Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

M te jwenn anpil bèl sipriz e m te aprann anpil bèl leson nan sèvis Jewova

M te jwenn anpil bèl sipriz e m te aprann anpil bèl leson nan sèvis Jewova

LÈ M te piti, depi m te wè yon avyon ap vole, mwen te konn anvi al vizite lòt peyi. Men, pou mwen menm, sa te parèt enposib.

Paran m te kite peyi Estoni pandan Dezyèm Gè mondyal la pou yo t al ann Almay, e se la m te fèt. Apre m fin fèt, yo te kòmanse fè preparasyon pou n t al viv Kanada. Premye kote nou te abite se te nan yon kay ki te toupre Otawa, nan peyi Kanada. Kay sa a te blanchi ak lacho e yo te konn gade poul ladan l. Nou te pòv anpil, men omwen, nou te gen ze pou n manje lematen.

Yon jou, Temwen Jewova yo te li Revelasyon 21:3, 4 pou manman m. Sa manman m te aprann nan te tèlman touche l, li te kriye. Semans verite a te grandi, e manman m ak papa m te fè pwogrè byen vit jiskaske yo batize.

Manman m ak papa m pa t konn pale anglè byen, men yo te pran laverite oserye. Menm lè papa m te konn travay tout lannuit nan yon faktori kote yo te konn fonn nikèl nan Sidbèri, nan zòn Ontaryo, li te konn mennen mwen menm ak Sylvia, ti sè m nan, al preche prèske chak samdi. Chak semèn, fanmi nou te konn prepare Toudegad la ansanm. Manmi ak papi te aprann mwen renmen Bondye. E sa te ede m vwe Jewova lavi m an 1956, lè sa a mwen te gen dizan. Yo te tèlman renmen Jewova, sa ankouraje m kontinye sèvi l pandan tout vi m.

Lè m te fini lekòl, mwen te vin yon ti jan ralanti nan sèvis Jewova a. Mwen te panse, si m vin pyonye, mwen pa t ap janm ka fè ase kòb mwen t ap bezwen pou m reyalize rèv mwen te genyen pou m vwayaje e pou m vizite anpil peyi. Mwen te jwenn travay nan yon estasyon radyo nan zòn nan, e se mwen ki te konn pase mizik yo. M te renmen travay sa a. Men, kòm mwen te konn travay nan aswè, mwen te konn rate reyinyon tanzantan e m te kòmanse fè zanmi ak moun ki pa t renmen Bondye. Rive yon lè, konsyans mwen ki te fòme grasa Bib la te pouse m fè chanjman.

Mwen t al viv Ochawa, nan Ontaryo. Lè m te rive la, mwen te fè konesans ak Ray Norman ansanm ak Lesli, sè li, ak lòt pyonye ankò. Yo tout te byen akeyi m. Lè m te wè jan yo te gen kè kontan, sa te fè m reflechi sou sa m te vle fè ak lavi m. Yo te ankouraje m pran sèvis pyonye, e m te fè sa an septanm 1966. Mwen te gen kè kontan e lavi m te parèt bèl. Sepandan, gen kèk bagay ki te rive sanzatann ki t apral chanje lavi m.

LÈ JEWOVA MANDE W FÈ YON BAGAY, ESEYE FÈ L

Pandan m te nan lekòl segondè, mwen te ranpli yon fòmilè pou m t al nan Betèl Towonto, nan peyi Kanada. Apre sa, pandan m t ap sèvi kòm pyonye, yo te envite m vin nan Betèl pou katran. Men, san m te vrèman ale ak Lesli, e m te pè si m te aksepte envitasyon an pou m pa t janm wè l ankò. Mwen te priye Jewova anpil sou sa, e finalman mwen te aksepte al nan Betèl, e m te di Lesli orevwa ak kè sere.

Nan Betèl la, mwen te travay kote yo lave rad e yo pase yo, e annapre mwen te travay kòm sekretè. Pandan tan sa a, Lesli te vin pyonye espesyal nan Gatino, Kebèk. Souvan m te konn ap mande tèt mwen ki sa l dwe ap fè e èske m te pran bon desizyon an. Epi yon jou, mwen te jwenn pi bèl sipriz nan lavi m. Yo te envite Ray, frè Lesli a, nan Betèl. Yo te mete l nan menm chanm avè m! Se konsa mwen te vin repran kontak ak Lesli. Nou te marye 27 fevriye 1971, jou ki te fè m katran nan Betèl.

Lè n te kòmanse nan sèvis sikonskripsyon an 1975.

