Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byografi

Mwen te met Jewova nan tout desizyon m t ap pran

Mwen te met Jewova nan tout desizyon m t ap pran

YON jou maten, nan ane 1984, te gen yon bèl solèy. Mwen t ap sot lakay mwen ki te nan yon katye rich nan vil Karakas nan peyi Venezyela pou m al travay. Pandan m sou wout, mwen t ap reflechi sou yon atik Toudegad ki te fèk parèt. Li te pale sou fason vwazen nou yo wè nou. Pandan m t ap gade kay ki toupre yo, mwen t ap mande tèt mwen: ‘Lè vwazen m yo ap gade m, èske sèl sa yo wè se yon moun k ap travay labank k ap touche anpil kòb? Oswa èske yo wè m kòm yon sèvitè Bondye k ap travay nan yon bank pou pran swen fanmi l?’ Mwen te vin rann mwen kont vwazen m yo te plis wè m kòm yon moun k ap touche anpil kòb labank. Mwen pa t renmen sa, se sa k fè mwen te deside fè yon bagay.

Mwen te fèt nan dat 19 me 1940 nan vil Amioûn nan peyi Liban. Kèk ane annapre, fanmi nou t al viv nan vil Tripoli. Se la m te leve nan yon bèl fanmi ki gen kè kontan, ki konnen Jewova Dye e ki renmen l. Paran m te gen senk pitit, twa fi ak de gason, e se mwen ki te pi piti. Se pa t fè lajan ki te pi enpòtan pou paran m. Sa k te pi enpòtan nan lavi nou se te etidye Labib, al nan reyinyon epi ede lòt moun aprann konn Bondye.

Te gen plizyè kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl nan kongregasyon nou an. Youn nan yo se te Michel Aboud, se li ki te konn kondui etid liv la, jan yo te konn rele reyinyon sa a nan epòk la. Li te aprann laverite pandan l te Nouyòk, e se li menm ki te kòmanse preche laverite nan peyi Liban nan kòmansman ane 1920 yo. Mwen pap janm bliye jan l te demontre respè pou Anne ak Gwen Beavor, de jèn sè ki te diplome nan Lekòl Galaad, ak jan l te ede yo. Yo te vin bon zanmi nou. Plizyè dizèn ane annapre, mwen te vrèman kontan rankontre Anne Ozetazini. Kèk tan annapre mwen te rankontre Gwen tou. Li te marye ak Wilfred Gooch e yo t ap sèvi nan Betèl, nan biwo filyal la nan vil Lonn, nan peyi Angletè.

TRAVAY PREDIKASYON AN NAN PEYI LIBAN

Lè m te timoun, pa t gen anpil Temwen nan peyi Liban. Men, nou te kontan pataje sa n te konnen sou Bib la ak lòt moun. Nou te fè sa malgre te gen kèk chèf relijye ki te opoze ak nou. M pa janm bliye kèk nan bagay ki te rive nou.

Yon jou, mwen menm ak Sana, sè m nan, t ap preche nan yon bilding ki gen apatman. Gen yon prèt ki te vin nan etaj kote nou t ap preche a. Sanble gen yon moun ki te fè l konn sa. Prèt la te kòmanse manke sè m nan dega. Li te tèlman fache, li te pouse Sana nan eskalye a, e Sana te blese. Gen yon moun ki te rele lapolis nan telefòn, yo te vini e yo te fè Sana jwenn swen li te bezwen. Yo te mennen prèt la nan pòs polis la, e lè sa a yo te wè prèt la gen yon zam. Chèf polis la te mande l: “Sa w ye menm? Yon chèf relijye oswa yon chèf bandi?”

Yon lòt lè mwen byen sonje, se lè kongregasyon nou an te lwe yon bis pou n t al nan yon vil ki byen lwen pou n te ka preche bon nouvèl la. Tout bagay te anfòm jiskaske prèt nan zòn nan te aprann sa n t ap fè a e li te rasanble yon foul moun pou atake nou. Yo te joure nou, yo te menm voye wòch sou nou e papa m te blese. Mwen sonje m te wè l ak figi l plen san. Li te tounen nan bis la ak manman m, e nou tout te suiv li ak kè sote. Men, mwen pap janm bliye sa manman m te di pandan l t ap pwòpte papa m. Li te di: “Tanpri Jewova, padone yo. Yo pa konn sa y ap fè a.”

