ATIK ETID 28
Lakrentif nou gen pou Bondye ap fè n jwenn benediksyon
“Yon moun k ap mache dwat gen lakrentif pou Jewova.” — PWO. 14:2.
KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!
SA NOU PRAL WÈ a
1-2. Ki pwoblèm Lòt te jwenn kretyen yo jwenn jodi a tou?
LÈ NOU wè nan ki eta monn nan ye jodi a nan domèn moral, nou santi n menm jan ak Lòt, yon moun ki te jis. Li “te boulvèse anpil poutèt moun ki pa t respekte lalwa te lage kò yo nan konduit derespektan”, paske l te konnen Papa nou ki nan syèl la rayi move konduit moun yo genyen (2 Pyè 2:7, 8). Lefètke Lòt te gen lakrentif pou Bondye e l te renmen l, sa te ede l pou l pa t aji menm jan ak moun ki t ap viv nan zòn kote l te ye a ki te lage kò yo nan imoralite. Nou menm tou n ap viv nan mitan moun ki pa vrèman respekte prensip moral Jewova yo oswa ki pa gen okenn respè pou yo. Aktout sa, nou kapab rete pwòp nan domèn moral si nou kontinye renmen Bondye e si nou chèche gen bonjan lakrentif pou li. — Pwo. 14:2.
2 Pou n rive fè sa, Jewova ban nou ankourajman ak konsèy nan liv Pwovèb la pou ede nou. Bonjan konsèy nou jwenn nan liv sa a kapab ede tout kretyen, gason kou fi, timoun kou granmoun.
LAKRENTIF NOU GEN POU BONDYE PWOTEJE NOU
3. Selon Pwovèb 17:3, bay youn nan rezon nou genyen pou n pwoteje kè n. (Gade foto a tou.)
3 Youn nan pi gwo rezon nou genyen pou n pwoteje kè senbolik nou an se paske Jewova egzamine kè nou. Sa vle di, Jewova konnen nou pi byen lontan pase lòt moun e li wè ki moun nou ye nan fon kè nou. (Li Pwovèb 17:3.) L ap renmen n si nou kontinye reflechi sou konsèy li bay ki kapab ede n gen lavi ki pap janm fini an (Jan 4:14). Konsa, nou pap janm kite manti Satan ak moun yo nan monn nan ap bay kòwonp nou, ni nou pap kite move konduit moun sa yo genyen detenn sou nou (1 Jan 5:18, 19). Tank n ap vin pi pwòch ak Jewova se tank n ap renmen l e n ap vin gen plis respè pou li. Piske nou pa ta renmen fè Papa nou an lapenn, menm lide pou n ta fè yon bagay ki mal ap ban nou degoutans. Lè n jwenn tantasyon pou n fè sa ki mal n ap mande tèt nou: ‘Ki jan m ta fè fè espre pou m fè yon Moun ki renmen m anpil konsa lapenn?’ — 1 Jan 4:9, 10.
4. Lefètke yon sè gen lakrentif pou Jewova, ki jan sa te pwoteje l pou l pa t tonbe lè l te jwenn tantasyon?
4 Marta se yon sè k ap viv nan peyi Kwowasi ki te jwenn tantasyon pou l fè imoralite. Men sa l ekri: “Li pa t fasil pou m te byen reflechi e pou m te goumen ak anvi m te genyen pou m pran plezi nan peche pandan yon ti tan. Men, lakrentif mwen genyen pou Jewova te pwoteje m. b” Ki jan lakrentif Marta te gen pou Bondye te ede l? Li te di li te medite sou konsekans sa t ap genyen si l ta fè yon bagay ki imoral, e nou menm tou nou kapab fè menm jan an. Epitou sa k pi mal la, nou t ap fè Jewova lapenn e nou pa t ap gen posiblite adore l pou toutan. — Jen. 6:5, 6.
5. Ki sa w ka aprann nan eksperyans Leo te fè?
5 Lè nou gen lakrentif pou Jewova, nou veye pou n pa fè zanmi ak moun ki gen move konpòtman. Leo k ap viv nan peyi Kongo te aprann sa. Katran apre l fin batize, li te vin gen move zanmi. Li te met nan tèt li, depi se pa li menm ki t ap fè sa k pa bon, li pa t peche kont Jewova. Men, sa pa t pran tan pou move zanmi l te genyen yo te fè l tonbe nan bwè alkòl epi lage kò l nan imoralite. Annapre, li te vin ap reflechi sou sa paran l yo ki kretyen te aprann li ak jan l te gen kè kontan lè l t ap sèvi Jewova. Ki rezilta sa te bay? Li te retounen nan bonsans li e grasa èd ansyen yo li te retounen vin jwenn Jewova. Jodi a, li kontan sèvi antanke ansyen e antanke pyonye espesyal.