Yo te voye mwen menm ak Lesli al sèvi nan yon kongregasyon fransè nan Kebèk. Apre kèk ane, mwen te sezi lè yo te voye m al sèvi antanke siveyan sikonskripsyon, lè sa a m te gen 28 an. M te panse m te twò jèn e m pa t gen ase eksperyans pou sa, men pawòl ki nan Jeremi 1:7, 8 yo te ankouraje m. Lesli te fè plizyè aksidan machin e l pa t ka dòmi byen. Donk, nou te panse li t ap difisil anpil pou n fè sèvis sikonskripsyon an. Sepandan, men sa Lesli te di: “Si Jewova mande n fè yon bagay, èske n pa ta dwe eseye fè l?” Nou te aksepte envitasyon an e nou te kontan fè sèvis sikonskripsyon an pandan 17 an.

Antanke siveyan sikonskripsyon, mwen te okipe anpil, e m pa t toujou jwenn ase tan pou m pase ak Lesli. Mwen te bezwen aprann yon lòt leson. Yon jou lendi, byen bonè nan maten, sonèt la te sonnen. Pa t gen pèsonn devan pòt la, te jis gen yon pànye ki te gen yon nap, fwi, fwomaj, pen bagèt, yon boutèy diven, kèk vè, ak yon ti nòt ki pa t gen okenn non ekri ladan l ki di: “Al fè yon ti piknik ak madanm ou.” Se te yon bèl jou ki te gen solèy. Men, m te di Lesli mwen pa t ap kapab paske m te gen diskou pou m prepare. Li te konprann, men li te yon ti jan tris. Pandan m te chita devan biwo m, konsyans mwen te kòmanse kale m. Mwen te panse ak Efezyen 5:25, 28. Èske pawòl sa yo Jewova te fè ekri a t ap ankouraje m pou m pran santiman madanm mwen an konsiderasyon? Apre m te fin priye, mwen te di Lesli: “Ann ale.” Li te kontan anpil. Nou t al yon bèl ti kote bò yon rivyè, nou te ouvè nap la, e se youn nan pi bèl jou nou te pase ansanm. E m te rive jwenn tan pou m prepare diskou m yo.

Tèritwa sikonskripsyon nou an te anpil, soti Kolonbi Britanik rive Tènèv, e nou te jwenn anpil kè kontan nan sèvis nou. Mwen te reyalize rèv mwen te genyen pou m vwayaje a. Mwen te panse aplike pou lekòl Galaad, men, mwen pa t vle al sèvi kòm misyonè nan lòt peyi. Mwen te panse misyonè yo se moun espesyal, e m pa t santi m kalifye pou sa. Epitou, m te pè pou yo pa t voye m nan yon peyi ann Afrik ki te gen lagè ak maladi. Mwen te byen kote m te ye a.

MWEN TE SEZI LÈ YO TE VOYE N AL SÈVI NAN PEYI ESTONI AK NAN PEYI BALT YO

Lè n t ap vwayaje nan peyi balt yo.

An 1992, lè Temwen Jewova yo te kapab rekòmanse preche nan peyi ki te fè pati ansyen Inyon sovyetik la, frè yo te mande n si n t ap dakò al sèvi kòm misyonè nan peyi Estoni. Nou te sezi anpil, men nou te priye sou sa. Yon lòt fwa ankò nou te di: ‘Si Jewova mande n fè yon bagay, èske n pa ta dwe eseye fè l?’ Nou te aksepte envitasyon an e m te di tèt mwen: ‘Omwen nou pa pral ann Afrik.’

San pèdi tan, nou te kòmanse aprann lang peyi Estoni an. Apre n te fin fè kèk mwa nan peyi a, yo te mande n al nan sèvis sikonskripsyon. Nou te gen pou n vizite anviwon 46 kongregasyon ak kèk gwoup nan twa peyi balt yo, san wete nan Kaliningrad, nan peyi Larisi. Nou te oblije fè efò pou n aprann kèk bagay nan lang leton, lang lityànyen ak lang ris. Sa te difisil anpil. Sepandan, frè n ak sè n yo te kontan wè efò n ap fè pou n pale lang yo, e yo te ede nou. Nan ane 1999, te vin gen yon biwo filyal nan peyi Estoni, e yo te nome m manm Komite filyal ansanm ak Toomas Edur, Lembit Reile, ak Tommi Kauko.

Agoch: M ap bay yon diskou nan yon kongrè nan peyi Lityani.

Adwat: Komite filyal peyi Estoni ki te fòme an 1999.

