki enpòtan anpil. Toupatou sou tè a, pèp Jewova a benefisye menm pwogram nan. Kidonk, moun ki aksepte envitasyon pou yo vini nan rasanbleman sa yo fè pati yon gwoup moun ki gen kè kontan. Gen nan yo ki sot pi lwen pase lòt. Aktout sa, moun ki fè efò pou yo la yo wè yo pa t fè efò sa a pou granmesi.

E moun ki nan gwoup ki byen lwen kote y ap fè gwo rasanbleman yo? Grasa nouvo teknoloji ki genyen yo, anpil nan moun sa yo ka benefisye menm pwogram nan e yo ka menm santi yo fè pati gwo rasanbleman k ap fèt yo. Pa egzanp, pandan vizit youn nan reprezantan syèj mondyal la, filyal peyi Benen te transmèt yon pwogram nan vil Alit nan peyi Nijè, yon vil ki gen min nan dezè Saara. Gen 21 frè ak sè ak moun ki enterese ki te asiste. Byenke yo te byen lwen, yo te santi yo fè yon sèl ak 44 131 moun ki te nan gwo rasanbleman sa a. Men sa yon frè te ekri: “Nou di nou mèsi ak tout kè nou pou retransmisyon pwogram sa a. Sa pèmèt nou wè jan nou renmen nou ak tout kè nou.”

LÈ YO ENVITE SIVEYAN YO

Lè prèt izrayelit yo te sonnen yon sèl twonpèt, “se sèl chèf yo, moun ki alatèt gwoup ki gen 1 000 moun” yo ki te dwe vini nan tant reyinyon an (Nonb 10:4). Lè sa a, yo te ka jwenn enfòmasyon ak fòmasyon nan men Moyiz. Sa t ap ede yo byen fè travay yo nan tribi pa yo. Si w te youn nan chèf sa yo, èske w pa t ap fè tout sa w kapab pou w la e pou w benefisye sa k ap di yo?

Jodi a, ansyen nan kongregasyon yo pa “chèf”, ni yo pa domine sou moun ki fè pati twoupo Bondye a ki sou kont yo (1 Pyè 5:1-3). Men yo fè sa yo kapab pou yo pran swen twoupo a. Konsa, yo dispoze aksepte envitasyon pou yo pran plis fòmasyon, pa egzanp lè gen Lekòl ministè Wayòm nan. Pandan kou sa yo, ansyen yo aprann kòman yo kapab vin pi efikas nan fason y ap jere bagay ki gen rapò ak kongregasyon an. Sa pèmèt ansyen yo ak frè ak sè yo vin pi pwòch ak Jewova. Menmsi w poko asiste youn nan lekòl sa yo, se sèten ou jwenn byenfè lefètke lòt moun ki te asiste yo sèvi ak sa yo te aprann nan pou ede kongregasyon an.

LÈ YO MANDE NOU POU N FÈ AJISTEMAN

Pafwa prèt izrayelit yo te konn bay yon son monte desann lè y ap sonnen twonpèt la. Sa te vle di Jewova te vle tout pèp la deplase (Nonb 10:5, 6). Lè pèp la t ap deplase kan an, yo te fè sa yon fason òganize, men sa te mande anpil travay. Pafwa, kèk Izrayelit te kapab pa anvi deplase al nan yon lòt zòn. Poukisa?

Petèt gen moun ki te santi yo te mande yo deplase twò souvan e sanzatann. “Gendelè, nyaj la te sèlman rete anlè tabènak la sot aswè rive maten.” Gen kèk fwa sa te konn pran “de jou, yon mwa oswa plis tan” anvan yo deplase (Nonb 9:21, 22). E konbyen fwa kan an te oblije deplase? Nonb chapit 33 site anviwon 40 kote Izrayelit yo te fè kan.

Pafwa, gen kèk moun ki te jwenn yon espas ki te gen lonbray. Petèt yo te renmen sa paske yo te nan “gwo dezè ki bay kè kase a”. (Det. 1:19.) Donk, yo te ka gen tandans panse yon deplasman te ka fè yo tonbe yon kote ki pi mal.

Yonfwa tribi yo kòmanse deplase, gen nan yo ki te ka twouve li difisil pou yo tann tou pa yo pou yo deplase. Tout moun te tande son twonpèt ki t ap monte desann nan, men se pa tout moun ki te dwe deplase nan menm moman an. Son twonpèt ki t ap monte desann nan te vle di se tribi ki te nan zòn lès yo, anpalan de tribi Jida, Isaka ak Zabilon, ki te dwe deplase (Nonb 2:3-7; 10:5, 6). Apre yo fin ale, prèt yo te konn fè twonpèt la bay yon son k ap monte desann yon dezyèm fwa pou gwoup twa tribi ki nan sid la te ka deplase. Prèt yo te kontinye konsa jiskaske tout kan an te deplase.

Petèt sa te deja rive w ou te santi l difisil pou w aksepte kèk chanjman nan òganizasyon an. Petèt ou te panse gen twòp chanjman. Oubyen petèt ou te santi w alèz ak kèk dispozisyon e w pa t swete yo chanje yo. Kèlkeswa rezon an, ou te ka santi l difisil pou w gen pasyans pou w tann ou fin abitye ak chanjman sa yo. Malgre sa, si nou fè efò pou nou aji jan nou konnen nou dwe aji a, sandout, n ap wè Bondye beni nou.

Nan epòk Moyiz la, Jewova te dirije plizyè milyon gason, fi ak timoun pou yo travèse dezè a. Si Jewova pa t pran swen yo e l pa t ba yo direksyon, yo t ap peri. Jodi a, Jewova ap gide nou nan dènye jou danjere sa yo. Li ede nou pou nou rete pwòch ak li e pou nou kontinye gen yon lafwa ki solid. Se sa k fè, annou tout pran detèminasyon pou nou obeyi, menm jan Izrayelit fidèl yo te fè sa lè yo te tande divès kalite kout twonpèt!