Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se byen Jewova nou ye

Se byen Jewova nou ye

“Byennere nasyon ki gen Jewova kòm Bondye l la, byennere pèp li chwazi kòm byen pa l la.” — SÒM 33:12.

KANTIK: 40, 50

1. Ki sa k fè Jewova gen dwa pou l di se li ki mèt tout bagay? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

SE Jewova ki mèt tout bagay! Se li menm ki mèt “tè a ak tout sa k ladan l, e menm syèl la ak syèl ki pi wo a”. (Det. 10:14; Rev. 4:11.) Nan ka sa a, piske tout moun egziste grasa Jewova, yo tout se byen l (Sòm 100:3). Sepandan, pandan tout istwa lèzòm, Bondye te chwazi yon seri gwoup moun byen presi pou vin byen espesyal li.

2. Nan Bib la, ki moun yo idantifye kòm byen espesyal Jewova?

2 Pa egzanp, Sòm 135 pale konsènan moun fidèl ki t ap adore Jewova nan Izrayèl tan lontan an kòm “byen espesyal li”. (Sòm 135:4.) Anplis de sa, liv Oze a fè konnen gen kèk moun ki pa Izrayelit ki t ap vin pèp Jewova (Oze 2:23). Pwofesi ki nan liv Oze a te reyalize lè Jewova te chwazi moun ki pa Juif pou yo vin fè pati moun ki pral gen posiblite pou dirije avèk Kris yo (Tra. 10:45; Wom. 9:23-26). “Nasyon ki sen” sa a se “byen espesyal” Jewova nan yon sans estrawòdinè, paske Jewova chwazi moun sa yo pa mwayen lespri sen pou y al viv nan syèl (1 Pyè 2:9, 10). E konsènan pifò kretyen fidèl k ap viv jodi a ki gen esperans pou yo viv sou tè a? Jewova rele moun sa yo “pèp mwen” tou, e l rele yo “moun mwen chwazi yo”. — Eza. 65:22.

3. a) Ki moun ki gen yon relasyon espesyal ak Jewova jodi a? b) Sou ki sa n pral pale nan atik sa a?

3 Jodi a, moun ki gen esperans pou y al nan syèl yo, anpalan de “ti twoupo a”, ak moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, anpalan de “lòt mouton” yo, vin tounen “yon sèl twoupo” Jewova bay anpil valè antanke pèp li (Lik 12:32; Jan 10:16). Se sèten nou ta renmen montre nou gen Jewova anpil rekonesans poutèt li ban n posiblite pou n gen yon bon relasyon avè l. Nan atik sa a, nou pral pale sou divès fason n ka montre n gen Jewova rekonesans poutèt li fè n onè espesyal sa a.

NOU VWE JEWOVA LAVI NOU

4. Bay youn nan fason n ka remèsye Jewova poutèt li ban n posiblite pou n gen yon relasyon avè l, e ki jan Jezi te fè yon bagay menm jan an?

4 Nou montre n gen Jewova rekonesans lè n vwe l lavi nou nèt. Lè n batize nan dlo, yon fason klè, nou montre devan tout moun nou se byen Jewova e n dispoze soumèt devan l (Ebre 12:9). Jezi te fè yon bagay menm jan an lè l t ap batize. Men sa l te di Jewova: “O Bondye m nan, mwen vle fè volonte w.” (Sòm 40:7, 8, nòt). Jezi te prezante tèt li pou l fè volonte Jewova, menm lè l te fèt nan yon nasyon Bondye te deja chwazi.

5, 6. a) Ki fason Jewova te reyaji lè Jezi te batize? b) Bay yon egzanp ki montre rezon ki fè Jewova apresye ve nou fè a, menm lè tout bagay se pou li.

