Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 26

“Tounen vin jwenn mwen”

“Tounen vin jwenn mwen”

“Tounen vin jwenn mwen, e m ap tounen vin jwenn nou.” — MAL. 3:7.

KANTIK 102 ‘Ann ede moun ki fèb yo’

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan Jewova santi l lè youn nan mouton l yo tounen vin jwenn li?

JAN nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, Jewova konpare tèt li ak yon bon bèje ki pran swen chak mouton l yo avèk tandrès. E li chèche kèlkeswa mouton ki pèdi a. Jewova te di Izrayelit ki te kite l yo: “Tounen vin jwenn mwen, e m ap tounen vin jwenn nou.” Nou konnen li toujou santi l menm jan an, piske li di: “Mwen pa chanje.” ​(Mal. 3:6, 7). Jezi te di Jewova ak zanj yo santi yo kontan anpil lè menm youn nan sèvitè L yo ki te kite L tounen vin jwenn Li. — Lik 15:10, 32.

2. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Ann egzamine twa egzanp Jezi te pran ki atire atansyon sou fason yo ka ede moun ki kite Jewova yo. Nou pral pale sou yon seri kalite nou bezwen genyen pou n ede mouton ki pèdi yo tounen vin jwenn li. E nou pral wè poukisa sa mande efò pou n ede moun ki fèb yo.

FASON YO TE CHÈCHE PYÈS MONNEN KI TE PÈDI A

3-4. Jan nou wè sa nan Lik 15:8-10, poukisa dam nan te pran san l konsa pou l chèche drak li te pèdi a?

3 Nou bezwen fè anpil efò pou n chèche moun ki vle tounen vin jwenn Jewova yo. Nan yon parabòl Jezi te bay ki nan Evanjil Lik la, Jezi esplike fason yon dam te chèche yon bagay ki gen anpil valè li te pèdi: yon pyès monnen ki rele drak. Egzanp sa a atire atansyon nou sou fason yo te chèche drak la. — Li Lik 15:8-10.

4 Jezi dekri santiman yon dam ki jwenn yon drak li te pèdi ki te gen anpil valè pou li. Nan epòk Jezi a, sanble gen kèk fi juif ki te konn bay pitit fi yo dis drak jou pitit la ap marye. Petèt pyès monnen ki te pèdi a se te youn nan drak sa yo. Dam nan te konnen pyès monnen an te tonbe atè. Se sa k fè li te limen yon lanp e li te chèche toupatou. Men, li pa t wè anyen. Petèt lanp li a pa t klere ase pou l te ka wè ti pyès monnen ann ajan an. Finalman, li te bale tout kay la byen bale. Epi nan pousyè li te sanble yo, li te wè drak li a k ap klere nan limyè lanp lan. Se pa ti soulaje l te soulaje! Li rele zanmi l yo ak vwazin li yo pou l ba yo nouvèl la.

5. Poukisa li ka difisil pou nou jwenn moun ki kite kongregasyon an?

5 Jan nou wè sa nan egzanp Jezi a, sa mande efò pou n jwenn yon bagay ki te pèdi. Menm jan an tou, nou ka bezwen fè gwo efò pou nou jwenn moun ki kite kongregasyon an. Plizyè ane ka pase depi yo sispann preche epi asiste reyinyon yo ansanm avèk nou. Yo ka menm al viv nan yon zòn kote frè nan zòn nan pa konnen yo. Men, nan moman sa a la a, sandout gen kèk moun ki inaktif ki anvi tounen vin jwenn Jewova. Yo vle sèvi Jewova ankò ansanm ak frè ak sè yo, men yo bezwen nou ede yo.

6. Ki jan tout moun nan kongregasyon an ka patisipe nan chèche moun ki inaktif yo?

6 Kiyès ki ka patisipe nan chèche moun ki inaktif yo? Nou tout: kit nou ansyen, nou pyonye, nou se fanmi yo oswa pwoklamatè nan kongregasyon an, nou ka patisipe nan chèche yo. Èske w gen yon zanmi oswa yon fanmi ki vin inaktif? Èske w rankontre yon moun ki inaktif nan travay predikasyon kay an kay la oswa pandan w ap patisipe nan temwayaj an piblik? Fè moun nan konnen, si l ta renmen yo vizite l, n ap byen kontan bay ansyen yo adrès li oswa nimewo telefòn li.

