Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 24

Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan kesyon padone

Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan kesyon padone

“Ou bon e w dispoze padone, o Jewova. Ou demontre lanmou fidèl ou genyen an pou tout moun ki envoke non w.” — SÒM 86:5.

KANTIK 42 Priyè yon sèvitè Bondye fè

SA NOU PRAL WÈ *

1. Selon Eklezyas 7:20, ki verite wa Salomon te fè konnen?

 MEN sa wa Salomon te ekri: “Pa gen yon moun ki jis sou tè a ki toujou fè sa k byen e ki pa janm peche.” (Ekl. 7:20). Pawòl sa yo se verite! Nou tout konn fè peche (1 Jan 1:8). Se sa k fè nou tout bezwen Bondye padone nou e nou bezwen lòt moun padone nou tou.

2. Ki jan w santi w lè yon bon zanmi w padone w?

2 Sandout, ou sonje yon lè ou te fè yon bon zanmi w yon bagay ki te fè l lapenn. Ou te vle montre l ou regrèt sa w te fè l la e w te vle ret zanmi l, se sa k fè w te mande l padon ak tout kè w. Ki jan w te santi w lè zanmi w lan te padone w ak tout kè l? Ou te santi w soulaje, pa vre? Wi, e w te kontan tou!

3. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

3 Nou ta renmen se Jewova ki pi bon Zanmi nou. Sepandan, yon lè kanmenm n ap di oswa fè kèk bagay k ap fè l fache. Donk, poukisa nou ka sèten Jewova dispoze padone nou? Lè n konpare fason Jewova padone ak fason nou padone, nan ki sans fason Jewova padone pa gen parèy? E finalman, ki moun Bondye padone?

JEWOVA DISPOZE PADONE

4. Poukisa nou kapab gen asirans Jewova dispoze padone?

4 Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova dispoze padone. Lè Jewova t ap fè Moyiz konnen kiyès li ye sou Mòn Sinayi, men sa l te voye yon zanj al di l: “Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite, ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon, ki padone erè, bagay moun fè ki mal ak peche.” (Egz. 34:6, 7). Jewova se yon Dye ki gen bonte ak mizèrikòd e ki toujou dispoze padone moun ki peche e ki repanti. — Ney. 9:17; Sòm 86:15.

Jewova konnen tout sa k rive nan lavi n ki fè n vin moun nou ye a. (Gade paragraf 5.)

5. Selon Sòm 103:13, 14, lefètke Jewova byen konnen lèzòm, ki sa sa pouse l fè?

5 Antanke Kreyatè nou, Jewova konn tout bagay sou nou. Sa vrèman estrawòdinè lè n ap reflechi sou jan Jewova konn tout ti detay sou chak moun ki sou tè a (Sòm 139:15-17)! Li kapab wè tout defo nou pran nan paran nou. Li menm konnen tout sa k rive nan lavi nou ki fè nou vin moun nou ye a. Lefètke Jewova byen konnen lèzòm konsa, ki sa sa pouse l fè? Sa pouse l fè nou mizèrikòd. — Sòm 78:39; li Sòm 103:13, 14.

6. Ki jan Jewova montre li dispoze padone?

6 Jewova montre li dispoze padone. Li konprann akoz Adan, premye moun nan, te peche, nou tout vin anba malediksyon peche ak lanmò (Wom. 5:12). Pa gen anyen nou menm oswa okenn lòt moun te kapab fè pou n te soti anba malediksyon sa a (Sòm 49:7-9). Men, Bondye nou an ki gen lanmou te gen konpasyon pou nou e l te pran dispozisyon pou l libere nou. Ki sa l te fè? Jan 3:16 fè konnen, Jewova te voye sèl Pitit Gason li fè a vin mouri pou nou (Mat. 20:28; Wom. 5:19). Jezi mouri nan plas nou pou l ka libere nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li (Ebre 2:9). Lè Jewova te wè Pitit Gason li renmen anpil la k ap soufri e k ap mouri yon fason ki imilyan, sa dwe te fè mal anpil! Se sèten Jewova pa t ap kite Pitit Gason l lan mouri si L pa t vle padone nou.