6. Konsènan ki fi senbolik nou pral pale kounye a?
6 Ann egzamine Pwovèb chapit 9 k ap pale konsènan yon fi ki reprezante sajès ak yon lòt fi ki reprezante moun ki sòt. (Konpare ak Women 5:14; Galat 4:24.) Toutpandan n ap fè sa, n ap sonje monn Satan an ap benyen nan imoralite seksyèl ak nan pònografi (Efe. 4:19). Donk, li vrèman enpòtan pou n kontinye gen lakrentif pou Bondye e pou n vire do bay sa ki mal (Pwo. 16:6). Se sa k fè, nou tout, gason kou fi, kapab jwenn konsèy nan chapit sa a. Li fè konnen toule de fi yo ap envite moun ki pa gen eksperyans yo, anpalan de moun “ki pa gen bonsans yo”. Se kòmsi yo chak ap di: ‘Vin manje lakay mwen.’ (Pwo. 9:1, 5, 6, 13, 16, 17). Sepandan, gen yon gwo diferans ant sa k rive moun ki aksepte envitasyon fi ki reprezante sajès la ak sa k rive moun ki aksepte envitasyon fi ki reprezante moun ki sòt la.
PA AKSEPTE ENVITASYON FI KI SÒT LA
7. Selon Pwovèb 9:13-18, ki sa k rive moun ki aksepte envitasyon fi ki sòt la? (Gade foto a tou.)
7 Fè yon ti reflechi sou envitasyon “fi ki sòt la” fè a. (Li Pwovèb 9:13-18.) Fi sa a fè je l chèch pou l envite moun ki manke bonsans yo lakay li pou yo vin fete ansanm avè l. Ki sa k rive moun sa yo? Bib la fè konnen “se moun ki mouri ki lakay fi sa a”. Petèt ou sonje yo te deja itilize yon langaj senbolik menm jan an nan liv Pwovèb la. Nou jwenn avètisman anrapò ak “fi ki deregle a” e konsènan “fi ki imoral la”. Men avètisman nou jwenn: “Si w al lakay li, ou nan wout lanmò.” (Pwo. 2:11-19). Pwovèb 5:3-10 ban nou avètisman konsènan yon lòt “fi ki deregle” e “pye l ap desann al nan lanmò”.
8. Ki chwa nou gen devan nou?
8 Moun ki tande “fi ki sòt la” gen yon chwa pou yo fè: Èske y ap aksepte envitasyon l fè a oswa èske yo pap aksepte l? Nou menm tou nou ka bezwen pran yon desizyon menm jan an. Lè n jwenn tantasyon pou n fè imoralite seksyèl oswa pou n gade pònografi, jan medya yo ak Entènèt ap fè pwopagann pou sa, ki sa n ap fè?
9-10. Bay kèk rezon ki fè nou dwe kouri pou imoralite seksyèl.
9 Gen bonjan rezon pou n kouri pou imoralite seksyèl. Bib la fè konnen “fi ki sòt la” ap di: “Dlo moun vòlè bon anpil.” Ki sa “dlo moun vòlè” a ye? Bib la konpare relasyon seksyèl ant de moun ki marye ak dlo fre (Pwo. 5:15-18). Mari ak madanm ki marye legalman kapab pran plezi nan relasyon seksyèl ki pwòp yo gen youn ak lòt. Sepandan, se pa menm bagay ditou ak “dlo moun vòlè” ki ka gen rapò ak relasyon seksyèl ant de moun ki pa gen dwa fè sa, relasyon seksyèl ki imoral. Souvan, moun k ap fè imoralite seksyèl konn fè sa an kachèt, menm jan yon vòlè konn vòlè an kachèt. “Dlo moun vòlè” ka parèt bon anpil si moun k ap fè peche sa yo panse pa gen moun k ap konnen sa y ap fè a. Malerezman, yo nan gwo erè, paske Jewova wè tout bagay. Lè yon moun pèdi favè Jewova se bagay ki pi grav ki ta ka rive l, e lè sa rive, pa gen anyen ki bon oswa ki dous nan sa (1 Kor. 6:9, 10). Men gen lòt bagay ankò ki ka rive.
