Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 27

Sa k fè nou bezwen gen lakrentif pou Jewova?

Sa k fè nou bezwen gen lakrentif pou Jewova?

“Se moun ki gen lakrentif pou Jewova yo ki bon zanmi l.” — SÒM 25:14.

KANTIK 8 Jewova se refij nou

SA NOU PRAL WÈ a

1-2. Selon Sòm 25:14, ki sa n dwe fè si n vle vin bon zanmi Jewova?

 KI KALITE ou panse ki enpòtan anpil pou w kapab vin bon zanmi yon moun? Sandout, w ap di bon zanmi bezwen renmen youn lòt e yo bezwen la youn pou lòt. Petèt, ou pa t ap panse lakrentif se yon kalite ki enpòtan pou moun vin bon zanmi. Sepandan, jan vèsè tèm atik la montre sa, moun ki vle vin bon zanmi Jewova dwe gen “lakrentif” pou li. — Li Sòm 25:14.

2 Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou tout bezwen kontinye gen bonjan lakrentif pou li. Men, ki sa gen lakrentif pou Bondye vle di? Ki jan n ka aprann gen lakrentif pou Jewova? Anrapò ak lakrentif pou Bondye, ki sa n ka aprann nan egzanp Obadya, ki te responsab kay yon wa, ak nan egzanp gran prèt Jewoyada ak wa Jewowas?

KI SA GEN LAKRENTIF POU BONDYE VLE DI?

3. Ki sa ki kapab fè nou pè, e ki jan sa ka pouse n aji?

3 Si n kwè yon malè ka rive n, sa ka fè n pè. Laperèz konsa kapab bon, paske sa ka pouse n pran bon desizyon. Pa egzanp, nou ka evite mache bò yon falèz paske nou pè pou n pa tonbe anba. Nou ka veye pou n pa met tèt nou nan sitiyasyon ki gen danje paske nou pè pou n pa viktim. Nou ka evite di oswa fè yon zanmi nou renmen yon bagay ki fè l mal paske nou pè pou n pa pèdi zanmi sa a.

4. Ki jan Satan vle n santi n anrapò ak Jewova?

4 Satan vle moun pè Jewova. Satan vle fè n kwè Jewova toujou pare pou l pini nou, li vle fè n kwè Jewova toujou fache e nou pap janm rive fè l plezi, menm jan Elifaz te vle fè kwè sa (Jòb 4:18, 19). Satan vle nou vin tèlman pè Jewova, nou sispann sèvi Jewova. Pou n pa pran nan pyèj sa a, nou bezwen gen bonjan lakrentif pou Jewova.

5. Ki sa gen lakrentif pou Bondye vle di?

5 Yon moun ki gen bonjan lakrentif pou Bondye renmen Bondye e li pa vle fè anyen ki ka kraze relasyon li gen avè L la. Se yon kalite “lakrentif” konsa Jezi te gen pou Bondye (Ebre 5:7). Men, li pa t pè Jewova (Eza. 11:2, 3). Okontrè, li te renmen l anpil e l te obeyi l ak tout kè l (Jan 14:21, 31). Menm jan ak Jezi, nou gen gwo respè ak lakrentif pou Jewova paske li gen lanmou, sajès, jistis ak pisans. Epitou, nou konnen Jewova renmen nou anpil e fason nou reyaji lè n resevwa enstriksyon li ban nou gen enpòtans pou li. Nou kapab swa fè Jewova lapenn, swa fè kè l kontan. — Sòm 78:41; Pwo. 27:11.

NOU KA APRANN GEN LAKRENTIF POU BONDYE

6. Bay youn nan fason nou ka aprann gen lakrentif pou Bondye. (Sòm 34:11).

6 Nou pa fèt tou gen lakrentif pou Jewova. Nou dwe fè efò pou n genyen l. (Li Sòm 34:11.) Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou egzamine kreyasyon an. Plis nou wè sajès Bondye, pisans li ak gwo lanmou li gen pou nou nan “bagay li fè yo”, se plis n ap gen respè ak lanmou pou li (Wom. 1:20). Men sa yon sè ki rele Adrienne di: “Lè m wè tout sa Jewova fè yo e m wè jan li gen sajès, sa fè m rete bouch ouvè. E sa ede m wè li konnen sa k pi bon pou mwen.” Men sa sè a te di apre l te fin medite: “Poukisa pou m ta vle fè yon bagay ki ta ka separe m ak Jewova, li menm ki ban m lavi?” Èske w ka pran yon ti tan semèn sa a pou w reflechi sou yon bagay Jewova kreye? Si w fè sa, w ap vin gen plis respè ak lanmou pou Jewova. — Sòm 111:2, 3.

