Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

Jewova te tande priyè m

Jewova te tande priyè m

YON jou swa, mwen te leve je m gade zetwal yo ki klere nan syèl la. Lè sa a, mwen te gen dizan. Menm kote a, mwen te met ajenou e m te priye. Mwen te fèk aprann konn Jewova. Men, mwen te ouvri kè m ba li pou m te di l tout sa k t ap boulvèse m. Depi lè sa a, mwen te kòmanse yon bèl relasyon ak Jewova Dye, li menm “ki tande lapriyè”. (Sòm 65:2.) Kite m esplike nou sa k fè m te priye Bondye, alòske m te fèk aprann konnen l.

YON VIZIT KI TE CHANJE LAVI M

Mwen fèt 22 desanm 1929, nan Novil, yon ti bouk ki gen nèf bitasyon, toupre Bastòy, nan Adèn yo, nan peyi Bèljik. Mwen sonje bèl moman m te konn pase nan bitasyon an ansanm ak paran m lè m te timoun. Mwen menm ak Raymond, ti frè m nan, nou te konn tire lèt bèf chak jou ak men nou, e nou te konn ede lè y ap fè rekòt. Te gen bonjan tèt ansanm nan ti bouk nou an, e nou tout te konn ede youn lòt.

Mwen menm ak fanmi m k ap travay nan bitasyon nou an.

Emile ak Alice, paran m yo, te katolik wouj. Yo te konn al Lamès chak dimanch. Men, ozanviwon ane 1939, te gen pyonye ki te sot Angletè ki te vin nan bouk nou an, e yo te ofri papa m yon abònman peryodik Konsolasyon an (ki rele Reveye n! kounye a). Tousuit, papa m te rekonèt se laverite e sa te pouse l kòmanse li Bib la. Lè l te sispann al Lamès, vwazen nou yo, ki te janti anvan sa, te vin opoze anpil. Yo te fè presyon sou papa m pou l pa t kite Katolik, e sa te lakòz plizyè gwo diskisyon.

Sa te fè m mal anpil lè m te wè jan yo t ap fè gwo presyon sou papa m. Se sa k fè m te priye Bondye ak tout kè m pou l ede m, jan m te di sa nan kòmansman atik la. Mwen te kontan anpil lè vwazen yo te sispann bay papa m presyon tikras pa tikras! Mwen te vin gen konviksyon Jewova se Sila a “ki tande lapriyè”.

FASON LAVI A TE YE PANDAN LAGÈ A

Lame Almay Nazi a te anvayi peyi Bèljik nan dat 10 me 1940, e sa te lakòz anpil moun kite peyi a. Fanmi nou te kouri al nan sid peyi Lafrans. Pandan nou te sou wout, nou te pase nan yon seri zòn kote ki te gen gwo batay ant lame alman an ak lame fransè a. Lè nou te retounen nan bitasyon nou an, nou te wè yo te piye prèske tout sa n te posede. Se sèl Bobbie, chen nou an, ki te la pou akeyi nou. Eksperyans konsa te fè m mande tèt mwen: ‘Poukisa gen lagè ak lamizè?’

Lè m te nan adolesans mwen, m te vin gen yon relasyon pi sere ak Jewova.

Nan epòk sa a, frè Emile Schrantz a, yon frè pyonye ki te fidèl, te vizite nou plizyè fwa, e sa te vrèman ankouraje nou. Li te sèvi ak Bib la pou l byen esplike n rezon ki fè gen soufrans e li te reponn lòt kesyon m te genyen sou lavi a. Mwen te vin gen yon relasyon pi sere ak Jewova e m te vin gen konviksyon li se yon Bondye lanmou.

Menm anvan gè a te fini, fanmi nou te konn gen kontak ak frè yo pi souvan. Nan mwa out 1943, frè José-Nicolas Minet te vin nan bitasyon nou an pou l bay yon diskou. Li te mande: “Kiyès ki vle batize?” Papa m te leve men l, e mwen menm tou m te leve men m. Nou te batize nan yon ti rivyè ki te toupre bitasyon nou an.