7. Bay kèk egzanp moun nou jwenn nan Bib la Jewova te padone ak tout kè l.

7 Bib la gen anpil egzanp moun Jewova te padone ak tout kè l (Efe. 4:32). Ki moun ki vin nan lespri w? Petèt w ap panse ak wa Manase. Wa mechan sa a te fè yon seri peche grav kont Jewova. Li te adore fo dye e l te ankouraje lòt moun fè menm jan an. Li te touye pwòp pitit li, li te sakrifye yo bay fo dye. Li te menm mete yon zidòl nan tanp Jewova a ki sakre. Men sa Bib la di konsènan wa Manase: “Li te fè anpil bagay ki mal nan je Jewova pou l fè l fache.” (2 Kwo. 33:2-7). Aktout sa, lè Manase te montre l repanti toutbon, Jewova te padone l ak tout kè l. Bondye te menm fè l vin wa ankò (2 Kwo. 33:12, 13). Petèt w ap panse ak wa David tou ki te fè yon seri peche grav kont Jewova, san wete adiltè ak krim. Men, lè David te repanti toutbon e li te rekonèt li te antò, Jewova te padone l tou (2 Sam. 12:9, 10, 13, 14). Wi, nou kapab sèten Jewova dispoze padone. E jan nou pral wè, lè n konpare fason Jewova padone ak fason lèzòm padone, fason Jewova padone a pa gen parèy.

FASON JEWOVA PADONE PA GEN PARÈY

8. Lefètke Jewova se yon Jij ki san parèy, ki efè sa genyen sou kapasite l genyen pou l padone?

8 Jewova se “Jij tout tè a”. (Jen. 18:25.) Yon bon jij bezwen byen konprann lalwa. Se sèten se konsa Jewova ye, paske nonsèlman li se Jij nou, se li ki ban nou lwa pou nou suiv tou (Eza. 33:22). Pa gen pèsonn ki kapab konnen lè yon bagay bon oswa lè yon bagay mal nan menm nivo ak Jewova. Ki sa ankò yon bon jij bezwen? Li bezwen gen kapasite pou l byen konn tout detay nan yon ka l ap jije anvan l pran yon desizyon. Nan sans sa a, Jewova pa gen parèy antanke Jij.

9. Ki enfòmasyon Jewova genyen lè l ap deside si l ap padone yon moun oswa si l pap padone l?

9 Kontrèman ak jij sou tè a, Jewova toujou konn tout ti detay nan chak ka ki parèt devan l (Jen. 18:20, 21; Sòm 90:8). Kontrèman ak lèzòm, li pa annik jije selon sa l wè oswa sa l tande. Li byen konprann gen yon seri bagay ki gen enfliyans sou fason yon moun aji, tankou ADN li, fason l te leve ak kote l ap viv, san wete sante mantal li. Epitou, Jewova konn sa k nan kè nou. Li byen konnen sa k pouse chak moun aji, entansyon yo genyen ak sa yo ta renmen. Pa gen anyen Jewova pa kapab wè (Ebre 4:13). Donk, lè Jewova padone yon moun, se paske l konn tout detay sou sitiyasyon moun nan.

Jewova jis, li dwat e li pa nan patipri. Moun pa ka achte l. (Gade paragraf 10.)

10. Poukisa nou kapab di Jewova toujou jije yon fason ki jis e ki dwat? (Detewonòm 32:4).

10 Jewova toujou jije yon fason ki jis e ki dwat. Li pa janm nan patipri. Jewova pa janm gade sou aparans yon moun, sou richès li, gwo pozisyon l genyen oswa kapasite l, pou l deside si l ap padone l (1 Sam. 16:7; Jak 2:1-4). Pa gen okenn moun ki ka bay Jewova presyon oswa ki ka achte l (2 Kwo. 19:7). Li pa janm kite kòlè oswa santiman pouse l pran desizyon (Egz. 34:7). Pa gen dout, bon konprann ak kapasite Jewova genyen pou l wè tout ti detay nan yon sitiyasyon fè se li ki pi bon Jij la. — Li Detewonòm 32:4.

