Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 25

Pa fè “tipiti sa yo” bite

Pa fè “tipiti sa yo” bite

“Pa meprize youn nan tipiti sa yo.” — MAT. 18:10.

KANTIK 113 Bondye ban nou lapè kòm kado

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Jewova fè pou nou chak?

JEWOVA rale nou chak vin jwenn li (Jan 6:44). Èske w konprann sa sa vle di? Pandan Jewova ap byen egzamine tout moun, sa vle di plizyè milya moun ki nan monn nan, li wè yon bagay ki gen anpil valè nan ou: li wè w gen yon kè ki sensè ki kapab vin renmen l (1 Kwo. 28:9). Jewova konnen w, li konprann ou e li renmen w. Sa vrèman ankourajan!

2. Ki egzanp Jezi te pran pou l montre jan Jewova enterese nan chak mouton Li genyen?

2 Jewova gen anpil sousi pou ou, e li gen sousi pou tout frè ak sè yo tou. Pou Jezi te ede nou konprann sa, li te konpare Jewova ak yon bèje. Pa egzanp, si gen 100 mouton nan yon twoupo e youn ladan yo kite twoupo a, ki sa bèje a ap fè? L ap “kite 99 lòt yo sou mòn nan pou l al chèche sa ki pèdi a”. Lè bèje a jwenn mouton an li pap fache sou li poutèt li te pèdi. Okontrè, l ap kontan. Ki leson nou aprann? Chak mouton enpòtan pou Jewova. Men sa Jezi te di: “Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” — Mat. 18:12-14.

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Se sèten nou pa t ap janm vle fè youn nan frè n oswa sè n yo dekouraje. Ki jan nou ka evite fè lòt moun bite? E ki sa nou ka fè si yon moun fè nou yon bagay ki fè nou mal? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a. Men, toudabò, annou aprann plis bagay sou “tipiti sa yo” yo pale de yo nan Matye chapit 18 la.

KIYÈS KI “TIPITI SA YO”?

4. Kiyès ki “tipiti sa yo”?

4 “Tipiti sa yo” se moun tout laj ki disip Jezi. Kèlkeswa laj yo genyen, yo “tankou timoun piti” paske yo dakò pou Jezi anseye yo (Mat. 18:3). Byenke yo ka pa sot nan menm zòn, yo ka pa gen menm kilti, yo pa wè bagay yo menm jan e yo pa gen menm pèsonalite, yo tout gen lafwa nan Kris, e Kris renmen yo anpil. — Mat. 18:6; Jan 1:12.

5. Ki jan Jewova santi l lè yon moun fè youn nan sèvitè L yo bite oswa soufri?

5 Tout “tipiti sa yo” gen anpil valè pou Jewova. Pou nou konprann santiman l gen pou yo, panse ak fason n santi n lè n wè timoun. Yo gen anpil valè pou nou. Nou vle pwoteje yo paske yo pa gen fòs ak eksperyans ak sajès yon granmoun genyen. An reyalite, nou pa renmen wè moun ap soufri, men lè se yon timoun yon moun fè soufri, nou fache anpil, nou konn menm vin an kòlè. Menm jan an tou, Jewova vle pwoteje nou. Li fache, e li konn menm vin an kòlè lè yon moun fè youn nan sèvitè L yo bite oswa soufri. — Eza. 63:9; Mak 9:42.

6. Selon 1 Korentyen 1:26-29, ki jan monn nan wè disip Jezi yo?

6 Nan ki sans ankò disip Jezi yo tankou yon seri “tipiti”? Bon, ki moun monn nan konsidere kòm moun ki enpòtan? Se moun ki rich, moun ki gen gwo renome, ak moun ki gen pouvwa. Tandiske, pou yo menm, disip Jezi yo se yon seri “tipiti” ki pa gen enpòtans, ki pa gen valè. (Li 1 Korentyen 1:26-29.) Men, se pa konsa Jewova wè yo.