5 Ki fason Jewova te reyaji lè Jezi te batize? Men sa Bib la di: “Apre Jezi fin batize, tousuit li monte sot anba dlo a, syèl la ouvri, e Jan wè lespri Bondye k ap desann vin sou Jezi sou fòm yon pijon. Epitou, gen yon vwa ki soti nan syèl la ki di: ‘Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.’” (Mat. 3:16, 17). Aktout Jezi te deja byen Papa l ki nan syèl la, Jewova te kontan wè jan Pitit Gason l lan te dispoze fè volonte l sèlman. Menm jan an tou, Jewova kontan aksepte ve nou fè a e l ap onore nou lè l beni nou. — Sòm 149:4.

6 Pou n montre sa, ann imajine yon mesye ki plante anpil bèl flè nan jaden l. Yon jou, yon tipitit fi l genyen pran youn nan flè sa yo epi l ba l flè a kòm kado. Èske flè a pa t deja pou mesye a? Ki jan pitit fi l la te ka ba l yon bagay ki deja pou li? Yon papa ki gen lanmou pap menm panse ak kesyon sa yo. Olye de sa, l ap kontan aksepte kado a kòm yon prèv ki montre jan pitit fi l la renmen l. Se sèten l ap bay ti flè sa a pitit fi l la ba li a plis enpòtans pase tout lòt flè ki nan jaden l lan. Jewova kontan plis toujou lè n dispoze ret atache avè l sèlman. — Egz. 34:14.

7. Ki fason Malachi te atire atansyon sou santiman Jewova genyen anvè moun k ap sèvi l ak tout kè yo?

7 Li Malachi 3:16. Si w poko vwe Jewova lavi w e w poko batize, reflechi sou jan sa enpòtan pou w pran yon desizyon konsa. Nòmalman, ni ou menm, ni tout lòt moun ki sou tè a se byen Jewova nou ye depi n fèt. Men, reflechi sou jan sa t ap fè Jewova kontan anpil si w ta vwe lavi w ba li e w ta fè volonte l yon fason pou w montre w rekonèt dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an (Pwo. 23:15). Jewova, bò kote pa l, rekonèt moun ki dispoze sèvi l yo e l ekri non yo nan “liv [li a] pou l sonje yo”.

8, 9. Ki obligasyon Jewova mande moun ki gen non yo ekri nan “liv [li genyen] pou l sonje” yo a pou yo respekte?

8 Pou n gen non nou ekri nan “liv [Jewova genyen] pou l sonje” pèp li a, gen kèk obligasyon nou dwe respekte. Yon fason klè, Malachi te fè konnen nou dwe ‘gen lakrentif pou Jewova e n dwe medite sou non l’. Si n ta montre n atache ak yon lòt moun oswa ak nenpòt lòt bagay nan adorasyon n ap bay la, sa t ap lakòz Jewova retire non nou nan liv lavi a ki se yon liv senbolik. — Egz. 32:33; Sòm 69:28.

9 Kidonk, ve nou fè Jewova a vle di plis pase yon pwomès serye yon moun fè pou l fè volonte l e pou l batize nan dlo. Aksyon sa yo fèt byen vit e n ka bliye yo byen vit. Pozisyon nou pran pou Jewova antanke pèp li a mande pou n kontinye obeyi l kit se kounye a kit se alavni, toutotan n ap viv. — 1 Pyè 4:1, 2.

NOU REJTE DEZI KI NAN MONN NAN

10. Ki diferans ki dwe parèt byen klè ant moun k ap sèvi Jewova ak moun ki pap sèvi l yo?

10 Nan atik ki vin anvan an, nou te analize istwa Bib la rakonte konsènan Kayen, Salomon ak Izrayelit yo. Tout moun sa yo te fè konnen y ap adore Jewova, men, yo pa t ret atache avè l sèlman. Yon fason klè, egzanp sa yo montre moun ki pou Jewova toutbon yo dwe pran pozisyon fèm pou sa ki jis e yo dwe rejte mechanste (Wom. 12:9). Nou konprann rezon ki fè apre Malachi te fin pale konsènan “liv [Jewova genyen] pou l sonje” moun nan, Jewova te pale konsènan “diferans [ki genyen] ant yon moun ki jis ak yon moun ki mechan, ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l”. — Mal. 3:18.