11. Ki sa k fè fason Jewova padone pa gen parèy?

11 Moun ki te patisipe nan ekri Liv ki te ekri ann ebre yo te rekonèt Jewova pa gen parèy nan fason l padone. Nan kèk ka, yo te itilize yon mo ebre yon ouvraj referans di ki “la espesyalman pou montre jan Bondye padone yon moun ki peche. Yo pa janm itilize mo sa a nan ka kote yon moun padone yon lòt moun, paske padon nou gen limit”. Lè yon moun peche e li repanti, se sèl Jewova ki gen pouvwa pou l padone l nèt. Ki sa k rive lè Jewova padone nou?

12-13. a) Lè Jewova padone yon moun, ki sa moun sa a vin genyen? b) Pou konbyen tan Jewova padone?

12 Lè nou dakò Jewova padone nou, nou jwenn “tan soulajman” an, epitou, lespri nou anpè e nou vin gen yon bon konsyans. Lèzòm pa ka padone nou fason sa a, men, “Jewova li menm” kapab fè sa (Tra. 3:19). Lè Jewova padone n, li tèlman vin gen bon relasyon avè n ankò, se kòmsi nou pa t janm peche.

13 Yonfwa Jewova padone n, li pap janm blame n oswa pini nou ankò pou peche nou te fè a (Eza. 43:25; Jer. 31:34). “Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a”, se konsa tou, Jewova mete peche nou yo byen lwen nou * (Sòm 103:12). Lè n reflechi sou fason Jewova padone nou ki san parèy, sa fè n gen anpil rekonesans ak lakrentif pou li (Sòm 130:4). Men, ki moun Jewova ap padone?

KI MOUN JEWOVA AP PADONE?

14. Ki sa nou aprann jiska prezan sou rezon ki fè Jewova deside padone?

14 Jan nou te wè sa, se pa paske yon peche grav oswa li pa grav k ap fè Jewova deside si l pap padone oswa si l ap padone. Nou te wè tou Jewova sèvi ak konesans li genyen antanke Kreyatè nou, antanke Sila a ki ban nou lwa pou nou suiv e antanke Jij, lè l ap deside si l ap padone yon moun. Ki bagay Jewova egzamine lè l ap deside si l ap padone yon moun?

15. Selon Lik 12:47, 48, bay youn nan bagay Jewova egzamine.

15 Youn nan bagay Jewova egzamine se èske moun ki peche a te konnen sa l t ap fè a pa t bon. Jezi te fè konn sa byen klè, jan sa parèt nan Lik 12:47, 48. (Li vèsè yo.) Lè yon moun byen planifye pou l fè yon bagay ki mal, e l byen konnen sa ap fè Jewova lapenn, li fè yon peche grav. Moun sa a ka pa jwenn padon (Mak 3:29; Jan 9:41). Sepandan, nou dwe rekonèt pafwa nou konn fè yon seri bagay nou konnen ki pa bon. Nan ka sa a, èske n ka jwenn padon? Wi! E sa fè n konprann gen yon lòt bagay Jewova egzamine lè l ap deside si l ap padone nou.

Nou kapab gen konfyans Jewova ap padone nou lè n repanti toutbon. (Gade paragraf 16-17.)

16. Ki sa repanti vle di, e poukisa nou dwe repanti si n ta renmen Jewova padone nou?

16 Yon lòt bagay Jewova egzamine se èske moun ki peche a repanti toutbon. Ki sa repanti vle di? Repanti vle di “chanjman nan fason yon moun panse, nan atitid li oswa nan objektif li”. Sa gen ladan l lefètke yon moun santi l regrèt e li tris anpil pou bagay mal li te fè oswa pou bon bagay li te dwe fè men li pa t fè. Yon moun ki repanti santi l tris nonsèlman paske li te mal aji, men tou, paske l te kite relasyon l gen ak Jewova vin frèt, sa ki te fè l mal aji. Sonje ni wa Manase, ni wa David te fè peche ki grav. Men, Jewova te padone yo paske yo te repanti toutbon (1 Wa 14:8). Wi, pou Jewova padone n, li dwe wè n repanti. Sa pa sifi pou n annik santi n regrèt move fason nou t ap aji oswa yon peche nou te fè. Nou dwe aji pou n montre sa *. Sa ede n konprann gen yon lòt bagay ankò Jewova egzamine lè l ap deside si l ap padone.

