Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Nan epòk Jezi a, ki kalite taks moun yo te gen pou yo peye?

DEPI nan tan lontan, Izrayelit yo te konn bay kòb pou soutni vrè adorasyon an. Men, nan epòk Jezi a, kesyon taks la te vin konplike e l te vin yon chay lou pou Juif yo.

Tout gason juif ki te majè te dwe peye mwatye yon chekèl (de drak) pou soutni adorasyon yo t ap bay Bondye nan tabènak la, e pi devan nan tanp lan. Nan premye syèk la, yo te konn itilize lajan taks sa yo pou travay ak sakrifis ki te konn fèt nan tanp Ewòd te bati a. Gen kèk Juif ki te mande Pyè sa Jezi panse sou kesyon peye taks la, e Jezi te montre pa gen anyen ki mal pou moun peye taks. Anfèt, li te menm di Pyè ki kote l ap jwenn yon pyès monnen pou l peye taks sa a. — Mat. 17:24-27.

Depi byen lontan, pèp Bondye a te konn peye ladim tou, sa vle di yon dizyèm nan sa yo te rekòlte oswa nan kòb yo te antre (Lev. 27:30-32; Nonb 18:26-28). Chèf relijye yo te mande pou moun yo peye ladim sa a nan tout ti fèy, menm “nan mant, nan lanni ak nan tout kalite grenn epis”. Jezi pa t kont pou moun yo peye ladim, men l te montre aklè jan espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo ipokrit. — Mat. 23:23.

Nan epòk sa a, se Women yo ki t ap dirije e yo te egzije Juif yo peye anpil lòt taks. Pa egzanp, moun ki te gen tè te konn peye yon taks, yo te ka bay swa lajan oswa bagay yo posede pou yo peye taks sa a. Yo te egzije moun yo bay soti 20 pousan rive 25 pousan sou sa yo te antre. Epitou, chak Juif te gen yon taks pou yo peye. Se konsènan taks sa a Farizyen yo te poze Jezi kesyon. Jezi te montre ki jan nou dwe konsidere kesyon peye taks la lè l te di: “Ebyen, bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” — Mat. 22:15-22.

Epitou te gen yon taks yo te konn peye sou machandiz k ap antre oswa k ap soti nan yon zòn al nan yon lòt. Yo te konn ranmase taks sa yo sou waf yo, sou pon yo, kote wout yo rankontre oswa nan pòtay vil yo oubyen nan mache yo.

Tout taks Women yo te konn fè moun ki anba kontwòl yo peye yo te vin yon chay ki te lou anpil pou yo. Selon yon istoryen women ki te rele Tasit, sou rèy anperè Tibè, nan epòk Jezi te sou tè a, “peyi Siri ak Jide te bouke anba chay lou yo t ap pote yo. Se sa k fè yo te mande pou yo fè yo peye mwens taks”.

Fason yo te konn pran taks yo te fè chay la vin pi lou. Yon moun te dwe peye pou l te jwenn travay sa a, e se moun ki te konn bay plis kòb yo ki te konn jwenn li. Moun ki te peye plis kòb yo te konn fè benefis sou kòb yo te resevwa yo. Yo te konn peye lòt moun pou ranmase taks yo, e moun yo te peye pou fè travay sa a te konn fè benefis pa yo tou. Sanble te gen nan pèseptè sa yo ki t ap travay pou Zache (Lik 19:1, 2). Donk, nou konprann sa k fè moun yo pa t renmen peye taks e yo pa t vle wè moun ki te konn vin ranmase taks nan men yo.