Nou te fè konesans ak anpil Temwen yo te depòte nan Siberi kèk ane anvan sa. Malgre lavi a pa t fasil pou yo lè yo te nan prizon e yo te separe yo ak fanmi yo, yo pa t janm kenbe moun sou kè. Yo te kontinye gen kè kontan nan travay fè disip la e yo te chofe nan travay sa a. Egzanp yo te ede n wè nou kapab andire epi kontinye gen kè kontan, menm nan sitiyasyon difisil.

Tank ane yo t ap pase e nou pa t vrèman jwenn tan pou n repoze, Lesli te kòmanse santi l fatige anpil. Men, nou potko ka wè se paske li te fè yon maladi ki rele fibwomyalji ki fè l te fatige konsa. Nou te vrèman panse kite sèvis nou pou n retounen Kanada. Lè yo te envite n nan Lekòl pou manm Komite filyal ki t ap fèt Patèsonn, nan Nouyòk, Ozetazini, m pa t fin sèten nou t ap ka ale. Men, apre n te fin priye anpil sou sa, nou te aksepte. Jewova te beni desizyon nou te pran an. Se pandan n te lekòl la Lesli te resi jwenn èd li te bezwen nan men doktè. Konsa, nou te kapab kontinye aktivite nou nòmalman.

YON LÒT SIPRIZ: YO TE VOYE N NAN YON LÒT KONTINAN

Yon jou swa nan ane 2008, apre n te fin retounen nan peyi Estoni, syèj mondyal la te rele m nan telefòn pou mande m si n t ap aksepte al sèvi nan peyi Kongo. Se pa ti sezi m te sezi, sitou paske yo te mande m pou m bay yon repons nan demen. M pa t di Lesli sa tousuit, paske m konnen li pa t ap dòmi jou swa sa a. Olye de sa, se mwen ki pa t dòmi, mwen te priye Jewova pou m te fè l konn poukisa m te pè al ann Afrik.

Nan demen, lè m te di Lesli sa, nou te di: “Jewova envite n pou n al ann Afrik. Si n pa eseye, ki jan n ap fè konnen si n ap kapab fè sa l mande nou an e si n ap renmen l?” Donk, apre nou te fin fè 16 an ap sèvi nan peyi Estoni, nou te pran avyon pou n t al Kinchasa, nan peyi Kongo. Te gen yon pakèt bèl plant nan filyal la e li te kalm anpil. Youn nan premye bagay Lesli te met nan chanm nou, se yon kat li te genyen depi lè l te kite Kanada. Men sa ki te ekri nan kat la: “Fleri kote yo plante w la.” Apre nou te fin fè konesans ak frè ak sè yo e nou te kòmanse gen etid epi nou te vin wè jan sa bay kè kontan pou yon moun sèvi kòm misyonè, nou te vin gen plis kè kontan nan sèvis Jewova a. Rive yon lè, nou te jwenn privilèj pou n t al vizite biwo filyal nan anviwon 13 lòt peyi ann Afrik. Sa te pèmèt nou aprann konnen divès kalite moun ak bèl kalite yo genyen. Mwen pa t pè viv ann Afrik ankò e m te di Jewova mèsi poutèt li te voye n al sèvi la.

Nan peyi Kongo, yo te aprann nou manje divès kalite manje, tankou ensèk, bagay mwen te panse mwen pa t ap janm ka manje. Men lè n te wè jan frè n ak sè n yo renmen manje yo, nou te goute yo e nou te kontan nou te fè sa.

Nou t al nan lès peyi a, nan zòn kote geriya te atake bouk yo e yo te maltrete fi kou timoun, pou n te ka ankouraje frè n ak sè n yo e pou n te patisipe nan travay pote sekou. Pifò nan frè n ak sè n yo pa t posede anpil bagay. Sepandan, sa k te touche kè nou, se lefètke yo te gen bonjan esperans nan rezirèksyon an, yo te renmen Jewova e yo te fidèl ak òganizasyon l lan. Egzanp yo te fè n reflechi sou rezon ki fè n ap sèvi Jewova e sa te fè n vin gen plis lafwa nan li. Gen nan frè n yo ki te pèdi kay yo ak jaden yo. Sa te fè m wè jan l fasil pou n pèdi bagay materyèl, e se relasyon n ak Jewova ki pi enpòtan. Malgre frè sa yo te gen gwo pwoblèm, yo pa t konn plenyen fasil. Egzanp yo te ankouraje n pou n te fè fas ak eprèv ak pwoblèm sante nou te genyen yo avèk kouraj.