7. Ki sa w aprann nan sa yon ansyen ki rele Thomas te di?

7 Se sitou ansyen yo ki gen responsablite pou yo chèche moun ki inaktif ki vle tounen vin jwenn Jewova yo. Ki jan yo ka fè sa? Ann gade sa yon ansyen ki rele Thomas * k ap viv ann Espay e ki ede plis pase 40 frè ak sè tounen nan kongregasyon an di: “Toudabò, mwen mande plizyè frè ak sè si yo konn kote kèk moun ki inaktif abite. Oswa m mande pwoklamatè yo si yo sonje yon moun ki pa asiste reyinyon ankò. Pifò moun nan kongregasyon an byen kontan bay èd yo, paske yo santi y ap patisipe nan chèche moun ki inaktif yo. Annapre, lè m vizite frè oswa sè ki inaktif yo, m mande yo pou pitit yo ak lòt moun nan fanmi yo. Gen kèk inaktif ki te konn mennen pitit yo nan reyinyon e gen nan timoun sa yo ki te pwoklamatè yon lè. Nou ka ede yo tou pou yo tounen vin jwenn Jewova.”

EDE PITIT GASON AK PITIT FI JEWOVA KI PÈDI YO RETOUNEN

8. Nan egzanp pitit gason ki te pèdi a nou jwenn nan Lik 15:17-24, ki jan papa a te aji ak pitit gason l lan ki te repanti?

8 Ki kalite nou dwe genyen si nou vle ede moun ki vle tounen vin jwenn Jewova yo? Ann egzamine kèk leson nou ka aprann nan egzanp Jezi te bay ki pale de pitit gason gaspiyè ki te kite kay li a. (Li Lik 15:17-24.) Jezi esplike ki jan pitit gason an te resi rann li kont li te aji yon fason ki sòt e l te pran desizyon pou l tounen lakay li. Papa a te kouri al rankontre pitit gason l lan e l te ba l yon bèl akolad ki te fè l konnen papa l renmen l. Konsyans pitit gason an t ap kale l e li pa t santi l te merite pou papa l konsidere l kòm pitit li ankò. Papa a te gen konpasyon pou pitit li ki t ap di l jan l te santi l. Apre sa, Papa a te fè kèk bagay pou l montre pitit li li byen kontan l tounen lakay e li pa konsidere l kòm yon sèvitè, men l konsidere l kòm yon pitit li renmen anpil. Pou papa a te fè l santi sa, li te òganize yon gwo resepsyon e l te bay pitit gason l lan ki repanti bèl rad pou l mete.

9. Ki kalite nou bezwen genyen pou n ede moun ki inaktif yo tounen vin jwenn Jewova? (Gade kare ki gen tit “ Fason nou ka ede moun ki vle tounen yo”.)

9 Jewova menm jan ak papa ki nan egzanp sa a. Li renmen frè n ak sè n ki inaktif yo e li vle yo tounen vin jwenn li. Lè nou imite Jewova, nou ka ede yo tounen. Sa mande pou n gen pasyans, pou n mete nou nan plas yo e pou n gen lanmou. Poukisa nou dwe montre kalite sa yo, e ki jan nou ka fè sa?

10. Poukisa nou dwe gen pasyans pou n ede yon moun tounen vin jwenn Jewova?

10 Nou bezwen gen pasyans paske sa pran tan pou yon moun tounen vin jwenn Jewova. Anpil moun ki te inaktif fè konnen sa te mande pou ansyen yo ak lòt frè ak sè nan kongregasyon an vizite yo plizyè fwa anvan yo rekòmanse sèvi Jewova. Men sa yon sè ki rele Nancy, ki moun Azi sidès, ekri: “Yon bon zanmi nan kongregasyon an te ede m anpil. Li te renmen m tankou se te gran sè m. Li te fè m sonje bon moman nou te konn pase ansanm. Li te konn koute m avèk pasyans pandan m ap fè konn sa k nan kè m e li pa t ezite ban m konsèy. Li te montre l se yon bon zanmi pou mwen ki te dispoze ede m nenpòt lè.”

