Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 25

“Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo”

“Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo”

“Se mwen menm ki pral chèche mouton m yo e se mwen menm k ap pran swen yo.” — EZE. 34:11.

KANTIK 105 “Bondye se lanmou”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Nan ki sans Jewova tankou yon manman k ap bay pitit li tete?

“ÈSKE yon manman kapab bliye pitit li ki nan tete?” Jewova te poze kesyon sa a nan epòk pwofèt Ezayi. Bondye te di pèp li a: “Menmsi manman sa yo ta bliye, mwen pa t ap janm ka bliye w.” ​(Eza. 49:15). Sa pa rive souvan pou Jewova konpare tèt li ak yon manman. Men, li te fè sa nan okazyon sa a. Jewova te sèvi ak atachman ki gen ant yon manman ak pitit li pou l montre jan li atache ak moun k ap sèvi l yo. Pifò manman ka konprann sa yon sè ki rele Jasmin di: “Lè w ap bay pitit ou tete, ou vin devlope yon atachman espesyal ak pitit ou ki dire tout lavi.”

2. Ki jan Jewova santi l lè youn nan sèvitè l yo sispann sèvi l?

2 Jewova konnen lè menm youn nan sèvitè l yo sispann preche epi l sispann al nan reyinyon. Reflechi ak jan sa dwe fè l lapenn lè l wè plizyè milye nan sèvitè l yo vin inaktif * chak ane.

3. Ki sa Jewova vle?

3 Plizyè nan frè ak sè sa yo nou renmen anpil ki vin inaktif konn retounen nan kongregasyon an kote nou byen akeyi yo! Jewova vle yo retounen, e nou vle sa tou (1 Pyè 2:25). Ki jan nou ka ede yo retounen? Anvan nou reponn kesyon sa a li ta bon pou nou konnen rezon ki fè kèk moun sispann asiste reyinyon e yo sispann patisipe nan travay predikasyon an.

POUKISA KÈK MOUN SISPANN SÈVI JEWOVA?

4. Ki sa k rive kèk moun akoz travay yo?

4 Gen kèk moun ki kite travay pran tout tan yo. Men sa Hong *, yon frè k ap viv ann Azi sidès, admèt: “Mwen te bay travay mwen tout tan m ak tout enèji m. M pa t montre m gen sajès lefètke mwen te di tèt mwen si m te gen plis lajan, m t ap ka sèvi Jewova pi byen. Se sa k fè m te fè plis tan ap travay. M te kòmanse rate reyinyon plis toujou jiskaske finalman mwen te sispann frekante kongregasyon an. Sanble monn nan fèt pou l rale moun tikras pa tikras pou fè yo sispann sèvi Bondye.”

5. Ki jan yon sè te reyaji devan yon seri pwoblèm li te genyen?

5 Gen kèk frè ak sè ki chaje ak pwoblèm. Anne se yon manman ki gen senk pitit e k ap viv nan peyi Grann Bretay. Men sa l di: “Youn nan pitit mwen yo fèt ak yon gwo andikap. Rive yon lè, youn nan pitit fi m yo te eskominye e youn nan pitit gason m yo vin gen yon maladi mantal. M te vin tèlman dekouraje, m te sispann asiste reyinyon yo e m te sispann preche. Alafen, mwen te vin inaktif.” Sa fè nou mal anpil pou Anne ak fanmi l ansanm ak lòt moun k ap fè fas ak pwoblèm sa yo!

6. Ki jan lè yon moun pa aplike Kolosyen 3:13 sa ka lakoz li kite òganizasyon Jewova a?

6 Li Kolosyen 3:13. Gen kèk nan sèvitè Jewova yo ki konn fache akoz sa yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an fè yo. Apot Pòl te rekonèt pafwa nou ka gen bonjan rezon pou n “plenyen kont” yon frè oswa yon sè. Yo ka menm fè nou enjistis. Si nou pa veye nou ka vin gen rankin. Kòlè ka vin lakoz yon moun kite òganizasyon Jewova a. Ann wè sa ki te rive yon frè ki rele Pablo k ap viv ann Amerik disid. Gen yon moun ki te bay manti sou li e ki te fè konnen li fè yon bagay ki mal e sa te lakoz li pèdi yon privilèj li te gen nan kongregasyon an. Ki jan li te reyaji? Pablo di: “M te fache e tikras pa tikras m te kite kongregasyon an.”