11. Poukisa lòt moun dwe wè aklè se ak Jewova sèlman nou atache?

11 Gen yon lòt fason nou ka montre n gen Jewova rekonesans poutèt li chwazi nou kòm pèp li. Pwogrè w fè nan domèn espirityèl dwe ‘parèt aklè pou tout moun’. (1 Tim. 4:15; Mat. 5:16.) Mande tèt ou: ‘Èske lòt moun wè byen klè se ak Jewova sèlman mwen atache? Èske m chèche jwenn okazyon pou m idantifye tèt mwen antanke Temwen Jewova?’ Jewova t ap tris anpil si n ta pè fè lòt moun konnen nou se byen l apre l fin chwazi nou pou n fè pati pèp li a. — Sòm 119:46; li Mak 8:38.

Èske fason w ap viv fè lòt moun wè byen klè ou se Temwen Jewova? (Gade paragraf 12, 13.)

12, 13. Ki fason kèk moun fè l difisil pou lòt moun wè yo se Temwen Jewova?

12 Sa tris pou n di gen kèk moun ki pa rive wè ‘diferans [ki genyen] ant yo menm k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l’ paske yo imite “lespri monn nan”. (1 Kor. 2:12.) Etadespri sa a chita sou ‘dezi moun sa yo gen nan chè yo’. (Efe. 2:3.) Pa egzanp, malgre tout konsèy yo bay sou sijè a, gen kèk moun ki kontinye chwazi yon stil abiman ak aparans ki pa kòrèk. Yo abiye ak rad ki sere e ki fè tout fòm kò yo parèt, menm nan rasanbleman kretyen yo ap òganize. Oswa yo fè yon seri koup dwòl nan tèt yo oubyen yo penyen tèt yo yon fason ki estravagan (1 Tim. 2:9, 10). Kòm rezilta, lè yo nan mitan lòt moun, li ka difisil pou n konn kiyès ki pou Jewova ak kiyès ki “zanmi monn nan”. — Jak 4:4.

13 Yon lòt bò, gen kèk Temwen ki pa rejte konduit monn nan nèt. Fason yo danse ak fason yo aji nan fèt y ap òganize yo pa ann amoni ditou ak sa k akseptab pou yon kretyen. Yo konn poste yon seri foto sou rezo sosyal yo e yo konn fè yon seri kòmantè ki montre yo pa moun ki kite lespri Bondye gide yo. Yo gendwa pa resevwa yon disiplin nan kongregasyon pou yon peche ki grav, men, yo ka gen move enfliyans sou kretyen k ap fè gwo efò pou yo kontinye gen yon bon konduit pami pèp Jewova a. — Li 1 Pyè 2:11, 12.

Pa kite moun ki pa pran pozisyon fèm pou Jewova gen efè sou ou.

14. Ki bagay enpòtan nou dwe fè si n vle pwoteje relasyon espesyal nou gen ak Jewova a?

14 Se avèk fòs monn nan ap fè piblisite pou “dezi lachè, dezi je ak egzibisyon yon moun ap fè ak mwayen l genyen pou l viv”. (1 Jan 2:16.) Sepandan, piske n se byen Jewova, nou jwenn avètisman pou n “rejte konduit ki dezonore Bondye, pou nou rejte dezi ki nan monn nan, e pou nou viv avèk bonsans ak jistis ak atachman pou Bondye nan sistèm sa a”. (Tit 2:12.) Pawòl n ap di, sa n ap manje ak sa n ap bwè, abiman nou ak aparans nou, fason n konpòte n nan travay nou, wi, tout sa n ap fè dwe fè moun k ap gade n wè se ak Jewova sèlman nou atache. — Li 1 Korentyen 10:31, 32.

“NOU GEN ANPIL LANMOU YOUN POU LÒT”

15. Poukisa n dwe trete adoratè parèy nou yo avèk bonte ak lanmou?

15 Apresyasyon nou genyen pou relasyon espesyal nou gen ak Jewova a parèt nan fason n trete adoratè parèy nou yo. Yo menm tou yo se byen Jewova. Si n pa janm bliye pwen enpòtan sa a, n ap toujou trete frè n ak sè n yo avèk bonte ak lanmou (1 Tes. 5:15). Men sa Jezi te di disip li yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:35.