Nan mwa desanm 1944, lame alman an te fè dènye pi gwo atak li nan Ewòp delwès, sa pifò moun konnen sou non Batay Adèn yo. Nou te abite toupre kote batay la t ap fèt la, e nou te ret fèmen nan sousòl nou an pandan anviwon yon mwa. Yon jou, pandan m te sot deyò pou m bay bèt yo manje, gen plizyè boulèt ki te tonbe nan bitasyon an ki te sote tèt depo a. Gen yon sòlda ameriken ki te nan kay kote yo konn met bèt yo ki te toupre m nan ki te di byen fò: “Kouche atè!” Mwen te kouri al kouche bò kote l, e l te met kas li a sou tèt mwen pou l pwoteje m.

MWEN TE VIN GEN PLIS MATIRITE ANTANKE KRETYEN

Jou maryaj nou.

Apre gè a, nou te fè yon fason pou n toujou ret an kontak ak frè ak sè nan kongregasyon Lyèj, ki te nan anviwon 90 kilomèt nan direksyon nò parapò ak kote n t ap viv la. Rive yon lè, nou te tabli yon ti gwoup etid nan Bastòy. Mwen te vin jwenn yon travay ki gen rapò ak kesyon taks e m te jwenn posiblite pou m etidye dwa. Annapre, mwen te travay nan yon biwo Leta. Nan ane 1951, nou te òganize yon ti asanble sikonskripsyon nan Bastòy. Te gen anviwon 100 moun ki te la. Pami yo, te gen Elly Reuter, yon sè pyonye ki te chofe anpil nan travay predikasyon an. Li te fè 50 kilomèt ap kouri bekàn pou l te ka asiste asanble a. Nou pa t pran anpil tan pou n te vin gen santiman youn pou lòt e pou n te fiyanse. Elly te resevwa envitasyon pou l te asiste Lekòl Galaad nan peyi Etazini. Li te ekri syèj mondyal la pou l esplike rezon ki fè li pa t ap kapab aksepte envitasyon an. Frè Knorr, ki te alatèt òganizasyon Jewova a nan epòk sa a, te reponn avèk jantiyès e li te di petèt yon jou l ap ka asiste Lekòl Galaad ansanm ak mari l. Nou te marye an fevriye 1953.

Elly ak Serge, pitit gason nou an.

Nan menm ane a, mwen menm ak Elly te asiste asanble Sosyete monn nouvo a ki te fèt nan Yankee Stadium, nan Nouyòk. Pandan m te la, m te rankontre yon frè ki te ofri m yon bon travay e li te envite m vin viv Ozetazini. Apre mwen menm ak Elly te fin priye Jewova sou sa, nou te deside pa aksepte travay la e nou te retounen Bèljik pou n te soutni ti gwoup ki te nan Bastòy la ki te gen anviwon dis pwoklamatè. Nan ane ki te vin apre a, nou te kontan gen yon tipitit gason ki te rele Serge. Malerezman, sèt mwa annapre, Serge te vin malad e li te mouri. Nou te priye Jewova pou n di l jan sa fè n mal, e nou te jwenn ankourajman nan esperans rezirèksyon an, yon esperans ki sèten.

SÈVIS APLENTAN

Ann oktòb 1961, mwen te jwenn yon travay ki pa t pran tout tan m e ki t ap pèmèt mwen pran sèvis pyonye. Sepandan, menm jou a, sèvitè filyal peyi Bèljik la te telefone m. Li te mande m si m t ap dakò sèvi antanke sèvitè sikonskripsyon (se konsa yo te rele siveyan sikonskripsyon yo). Mwen te mande: “Èske nou ka sèvi kòm pyonye anvan nou aksepte asiyasyon sa a?” Frè yo te dakò. Apre nou te fin fè uit mwa ap sèvi kòm pyonye, nou te kòmanse travay sikonskripsyon an nan mwa septanm 1962.