7. Ki jan lapriyè ka ede n vin gen bonjan lakrentif pou Jewova?

7 Yon lòt fason nou ka vin gen lakrentif pou Bondye se lè n priye l regilyèman. Plis nou priye Jewova, se plis l ap reyèl pou nou. Chak fwa nou mande l fòs pou n andire yon eprèv, sa fè n sonje jan li gen anpil pisans. Lè n di Jewova mèsi pou Pitit Gason l lan li ban nou kòm kado, sa fè n sonje jan l renmen nou. E lè n sipliye Jewova pou l ede n ak yon pwoblèm, sa fè n sonje jan li gen sajès. Priyè konsa fè n vin gen plis respè pou Jewova. E sa fè n gen plis detèminasyon pou n evite fè kèlkeswa bagay ki ta ka kraze bon relasyon nou gen avè l la.

8. Ki sa n ka fè pou n kontinye gen lakrentif pou Bondye?

8 Nou kapab kontinye gen lakrentif pou Bondye lè n etidye Bib la pou n ka aprann nan bon egzanp ak nan move egzanp Bib la pale de yo. Ann fè yon ti pale konsènan de sèvitè Jewova ki te fidèl, anpalan de Obadya, ki te responsab kay wa Ahab, ak gran prèt Jewoyada. Annapre, nou pral wè ki sa n ka aprann nan egzanp Jewowas, wa peyi Jida, ki te fidèl ak Jewova okòmansman, men, ki te vire do ba li annapre.

MET KOURAJ SOU NOU MENM JAN AK OBADYA KI TE GEN LAKRENTIF POU BONDYE

9. Lefètke Obadya te gen lakrentif pou Jewova, ki jan sa te ede l? (1 Wa 18:3, 12).

9 Premye fwa Bib la pale konsènan Obadya b, men sa l di: “Obadya te gen anpil lakrentif pou Jewova.” ​(Li 1 WA 18:3, 12.) Ki jan bonjan lakrentif sa a Obadya te genyen an te ede l? Yon bagay ki sèten, sa te fè l vin yon moun serye, yon moun yo te ka fè konfyans. Se sa k fè wa a te ba l responsab tout kay li. (Konpare ak Neyemi 7:2.) Lakrentif Obadya te gen pou Bondye te fè l gen anpil kouraj tou, yon kalite li te vrèman bezwen. Obadya t ap viv nan epòk wa Ahab, yon wa ki te mechan. “Nan je Jewova, Ahab [...] te pi mal pase tout wa ki te anvan l yo.” ​(1 Wa 16:30). Epitou, Jezabèl, madan Ahab, ki t ap adore Baal, te tèlman rayi Jewova, li te chèche elimine vrè adorasyon an nan wayòm nò a. Li te menm touye anpil nan pwofèt Bondye yo (1 Wa 18:4). Pa gen dout, Obadya t ap adore Jewova nan yon epòk ki te difisil.

10. Ki jan Obadya te montre li gen anpil kouraj?

10 Ki jan Obadya te montre li gen anpil kouraj? Lè Jezabèl t ap chèche touye pwofèt Bondye yo, Obadya te pran 100 nan pwofèt yo e li te kache yo “nan de gwòt, 50 nan chak gwòt epi [li] te kontinye pote pen ak dlo pou yo”. (1 Wa 18:13, 14.) Obadya te gen anpil kouraj, men si yo te bare l, se sèten yo t ap touye l. Nòmalman, Obadya te yon moun menm jan ak tout moun e li pa t vle mouri. Men, li te renmen Jewova e li te renmen moun ki t ap sèvi Jewova yo plis pase pwòp tèt pa l.

Malgre yo entèdi travay n ap fè a nan yon peyi, gen yon frè ki met kouraj sou li pou l al pote piblikasyon pou frè ak sè yo. (Gade paragraf 11.) d

11. Nan ki sans sèvitè Jewova nan epòk nou an menm jan ak Obadya? (Gade foto a tou.)

11 Jodi a, anpil sèvitè Jewova ap viv nan peyi kote yo entèdi travay n ap fè a. Menm jan ak Obadya, frè ak sè sa yo nou renmen anpil montre yo gen respè pou otorite yo, men, yo bay Jewova sa k pou li a, sa vle di se li menm sèl yo adore (Mat. 22:21)! Yo montre yo gen lakrentif pou Bondye lefètke yo obeyi l olye yo obeyi lèzòm (Tra. 5:29). Yo fè sa lè yo kontinye preche bon nouvèl la e lè yo fè reyinyon an kachèt (Mat. 10:16, 28). Yo veye pou frè ak sè yo jwenn sa yo bezwen pou yo kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Ann pran egzanp Henri k ap viv nan yon peyi ann Afrik kote yo te entèdi travay n ap fè a pandan yon tan. Pandan entèdiksyon an, Henri te ofri tèt li pou l al pot piblikasyon pou frè ak sè yo. Men sa l te ekri: “Mwen se yon moun ki timid. Donk, mwen gen konviksyon se gwo respè mwen gen pou Jewova ki te fè m gen kouraj mwen te bezwen an.” Èske w kapab gen kouraj menm jan ak Henri? Ou kapab vin gen kouraj si w chèche gen bonjan lakrentif pou Bondye.