10 Lè yon moun fè imoralite seksyèl, li ka santi l wont, li ka santi l pa vo anyen, li ka vin ansent alòske l pa t vle sa e fanmi l ka kraze. Pa gen dout, yon moun ki pa aksepte antre “lakay” fi ki sòt la e ki pa aksepte manje lakay li montre l se yon moun ki gen sajès. Nonsèlman anpil nan moun k ap pratike imoralite yo ka pèdi relasyon yo ak Jewova, men tou, yo ka pran maladi ki ka menm lakòz yo mouri (Pwo. 7:23, 26). Men sa nou li nan chapit 9 vèsè 18: “Moun li envite yo rete kote ki fon nan Tonm nan.” Donk, poukisa anpil moun aksepte envitasyon fi sa a fè ki lage moun nan pwoblèm? — Pwo. 9:13-18.
11. Poukisa gade pònografi fè moun anpil tò?
11 Youn nan pyèj anpil moun pran ladan l se pònografi. Gen moun ki panse pa gen anyen ki mal nan gade pònografi. Men, pònografi fè moun anpil tò, li fè yo pèdi respè tèt yo e lòt moun pa respekte yo. Yonfwa yon moun kòmanse gade l, li ka difisil anpil pou l sispann fè sa. Vye imaj sal gen tandans ret nan lespri moun ki gade yo. Li difisil pou moun retire yo nan lespri yo. Sa k pi rèd la, pònografi pa ede moun elimine move dezi yo genyen, okontrè, li fè yo vin pi fò toujou (Kol. 3:5; Jak 1:14, 15). Vrèmanvre, anpil moun ki gade pònografi tonbe nan imoralite seksyèl.
12. Ki jan n montre n ap veye pou n pa gad imaj ki ka fè n gen dezi seksyèl?
12 Antanke kretyen, ki sa nou dwe fè si yon imaj pònografi parèt sou aparèy elektwonik nou? Nou dwe retire l menm moman an. Sa k ap ede n fè sa, se lè n sonje relasyon n ak Jewova se bagay ki pi enpòtan nou genyen. Anfèt, menm imaj moun pa konsidere kòm imaj pònografi ka fè nou gen dezi seksyèl. Poukisa nou dwe evite yo? Paske nou pa ta renmen anyen fè n fè adiltè nan kè nou (Mat. 5:28, 29). Men sa yon ansyen nan peyi Tayilann ki rele David di: “Mwen konn mande tèt mwen: ‘Menmsi imaj m ap gade yo gendwa pa imaj pònografi, èske sa ap fè Jewova plezi si m kontinye gade yo?’ Lè n reflechi konsa, sa kapab ede n aji avèk sajès.”
13. Ki sa k ap ede n aji avèk sajès?
13 Yon bagay k ap ede n aji avèk sajès se lè n veye pou n pa fè anyen ki ta ka fè Jewova lapenn. Lè yon moun gen lakrentif pou Bondye, se lè sa a li “kòmanse gen sajès”. (Pwo. 9:10.) Sa parèt klè nan kòmansman Pwovèb chapit 9 la kote yo konpare “vrè sajès la” ak yon fi.
AKSEPTE ENVITASYON “VRÈ SAJÈS LA” FÈ
14. Ki envitasyon nou jwenn nan Pwovèb 9:1-6 ki pa menm ditou ak premye envitasyon an?
14 Li Pwovèb 9:1-6. Nan vèsè sa yo nou jwenn yon envitasyon Kreyatè nou an ki Sous tout sajès fè (Pwo. 2:6; Wom. 16:27). Senbòl yo itilize la a pale konsènan yon gwo kay ki gen sèt gwo poto. Sa montre Jewova renmen bay e li akeyi tout moun ki vle aprann nan men l pou yo ka vin gen sajès.
15. Ki sa Bondye mande nou fè?
15 Jewova se yon Bondye ki renmen bay, li donan anpil. Kalite sa yo parèt klè lakay fi senbolik ki reprezante “vrè sajès la”, fi yo pale de li nan Pwovèb chapit 9. Vèsè sa yo montre fi senbolik sa a envite moun lakay li, li byen prepare vyann li, li prepare diven l e li ranje tab li (Pwo. 9:2). Anplis de sa, men sa vèsè 4 ak vèsè 5 di: “[Vrè sajès la] di moun ki pa gen bonsans yo: ‘Vin manje manje m nan.’” Poukisa nou bezwen al lakay vrè sajès la pou n manje manje li ofri a? Jewova vle pou pitit li yo gen sajès e pou yo jwenn pwoteksyon. Li pa ta renmen nou fè yon seri erè k ap fè nou soufri. Se poutèt sa “li sere sajès tankou yon trezò pou moun ki dwat yo”. (Pwo. 2:7.) Lè n gen bonjan lakrentif pou Jewova, n ap vle fè l plezi. Nou koute konsèy ki gen sajès li ban nou e nou kontan aplike yo. — Jak 1:25.