Yon lòt lè ankò, nou t al vizite moun nan fanmi nou nan vil kote nou te fèt la. Lè n te rive lakay granpapa m, te gen yon chèf relijye ki gen gwo tit ki te la, se te yon evèk. Li te konnen paran m se Temwen Jewova. Byenke m te gen sizan sèlman, li t ap eseye fè m kraponnen, li te di m: “Ou menm, poukisa w pa batize?” Mwen te fè l konnen kòm mwen piti toujou, mwen bezwen konn plis bagay sou Bib la e m bezwen gen plis lafwa anvan m batize. Piske li pa t renmen repons mwen te ba li a, li te di granpapa m mwen derespektan.

Men, se yon lè konsa nou te konn fè move eksperyans sa yo. An jeneral, Libanè yo se moun ki amikal e ki renmen akeyi moun. Se sa k fè nou te konn gen anpil bèl konvèsasyon sou Bib la e nou te etidye Labib ak anpil moun.

FANMI NOU TE DESIDE AL VIV NAN YON LÒT PEYI

Pandan m te lekòl toujou, gen yon jèn frè ki te sot Venezyela vin vizite Liban. Li te asiste reyinyon nan kongregasyon nou an, e annapre li te renmen ak Wafa, sè m nan. Rive yon lè, yo te marye e yo t al viv Venezyela. Lè Wafa te konn ekri nou, li te toujou ap ankouraje papa m pou l vin viv Venezyela ak tout fanmi an. Li te mande sa paske li te sonje nou anpil. Finalman, li te rive konvenk nou pou n t al viv Venezyela!

Nou te rive Venezyela nan ane 1953 e nou te abite Karakas, toupre palè a. Kòm mwen te timoun, mwen te konn kontan wè prezidan an k ap pase pafwa nan bèl machin li. Men, li pa t fasil pou paran m adapte yo nan peyi a, ak lang nan, fason moun yo te konn viv, manje yo ak klima a. Anfèt, yo te fèk kòmanse ap adapte yo lè yon bagay terib te rive.

Sot agoch al adwat: Papa m. Manman m. Mwen menm, an 1953, lè fanmi m t al viv Venezyela.

GEN YON BAGAY GRAV KI TE RIVE

Papa m te kòmanse santi l pa anfòm. Nou te twouve sa dwòl anpil paske li te toujou djanm e li te an sante. Nou pa t menm ka sonje ki dènye fwa li te malad. Doktè te dekouvri li fè kansè pankreya e yo te opere l. Malerezman, li te mouri yon semèn annapre.

Li difisil pou n esplike jan sa te di pou nou. Mwen te gen 13 an sèlman. Nou te sezi anpil e nou te santi se kòmsi lavi nou fini. Pandan kèk tan, li te difisil pou manman m kwè mari l pa la ankò. Men, nou te vin konprann nou dwe kontinye viv, e grasa èd Jewova nou te andire. Lè m te fin lekòl Karakas, mwen te vrèman vle ede fanmi m. Lè sa a m te gen 16 an.

Sana, sè m nan, ak Rubén, mari l, te ede m anpil pou m vin pi pwòch ak Jewova.

Pandan tan sa a, Sana, sè m nan, te marye ak Rubén Araujo, yon frè ki te diplome nan Lekòl Galaad ki te retounen Venezyela. Yo te deside al viv Nouyòk. Lè fanmi m te deside pou m al nan inivèsite, mwen t al Nouyòk, konsa mwen te gen yon kote pou m rete. Pandan m t ap viv ansanm ak sè m nan ak bòfrè m nan, yo te ede m anpil pou m vin pi pwòch ak Jewova. Epitou, te gen anpil frè ki gen matirite ki te nan kongregasyon espayòl nou te ye nan Bwouklin nan. Gen de ladan yo mwen te kontan konnen e m te apresye, se te Milton Henschel ak Frederick Franz. Yo toule de te nan Betèl Bwouklin.