7. Ki jan Jewova vle nou konsidere frè n ak sè n yo?

7 Jewova renmen tout sèvitè l yo, kit yo gen plizyè ane depi y ap sèvi l, kit yo fèk vin nan laverite. Tout frè n ak sè n yo enpòtan pou Jewova, donk, yo dwe enpòtan pou nou tou. Nou bezwen “renmen tout frè nou yo”, pa sèlman kèk nan yo (1 Pyè 2:17). Nou ta dwe dispoze fè tout sa n kapab pou n pwoteje yo e pou n montre nou gen sousi pou yo. Si n aprann nou fè yon moun yon bagay ki blese santiman l oswa ki fè l mal, nou pa dwe annik vag kòmkwa pou n ta di li se yon moun ki renmen fache pou ti krik ti krak e li pa bezwen bay sa twòp enpòtans. Poukisa kèk moun ka santi yo blese santiman yo? Petèt akoz fason kèk frè ak sè te leve, yo panse yo pa vo anyen. Gen lòt moun ki gendwa fèk vin nan laverite e yo poko konn ki jan pou yo reyaji lè moun fè yon seri bagay ki deranje yo. Kèlkeswa rezon an, nou dwe fè sa n kapab pou n chèche viv anpè. Yon lòt bò, yon moun ki fache fasil pou sa lòt moun fè l bezwen rekonèt se yon defo sa ye e li bezwen fè efò pou l chanje. Li bezwen fè sa paske sa ap bon pou li, e paske sa ap ede l gen bon relasyon ak lòt moun.

KONSIDERE LÒT MOUN SIPERYÈ NOU

8. Ki atitid moun nan epòk Jezi yo te genyen ki te gen efè sou disip li yo?

8 Ki sa k fè Jezi te pale konsènan “tipiti sa yo”? Disip li yo te poze l yon kesyon, yo te mande l: “Kiyès ki pi enpòtan nan Wayòm syèl la.” ​(Mat. 18:1). Anpil Juif nan epòk sa a te bay pozisyon ak ran sosyal anpil enpòtans. Gen yon biblis ki di: “Sa k te pi enpòtan nan lavi yo se te pou moun onore yo e pou anpil moun konnen yo.”

9. Ki sa disip Jezi yo te gen pou yo fè?

9 Jezi te konnen disip li yo t ap gen pou yo fè anpil efò pou yo derasinen espri konpetisyon yo te gen nan kè yo ki te byen anrasinen nan kilti juif la. Men sa l te di yo: “Moun ki pi enpòtan pami nou an dwe vin tankou moun ki gen mwens enpòtans lan, e moun k ap dirije a dwe vin tankou moun k ap sèvi a.” ​(Lik 22:26). Nou aji tankou “moun ki gen mwens enpòtans lan” lè nou “konsidere lòt moun yo siperyè nou”. (Flp. 2:3.) Plis nou fè efò pou nou aji konsa, l ap vin pi fasil pou n pa fè lòt moun bite.

10. Ki konsèy Pòl te bay nou dwe aplike?

10 Tout frè n ak sè n yo siperyè nou yon fason oswa yon lòt. Li pa difisil pou n wè sa lè nou konsantre sou bèl kalite yo genyen. Nou dwe byen reflechi sou konsèy apot Pòl te bay kretyen nan vil Korent yo. Men sa l te di: “Ki sa k fè w pa menm ak yon lòt moun? Wi, ki sa w genyen se pa resevwa w te resevwa l? Anfèt, si sa w genyen an se resevwa w te resevwa l, poukisa w ap vante tèt ou kòmsi se pa resevwa w te resevwa l?” ​(1 Kor. 4:7). Nou dwe veye pou n pa chèche atire atansyon sou tèt nou oswa pou n pa panse nou siperyè lòt moun. Si yon frè konn bay bèl diskou, oswa yon sè gen kapasite pou l kòmanse etid biblik ak moun byen fasil, frè a oswa sè a bezwen sonje tout glwa a se pou Jewova.