16. Ki egzanp nan Lwa Moyiz la ki montre santiman Jewova genyen anvè pèp li a?

16 Pou n montre fason n dwe trete youn lòt nan kongregasyon an, ann pran egzanp ki vin apre a. Yo te vwe Jewova veso ki te nan tanp lan, oswa yo te mete yo apa espesyalman pou adorasyon ki pwòp la. Lwa Moyiz la te bay yon seri detay byen klè sou fason pou yo pran swen veso sa yo, e yo te ka menm touye moun ki pa t respekte enstriksyon sa yo (Nonb 1:50, 51). Si Jewova te jalou konsa pou l te pwoteje yon seri veso ki pa t gen vi yo te konn itilize nan adorasyon yo t ap ba li a, nou pa bezwen mande jis nan ki pwen l ap pwoteje adoratè fidèl li yo ki vwe lavi yo ba li, yo menm li chwazi antanke pèp li! Men sa Jewova te di yon lè konsènan pèp li a: “Nenpòt moun ki manyen nou, se gla je m li manyen.” — Zak. 2:8.

17. Ki bagay Jewova ‘ap suiv e l ap koute’?

17 Li enteresan pou n note Malachi fè konnen Jewova ‘ap suiv e l ap koute’ pandan moun ki nan pèp li a ap pale youn ak lòt (Mal. 3:16). Vrèmanvre, Jewova “konnen moun ki pou li yo”. (2 Tim. 2:19.) Li byen konnen tout sa n ap fè ak tout sa n ap di (Ebre 4:13). Lè n pa demontre bonte anvè adoratè parèy nou yo, Jewova ‘ap suiv e l ap koute’. Lè n montre nou akeyan, nou renmen bay, nou konn padone e n demontre bonte youn anvè lòt, nou kapab gen asirans Jewova wè sa tou. — Ebre 13:16; 1 Pyè 4:8, 9.

“JEWOVA PAP LAGE PÈP LI A”

18. Ki jan n ka montre n gen Jewova rekonesans dèske l fè n onè pou n fè pati pèp li a?

18 Se sèten nou chofe pou n montre n gen Jewova rekonesans dèske l fè n onè pou n fè pati pèp li a. Nou konprann jan li saj lè n dispoze vwe tèt nou ba li pou n montre n rekonèt se li menm ki mèt nou. Menm lè n ap viv “nan mitan yon jenerasyon ki kwochi e ki kòwonpi”, nou vle pou moun yo wè n “san repwòch [e n] inosan” toutpandan n ap “klere tankou flanbo nan monn nan”. (Flp. 2:15.) Nou pran pozisyon fèm kont sa ki mal (Jak 4:7). Epi, nou renmen adoratè parèy nou yo e n respekte yo paske n konnen yo menm tou yo se byen Jewova. — Wom. 12:10.

19. Ki fason Jewova rekonpanse moun ki pou li yo?

19 Men pwomès Bib la fè: “Jewova pap lage pèp li a.” (Sòm 94:14). Nou kapab konte sou garanti solid sa a kèlkeswa pwoblèm nou ta rankontre. Menm lanmò pa ka separe nou ak lanmou Jewova gen pou nou (Wom. 8:38, 39). “Si n ap viv, n ap viv pou Jewova, e si nou mouri, nou mouri pou Jewova. Se sa k fè, kit n ap viv, kit nou mouri, se byen Jewova nou ye.” (Wom. 14:8). Se pa ti tann n ap tann epòk kote Jewova pral fè tout zanmi fidèl li yo ki te mouri retounen viv ankò (Mat. 22:32). Menm depi kounye a nou jwenn anpil benediksyon. Jan Bib la di sa, “byennere nasyon ki gen Jewova kòm Bondye l la, byennere pèp li chwazi kòm byen pa l la”. — Sòm 33:12.