11. Poukisa nou bezwen gen konpasyon pou nou soulaje moun santiman yo blese?

11 Lè nou montre konpasyon se tankou yon bon remèd, li ka geri santiman ki blese. Konn gen inaktif ki fache kont yon moun nan kongregasyon an pandan plizyè ane. Petèt santiman negatif yo te genyen yo te fè yo pa anvi tounen vin jwenn Jewova. Kèk nan yo ka panse yo te fè yo enjistis. Yo ka bezwen yon moun pou koute yo epi konprann santiman yo (Jak 1:19). Men sa María ki te inaktif yon lè di: “Mwen te bezwen yon moun ki pou koute m, ki pou konsole m lè m ap kriye e ki pou ede m konn sa m dwe fè.”

12. Bay yon egzanp ki montre fason lanmou Jewova rale moun ki inaktif yo tounen nan pèp li a.

12 Bib la konpare lanmou Jewova gen pou pèp li a ak yon kòd. Nan ki sans lanmou Bondye tankou yon kòd? Ann pran yon egzanp: Imajine w ap neye nan yon lanmè ki move epi yon moun voye yon jilè sovtaj ba ou. Se sèten ou t ap kontan èd li ba ou a paske sa t ap ede w pa fè fon. Men, yon jilè sovtaj pa sifi pou w ret an vi. Dlo a frèt anpil e w pap ret vivan si w pa monte nan yon kannòt. Ou bezwen yon moun voye yon kòd pou rale w vin nan kannòt la. Men sa Jewova te di konsènan Izrayelit ki te kite l yo: “Mwen te sèvi ak lanmou tankou kòd pou m kontinye rale moun yo vin jwenn mwen.” ​(Oze 11:4). Bondye santi l menm jan an jodi a konsènan moun ki sispann sèvi l e k ap neye nan pwoblèm ak tètchaje. Li vle yo konnen li renmen yo e li vle rale yo vin jwenn li. E Jewova ka sèvi avè w pou l montre li renmen yo.

13. Rakonte yon eksperyans ki montre pouvwa lanmou pou frè ak sè yo genyen.

13 Li enpòtan pou nou bay moun ki inaktif yo asirans Jewova renmen yo e nou renmen yo tou. Pablo, nou te pale de li nan atik ki vin anvan an, te inaktif pandan plis pase 30 an. Men sa l di: “Yon jou maten, pandan m t ap sot lakay mwen, gen yon sè aje ki gen bon jan ki te rankontre m e ki te pale avè m yon fason ki montre l renmen m. M te tonbe kriye tankou yon timoun. Mwen te di l sanble se Jewova ki voye l vin pale avè m. Se nan moman sa a mwen te deside tounen vin jwenn Jewova.”

SOUTNI MOUN KI FÈB YO AVÈK LANMOU

14. Selon egzanp nou jwenn nan Lik 15:4, 5 ki sa bèje a te fè kou l te jwenn ti mouton ki te pèdi a?

14 Frè ak sè ki inaktif yo bezwen nou kontinye ede yo. Menm jan ak tigason gaspiyè ki nan egzanp Jezi te bay la, yo ka ap soufri anpil nan domèn afektif e sa ka pran anpil tan pou yo geri. Petèt relasyon yo gen ak Jewova a vin febli akoz yon seri eksperyans yo te fè nan monn Satan an. Nou bezwen ede yo fòtifye lafwa yo nan Jewova. Nan egzanp ti mouton ki te pèdi a, Jezi te montre jan bèje a te mete ti mouton an sou zepòl li e li te pote l tounen nan twoupo a. Bèje a te deja pase tan e l te depanse enèji ap chèche ti mouton ki pèdi a. Men, li rann li kont l ap bezwen pote l pou l mennen l tounen nan twoupo a paske ti mouton an pap gen fòs pou l tounen poukont li. — Li Lik 15:4, 5.