7. Ki sa k ka rive yon moun konsyans li ap repwoche l?

7 Yon moun ki te vyole lwa Bondye a ka gen konsyans li k ap repwoche l, sa ka fè l santi li pa merite pou Bondye renmen l. Menmsi li te repanti e yo te fè l mizèrikòd, li ka santi li pa bon ase pou l kontinye fè pati pèp Bondye a. Gen yon frè ki rele Francisco ki te santi l konsa. Men sa l di: “Mwen te resevwa yon disiplin poutèt mwen te fè imoralite seksyèl. Byenke okòmansman mwen te kontinye asiste reyinyon yo, m te vin dekouraje e m te santi m pa diy pou m fè pati pèp Jewova a. Konsyans mwen te kontinye kale m, e m te kwè Jewova pa t padone m. Rive yon lè, m te sispann preche e m te sispann al nan reyinyon.” Ki jan w santi w lè w aprann gen frè ak sè ki te viv yon seri sitiyasyon menm jan ak sitiyasyon nou sot dekri la yo? Èske w mete w nan plas yo? Sa k pi enpòtan an, ki jan Jewova wè yo?

JEWOVA RENMEN TI MOUTON L YO

Yon bèje izrayelit te gen anpil sousi pou yon mouton ki te pèdi. (Gade paragraf 8-9.) *

8. Èske Jewova bliye moun ki te konn sèvi l? Esplike.

8 Jewova pa bliye moun ki te konn sèvi l men ki sispann fè sa pandan yon tan, e l pa bliye travay yo te fè nan sèvis li a (Ebre 6:10). Pwofèt Ezayi te bay yon bèl egzanp pou montre fason Jewova pran swen pèp li a. Men sa Ezayi te ekri: “L ap pran swen twoupo l la menm jan ak yon bèje. L ap rasanble ti mouton yo ak bra l, e l ap pote yo sou lestomak li.” ​(Eza. 40:11). Ki jan Gran Bèje a santi l lè youn nan ti mouton l yo kite twoupo a? Jezi te fè konn santiman Jewova genyen lè l te mande disip li yo: “Sa nou panse? Si yon nonm gen 100 mouton e youn ladan yo pèdi, èske li pap kite 99 lòt yo sou mòn nan pou l al chèche sa ki pèdi a? E si l rive jwenn sa ki pèdi a, wi, m ap di nou sa: L ap pi kontan pou li pase pou 99 lòt yo ki pa t pèdi.” — Mat. 18:12, 13.

9. Ki jan bon bèje nan tan biblik yo te konn aji ak mouton yo te genyen yo? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

9 Poukisa li apwopriye pou nou konpare Jewova ak yon bèje? Paske nan tan biblik yo yon bon bèje te konn byen pran swen mouton l yo. Pa egzanp David te touye yon lyon e l te touye yon lous pou l pwoteje mouton l yo (1 Sam. 17:34, 35). Se sèten, yon bon bèje ap remake si gen menm youn nan mouton l yo ki pa la (Jan 10:3, 14). Yon bèje konsa t ap kite 99 mouton li genyen yo an sekirite nan yon patiray oubyen li t ap mande yon lòt bèje voye je pou li epi li t apral chèche ti mouton ki manke a. Jezi te sèvi ak egzanp sa a pou l aprann nou yon verite enpòtan. Men sa l di: “Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” — Mat. 18:14.

Yon bèje izrayelit te gen anpil sousi pou yon mouton ki te pèdi. (Gade paragraf 9.)