Agoch: M ap pale ak yon gwoup refijye pou m ankouraje yo.

Adwat: M ap patisipe nan travay pote sekou e m ap distribye medikaman nan Doungou, nan peyi Kongo.

YO TE VOYE N ANN AZI

Nou te vin jwenn yon lòt sipriz. Yo te mande n al sèvi nan filyal peyi Ong Kong. Nou pa t janm panse yon jou nou t apral viv ann Azi! Men, lè n te wè jan Jewova te ede n nan tout lòt asiyasyon nou te genyen, nou te aksepte envitasyon an. An 2013, se ak dlo nan je nou te di bon zanmi nou yo orevwa e nou te kite tout bèl bagay ki gen ann Afrik yo, san n pa t konnen sa k t ap tann nou pi devan.

Se te yon gwo chanjman pou nou pou n viv Ong Kong, paske vil la te chaje ak moun ki soti toupatou nan monn nan. Li pa t fasil pou n aprann pale chinwa. Frè ak sè yo te byen akeyi nou e n te renmen manje yo te konn fè nan zòn nan. Travay la t ap ogmante byen vit, donk, filyal la te vin bezwen plis espas. Sepandan, pri pwopriyete yo pa t sispann ogmante. Donk, Kolèj santral la te pran bon desizyon pou yon pati nan travay la fèt nan yon lòt zòn, e yo te vann pifò nan pwopriyete filyal la te genyen. Yon ti tan annapre, nan ane 2015, yo te voye n al sèvi Kore disid, se la nou ye jis kounye a. Lè n te rive la, nou te gen pou n aprann yon lòt lang ki difisil. Byenke nou poko ka pale lang koreyen an byen, frè ak sè yo ankouraje n lè yo di n n ap fè pwogrè nan lang nan.

Agoch: Nou pare pou n viv Ong Kong

Adwat: Biwo filyal Kore.

LESON NOU APRANN

Li pa toujou fasil pou fè lòt zanmi, men, nou rann nou kont lè n pran inisyativ pou n envite moun lakay nou, nou ka vin konnen yo pi vit. Nou vin wè, antanke frè ak sè, gen plis bagay ki fè n sanble youn ak lòt, e Jewova fè nou yon fason estrawòdinè pou n kapab ouvri kè nou e pou n demontre afeksyon pou tout zanmi sa yo. — 2 Kor. 6:11.

Nou vin wè li enpòtan pou n aksepte lòt moun jan Jewova aksepte yo e pou n chèche wè jan Jewova renmen n ak jan l ap dirije lavi nou. Nenpòt lè nou santi nou dekouraje oswa n ap mande tèt nou si lòt moun apresye nou, yon bagay ki konn ankouraje nou se lè n reli kat oswa lèt zanmi nou te ekri nou. Nou te rive wè jan Jewova reponn priyè nou, li fè n santi li renmen nou e li ban nou fòs.

Tank ane ap pase, mwen menm ak Lesli aprann jan sa enpòtan pou n chèche jwenn tan youn pou lòt, menmsi nou okipe anpil. Epitou, nou vin konprann jan sa enpòtan pou n aprann ri lè nou fè erè, sitou lè n ap fè efò pou n aprann pale yon lang. E chak swa, nou eseye panse ak yon bagay ki te fè n kontan pou n ka di Jewova mèsi pou sa.

Franchman, mwen te santi mwen pa t ap janm ka misyonè oswa mwen pa t ap janm ka viv nan yon lòt peyi. Men, mwen te vin gen kè kontan lè m te vin wè jan tout bagay posib grasa èd Jewova. Mwen sonje pawòl pwofèt Jeremi yo ki di: “Ou twonpe m, o Jewova.” ​(Jer. 20:7). Pa gen dout, Jewova fè nou anpil bèl sipriz e li ban nou yon pakèt benediksyon nou pa t ap janm imajine. Li te fè m menm reyalize rèv mwen te genyen pou m vwayaje nan avyon. Nou t al nan plis peyi lontan pase sa m te imajine lè m te piti, nou te vizite biwo filyal nan senk kontinan. Epitou, mwen gen anpil rekonesans lefètke Lesli te dispoze soutni m nan tout privilèj mwen te genyen yo.

Nou toujou fè efò pou n sonje pou kiyès n ap fè tout bagay sa yo e pou ki rezon n ap fè yo. Benediksyon nou jwenn jodi a se jis yon apèsi sou jan sa pral ye lè n pral viv pou toutan, lè Jewova pral “ouvri men [l pou l] bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. — Sòm 145:16.