ANNOU PADONE “AK TOUT KÈ NOU”

11. Ki leson nou aprann nan egzanp Jezi te bay konsènan yon wa ak esklav li?

11 Yon ti tan apre Jezi te fin avèti disip li yo pou yo pa fè lòt moun bite, li te bay yon egzanp konsènan yon wa ak yon esklav li. Wa a te anile yon gwo dèt esklav la pa t ap janm ka peye. Annapre, menm esklav sa a te refize anile yon ti dèt toupiti yon esklav parèy li te gen pou li. Alafen, wa a te fè met esklav ki san pitye a nan prizon. Ki leson nou aprann? Men sa Jezi te di: “Se konsa Papa m ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou.” — Mat. 18:21-35.

12. Si nou refize padone, ki jan sa ka fè lòt moun ditò?

12 Fason esklav la te aji a te gen move efè nonsèlman sou li, men sou lòt moun tou. Premyèman, li te montre l san pitye lè l te “fè met esklav parèy li a nan prizon pou jiskaske l peye l sa l dwe l la”. Dezyèmman, sa l te fè a te boulvèse lòt esklav ki t ap gade yo. Lè “lòt esklav yo [te] wè sa k pase a, sa [te] fè yo mal anpil”. Menm jan an tou, sa nou fè gen efè sou lòt moun. Si yon moun aji mal ak nou e nou refize padone l, ki sa k ka rive? Premyèman, nou fè l ditò lè nou refize padone l, petèt nou meprize l e nou pa montre l nou renmen l. Dezyèmman, nou fè lòt moun nan kongregasyon an pa alèz lè yo remake nou pa anpè ak moun sa a.

Èske w ap ret fache, oswa w ap padone ak tout kè w? (Gade paragraf 13-14.) *

13. Ki sa nou aprann nan eksperyans yon pyonye te fè?

13 Lè nou padone frè n ak sè n yo, sa bon ni pou nou ni pou lòt moun. Se eksperyans sa a yon pyonye nou bay non Crystal te fè. Gen yon sè nan kongregasyon an ki te mal aji avè l. Men sa Crystal di: “Gende lè pawòl li te konn di yo te tèlman rèd, yo te konn blese m tankou kout kouto. Mwen pa t menm vle preche ansanm avè l. Sa te kòmanse fè m pa anvi preche e m te kòmanse pèdi jwa m.” Crystal te santi li te gen bonjan rezon pou l fache, men, li pa t ret ap plenyen sò l. Li te montre l gen imilite lè l te aplike konsèy biblik li te jwenn nan atik ki gen tit “Pardonnez de tout votre coeur” ki te parèt nan Toudegad 15 oktòb 1999 la. Li te padone sè a. Men sa Crystal di: “Kounye a mwen rann mwen kont se nou tout k ap fè efò pou nou abiye ak nouvo pèsonalite a, e Jewova padone nou ak tout kè l chak jou. Mwen santi kòmsi se yon pwa lou ki sot sou do m. Mwen vin gen kè kontan ankò.”

14. Selon Matye 18:21, 22, ki pwoblèm apot Pyè sanble te genyen, e ki sa w aprann nan repons Jezi te bay la?

14 Nou konnen nou dwe padone. Li bon pou nou fè sa. Men, li ka difisil pou nou fè l. Apot Pyè dwe te konn santi sa pafwa. (Li Matye 18:21, 22.) Ki sa k ka ede nou? Premyèman, medite sou kantite fwa Jewova padone w (Mat. 18:32, 33). Nou pa merite pou Jewova padone nou, men li fè sa ak tout kè l (Sòm 103:8-10). Anmenmtan, “nou menm tou, nou gen obligasyon pou youn renmen lòt”. Se sa k fè nou dwe padone. Se yon dèt nou gen pou frè n ak sè n yo (1 Jan 4:11). Dezyèmman, medite sou sa k rive lè nou padone. Sa ka ede moun ki mal aji ak nou an, sa ka fè gen tèt ansanm nan kongregasyon an, sa ka pwoteje amitye nou gen ak Jewova a e sa ap retire yon chay lou sou do nou (2 Kor. 2:7; Kol. 3:14). Finalman, priye Sila a ki mande nou pou n padone a. Pa kite Satan anpeche w kontinye viv anpè ak frè w ak sè w yo (Efe. 4:26, 27). Nou bezwen èd Jewova pou n pa tonbe nan pyèj sa a Satan tann pou nou.

