Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Apre Jezi fin fèt, poukisa Jozèf ak Mari te rete Betleyèm olye yo te retounen lakay yo Nazarèt?

Labib pa di anyen sou sa. Men, li bay yon seri enfòmasyon enteresan ki ka ede n wè poukisa yo te chwazi fè sa.

Yon zanj te fè Mari konnen li t ap vin ansent e l t ap fè yon pitit. Lè zanj lan te bay Mari mesaj sa a, Mari ak Jozèf te abite Nazarèt, yon vil nan Galile (Lik 1:26-31; 2:4). Annapre, lè yo te kite peyi Ejip, yo te retounen Nazarèt. Se la Jezi te grandi, konsa li te vin moun Nazarèt (Mat. 2:19-23). Se sa k fè, lè n ap pale de Jezi, Jozèf ak Mari, nou panse ak vil Nazarèt.

Mari te gen yon fanmi l ki te rele Elizabèt ki te abite Jide. Elizabèt te marye ak yon prèt ki te rele Zakari e l te vin manman Jan ki te konn batize moun nan (Lik 1:5, 9, 13, 36). Mari t al vizite Elizabèt e li te fè twa mwa lakay li nan Jide. Apre sa, li te retounen Nazarèt (Lik 1:39, 40, 56). Donk, Mari te konn zòn Jide a byen.

Rive yon lè, Jozèf te obeyi lòd Women yo te bay pou tout moun “al fè anrejistre yo”. Se sa k fè Jozèf te vwayaje sot Nazarèt pou l al Betleyèm, “vil David la”. Selon pwofesi yo, Mesi a t ap gen pou l fèt Betleyèm (Lik 2:3, 4; 1 Sam. 17:15; 20:6; Miche 5:2). Apre Mari te fin fè Jezi Betleyèm, Jozèf pa t vle Mari fè yon vwayaj byen long pou l retounen Nazarèt ak yon tibebe. Yo te rete Betleyèm ki nan yon distans anviwon nèf kilomèt parapò ak Jerizalèm. Konsa, li t ap pi fasil pou yo te mennen tibebe a nan tanp lan e pou yo te bay sakrifis Lalwa te mande a. — Lev. 12:2, 6-8; Lik 2:22-24.

Anvan sa, Bondye te voye yon zanj di Mari pitit gason l lan t ap resevwa “twòn David” la e li t ap gen pou l “dirije [...] antanke wa”. Petèt, Jozèf ak Mari te konprann li enpòtan pou Jezi fèt nan vil David la (Lik 1:32, 33; 2:11, 17). Yo te ka panse li pi bon pou yo te rete la jiskaske Bondye di yo sa pou yo fè.

Nou pa konnen konbyen tan yo te gentan fè Betleyèm lè kèk astwològ te vin kote yo. Sepandan, lè sa a, fanmi an te gentan ap viv nan yon kay, e “tipitit” gason yo a pa t yon tibebe ankò (Mat. 2:11). Sanble, olye yo te retounen Nazarèt, yo te fè yon ti tan ap viv Betleyèm.

Ewòd te bay lòd pou yo touye “depi se tigason ki te gen dezan oubyen ki te pi piti nan Betleyèm”. (Mat. 2:16.) Bondye te voye yon zanj vin fè Jozèf konn sa, epi Jozèf ak Mari te kouri al ann Ejip ak Jezi e yo te rete la jiskaske Ewòd mouri. Annapre, Jozèf te mennen fanmi l Nazarèt. Poukisa yo pa t retounen Betleyèm? Paske lè sa a se Akelayis, pitit gason Ewòd ki te mechan anpil, ki t ap dirije Jide, epitou, Bondye te mande yo pou yo pa t tounen Betleyèm. Nazarèt te yon kote ki an sekirite pou Jozèf leve Jezi pou l adore Jewova. — Mat. 2:19-22; 13:55; Lik 2:39, 52.

Sanble Jozèf te gentan mouri anvan Jezi te mouri e li te fè l vin posib pou moun al viv nan syèl. Se sa k fè Jozèf ap resisite pou l viv sou tè a. Anpil moun ap kapab fè konesans avè l e l ap kapab bay plis detay toujou sou rezon ki fè li menm ak Mari te rete Betleyèm apre Jezi fin fèt.