SE POU NOU FIDÈL MENM JAN AK GRAN PRÈT JEWOYADA

12. Ki jan gran prèt Jewoyada ak madanm li te montre yo te vrèman fidèl ak Jewova?

12 Gran prèt Jewoyada te gen lakrentif pou Jewova, e sa te ede l pou l ret fidèl e pou l soutni vrè adorasyon an. Sa te parèt klè lè Atali, pitit fi Jezabèl, te fè dappiyanp sou twòn Jida a. Moun yo te gen bonjan rezon pou yo pè Atali. Li pa t manje anyen k frèt e l te tèlman renmen pouvwa, li te chèche touye tout moun ki te nan liy fanmi wa a, ata pwòp pitit pitit li (2 Kwo. 22:10, 11). Youn nan timoun sa yo se te Jewowas, ki te rive sove paske Jewochabat, madanm Jewoyada, te pote l sekou. Li menm ak mari l te kache timoun nan e yo te pran swen l. Konsa, Jewoyada ak Jewochabat te pwoteje lavi yon moun nan fanmi David ki t ap ka vin wa. Jewoyada te fidèl ak Jewova e li pa t tranble devan Atali. — Pwo. 29:25.

13. Lè Jewowas te gen setan, ki jan Jewoyada te montre l fidèl ak Jewova yon lòt fwa ankò?

13 Lè Jewowas te gen setan, yon lòt fwa ankò, Jewoyada te montre l fidèl ak Jewova. Li te fè yon plan. Si plan an te mache, Jewowas t ap vin wa paske l te gen dwa pou l eritye twòn David la. Sepandan, si plan an pa t mache, te gen anpil posiblite pou Jewoyada pèdi lavi l. Men, grasa èd Jewova plan an te mache. Chèf yo ak Levit yo te dakò ak Jewoyada, yo te mete Jewowas wa e yo te touye Atali (2 Kwo. 23:1-5, 11, 12, 15; 24:1). Apre sa, Jewoyada te “fè yon alyans ant Jewova [ak] wa a [ansanm] ak moun yo nan pèp la, kote yo [te] pwomèt y ap kontinye demontre yo se pèp Jewova”. (2 Wa 11:17.) Mete sou sa, Jewoyada “te mete moun k ap veye pòtay yo nan pòtay ki nan kay Jewova a pou yo anpeche moun ki pa pwòp devan Bondye yo antre nan kay la”. — 2 Kwo. 23:19.

14. Piske Jewoyada te onore Jewova, ki jan Jewova te onore l?

14 Jewova te deja di: “M ap onore moun ki onore m.” Vrèmanvre, li te rekonpanse Jewoyada (1 Sam. 2:30). Pa egzanp, li te fè met bèl aksyon Jewoyada te fè yo nan Bib la pou n ka aprann nan egzanp li (Wom. 15:4). E lè Jewoyada mouri, Jewova te fè l yon gwo onè, li te pèmèt yo antere l “nan Vil David la bò kote wa yo paske li te fè anpil bon bagay ann Izrayèl pou vrè Dye a e pou kay Li a”. — 2 Kwo. 24:15, 16.

Menm jan ak gran prèt Jewoyada, se pou lakrentif nou gen pou Bondye fè n ede frè n ak sè n yo. (Gade paragraf 15.) e

15. Ki sa nou ka aprann nan istwa Jewoyada a? (Gade foto a tou.)

15 Istwa Jewoyada a ka ede nou tout vin gen lakrentif pou Bondye. Ansyen yo kapab suiv egzanp Jewoyada lè yo ret vijilan e lè yo toujou pwoteje twoupo Bondye a (Tra. 20:28). Yon bagay moun ki granmoun yo kapab aprann nan egzanp Jewoyada sèke lè yo gen lakrentif pou Jewova e yo ret fidèl, Jewova ka sèvi avèk yo pou l reyalize objektif li. Li pa voye yo jete. Epitou, jèn yo kapab suiv egzanp Jewova nan fason l te aji avèk Jewoyada. Yo kapab fè sa lè yo byen aji ak frè ak sè ki granmoun ki fidèl yo, lè yo onore yo e yo respekte yo, sitou frè ak sè ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova (Pwo. 16:31). Finalman, nou tout ka aprann nan men chèf yo ak Levit yo ki te ede Jewoyada. Annou tout kontinye kolabore ak “moun k ap dirije nou yo” lè n obeyi yo. — Ebre 13:17.