PA KITE ANYEN FÈ W BITE

15. Selon Kolosyen 3:13, ki sa nou ka fè si fason yon frè oswa yon sè aji deranje nou?

15 Bon, si yon kwayan parèy ou aji yon fason ki deranje w anpil, ki sa w dwe fè? Fè tout sa w kapab pou w kontinye viv anpè avè l. Priye Jewova ak tout kè w. Mande l pou l beni moun ki ba w pwoblèm nan epi pou l ede w wè bèl kalite moun sa a genyen, yon seri kalite Jewova renmen wè lakay li (Lik 6:28). Si w pa ka bliye sa frè w la fè a, reflechi sou fason w kapab pale avè l sou sa. Li toujou bon pou w panse frè w la pa t ap janm fè espre pou l blese santiman w (Mat. 5:23, 24; 1 Kor. 13:7). Lè w ap pale avè l, montre l ou kwè li pa t fè sa nan move entansyon. Ki sa pou w fè si l pa vle fè lapè? “Kontinye sipòte” l. Kontinye pran pasyans ak frè w la. (Li Kolosyen 3:13.) Sa k pi enpòtan an, pa ret fache avè l, paske sa ka gen move efè sou relasyon w ak Jewova. Pa janm kite anyen fè w bite. Konsa, w ap montre ou renmen Jewova plis pase tout lòt bagay. — Sòm 119:165.

16. Ki responsablite nou chak genyen?

16 Nou vrèman renmen privilèj nou genyen pou n sèvi Jewova nan tèt ansanm antanke “yon sèl twoupo ki gen yon sèl bèje”! (Jan 10:16.) Men sa liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova a di nan paj 165: “Lefètke inite sa a fè w jwenn byenfè, ou gen responsablite pou w travay pou pèp Jewova a rete ini.” Kidonk, nou bezwen “fòme tèt nou pou nou wè frè ak sè n yo jan Jewova wè yo”. Nou tout se “tipiti” ki gen anpil valè pou Jewova. Èske se konsa w wè frè w ak sè w yo? Jewova wè tout sa w fè pou w ede yo e pou w montre w gen sousi pou yo, e li bay sa valè. — Mat. 10:42.

17. Ki desizyon nou pran?

17 Nou renmen moun k ap adore Jewova ansanm avèk nou yo. Se sa k fè “nou pran desizyon pou nou pa met yon obstak devan yon frè ki ka fè l bite oswa yon bagay ki ka lakòz li fè yon fo pa”. (Wom. 14:13.) Nou konsidere frè n ak sè n yo siperyè nou e nou vle padone yo ak tout kè nou. Ann pa kite lòt moun fè n bite. Okontrè, ann “kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè ak bagay k ap fòtifye youn lòt”. — Wom. 14:19.

KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone

^ § 5 Piske nou enpafè, nou ka fè oswa di yon seri bagay ki blese santiman frè n ak sè n yo. Ki sa nou fè lè konsa? Èske nou chèche fè tout sa n kapab pou n rezoud pwoblèm nan? Èske nou mande padon byen vit? Oswa èske n di tèt nou, si sa fè yo mal se pwoblèm pa yo, se pa pwoblèm pa n? Èske n konn kouri fache akoz sa lòt moun di oswa sa yo fè? Èske nou konn ap chèche defann tèt nou pou n ap di se konsa nou ye, nou pap chanje? Oswa èske nou wè fason nou aji a kòm yon defo ki merite korije?

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki fache ak yon lòt sè nan kongregasyon an. Apre yo de a fin rezoud pwoblèm nan poukont yo, yo pase sou sa e yo kontinye sèvi Jewova ak kè kontan.