Apre dezan nan travay sikonskripsyon an, yo te envite n vin nan Betèl la nan Briksèl. Nou te kòmanse ann oktòb 1964. Nouvo asiyasyon sa a te fè n jwenn anpil benediksyon. Yon tikras tan apre frè Knorr te vizite Betèl la nan ane 1965, mwen te sezi lè yo te nome m sèvitè filyal la. Annapre, yo te envite mwen menm ak Elly nan 41yèm klas Lekòl Galaad. Pawòl frè Knorr te di 13 an anvan sa yo te reyalize! Apre nou te fin gradye, nou te retounen nan Betèl Bèljik la.

NOU TE DEFANN PÈP JEWOVA A DEVAN LAJISTIS

Tank ane t ap pase, mwen te gen privilèj sèvi ak fòmasyon mwen genyen nan domèn legal la pou m patisipe nan defann libète nou genyen pou n adore Bondye a ann Ewòp ak lòt kote ankò (Flp. 1:7). Sa te fè m vin an kontak ak otorite nan gouvènman nan plis pase 55 peyi kote yo te met restriksyon oswa entèdiksyon sou travay n ap fè a. Olye m te prezante tèt mwen kòm yon moun ki gen eksperyans nan domèn legal, mwen te konn prezante tèt mwen kòm “yon sèvitè Bondye”. Mwen te toujou priye Jewova pou l gide m, paske m konnen “kè yon wa [oswa yon jij] tankou sous dlo nan men Jewova. Li dirije l kote l vle”. — Pwo. 21:1.

Youn nan eksperyans mwen pap janm bliye, se lè m te rankontre ak yon manm Palman ewopeyen an. Mwen te mande pale avè l pandan plizyè fwa, e finalman, li te aksepte rankontre m. Li te di m: “M ap ba w senk minit, e m pap ajoute yon minit anplis.” Mwen te bese tèt mwen e m te kòmanse priye. Mesye a te pale avè m byen di e l te mande m sa m t ap fè la a. Mwen te leve tèt mwen, mwen te di l: “Mwen te di Bondye mèsi paske w se youn nan moun k ap fè sèvis li.” Li te mande m: “Ki sa w vle di?” Mwen te montre l Women 13:4. Kòm li te yon Potestan, vèsè sa a te atire atansyon l. Ki rezilta sa te bay? Li te pase demi èdtan ap pale avè m, e sa te byen fini. Li te menm di li gen respè pou travay n ap fè a.

Tank ane t ap pase, pèp Jewova a te oblije al nan tribinal plizyè fwa ann Ewòp pou yo rezoud yon seri pwoblèm, tankou rezon ki fè kretyen yo pa antre nan lame, ak kiyès nan paran yo yon timoun ap rete, kesyon taks ak lòt bagay ankò. Mwen te kontan bay èd pa m e m te kontan wè ak je m fason Jewova te ede nou ranpòte anpil viktwa. Temwen Jewova yo rive genyen plis pase 140 ka nan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan!

TE VIN GEN PLIS LIBÈTE POU N PRECHE NAN PEYI KIBA

Nan ane 1990 yo, mwen te travay ak frè Philip Brumley, ki te soti nan syèj mondyal la, ansanm ak frè Valter Farneti, ki te soti nan peyi Itali, pou ede frè n ak sè n yo nan peyi Kiba gen plis libète pou yo adore Jewova, paske travay nou an te anba restriksyon nan peyi sa a. Mwen te ekri anbasad Kiba a nan Bèljik, e apre sa, mwen te rankontre ak yon otorite yo te bay responsablite pou jere demann nou te fè a. Pandan premye chita pale nou te fè yo, nou pa t rive rezoud difikilte ki te fè yo met restriksyon sou travay nou an.

Mwen menm ak Philip Brumley ansanm ak Valter Farneti pandan youn nan vizit nou te fè nan peyi Kiba nan ane 1990 yo.

Apre nou te fin priye Jewova pou n mande l ede n, nou te mande pèmisyon pou n voye 5 000 Bib nan peyi Kiba e yo te dakò. Bib yo te byen rive e yo te distribye yo bay frè yo. Sa te fè n wè Jewova t ap beni efò nou. Apre sa, nou te mande pèmisyon pou n voye 27500 Bib ankò. Yo te aksepte demann sa a tou. Lefètke nou te kapab ede frè n ak sè n yo nan peyi Kiba gen pwòp Bib pa yo, sa te ban m anpil kè kontan.