PA SUIV EGZANP WA JEWOWAS

16. Ki sa k montre wa Jewowas te kite moun pran tèt li?

16 Jewoyada te ede wa Jewowas pou l vin yon bon moun (2 Wa 12:2). Se sa k fè jèn wa sa a te vle fè Jewova plezi. Men, lè Jewoyada mouri, Jewowas te koute prens ki te aposta yo. Ki rezilta sa te bay? Li menm ak moun li t ap dirije yo “te kòmanse adore poto sakre ki fèt an bwa yo ak zidòl yo”. (2 Kwo. 24:4, 17, 18.) Malgre sa te fè Jewova mal anpil, li “te kontinye voye pwofèt nan mitan yo pou l te ka rale yo tounen vin jwenn li [...], men yo pa t koute yo”. Yo pa t menm koute Zakari c, pitit gason Jewoyada, nonsèlman ki te pwofèt Jewova e ki te prèt, men tou, ki te kouzen Jewowas. Anfèt, wa Jewowas te fè touye Zakari, konsa, li te montre li pa t gen okenn rekonesans pou fanmi sa a ki te fè anpil byen pou li. — 2 Kwo. 22:11; 24:19-22.

17. Ki jan bagay yo te fini pou Jewowas?

17 Jewowas pa t kontinye montre l gen bonjan lakrentif pou Jewova, e sa te fini mal pou li. Jewova te di: “M ap fè moun ki derespekte m yo wont.” ​(1 Sam. 2:30). Annapre, lame moun Siri yo ki pa t anpil te pot laviktwa sou Jewowas ki te gen “yon gwo lame” e yo “te blese [l] grav”. Apre moun Siri yo fin ale, pwòp sèvitè Jewowas te touye l poutèt li te touye Zakari. Wa sa a te tèlman mechan, yo pa t menm antere l “kote yo [te] konn antere wa yo”. — 2 Kwo. 24:23-25.

18. Selon Jeremi 17:7, 8, ki sa k ap ede n pou n pa suiv egzanp Jewowas?

18 Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Jewowas? Jewowas te tankou yon pyebwa yo kore ak yon bwa akoz rasin li monte tè. Lè Jewoyada, bwa ki te kore Jewowas la, pa t la ankò, Jewowas te kòmanse koute aposta e li pa t fidèl ak Jewova ankò. Egzanp sa a montre se pa ta dwe sèlman bèl egzanp moun nan kongregasyon an ak moun nan fanmi nou bay ki fè n gen lakrentif pou Bondye. Pou n rete pwòch ak Jewova, nou dwe fè efò pou n gen plis respè ak lanmou pou li lè n etidye, medite epi priye regilyèman. — Li Jeremi 17:7, 8; Kol. 2:6, 7.

19. Ki sa Jewova mande n fè?

19 Jewova pa vrèman mande n fè anpil bagay. Pawòl ki nan Eklezyas 12:13 yo fè konnen ki sa l vle nou fè. Men sa vèsè a di: “Gen lakrentif pou vrè Dye a epi obeyi kòmandman l yo, se tout sa yon moun dwe fè.” Lè n gen lakrentif pou Bondye, n ap kapab fè fas ak eprèv n ap gen pou n jwenn pi devan e n ap rete fidèl, menm jan ak Obadya ak Jewoyada. Anyen pap kapab kraze bon relasyon nou gen ak Jewova a.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

a Nan Bib la, mo “lakrentif” la pa gen yon sèl sans. Selon kontèks la, li ka gen sans laperèz oswa gwo respè. Atik sa a ap ede n vin gen kalite lakrentif ki kapab fè n gen kouraj e pou n fidèl nan sèvis n ap bay Papa nou ki nan syèl la.

b Obadya n ap pale de li la a se pa pwofèt Obadya ki te egziste plizyè syèk annapre e ki te ekri liv ki pote non l nan Bib la.

c Selon Matye 23:35, Zakari se te pitit Barachi. Gen moun ki fè konnen sanble Jewoyada te gen de non, menm jan ak kèk lòt moun nan Bib la (konpare Mt 9:9 ak Mk 2:14), oubyen Barachi se te granpapa Zakari oswa yon zansèt li.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan foto sa a, ki repwodui yon bagay ki te fèt toutbon, yo montre yon frè k ap bay frè ak sè piblikasyon pandan gen entèdiksyon.

e ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki granmoun k ap montre yon jèn sè ki jan pou l bay temwayaj nan telefòn. Yon frè ki granmoun ki met kouraj sou li pou l bay temwayaj an piblik. Yon frè ki gen anpil eksperyans k ap bay lòt frè fòmasyon sou fason pou yo fè antretyen nan Sal Wayòm nan.