JEWOVA CHÈCHE TI MOUTON L YO

10. Selon Ezekyèl 34:11-16, ki sa Jewova te pwomèt l ap fè pou mouton l ki pèdi yo?

10 Jewova renmen nou chak san wete “tipiti” yo ki kite twoupo l la. Pa mwayen pwofèt Ezekyèl, Bondye te pwomèt li t ap chèche mouton l ki pèdi yo e l t ap ede yo pou yo vin gen bon relasyon avè l ankò. Li te di sa l t apral fè pou l delivre yo. Sa l t apral fè a se menm sa yon bèje izrayelit t ap fè si l pa t wè youn nan mouton l yo. (Li Ezekyèl 34:11-16.) Toudabò, bèje a t ap chèche mouton an, sa ki t ap mande anpil tan ak anpil efò. Apre sa, lè bèje a jwenn mouton ki pèdi a, li t ap mennen l tounen nan twoupo a. Mete sou sa, si mouton an blese oswa l grangou anpil bèje a t ap ede l avèk lanmou paske l fèb, li t ap panse blese l yo, li t ap pran swen l e li t ap ba l manje. Ansyen yo, ki se bèje “twoupo Bondye a”, bezwen fè menm bagay la pou yo ede nenpòt moun ki kite kongregasyon an (1 Pyè 5:2, 3). Ansyen yo chèche moun sa yo, yo ede yo retounen nan twoupo a e yo montre yo renmen yo lè yo ba yo èd yo bezwen pou yo vin zanmi Jewova ankò *.

11. Ki sa yon bon bèje te konnen?

11 Yon bon bèje te konnen gen mouton ki ka pèdi. Si yon mouton te ale kite twoupo a, bèje a pa t pini l pou sa. Annou gade egzanp Jewova ban nou lè l t ap ede kèk nan sèvitè l yo ki te kite laperèz oswa dekourajman fè yo sispann suiv li pandan yon tan.

12. Ki jan Jewova te boule ak Jonas?

12 Pwofèt Jonas te dezobeyi Jewova e li pa t al Niniv. Malgre sa, Jewova pa t dekouraje ak Jonas. Tankou yon bon bèje, Jewova te sove l e l te ede l vin jwenn fòs li te bezwen pou l fè sa l te mande l la (Jon. 2:7; 3:1, 2). Apre sa, Bondye te sèvi ak yon pye kalbas kouran pou l ede Jonas konprann lavi chak moun gen anpil enpòtans (Jon. 4:10, 11). Ki leson nou ka aprann nan sa? Ansyen yo pa dwe kouri dekouraje ak moun ki vin inaktif yo. Olye de sa, ansyen yo dwe eseye konprann ki sa k fè mouton an kite twoupo a. E lè mouton an tounen vin jwenn Jewova, ansyen yo kontinye montre yo renmen l e yo enterese nan li.

13. Ki sa nou ka aprann nan fason Jewova te aji ak moun ki te ekri Sòm 73 la?

13 Moun ki te ekri Sòm 73 la te vin dekouraje lè l te wè kòman mechan yo te sanble reyisi nan tout sa yo fè. Li te mande tèt li èske l nesesè pou yon moun fè volonte Bondye (Sòm 73:12, 13, 16). Ki jan Jewova te reyaji? Li pa t kondane l. Anfèt, Bondye te fè mete pawòl moun sa a nan Bib la. Rive yon lè, moun ki te ekri sòm sa a te vin konprann pa gen pi bon bagay nan lavi a pase amitye nou ak Jewova (Sòm 73:23, 24, 26, 28). Ki leson nou aprann nan sa? Ansyen yo pa dwe kouri jije moun ki kòmanse ap mande tèt yo si sa vo lapenn pou yo sèvi Jewova. Olye ansyen yo kondane yo, yo dwe fè efò pou yo konprann poukisa yo pale oswa yo aji konsa. Se apre sa, ansyen yo kapab sèvi ak Bib la pou ankouraje yo.