Mwen t al Kiba plizyè fwa pou ede frè yo jwenn plis libète pou yo fè aktivite yo nan peyi sa a. Pandan vizit sa yo, mwen te vin gen bon relasyon ak anpil otorite nan gouvènman an.

NOU TE EDE FRÈ N YO NAN PEYI WANNDA

Nan ane 1994, yo te masakre plis pase 1 000 000 moun nan peyi Wannda. Malerezman, te gen nan frè n ak sè n yo ki te mouri tou. San pèdi tan, yo te mande yon gwoup frè òganize travay sekou pou peyi a.

Lè gwoup nou an te rive Kigali, nan kapital la, nou te wè biwo tradiksyon an ak depo piblikasyon an chaje ak twou bal. Mwen te tande anpil istwa tris kote yo te touye frè n ak sè n yo ak kout manchèt. Men tou, nou te tande fason frè n ak sè n yo te demontre lanmou youn pou lòt. Pa egzanp, gen yon fanmi Outou ki Temwen ki te kache yon frè Tutsi pandan 28 jou nan yon twou e nou te rankontre frè sa a. Pandan yon reyinyon ki te fèt Kigali, nou te ankouraje plis pase 900 frè ak sè e n te konsole yo.

Agoch: Yon liv bal te pèse nan biwo tradiksyon nou an.

Adwat: M ap travay ak frè ki nan sèvis sekou.

Apre sa, nou te travèse fwontyè a pou n t al nan peyi Zayi (kounye a ki rele Repiblik demokratik Kongo) pou n te chèche yon pakèt frè ak sè ki moun peyi Wannda ki te kouri al nan kan refijye ki toupre vil Goma. Nou pa t ka jwenn yo, donk, nou te priye Jewova e n te mande l pou l ede n jwenn yo. Apre sa, nou te wè yon moun ki t ap vin nan direksyon nou e n te mande l si l konn Temwen Jewova yo. Li te di nou: “Wi, mwen se yon Temwen. M ap kontan mennen n kot frè ki nan komite sekou a.” Apre nou te fin fè yon reyinyon ankourajan ak komite sekou a, nou te reyini ak anviwon 1600 refijye pou n te konsole yo e pou n te ankouraje yo. Epitou, nou te li yon lèt Kolèj santral la te voye pou yo. Sa te vrèman touche frè ak sè yo lè yo te tande Kolèj santral la di: “Nou pa sispann priye pou nou. Nou konnen Jewova pap abandone nou.” Sa Kolèj santral la te di a se laverite. Jodi a, gen plis pase 30000 Temwen k ap sèvi Jewova ak kè kontan nan peyi Wannda!

MWEN DETÈMINE POU M RET FIDÈL

Apre prèske 58 an maryaj, Elly, madanm mwen m te renmen anpil, mouri nan ane 2011. Jewova te konsole m lè m te priye l pou m te fè l konnen jan m t ap soufri. Mwen te jwenn konsolasyon tou, lè m te pataje bon nouvèl Wayòm nan ak vwazen m yo.

Aktout mwen gen plis pase 90 an kounye a, mwen kontinye patisipe nan travay fè disip la chak semèn. Epitou, mwen kontan dèske m ka bay èd mwen nan Depatman legal filyal peyi Bèljik, mwen kontan pataje eksperyans mwen ak lòt moun, e m kontan fè vizit pastoral pou m ankouraje jèn yo nan fanmi Betèl la.

Sa gen anviwon 84 an, mwen te priye Jewova pou premye fwa e se konsa mwen te kòmanse yon bèl vwayaj ki fè m vin pi pwòch avè l. Mwen gen Jewova anpil rekonesans dèske pandan tout vi m li te tande priyè m. — Sòm 66:19. b

a Byografi frè Schrantz parèt nan Toudegad 1ye janvye 1974, paj 26-30 (fransè).

b Frè Marcel Gillet dòmi nan lanmò 4 fevriye 2023, pandan yo t ap prepare atik sa a.