17. Ki sa konvèti vle di, e poukisa l enpòtan anpil pou n fè sa? (Ezayi 55:7).

17 Yon lòt bagay enpòtan Jewova egzamine se si moun nan konvèti. Konvèti vle di “kase tèt tounen”. Sa mande pou moun nan chanje fason l t ap viv lè l sispann fè move bagay li t ap fè yo e l vin ap viv fason Jewova vle a. (Li Ezayi 55:7.) Moun sa a dwe chanje fason l panse pou l kite panse Jewova gide l (Wom. 12:2; Efe. 4:23). Li dwe pran detèminasyon pou l chanje fason l te konn panse ki pa t bon e pou l kite move bagay li te konn fè (Kol. 3:7-10). Nòmalman, se lafwa nou genyen nan sakrifis Kris la ki pèmèt Jewova padone nou lè n peche e ki fè nou vin pwòp nan je l. Jewova ap padone nou sou baz sakrifis sa a, lè l wè n ap fè anpil efò pou n chanje fason n aji. — 1 Jan 1:7.

OU BEZWEN GEN KONFYANS JEWOVA AP PADONE W

18. Ki sa nou aprann sou fason Jewova padone?

18 Ann fè yon ti rezime sou kèk pwen enpòtan nou sot egzamine. Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan linivè nan kesyon padone. Sa k fè n ka di sa? Premyèman, Jewova toujou dispoze padone. Dezyèmman, li konnen n trè byen. Li byen konn ki jan nou fèt, e se li menm ki ka pi byen konnen si nou repanti toutbon. E twazyèmman, lè Jewova padone nou, li efase peche nou fè a nèt. Sa pèmèt nou gen yon konsyans ki pwòp e sa fè nou gen favè l.

19. Byenke nou enpafè e n ap kontinye fè peche, poukisa nou kapab gen kè kontan?

19 Nòmalman, toutotan nou enpafè, n ap kontinye fè peche. Men, nou ka jwenn konsolasyon nan pawòl nou jwenn nan Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 765 lan ki di: “Piske Jewova gen mizèrikòd e li konnen sèvitè l yo gen feblès, yo pa bezwen toujou ap bay tèt yo pwoblèm pou peche yo fè akoz yo enpafè (Sm 103:8-14; 130:3). Si yo fè tout sa yo kapab pou yo viv selon prensip Bondye yo, yo kapab gen kè kontan (Fp 4:4-6; 1J 3:19-22).” Sa vrèman ankourajan!

20. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

20 Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova dispoze padone nou lè n vrèman regrèt peche nou te fè! Donk, ki jan nou ka imite Jewova ki konn padone? Nan ki sans fason nou padone sanble ak fason Jewova padone, e ki diferans ki genyen ant de fason sa yo? Sa k fè l enpòtan pou n konprann diferans sa a? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

KANTIK 45 Meditasyon mwen fè nan kè m

^ Jewova ban nou asirans, nan Pawòl li a, li dispoze padone moun ki fè peche e ki repanti. Sepandan, pafwa nou ka santi nou pa merite pou Jewova padone nou. Nan atik sa a, nou pral wè poukisa nou kapab gen asirans Bondye nou an toujou dispoze padone n lè n vrèman regrèt peche nou te fè.

^ PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Yon moun “repanti” lè l chanje fason l te konn panse, lè l vrèman regrèt fason l t ap viv, move bagay li te konn fè, oswa sa l te dwe fè li pa t fè. Yon moun ki repanti toutbon montre sa nan fason l aji.