14. Poukisa Eli te bezwen èd, e ki jan Jewova te ede l?

14 Pwofèt Eli te kouri pou rèn Jezabèl (1 Wa 19:1-3). Li te panse pa gen okenn lòt moun ki t ap sèvi antanke pwofèt Jewova e li te santi travay li t ap fè a pa t gen okenn valè. Eli te tèlman vin dekouraje li te vle mouri (1 Wa 19:4, 10). Jewova pa t kondane Eli, men, li te ba l asirans li pa t poukont li, li te dwe gen konfyans nan pouvwa Bondye e li te gen anpil travay pou l fè toujou pou Jewova. Jewova te aji avèk bonte, li te koute Eli ki t ap fè l konnen sa k ba l pwoblèm, epi li te ba l lòt travay pou l fè (1 Wa 19:11-16, 18). Ki leson nou ka aprann? Nou tout, sitou ansyen yo, nou dwe trete sèvitè Jewova yo avèk bonte. Kit yon moun fè konnen jan l fache oubyen l di li santi Jewova pap janm padone l, ansyen yo ap koute l pandan l ap fè yo konnen sa k nan kè l. Apre sa, yo pral eseye fè mouton sa a ki pèdi konnen Jewova toujou renmen l.

KI JAN NOU DWE KONSIDERE MOUTON BONDYE KI PÈDI YO?

15. Selon Jan 6:39 ki jan Jezi te konsidere mouton Papa l yo?

15 Ki jan Jewova vle nou konsidere mouton l ki pèdi yo? Nou ka aprann sa nan fason Jezi te aji. Li te konnen tout mouton Jewova yo gen anpil valè nan je l. Se sa k fè Jezi te fè tout sa l kapab pou l ede “mouton ki pèdi ki nan pèp Izrayèl la” tounen vin jwenn Jewova (Mat. 15:24; Lik 19:9, 10). Antanke bon bèje, Jezi te fè tout sa l kapab tou pou l pa pèdi okenn nan mouton Jewova yo. — Li Jan 6:39.

16-17. Ki jan ansyen yo dwe santi yo anrapò ak travay ede moun ki kite Jewova tikras pa tikras yo? (Gade kare ki gen tit “ Fason yon mouton ki pèdi kapab santi l”.)

16 Apot Pòl te mande ansyen ki nan kongregasyon Efèz la pou yo imite egzanp Jezi. “Nou [dwe] ede moun ki fèb yo, e nou dwe sonje pawòl Seyè Jezi yo, li menm ki te di: ‘Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.’” ​(Tra. 20:17, 35). Sa klè, ansyen yo jodi a gen yon gwo responsablite pou yo pran swen pèp Jewova a. Men sa Salvador, yon ansyen ann Espay, te di: “Lè m reflechi sou fason Jewova gen anpil sousi pou mouton ki pèdi yo, sa motive m pou m fè tout sa m kapab pou m ede yo. Antanke bèje, mwen konnen Jewova vle pou m gen sousi pou yo tou.”

17 Tout moun nou te pale de yo nan atik sa a ki te sispann sèvi Jewova tikras pa tikras te jwenn èd pou yo retounen vin sèvi l. Kounye a menm, gen plis moun toujou ki te kite Jewova ki anvi fè menm bagay la. Atik ki vin apre a pral bay plis detay sou sa nou ka fè pou n ede yo tounen vin jwenn Jewova.

KANTIK 139 Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?

^ § 5 Poukisa gen kèk moun ki t ap sèvi Jewova fidèlman pandan plizyè ane ki kite kongregasyon an? Ki jan Bondye wè yo? Atik sa a pral reponn kesyon sa yo. Li pral pale tou sou sa nou ka aprann nan fason Jewova te ede kèk moun nan tan biblik yo ki pa t fè sa Jewova te mande yo fè pandan yon tan.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Yon inaktif se yon pwoklamatè ki pa remèt rapò pou travay predikasyon ak travay fè disip la pandan sis mwa oswa plis. Menm lè sa a, inaktif yo toujou frè n ak sè n, e nou renmen yo.

^ § 4 Gen non moun yo chanje.

^ § 10 Atik ki vin apre a pral pale sou fason ansyen yo ka fè twa bagay sa yo.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon bèje izrayelit ki gen sousi pou yon mouton ki pèdi t ap chèche l e l t ap ede l retounen nan twoupo a. Bèje nan kongregasyon yo jodi a fè menm bagay la tou.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon sè ki inaktif ap tann bis li ladan l lan deplase, li wè de Temwen ki gen kè kontan k ap patisipe nan temwayaj an piblik.