Lè m t ap batize nan ane 1957.

Nan fen premye ane m nan inivèsite a nan Nouyòk, mwen te kòmanse ap mande tèt mwen ki sa m ap fè ak lavi m. Mwen te li plizyè atik nan Toudegad sou objektif yon seri kretyen te genyen nan sèvis y ap bay Jewova a, e m te medite anpil sou sa. Mwen te wè jan pyonye yo ak Betelit yo nan kongregasyon an gen kè kontan, e m te vrèman vle vin menm jan ak yo. Men, mwen potko batize. Mwen pa t pran tan pou m rann mwen kont jan sa enpòtan pou m vwe Jewova lavi m. Mwen te fè sa, e annapre mwen te batize nan dat 30 mas 1957.

MWEN TE PRAN YON SERI DESIZYON ENPÒTAN

Apre m te fin franchi etap enpòtan sa a, mwen t ap panse ak yon lòt objektif mwen te vle atenn: mwen te vle antre nan sèvis aplentan. Mwen te vrèman anvi fè sa, men, mwen te ka wè sa pa t ap fasil. Ki jan m t ap fè pou m pyonye e pou m nan inivèsite anmenmtan? Lè m te ekri fanmi m pou m te di yo entansyon mwen genyen pou m kanpe sou etid mwen nan inivèsite a, pou m tounen Venezyela e pou m vin pyonye, se pa de lèt ki t ap monte desann ant Nouyòk ak Venezyela.

Mwen te retounen Karakas nan mwa jen 1957. Sepandan, mwen te ka wè afè fanmi an pa t bon. Yo te bezwen yon lòt moun nan fanmi an travay pou ede yo. ki jan m te ka ede yo? Mwen te jwenn yon travay nan yon bank, men, mwen te vrèman vle vin pyonye. Dayè, se pou sa m te retounen. Mwen te deside fè toule de anmenmtan. Mwen te fè plizyè ane ap travay nan bank lan aplentan toutpandan m te pyonye. Mwen pa t janm okipe anpil konsa e mwen potko janm kontan anpil konsa!

Mwen te vin pi kontan toujou lè m te rankontre Sylvia, yon bèl ti sè ki te soti ann Almay ki te renmen Jewova anpil, e nou te marye. Sylvia te vin viv Venezyela ansanm ak paran l. Rive yon lè, nou te vin gen de pitit, Michel (Mike), pitit gason nou an, ak Samira, pitit fi nou an. Mwen te gen responsablite pou m pran swen manman m tou ki te vin viv ansanm avèk nou. Byenke m te oblije kite sèvis pyonye a pou m te ka pran swen fanmi m, mwen te toujou chofe nan travay predikasyon an. Lè gen vakans, Sylvia avè m te konn pyonye oksilyè lè n kapab.

MWEN TE PRAN YON LÒT GWO DESIZYON

Timoun yo te lekòl toujou lè m te fè eksperyans mwen te pale de li nan kòmansman atik la. Mwen dwe admèt fanmi m t ap viv alèz, e moun te gen anpil respè pou mwen nan sektè bank lan. Sepandan, mwen te plis vle yo wè m kòm yon moun k ap sèvi Jewova. Mwen pa t ka sispann panse ak sa. Se sa k fè mwen menm ak madanm mwen te chita ansanm pou n pale sou fason n ap itilize kòb fanmi an. Si m te kite travay labank lan, mwen t ap resevwa yon bèl kòb. Etandone, nou pa t gen dèt, nou te wè si n te viv yon fason ki pi senp nou t ap gen ase kòb pou nou viv pandan yon bon bout tan.

Li pa t fasil pou m te pran desizyon sa a. Men, ni madanm mwen, m renmen anpil, ni manman m te vrèman soutni m. Se sa k fè mwen te retounen nan sèvis aplentan ankò. Se pa ti kontan m te kontan! Mwen te pare pou m rekòmanse sèvis pyonye a. Men, sa pa t pran tan pou n te resevwa yon nouvèl ki te fè nou tout sezi.