15. Ki jan nou ka ede moun ki fèb ki vle tounen vin jwenn Jewova yo? (Gade kare ki gen tit “ Yon zouti ki itil anpil”.)

15 Nou ka bezwen depanse tan ak enèji nan ede kèk moun ki inaktif pou yo konbat feblès yo genyen. Men, grasa èd lespri Jewova, grasa Pawòl li a ak piblikasyon nou jwenn pa mwayen kongregasyon an, nou ka ede yo retounen gen bon relasyon ak Jewova ankò (Wom. 15:1). Ki jan nou ka fè sa? Men sa yon ansyen ki gen eksperyans di: “Pifò frè ak sè ki inaktif bezwen yo etidye Labib avèk yo apre yo fin pran desizyon pou yo tounen vin jwenn Jewova *.” Donk, si yo ta mande w pou w fè etid ak yon moun ki inaktif, ou ta dwe kontan jwenn privilèj sa a. Men sa ansyen an di ankò: “Pwoklamatè k ap fè etid la dwe yon bon zanmi, e moun ki inaktif la dwe fè l konfyans e l dwe santi l alèz pou l pale avè l.”

AP GEN KÈ KONTAN NI NAN SYÈL LA NI SOU TÈ A

16. Ki jan nou fè konnen zanj yo ap ede nou?

16 Gen anpil eksperyans ki montre zanj yo ap travay ansanm avèk nou pou ede n jwenn frè ak sè ki inaktif ki anvi tounen vin jwenn Jewova. (Rev. 14:6). Pa egzanp, Silvio ki moun peyi Ekwatè te priye ak tout kè l pou l te ka retounen nan kongregasyon an. Pandan l t ap priye, sonèt kay li te sonnen. De ansyen te devan pòt la. Pandan ansyen yo t ap vizite l, yo te kontan kòmanse ba l èd li te bezwen.

17. Ki rekonpans nou jwenn lè nou ede yon frè oubyen yon sè ki inaktif?

17 N ap jwenn anpil kè kontan lè nou ede yon moun ki fèb tounen vin jwenn Jewova. Men sa Salvador, yon pyonye ki renmen ede frè ak sè ki inaktif, fè konnen: “Pafwa, m pa ka anpeche dlo sot nan je m tèlman m kontan. Sa tèlman fè m plezi lè m konnen Jewova delivre youn nan ti mouton l yo li renmen anpil anba monn Satan an e m gen privilèj kolabore ak Jewova nan travay sa a.” — Tra. 20:35.

18. Ki asirans ou mèt genyen si w se yon inaktif?

18 Si w te sispann preche oswa asiste reyinyon ansanm ak pèp Jewova a, ou mèt gen asirans Jewova toujou renmen w. Li vle w tounen vin jwenn li. W ap bezwen fè efò pou w tounen vin jwenn li. Men, menm jan ak papa nan egzanp Jezi te bay la, Jewova ap tann ou tounen, e l ap kontan akeyi w lakay!

KANTIK 103 Bèje yo se kado Bondye bay

^ § 5 Jewova vle moun ki sispann preche oswa ki sispann asiste reyinyon yo tounen vin jwenn li. Gen anpil bagay nou ka fè pou n ankouraje moun ki vle aksepte envitasyon Jewova bay la lè l di: “Tounen vin jwenn mwen.” Nan atik sa a, nou pral wè fason nou ka ede yo fè sa.

^ § 7 Gen non moun yo chanje.

^ § 15 Nou ka ede kèk frè ak sè ki inaktif lè nou etidye kèk pati nan liv Fason pou n rete nan lanmou Bondye a avèk yo, alòske gen lòt nou ka egzamine kèk chapit nan liv Annou pwoche bò kote Jewova a avèk yo. Se komite sèvis kongregasyon an k ap chwazi kiyès ki kapab fè etid la avèk yo.

^ § 68 ESPLIKASYON SOU FOTO: Twa frè k ap ede yon frè ki vle tounen. Youn fè sa lè l kenbe kontak avè l, lòt la ba l asirans li renmen l e twazyèm nan koute l epi l chèche konprann li.