16. Lefètke Alain gen lakrentif pou Bondye, ki jan sa te ede l pran yon desizyon ki montre l gen sajès, e ki rezilta sa bay?
16 Ann wè ki jan lakrentif Alain gen pou Bondye te ede l pran yon desizyon ki montre l gen sajès. Alain se yon ansyen e li se yon pwofesè lekòl. Men sa l di: “Anpil nan pwofesè yo te konsidere fim pòno kòm yon mwayen pou yo fòme tèt yo nan domèn seksyèl.” Men, Alain pa t pran nan pyèj sa a. Men sa l di: “Lefètke m gen lakrentif pou Bondye, mwen te refize gade fim sa yo kareman. Epitou, mwen te esplike kòlèg mwen yo rezon ki fè m aji konsa.” Alain t ap aplike konsèy “vrè sajès la” bay pou n “mache nan wout moun ki gen bon konprann yo”. (Pwo. 9:6.) Lefètke Alain te rete fèm nan desizyon l te pran an, sa te gen bon efè sou kèk nan pwofesè yo e kounye a gen ladan yo k ap etidye Labib e ki asiste reyinyon.
17-18. Ki benediksyon moun ki aksepte envitasyon “vrè sajès la” fè a jwenn, e ki sa yo ka espere jwenn alavni? (Gade foto a tou.)
17 Jewova sèvi ak egzanp de fi senbolik pou l montre n sa pou n fè pou n gen yon bèl avni. Moun ki aksepte envitasyon “fi ki sòt la” pran plezi nan imoralite seksyèl. An reyalite, yo panse ak plezi yo jwenn kounye a sèlman, yo pa panse ak konsekans sa ap genyen pi devan. Fason y ap aji a ap mennen yo “kote ki fon nan Tonm nan”. — Pwo. 9:13, 17, 18.
18 Se pa menm bagay ditou pou moun ki aksepte envitasyon “vrè sajès la” fè a! Moun li envite yo kontan paske yo gen tout sa yo bezwen pou yo kontinye gen bon relasyon ak Jewova (Eza. 65:13). Men sa Jewova di pa mwayen pwofèt Ezayi: “Koute m byen, epi manje sa ki bon, e n ap jwenn anpil plezi nan manje bon kalite manje.” (Eza. 55:1, 2). Nou aprann renmen sa Jewova renmen e nou aprann rayi sa l rayi (Sòm 97:10). E nou kontan envite lòt moun vin aprann nan men “vrè sajès la”. Se kòmsi nou t al “nan zòn ki pi wo nan vil la pou [n] al di byen fò: ‘Kèlkeswa moun ki pa gen eksperyans lan, antre isit la.’” Byenfè nou menm ak moun ki aksepte envitasyon sa a jwenn yo pa pou kounye a sèlman. N ap kontinye jwenn yo, e y ap pèmèt nou “viv” pou toutan pandan n ap “mache nan wout moun ki gen bon konprann yo”. — Pwo. 9:3, 4, 6.
19. Selon Eklezyas 12:13, 14, ki detèminasyon nou bezwen pran? (Gade kare ki gen tit “ Lakrentif nou gen pou Bondye pwoteje nou”.)
19 Li Eklezyas 12:13, 14. Se pou lakrentif nou gen pou Bondye kontinye pwoteje kè nou, se pou l ede n rete pwòp nan domèn moral epi ede n rete pwòch ak Bondye nan dènye jou sa yo ki chaje ak mechanste. Bonjan lakrentif konsa ap fè n kontinye envite plis moun posib pou yo chèche “vrè sajès la” e pou yo aprann nan men l.
KANTIK 127 Kalite moun mwen dwe ye a
a Kretyen yo dwe aprann gen bonjan lakrentif pou Bondye. Kalite lakrentif sa a kapab pwoteje kè n pou n pa tonbe nan imoralite seksyèl ak nan gade pònografi. Nan atik sa a, nou pral egzamine Pwovèb chapit 9 ki montre gwo diferans ki genyen ant yon fi ki reprezante vrè sajès la ak yon lòt fi ki reprezante moun ki sòt. Konsèy nou jwenn nan chapit sa a kapab ede n depi kounye a e alavni.
b Gen kèk non yo chanje.