YON SIPRIZ KI TE FÈ KÈ N KONTAN!

Gabriel, twazyèm pitit nou an, te yon sipriz ki te fè kè n kontan.

Yon jou, doktè nou te fè n konnen Sylvia ansent. Nou toule de te sezi! Nou te kontan anpil, men, mwen t ap panse ak desizyon m te pran pou m te vin pyonye a. Èske m t ap ka toujou vin pyonye? Nou te adapte nou byen vit, e nou te pare pou nou akeyi yon lòt moun nan fanmi an. Men, e tout planifikasyon mwen te fin fè yo?

Apre mwen menm ak madanm mwen te fin pale sou objektif nou te genyen yo, nou te deside fè sa n te di n ap fè a. Gabriel, pitit gason nou an, te fèt nan mwa avril 1985. Sepandan, mwen te kite travay labank lan e m te vin pyonye pèmanan ankò nan mwa jen 1985. Annapre, mwen te vin manm Komite filyal. Men, piske filyal la pa t Karakas, mwen te konn fè anviwon 80 kilomèt pou m al nan filyal la de oswa twa fwa chak semèn.

NOU TE DEMENAJE ANKÒ

Biwo filyal la te nan vil Laviktorya. Donk, tout fanmi an te dakò pou n al abite Laviktorya pou n te ka pi pre Betèl. Se te yon gwo chanjman pou nou. Mwen pa ka pa di jan m gen rekonesans ak apresyasyon pou fanmi m. Fason yo te aji te ede m anpil. Baha, sè m nan, te dakò pou l pran swen manman nou. Mike te marye, men, Samira ak Gabriel te toujou ap viv ansanm avèk nou. Sepandan, pou n t al viv Laviktorya, sa te mande pou timoun yo kite zanmi yo te genyen Karakas yo. Epitou, sa te mande pou Sylvia, madanm mwen m renmen anpil, adapte l nan yon ti vil, kontrèman ak kapital la ki te gen anpil aktivite. E nou tout te oblije aprann viv nan yon kay ki pi piti. Vrèmanvre, sa te mande anpil efò pou n te kite Karakas pou n t al viv Laviktorya.

Sepandan, te vin gen lòt chanjman. Gabriel te vin marye e Samira t al viv poukont li. Annapre, yo te envite mwen menm ak Sylvia pou n vin fè pati fanmi Betèl la an 2007. Se yon privilèj nou genyen jis kounye a. Mike, pi gran pitit gason nou an, ap sèvi kòm ansyen e li pyonye ansanm ak Monica, madanm li. Gabriel ansyen tou, e li menm ak Ambra, madanm li, ap viv nan peyi Itali. Samira pyonye e li travay a distans pou Betèl la kòm volontè.

Sot agoch al adwat: Mwen menm ak Sylvia, madanm mwen, nan filyal Venezyela. Mike, pi gran pitit gason nou an, ansanm ak Monica. Samira, pitit fi nou an. Gabriel, lòt pitit gason nou an, ansanm ak Ambra.

MWEN T AP REPRAN MENM DESIZYON YO ANKÒ

Wi, mwen te pran anpil gwo desizyon nan lavi m. Men, mwen pa regrèt anyen. Si m ta gen pou m rekòmanse, mwen t ap repran menm desizyon yo ankò. Mwen gen anpil rekonesans pou tout travay ak privilèj mwen te jwenn nan sèvis Jewova a. Tank ane t ap pase, mwen te vin rann mwen kont jan sa enpòtan anpil pou m kontinye gen yon amitye solid ak Jewova. Kit desizyon n ap pran yo piti, kit yo gwo, Jewova kapab ban nou lapè “ki depase tout sa moun ka konprann”. (Flp. 4:6, 7.) Mwen menm ak Sylvia renmen sèvis sakre n ap fè nan Betèl la e nou santi Jewova beni desizyon nou te pran nan lavi nou yo, paske nou te met Jewova nan tout desizyon n t ap pran.